Actualités

RÈMÈSIMAN Chavannes JN-BAPTISTE nan okazyon 77yèm anivèsè li !!!!!

17 fevriye 1947, 17 fevriye 2024 fè mwen 77 rekòt kafe jan sa sikile toupatou.

Mwen te jwenn anpil felisitasyon nan jou sa, mwen te jwenn anpil moun fè mwen konnen jan yo renmen m, jan mwen te sèvi yo, ede yo nan yonn ou lòt okazyon. Misyon mwen bay tèt mwen : Sèvi moun yo fè pòv yo espesyalmman peyizan yo ak jèn yo.

Nan jounen 17 fevriye se plizyè milye moun ki fè mwen konnen mwen te itil yo yon fason ou lòt. Sa fè mwen santi mwen rich, sa ban mwen anpil enèji pou mwen kontinye viv lontan, trè lontan nan sèvis moun yo fè pòv yo.

Mwen pwofite okazyon sa pou di  yon gwo MESI  a  :

  • Ekip kominikasyon MPP a, anpil manb MPP pou dokimantè yo fè sou mwen nan okazyon 17 fevriye a. Sa touche m nan tout venn mwen.
  • Tout kanmarad andedan peyi a ni lòt bò dlo ki te voye m monte byen wo sou rezo sosyal yo.
  •  Madanm mwen ak pitit mwen yo, pitit adoptif mwen yo ki pa janm sispann montre m yo renmen m, yo renmen travay map fè nan matin mas peyizan yo, nan mitan jenès la.

Nan okazyon sa mwen tap panse a tout moun kap soufri, moun ki mouri, moun ki blije kite kay yo  anba rejim kriminèl PHTK a, anba bòt Aryèl ak enperyalis meriken an. Mwen tap sonje gwo majorite ayisyen ki pa  gen mwayen manje jou sa.

Mwen pwofite jou sa pou di a opozisyon an : Li ekstrèmman ijan pou finalman nou jwenn yon antant pou enpoze yon solisyon ayisyèn. Nou konnen meriken ap pale solisyon ayisyen men yo pa vle l. Nou dwe rekonèt opozisyon an pa janm kapab antann li vre sou yo solisyon akoz enterè pèsonèl ak enterè klan. Chita semèn sa souple paske Peyi a bouke. Mete yon pwopozisyon ranplasman Ariel deyò. Se sou sa mobilizasyon an dwe chita.

Mwen pwofite jou sa tou pou di Ariel : Twòp se twòp. Chape poul ou. Di mèt ou, ou echwe e w pap janm kapab reyisi paske Pèp ayisyen an vonmi w deja.

Chavannes Jean-Baptiste

Pòt pawòl platfòm òganizasyon Peyizan yo : 4Je Kontre.

Comment (1)

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.

losing ig followers

March 3, 2024

I think this is one of the most important info for me.
And i’m glad reading your article. But should remark
on some general things, The web site style is wonderful,
the articles is really great : D. Good job, cheers

Reply