Realisations

Diskou dirijan MPP yo nan kongrè 50 tyèm lan

Mizankontèks

Nan jounen ouvèti ofisyèl kongrè 50 tyèm MPP an nan dat 7 dawout 2023 nan twazyèm seksyon kominal Ench, espesyalman nan lokal Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan an, plizyè dirijan MPP te pran lapawòl pou yo eksprime lakontantman yo nan kongrè a. Anpil mo remèsiman ak byenveni voye bay tout delege ki fè deplasman nan nivo nasyonal ak entènasyonal la. Dirijan yo remèsye tout patnè MPP yo ki kontribye nan egzistans li pandan 50 rekòt kafe a. An n li ansanm nan liy anba yo diskou dirijan MPP yo.

Diskou kòdonatè ak kòdonatris egzekitif MPP an

Nou menm Ysemide Ménélas, Jacky Darius, respektivman kòdonatris ak kòdonatè jeneral MPP nan eleksyon mas 2023 a, nou santi n kontan paske se nou menm ki pral gide tout sa nou menm delege yo mande.

Nou kontan resevwa isit lakay nan okazyon 50 ane sa a delegasyon entènasyonal yo tankou delege ki sòti nan peyi Brezil, Venezyela, Etazini, Meksik, Lafrans ak Repibilik Dominikèn yo, reprezantan La Via Campesina, mouvman sosyal yo, CLOC, plis òganizasyon nasyonal yo, medya yo, tout delege yo ak lòt envite yo. Malgre nivo ensekirite a wo nan peyi a nou reponn prezan pou n fete ak nou. Ayibobo pou gwosè sakrifis sila a.

Bonjou ! Bonjou ! Byenvini lakay bòn fèt !

Mouvman Peyizan Papay, se yon òganizasyon peyizan k ap travay, k ap goumen pou l sòti peyi a nan lamizè. Li mare peyizan yo ansanm nan yon estrikti ki rele GWOUPMAN, ki byen solid epi ki chita sou solidarite. Nou konprann lapèn yon kongo se pou tout kongo ; je pran kou nen kouri dlo ; vwazinaj se dra blan.

MPP se yon òganizasyon k ap goumen pou yon chanjman sosyal pou lavi blayi alawonnbadè pou tout moun, yon modèl òganizasyon k ap travay chak jou pou li fini ak divizyon, zigzani, youn pa vle wè lòt, fòme yo pou yo rive pran konsyans ti pwoblèm sa yo segondè. Yo pa menm siyifi anyen devan gwo pwoblèm fondamantal k ap brase bil peyi a kote yon gwoup minorite pran mwatye resous peyi a mete nan sèvis yo, y ap akimile richès nan bwè san majorite a chak jou pi plis. Depi kreyasyon MPP, l ap mennen yon travay edikasyon popilè, k ap kontinye jouk jounen jodi a. Se yon fason pou nou ede reveye konsyans k ap dòmi yo, mare yo ansanm pou n sòti nan sitiyasyon enjistis, malouk, zonbifikasyon, inegalite ak divèjans, kote sistèm peze souse a mete pèp ayisyen an nan yon mize atròs.

Li enpòtan pou nou pa pase sou silans travay 4 premye animatè MPP yo, nan patisipasyon yo nan lit la kote jodi a n ap suiv tras yo. Yo pèmèt n ap selebre 50 ane MPP an, sa vle di laj li. Yo te travay nan kontèks ki te difisil anpil. Yo te sibi pèsekisyon politik, yo ale nan mawon pou yo sove lavi yo. Sa montre enpòtans yo te bay lit la nan wout pou chanjman sosyal la. Yo te sibi tou anpil zak malonèt anba rejim bout di, makout reyaksyonè poutchis anti pèp Divalye yo, espesyalman Baby Doc.

N ap kontinye wete chapo nou byen ba, pou nou salye bawon detèminasyon ak kouraj 3 ansyen animatè sa yo, nou estime ki kite nou two bonè nan lit la :

  1. Animatè Amantès Cezar
  2. Animatè Ileon Bèlzy
  3. Eenest Israël

Nan non komite kòdinasyon santral MPP an, m ap mande pou nou tout leve kanpe pou yon minit silans pandan n ap ranmase fòs, enèji ak militans kamarad konbatan sa yo. Imajine yo te san telefòn, san mwayen transpò ki genyen motè petèt yon milèt men youn nan gwo moso travay la te fèt sou pye yo kote yo te rive mobilize peyizan yo nan chenn penkwa, abriyo, zòn aksè te pi difisil nan moman an pou yo te leve kanpe kont taks mache, pèsekisyon sou tè Leta, batay pou tout pitit peyi a genyen yon sèl batistè ; batay pou kochon kreyòl retounen, tout sa yo te fèt anba yon rejim diktatè ak sanginè. Ayibobo pou memwa kanmarad sa yo.

Erèzman nou genyen yon senbòl vivan, yon patrimwàn vivan nan batay la, li se youn pami 4 premye animatè yo, n ap rele animatè nou, mentò nou : Childerik Placide di ton Chil, pase devan vini jwenn mwen, souple delege yo, tout asistans lan, bat yon aplodisman flanm dife pou ton Chil.

Kanmarad CJB toujou di 10 000 moun ka leve kanpe men fòk genyen youn ki di annavan. Li di l epi li fè l, san poto mitan sa a kòm fondatè MPP jodi a nou pa t ap konnen egzistans MPP pou nou t ap fete 50 ane. Chapo ba pou travay sa a ak tout fanmi w kanmarad Chavannes.

50 ane sa a n ap fete jodi a, se siksè nou, an menm tan se kè sere nou pou latriye manm nou ki mouri, sasinen nan batay la, tankou Eliknè Eli, Faudner Simon ak Lwi Okseva, pou n site sa yo senpman. Nan wout la MPP jwenn anpil obstak, anpil kalamite, nou ka site zak maspinay makout yo te fè nou nan destriksyon pepinyè pou n fè reforestasyon an. Nan peryòd sa a makout yo te di pye bwa sa yo se kominis yo pa p grandi sou tè Ayiti a. Nou pa p bliye sa yon ansyen animatè nou pase, militè yo te mare l dèyè yon chwal trennen li jis rive Ench zak sa a te tèlman malouk tenpan zorèy li te rive pete.

Nou sibi anpil pèsekisyon politik aprè koudeta 11 sektanm 1991 lan, sistèm lan te kontinye sasinen dirijan nou yo, fè yo pran egzil, nou te blije rantre nan mawon pou nou te reziste, yo te pwofite vòlè, piye, kraze tout byen nou te genyen ki t ap sèvi peyizan yo. Sa pa te rete la, nou sibi pirèd anba retou rejim Lavalas la kote nou menm te pami gwo achitèk nan konstriksyon li. Malgre tout sa, se te byen konte mal kalkile pou sistèm lan, MPP la pirèd, nou se wozo, yo chache pliye nou men nou pa p kase. Depi genyen peyizan, dominasyon, eksplwatasyon, inegalite ak enjistis, MPP ap kontinye reziste kanmenm kèlkeswa fòm ak sakrifis sa mande a paske se swa nou òganize nou oubyen nou mouri.

Jodi a, batay la ap kontinye andedan yon konjonkti politik ki difisil anpil, anba yon rejim defakto anti lavi, anti peyizan ak konplisite enperyalis meriken an ak Core group pandan yo mare sosis yo pou yo fè yon nouvo jenosid nan ekstèmine klas peyizan an ki toujou rete kwè bout tè peyi Ayiti a dwe rete nan vokasyon pou li pwodwi manje ki sen, nan nouri pèp li. Peyizan ayisyen an kont zòn franch agrikòl, endistriyèl ak touristik, li kont eksplwatasyon min, finalman kont tout mòd pwodiksyon ki pa chita andedan pwosesis modèl pwodiksyon agwoekoloji peyizan an.

Devan gwo menas ekstèminasyon klas peyizan an, se yon nesesite pou tout òganizasyon peyizan yo kontinye tise lyen bon zanmitay pou yo rive fè yon gwo fòs pou yo kanpe fas sistèm kapitalis la. Travay pi plis toujou pou yo rive konstri sosyalis sou bout tè Papa Desalin lan. Nou rete kwè se sèl sistèm k ap pote byennèt pou tout pitit peyi a epi rive fè solidairte ak lòt pèp sou latè k ap soufri anba grif sistèm k ap pwodwi lanmò a. Nan sans sa a, kongrè mòn wouj la, batay vètyè, pou rive premye janvye 1804 dwe enspire nou jodi a pou yon Ayiti grandèt majè.

N ap fete ak espwa 50 ane MPP an, semèn kongrè sa a ap pote epi soufle byen fò van chanjman an Ayiti. Fè kè n kontan non sèlman n ap fete 50 ane MPP an, men pito paske n te reziste kont tout zak brital, fewòs nou te sibi yo. Se nan disiplin, travay ak solidarite nou kwè batay pou chanjman an ap rive fèt tout bon vre a. Bon senkantyèm tout moun ! Viv MPP, viv lit pèp yo, viv yon Ayiti sou chimen sosyalis la. Òganizasyon ou lanmò !

Diskou Verona Val (direktris egzekitif MPP an)

Mwen remèsye tout moun ki la. Nan non tout estritkti MPP an mwen di tout delege yo gwo mèsi pou sakrifis yo fè pou yo prezan nan kongrè a. Chavannes te chwazi m kòm direktris li te pwomèt mwen sipò li, li kenbe mo li. Mwen koumanse travay depi 2004 kòm senp kontab nan MPP an, mwen vin pase kòm kontab an chèf, aprè mwen vin direktris egzekitif.

Si m ap pale jounen jodi a se gras 3 kamarad sa yo, m ap prezante nou ekip la : Chavannes Jean-Baptiste (CJB) ; Juslène Tyresyas ak Mulaire Michel. Kamarad CJB toujou akonpanye mwen. Chak fwa mwen bite li toujou la pou mwen. Twa moun sa yo toujou prezan pou mwen. Mwen se manm MPP, mwen te antre kòm yon senp kontab, kounya mwen vin direktris. Se gras sipò gwoupman ki fè mwen toujou prezan. Mwen remèsye gwoupman yo, patnè MPP yo ki toujou kontribye nan tout sa n ap fè yo : Grasssroots International, Frère des Hommes ak Action de Carême en Suisse, elatriye.

Kesyon ensekirite a fè anpil patnè nou yo pa ka prezan men nou konnen y ap suiv nou anliy. Mwen pwofite remèsye tout ekip kominikasyon an kamarad Deseauguste Ghemps.  Maten an anpil moun fè sakrifis pou yo vini la. Mwen remèsye nou pou tout sakrifis sa yo. Mwen remèsye laprès, tout otorite lokal, DDA, lajistis ak Direktè lopital Senterèz la. Nou pa p janm fin sispann remèsye tout moun paske anpil moun kontribye nan yon sans oswa yon lòt. Mwen salye tout manm gwoupman yo. Mwen di tout moun mèsi anpil pou prezans yo. Mwen swete nou kontinye fete ak MPP an. Nan vwa pa m ede m di MPP bon konba a.

Diskou Chavannes Jean-Baptiste (fondatè MPP an)

Zanmi kamarad yo bonswa. Jodi a se yon jounen ki ka two long. Anvan nou koumanse, pandan n ap pale sou fanm yo, nou genyen yon potorik fanm peyi Ayiti pèdi. Se Liliane Pierre Paul. Menm genyen yon lòt se yon militan MPP li te monte premye gwoupman fanm nan MPP. Li se yon apòt Sere pou chofe. Li se yon apòt pou kesyon epay nan Sere pou chofe. Nan memwa Kernizan ak Liliane an n pran yon 30 segonn rekèyman an. Mèsi anpil ! Jodi a, nou nan 50 tyèm anivèsè MPP an.

Mwen rive nan papay nan ane 1972. Mwen salye memwa Pè Joseph. Nan moman sa a pè Joseph te vle marande katechèz ak agrikilti a. Mwen te responsab pou m fè fòmasyon agrikòl yo. Mwen te fè yon dyagnostik kote mwen konprann peyizan yo pa bezwen fòmasyon teknik yo. Etid mwen montre m peyizan yo genyen lòt pwoblèm yo : pwoblèm tè, sipètisyon, rannman pwodiksyon yo ki fèb, yo kwè se peche yo fè ki fè y ap viv konsa. Aprè 2 mwa mwen drese yon rapò pou m di peyizan yo pa nan kesyon teknik lan menm. N ap pito bezwen yon moun ki genyen fòmasyon nan travay sosyal, sosyoloji pou n rezoud pwoblèm lan, mwen pa kapab. Pè a ale Bèljik lè li tounen li pito vini ak anpil liv pou mwen paske mwen pa t genyen okenn fòmasyon nan animasyon an. Premye liv mwen pran se yon liv Paulo Freire, edikatè Brezilyen an konprann pa genyen moun ki kapab edike pou kont li, se ansanm. Mwen aplike prensip Paulo Friere yo. Pè a te fè mwen konnen nou pa ka pran yon lòt moun ki pa menm konprann pwoblèm peyizan yo. Ou idantifye pwoblèm yo, ou kapab rezoud yo. Mwen di pè a mwen pa genyen fòmasyon pou sa a. Lè pou m kite peyizan yo pa t dakò, yo mennen m Papay nan Sant Emayis la.

Nan janvye 1973, mwen fè yon premye chita diskite avèk 40 peyizan pou n pale sou sa nou te ka fè ansanm yo. Dezyèm rankont lan nou te genyen 18 moun. Elie Jeune Noël, Vernel Simon se 2 premye moun mwen rankontre pou m monte gwoupman kè kontan an. Yo fè pati 18 moun ki te rete pami 40 moun nan premye rankontre lan pandan nou t ap poze pwoblèm peyizan yo. Lè mwen te koumanse, mwen te pou kont mwen, teren an te makawon.

  • Pratik fòmasyon ak gwoupman yo nan MPP

Premye gwoupman ki fonde a se nan ane 1973, se gwoupman kè kontan. Dezyèm gwoupman se gwoupman Chavannes Jean-Baptiste. Sòti 1973 rive jounen jodi a gwoupman yo toujou nan pratik agrikilti a. Gwoupman ki pa fè jaden yo, nou mande yo pou yo tounen nan prensip 73 yo. N ap raple 7 mas 1986, premye fwa non MPP sòti nan kad yon pledwaye pou retou kochon kreyòl nan peyi a. Si genyen yon gwo satisfaksyon mwen genyen se enplikasyon nou nan fè anpil fòmasyon. Ansanm fòmasyon sa yo fè jounen jodi a tout kad nan MPP yo sòti depi nan PPJTP, PJTP ak JTP pou yo rive alèkile kad andedan mouvman an. Nou kwè nan fòmasyon jèn yo. Se pa nenpòt fòmasyon, se fòmasyon pou n konstri yon lòt Ayiti. Si MPP egziste jodi a se gras madanm mwen. Si madanm mwen dyabetik se akoz MPP an. Fanmi mwen, pitit mwen yo toujou sipòte m nan tout sa m ap fè yo. Yo konprann aksyon m ap fè yo. Tout frè m yo sipòte m nan travay yo. Malgre tout traka yo, fanmi m pa janm lage m okontrè se mwen ki lage fanmi m yo. Fanmi sa a se yon gwo fanmi. Jodi a nou genyen satisfaksyon paske jèn nou rive fòme yo, se yo k ap dirije MPP an. Nou koumanse panse epi idantifye jèn pou komite 75 zyèm lan. Nou menm ap panse pou 100 tyèm lan. Gwo satisfaksyon nou, se paske nou genyen 50 ane. Men pi gwo satisfaksyon nou se paske peyizan konnen se moun yo ye. Se paske peyizan yo vin frekan an. Jodi a, nan MPP genyen plis fanm pase gason yo. Genyen yon desizyon petèt se MPP ki premye pran li sou latè kote nan tout pòs yo dwe genyen yon fanm ak yon gason.

  • Desepsyon nou pran yo

Genyen bagay ki fè nou pa kontan paske peyizan yo kontinye ap mennen yon vi difisil. Chif yo montre chak jou pi plis sitiyasyon moun yo vin plis difisil. Te deja pa t genyen Leta men jodi a sitiyasyon an vin plis mal, Leta pa egziste. Nou pa kontan pou jan lavi malere yo vin plis mal. Selon konsta genyen 8 milyon moun ki pa ka manje nan peyi a nan moman n ap pale a. Yon desepsyon nou pran paske nou te kwè Lavalas te kapab pote yon espwa pou peyi a. Nou ede mete kanpe Lavalas men nou se premye viktim Lavalas la. Nou regrèt tou paske Rejim Lavalas la nou te patisipe nan fonde a pa pote yon chanjman nan peyi a. Mwen genyen yon ti frè m chimè Lavalas te tire, erèzman li toujou vivan. Lavalas fè tout sa li konnen pou li elimine MPP an, si nou pa disparèt se pa fòt Lavalas, li fè tout sa li kapab pou n disparèt. Nou panse yon maranday nesesè ant fòs pwogresis yo ak òganizasyon peyizan yo pou yo chanje peyi a.

  • Ribrik remèsiman

Soufrans lan di men fòk nou kontinye goumen an. Nou remèsye tout moun ki vin fete yo. N ap kesyone tou jan sitiyasyon an ye la si nou kapab di n ap fete a. Nou pwofite salye tout òganizasyon : MPNKP ak Tèt kole ti peyizan an. Genyen yon gwo travay ki fèt pou n konstri makònay antre òganizasyon peyizan yo, nou rive kreye 4 je kontre, men nou vle konstri yon platfòm ki makònen tout òganizasyon yo nan peyi a. Nou fè gwo jefò sitou avèk Lekòl Fòmasyon Politik Charlemagne Péralte (LFPC) la. Nou salye PAPDA, manm ekip pedagojik LFPC, tout etidyan LFPC yo, tout kamarad Brigad Desalin yo ak reprezantan La Via Campesina (LVC) yo. Nou remèsye « Mè » yo, n ap di yo mèsi nan resevwa tout delegasyon entènasyonal yo pou nou gratis. Jodi a nou deklare ouvèti 100 tyèm MPP an. Mwen di nou bon jan fèt 50 tyèm lan.

Boukante lapawòl : Childerik Placide (li pami 4 premye animatè MPP te fòme yo, li menm senpman ki vivan toujou)

Zanmi kamarad yo bonjou. Mwen wè n ap fete tout bon vre a. Mwen envite pou m vin pale nan non 9 gwoupman ki te kreye yo. Nan 1973 te vin genyen 9 gwoupman an. Chak gwoupman te genyen yon jou nan semèn lan pou yo travay. Yo te genyen jou espesyal pou yo travay kote yo rele ansanm, yo lapriye ak yo manje ansanm. Yo abitye kite lakay yo sizè nan maten pou yo antre twazè nan aprè midi a. Yo genyen yon estati tout moun dwe respekte l. Si w pa respekte l y ap mete w deyò. Aprè 3 absans suivi moun lan ap deyò. Gwoupman yo travay pou yo kreye richès yo. Mwen menm mwen fè pati 9 gwoupman yo. Nou travay epi nou pwodui refleksyon ansanm, elatriye.

Genyen yon evènman an ki pase nan ane 1975 lan, kote chèf seksyon an voye arete yon manm gwoupman an pandan n ap grennen mayi, nou di si chèf seksyon an voye arete yon manm se nou tout li voye arete a. Nou mete adjwen seksyon an devan pou nou ale kote chèf seksyon an, lè nou rive chèf seksyon an sezi. Li di se paske w se manm gwoupman ki fè w ap fè belijeran an, m ap fout ou 50 baton. Men nou gentan divize pou nou chak pran 4, nou te anviwon 12 moun. Chèf seksyon an pase sa nan blag. Nan mas 1976, menm chèf seksyon sa a arete Gilbert, chak gwoupman te genyen 5 responsab, yo deside ekri lèt revokasyon chèf seksyon an pote bay kolonèl, bay monseyè epi yo arete chèf seksyon an konsa yo revoke l. Aksyon sila a fèt paske chèf seksyon an te fè yon manm gwoupman ki rele Gilbert abi. Mezanmi mwen pa t ap pale anpil, mwen kanpe la. Viv MPP 50 ane !

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.