Agroécologie, Realisations

Refleksyon jèn MPP yo sou agwoekoloji peyizan an

Pandan jounen mèkredi 23 dawout 2023 nan okazyon 25 kyèm edisyon kan jèn yo anba tèm : jèn yo nan konstriksyon yon Ayiti sosyalis, plizyè jèn nan MPP te soumèt refleksyon yo sou agwoekoloji peyizan an. Nan sans sa, kamarad Faudeline Florelus di kisa AE a ye ak bay ki objektif li.  Kamarad Gerline Jeannot prezante diferans ki genyen ant AE ak agrikilti endistriyèl la pandan li idantifye chak mak fabrik 2 sistèm pwodiksyon sa yo. Alexander Placide ede konprann ansanm avantaj AE a genyen. Kamarad Gumpson Cherenfant dekri ansanm prensip ak pratik AE yo

  1. Entwodiksyon

Selon Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo nan ane 1948 la : tout moun dwe jwenn manje pou yo nouri yo. Se yon prensip ki pa respekte kote anpil moun ap mouri nan grangou atravè lemonn. Save yo k ap panse nan enterè sistèm kapitalis la ankouraje yon modèl pwodiksyon ki chita sou pwodiktivite, sou plis rannman ak fè plis lajan. Jodi a,  selon dènye rapò FAO mete ajou 8 dawout 2023, li mansyone genyen 735 milyon moun ki anba grangou nan lemonn. Nou paka mete akote ansanm  kriz sistèm pwodiksyon kapitalis la trennen dèyè li, tankou : kriz klimatik, kriz alimantè, kriz enèjetik, kriz finansyè, dezètifikasyon, inondasyon, polisyon, disparisyon konesans ansestral yo, disparisyon semans lokal yo, pèd biyodivèsite, elatriye. Nan sans sa, lavi sou planèt tè a vin plis an danje, lavi moun vin plis fwajil. Konsta sa yo montre nou dwe genyen mezi ijan ki pran k ap pèmèt nou sove lavi. Genyen La Via Campesina ki fè anpil travay nan ede rezoud pami pwoblèm lemonn ak konnen. Selon La Via Campesina, sèl mwayen pou nou rezoud pwoblèm alimantasyon an nan lemonn, san nou pa detwi anviwònman an – se nan Agwoekoloji a. Genyen gwo blòf ak presyon k ap fèt  bò kote kapitalis yo nan sèvi pikankwenna nan devlopman agwoekoloji a. Kapitalis yo kwè nan sistèm pwodiksyon endistriyèl la ki genyen gwo konsekans sou lavi moun ak bèt yo, elatriye. Sistèm pwodiksyon sa a sou wout pou li disparèt planèt tè a. Kapitalis yo chanje langaj chak moman konsekans aksyon yo pi grav, konsa yo te vin pale sou Revolisyon vèt nan lide pou yo fè moun k ap viktim aksyon yo konprann kapab genyen amelyorasyon men pwoblèm grangou, ak kriz klimatik yo, elatriye., kontinye ap vale teren.

2. Kisa agwoekoloji a ye ?

Agwoekoloji a se yon mòdèl agrikilti ki respekte tout sa ki nan anviwònman an san li pa atake entegrite pyès espès yo. Yon agrikilti ki respekte lanati nan tout sa ki konpoze li.

Jeneralman tèm agwoekolji a te parèt pou premye fwa nan anviwon ane 1928 yo, nan  travay agwonòm Basil Bensin t ap fè nan peyi Lawisi. Li te defini agwoekoloji a kòm aplikasyon ekoloji nan agrikilti a, kote li te marye 2 syans sa yo : agwonomi ak ekoloji nan lide pou yo fè yon sèl. Tèm agwoekoloji a vin plis elaji apati ane 1970 yo. Li reprezante alafwa kòm yon syans, yon ansanm pratik agrikòl epi yon mouvman sosyal. Suivan apwòch Wezel, Altieri ak Glisman.

Agwoekoloji a konsidere kòm yon ansanm pratik agrikòl ki responsab, dirab epi ki minimize oswa elimine entran chimik yo. Li valorize resous natirèl yo epi apiye sou konesans  lokal oswa ansestral yo ak syantifik yo. Se yon pratik ki chèche imite lanati. Li kreye yon bon relasyon ant sa ki genyen lavi ak s ak pa genyen lavi yo. Li genyen karakteristik sa yo : eksplwatasyon rasyonèl resous natirèl yo (tè, dlo, semans, enèji, elatriye).

3. Objektif AE (AgwoEkoloji):

  • Entansifye pwodiksyon an pandan l ap respekte  ekilib nan lanati nan respekte anviwònman an.
  • Priyorize yon agrikilti ki granmoun epi ki plis local.
  • Redwi kou pwodiksyon yo nan redwi depandans ekstèn yo tankou nan entran, enèji […].
  • Konstitye yon demach ki nan nivo yon teritwa, ki konsome yon pi gran varyete pwodwi lokal pandan l ap favorize plizyè kilti.

4. Diferans ant agrikilti peyizan an ak agrikilti endistriyèl la

Jounen jodia genyen (2) modèl agrikilti k ap troke kòn yo. Youn se agrikilti agwoekoloji peyizan an ak agrikilti endistriyèl la. Premye a ap pwone lavi,  lòt la ap pwone lanmò. Sila a k ap pwone lanmò a rele tou agrikilti konvansyonèl ou agwobiznis.

Agrikilti konvansyonèl la chita sou itilizasyon angrè ak pestisid chimik ki reprezante yon danje pou lavi moun ak sou planèt tè a. Li pa anfavè okenn pòv malere paske li pa pwodwi manje ki sen, anplis li plis pwodwi pou kapitalis yo fè ekspòtasyon, li pa respekte anviwònman nan okenn sans, li chita sou itilizasyon semans ibrid ak OGM yo. Li pran resous natirèl yo pandan tou li disparèt semans lokal yo. Li detwi lavi mikwo òganism yo ki nan sòl la. Li chita senpman sou konesans syantifik yo. Nou kapap di se yon modèl agrikilti k ap pwone lanmò.

Nan yon lòt bò, agrikilti agwoekolojik peyizan an se yon agrikilti ekilibre, divèsifye epi planifye ki fèt san okenn pwodwi chimik, ki respekte anviwònman epi k ap chèche imite lanati. Nòmalman agrikilti peyizan an, se sèl solisyon oubyen altènativ parapò agrikilti konvansyonèl la. N ap pwofite souliye kote nou dwe konprann modèl agrikilti nou pale sou yo anlè a chak genyen mak fabrik yo.

4.1. Mak fabrik agrikilti endistriyèl la:

  • Travay anpil tè.
  • Itilize gwo machin agrikòl. 
  • Aplike anpil pestisid chimik.
  • Pratike yon sèl kilti.
  • Pwodwi pou ekspòte.
  • Li ankouraje plis chomaj.
  • Eksplwate resous natirèl yo yon fason sovaj.
  • Pwodwi manje ki genyen move kalite.
  • Li pa respekte anviwònman.
  • Li pa respekte pyès prensip ekolojik yo.
  • Li chita sou konesans syantifik senpman.
  • Li chita sou itilizasyon semans ibrid ak semans OGM yo.
  • Li disparèt semans lokal yo.

4.2. Mak fabrik agrikilti peyizan an agwoekolojik la:

  • Eksplwatasyon ti espas.
  • Li itilize zouti ki senp yo.
  • Yon agrikilti ki fèt san angrè ak pestisid chimik.
  • Yon agrikilti ki chita sou asosiyasyon ak wotasyon kilti yo.
  • Yon agrikilti ki chita sou imite lanati.
  • Yon agrikilti ki chita sou solidarite youn ede lòt.
  • Yon agrikilti ki pwodwi manje natirèl, ki genyen bon kalite/sen.
  • Li respekte anviwònman an.
  • Li respekte prensip ekolojik yo.
  • Li chita sou konesans ansestral ak syantifik yo.
  • Yon agrikilti ki chita sou resiklaj dechè òganik yo.

5. Enpòtans agwoekoloji a

Se yon agrikilti ki asire dirabilite agwoekosistèm yo nan pratike yon agrikilti ekilibre, divèsifye, yon agikilti dirab ki respekte anviwònman, ki ekonomikman pèfòman, ki fèt san itilizasyon pwodwi chimik, ki chita sou konesans ak pratik ansyen paran yo. L ap chèche retounen nan sivilizasyon peyizan an. Li chita sou solidarite kote youn ede lòt, respè ak lanmou pou lanati. Nan prezève fètilite sòl la, amelyore otonomi, fè respekte biyodivèsite a, respekte lavi jeneralman. Li vize tou renouvèlman dirab resous natirèl yo ki nesesè nan pwodiksyon (dlo, sòl, biyodivèsite) ak ekonomi a. Anplis, li fè itilizasyon resous ki pa renouvlab yo. Li kontribye nan amelyorasyon sante pwodiktè yo ak konsomatè yo.

Lè n ap konsidere volim dega agrikilti endistriyèl la fè sou planèt tè a, nou kwè agrikilti peyizan agwoekoloji a se sèl solisyon. Li se yon repons efikas nan makònen souverènte alimantè a, prezèvasyon resous natirèl yo ak devlòpman ekonomik ak sosyal la.

Avantaj agwoekoloji a
Avantaj ekolojik:
•  Kenbe fètilizasyon òganik sòl la.
• Rasyonalizasyon nan itilize resous natirèl yo.
• Respekte ak pwoteje biyodivèsite a.
• Lite kont dezètifikasyon ak ewozyon
•  Pi bon adaptasyon  kont chanjman klimatik la.
Avantaj ekonomik :
• Altènativ ki pa koute chè, ekonomize lajan nan kesyon entran yo.
• Ogmantasyon sou revni yo gras pwodiksyon yo ak kreyasyon travay ki kapab fè moun yo genyen lajan nan milye riral yo ak nan vil yo.
• Yon lòt oryantasyon ekonomik k ap valorize resous lokal yo.  
Avantaj sosyo nitrisyonèl ak sanitè :
• Pwodiksyon yon alimantasyon kalite epi divèsifye ki genyen yon konsekans pozitif sou sante moun ak bèt yo, elatriye.
• Otonomi alimantè moun yo.
• Sante agrikiltè yo prezève paske pa genyen manipilasyon pwodwi chimik danjere yo
•Kreyasyon ak ranfòsman lyen sosyal yo.

6. Diferan prensip fondamantal nan agwoekoloji a:

  • Resiklaj dechè yo (fè konpòs, trete dlo ki itilize deja yo).
  • Entegrasyon kilti yo ak bèt yo.
  • Redwi oswa elimine itilizasyon entran atifisyèl yo, ki nwizib nan anviwònman an. Ogmante itilizasyon entran lokal ak natirèl yo, ranfòse entèraksyon biyolojik yo epi pwomouvwa pwosesis ak sèvis ekolojik yo, […].
  • Minimize kantite ajan polyan ki libere nan nati a, sa vle di pa itilize machin agrikòl yo, ni pwodwi ak zouti ki fèt nan endistri yo k ap libere gaz kabonik, metàn, elatriye.
  • Ogmante kouvèti vejetal sòl la, tankou nan itilize fimye, angrè vèt, […] ;
  • Pwomouvwa aktivite biyolojik sòl la nan kenbe epi ogmante fètilite li nan aplike legiminez yo ki genyen kapasite nan pwodwi angrè vèt yo, tankou pwa maldyòk, velvet been.
  • Kenbe yon gran divèsite nan espès yo ak kilti yo […].
  • Respekte biyodivèsite a.
  • Prezève fètilite sòl la.
  • Pwoteje kalite dlo yo;
  • Ogmante ak valorize entran biyolojik yo tankou angrè ak pestisid natirèl yo.

7. Kèk pratik agwoekolojik

Pratik agwoekolojik yo konbine nan repons teknik ki pèmèt yo konsilye pwodiktivite a, fèb presyon sou anviwònman ak jesyon dirab resous natirèl yo. Tout sa yo, se yon kesyon ekilib ki genyen  nan pratik agrikòl moun yo ak lanati.

7.1. Entegre elvaj nan agrikilti

Gadinay bèt yo nan ekplwatasyon agrikòl k ap fèt yo. Li genyen plizyè avantaj tankou :

  1. Dechè bèt yo ap sèvi nan fètilize sòl la, y ap sèvi kòm angrè natirèl pou plant yo.
  2. Rès matyè vejetal yo ap sèvi nan nouri bèt yo.

7.2. Agwoforesteri

Se teknik ki pèmèt moun yo antre kesyon plante pye bwa nan sistèm agrikòl la. Li pèmèt nou pwodwi resous alimantè (fri, bwa, elatriye.), li limite ewozyon ak amelyore estrikti sòl la, li limite oswa evite elvaj lib la.

7.3. Asosyasyon kilti

Nan yon sèl moso tè nou kapab plante plizye kilti ki pa menm fanmi pou nou fè bon asosyasyon. Men nou dwe evite mete mayi, pitimi ak kann menm kote. Anplis, evite mete pwavon, piman, berejèn ak tomat menm kote.

7.4. Wotasyon kilti

Li se yon teknik ki mande pou yon pwodiktè pa plante youn dèyè do lòt, ni yon menm kilti sou yon menm moso tè. Lè teknik sa yo pa aplike l ap kondwi nou nan diminisyon fètilite sòl la, l ap bay tou miltiplikasyon lenmi nan kwasans, rannman, menm rive detri plant yo.

7.5. Konsèvasyon dlo ak sòl

Se yon teknik kote yo pwoteje, jere ak konsève dlo yo nan sòl la, se yon fason k ap pèmèt nou double ou triple rannman yo. Li ede konbat ewozyon, fasilite enfiltrasyon dlo nan sòl la

7.6. Semi sou kouveti vejetal pèmanan

Teknik de (2) kilti a se kote semi a fèt nan yon sòl ki pa laboure men ki kouvri sou yon asosyasyon ki fèt nan plant yo oswa kilti kouvèti yo.

 Finisman entèvansyon jèn MPP yo ta pral bay anpil lòt jèn nan asanble a anvi pou yo kontinye alimante deba yo nan poze yon ansanm kesyon, genyen jèn ki bay kèk sijesyon. Pami kesyon yo poze yo :

  1. Konbyen peyi sou latè ki pratike agwoekoloji a?
  2. Ki avantaj agwoekoloji a genyen nan nivo ekonomik ?
  3. Èske agwoekoloji a kapab rezoud pwoblèm grangou an nan lemonn ?
  4. Kilè yon sòl esteril ?
  5. Èske peyizan yo pa konplis nan debwazman k ap fèt nan lemonn ?
  6. Kisa ki dwe fèt pou agwoekoloji a kapab aplike reyèlman an Ayiti?

           

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.