MPP depi nan nesans li nan ane 1973 la, kwè nan devlope yon veritab ediksyon popilè an Ayiti, espesyalman nan enterè klas peyizan yo. MPP se pitit edikasyon popilè, se pitit òganizasyon popilè. Edikasyon popilè nan MPP pran non animasyon pou chanjman sosyal. Nan yon premye tan, fondatè MPP a [Chavannes Jean-Baptiste], se an menm tan fondatè metòd animasyon pou chanjman sosyal la. Li t ap travay anba diktati Divalye a, nan sans sa, li te prefere di pito animasyon olye animasyon pou chanjman sosyal la. Edikasyon popilè a se yon edikasyon altènativ k ap fè valorizasyon ak jesyon patrimwàn kiltirèl ayisyen yo. Atik 15 nan estati MPP an montre priyorite li bay patrimwàn kiltirèl ayisyen an, lè li mansyone : « bay kilti natif natal nou yo valè, wete tout vèdegri lòt peyi jete sou kilti peyi a etan n ap bay pwodiksyon natif natal nou yo valè (manje, mizik, lang kreyòl, pwovèb yo, elatriye) […] » ( Estati MPP, 2013, PP – 10-11). Travay valorizasyon kontni kiltirèl ayisyen an pase atravè twa wòch dife MPP chita sou yo, tankou : fanm, gason ak jèn yo. Nan sans sa, nan lide pou MPP pouse jèn yo fè rechèch, fòme tèt yo, li mete kanpe JENI 50 tyèm nan objektif : ranfose kapasite ak angajman jèn yo sou ansanm aks entèvansyon li yo, tankou : istwa MPP, agwoekoloji peyizan, anviwònman, politik MPP, plan estratejik MPP, sante natirèl, elatriye.