Education

ASANBLE ZÒN PAPAY-BASEN ZIM NAN DEZYÈM MITAN MPP AN

Jounen 16 avril 2024 la, plis pase yon santèn manm ki nan gwoupman MPP yo sòti nan plizyè lokalite direfan tankou : Basen zim, Gwannit, Sigerit, Ferye, Kare Savann, Papay, elatriye; yo te vin patisipe nan asanble zòn Papay-Basen Zim, nan lokal sant lakay la. Asanble zòn lan se youn nan prensip ki andedan estati MPP an. Nan atik 34 la li mansyone sa a : trazyèm nivo asanble MPP, se asanble zòn. Asanble zòn lan fòme ak 4 asanble lokal omwens. Li reyini òdinèman chak 3 mwa ak tout gwoupman yo andedan asanble lokal ki nan zòn lan. [Se yon komite kòdinasyon ki dirije li]. Pami animatè MPP ki t ap dirije asanble sa a se kamarad Dioda Elie, Gislaine Saint-Fleur ak Louicius Bernard.

Asanble zòn yo se pratikman yon moman refleksyon antre manm gwoupman MPP yo sou fonksyònman gwoupman yo, kominote a ak peyi a. Li se yon moman anbyans [chante] ak manje ansanm. Nan sans sa a, asanble a te kòmanse nan chante ak pran dispozisyon chante Im Nasyonal peyi d Ayiti a. Ansuit, kamarad Dioda Elie ak Louicius Bernard te pwofite evalye prezans lan ak lokalite ki prezan yo. Kamarad Gislaine Saint-Fleur te louvri deba a nan poze kèk kesyon, pami yo : ki siyifikasyon mo sitwayen an ? Ki siyifikasyon mo responsablite a ak anviwònman an?

Plizyè peyizan manm gwoupman MPP yo te pran lapawòl sou mo sa yo. Genyen pami yo ki mansyone yon sitwayen se yon moun ki respekte tèt li ; yon moun ki genyen laj majè ; yon moun ki angaje li nan kominote kote l ap viv la nan fè respekte anviwònman an […] ; se yon moun ki sansib pou tèt li ak lòt moun ; se yon moun ki onèt ; se yon moun ki fè respekte dwa li epi ki jwi dwa sivik ak politik li ; se yon moun ki konnen kote dwa li kòmanse ak kote li fini […] Nan  yon lòt bò, peyizan yo bay konpreyansyon yo sou mo responsabilite a, yo mete yo dakò li fè referans nan ANGAJMAN moun lan. Anplis, yo souliye mo anviwònman an fè referans ak tout sa ki antoure nou, tankou bèt ak pye bwa yo, elatriye. Nan sans sa a, animatris Gislaine Saint-Fleur te poze yo kesyon sa a : èske nou wè plant yo, bèt yo ak moun yo ap viv nan amoni ? Se yon fason pou animatris la montre yo fason moun yo ap aji nan anviwònman an pa nòmal kote y ap koupe anpil pye bwa pou yo fè chabon. Se ta youn nan rezon ki fè lapli pa vle tonbe. Anviwònman se yon chèn kote lè yon mayon nan chèn lan koupe tankou pye bwa yo, l ap bay gwo pwoblèm tankou lapli ki pa p tonbe, elatriye. Konsta yo montre sa kote sous yo ap seche, zwayo yo ap disparèt, solèy la ap vin pi cho, moun yo ap mouri nan grangou akoz pwoblèm pwodiksyon an, elatriye. N ap remake nou nan mwa avril lapli pako ka tonbe. Nan tan lontan depi nan mwa mas lapli t ap kòmanse tonbe. Debwazman ta youn nan gwo konsekans yo. Li enpòtan pou n mennen yon kanpay rebwazman se ta youn nan responsabilite Leta, men nou genyen yon Leta manfouben k ap travay nan enterè sistèm kapitalis la. Men tou li enpòtan pou n chanje konpòtman nou parapò materyèl modèn yo, tankou itilizasyon pwodui estiwofòm yo, elatriye. Nou dwe tounen nan pratik tradisyonèl nou yo nan sèvi nan kuiy, panye banbou, kalbas ak kannari, […] MPP kwè nan valorizasyon patrimwàn kiltirèl ayisyen yo. Nan travay anpil nan domèn agwoekoloji a […]

Manm fondatè MPP an, Chavannes Jean-Baptiste te pwofite pale sou dezyèm mitan [lòt 50 ane li] MPP an. Premye mitan match la fini zewo zewo, men nou konstate sitiyasyon peyizan yo vin pi mal jounen jodi a. Nou nan mwa avril 2024 la, menm lapli pa tonbe, sa montre pwoblèm yo ap vale teren. Youn nan koz ki fè lapli a pa tonbe a, se dezòd klimatik la. Itilizasyon dechè plastik yo tou se youn nan gwo pwazon pou anviwònman an ak lavi moun yo. Lèzòm fè peche kont lanati nan koupe pye bwa yo pandan yo jwe yon wòl enpòtan nan lavi moun yo ak bèt yo, […]. Lontan peyi a te kouvri pye bwa, men pat genyen tout moun sa yo. Ogmantasyon popilasyon an kreye plis bezwen premye nesesite yo […]. Chak ane genyen pou pi piti 150 000 bouch ki bezwen manje pandan nou prèske pa pwodui. Vant nou chita sou Repiblik Dominikèn. Malgre sa l ap voye vann nou yo pou nou manje yo se yon pwodiksyon ki fèt senpman pou nou ak pwodui nan move kalite. Nan kesyon diri a, nou achte plis pase 400 000 tòn metrik diri nan peyi etranje yo, espesyalman nan peyi Etazini, an menm tan, yo genyen pwazon ladan yo. Tout pwoblèm sa yo se paske pa genyen Leta osnon se paske nou genyen yon Leta koulèv landòmi k ap souse nou tankou poul. Menm jan n ap manje manje pèpè k ap touye nou, genyen aksyon politik nou poze k ap touye nou tou. Manm MPP yo dwe genyen kapasite pou yo distenge kaka poul ak bè. Pa genyen okenn sektè [Konsèy Prezidansyèl la se pral yon echèk,…] k ap vin defann enterè yo, se yo ki pou gonfle fòs yo, nan òganize yo !

Dènye apwòch sou asanble zòn lan fèt nan montre kòman gwoupman yo dwe suiv tras gwoupman 73 [1973] nan MPP yo. Yo te chita sou ansanm prensip sa yo : Disiplin, Travay ak Solidairte. Asanble a te fini pandan kòdinasyon Papay-Basen Zim lan te pataje plizyè dokiman [MPP 73 ; Mesaj CJB –Larezannen 2024] ak manm gwoupman yo […] nan kenbe yo enfòme, fè yo konnen vizyon MPP nan dezyèm mitan match la epi ranfòse kapasite entèlektyèl yo.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.