Actualités

JOUNEN ENTÈNASYONAL LIT PEYIZAN YO

Tèm 17 avril ane sa a nan MPP : « Dwa peyizan yo sou tè pou yo pwodwi manje lakay ».

Jounen 17 avril 2024 la, make Jounen Entènasyonal lit peyizan yo. MPP yon fwa ankò renouvle angajman l, kòm òganizasyon peyizan ki manm fondatè La Via Campesina (LVC), li makònen tout lòt òganizasyon tankou: CLOC, ALBA ak APC k ap batay kont tout fòm diskriminasyon ak eksplwatasyon sou mas popilè a, espesyalman klas peyizan an. MPP pwofite nan okazyon sa a pou di “NON” nan kesyon dappiyanp k ap fèt sou tè peyizan yo an Ayiti.

Mouvement Paysan Papaye (MPP) la, nan tèt kole tout lòt òganizasyon peyizan yo nan nivo nasyonal anba platfòm 4Je Kontre ( MPP, TÈT KOLE TI PEYIZAN AYISYEN, KRÒS AK MPNKP), ak nan nivo entènasyonal la (LVC, CLOC), yo lanse yon kri dalam pou yo kontinye ranfòse batay la kont pwisans enperyalis yo k ap pwodwi lanmò olye yo pwodwi manje ki sen bay popilasyon an sou planèt la.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.