PREMYE (1e) JANVYE 2025 NAN LAKOU SANT LAKAY NAN PAPAY. TI KRAS LISTWA.
Aprè retou prezidan Aristid an 1995, nan mwa Desanm li te bay Chavannes yon kantite jwèt pou separe bay ti moun nan okazyon premye Janvye 1996, se konsa Chavannes te distribye jwèt sa yo bay ti moun nan zòn Papay la.
Nan pwochen lane a ki sa premye Janvye 1997, timoun anvayi lakou biwo MPP kote Chavannes te abite a. Lè nou mande yo sa ki genyen, yo di yo vin chèche jwèt. Tout moun te sezi paske nou pa te menm sonje nou te bay jwèt premye janvye 1996. Chavannes te pran responsablite l kote li te blije bay ti moun yo yon ti lajan. Li te fè sa ankò an 1998 men Chavannes te reyalize se pat yon konpòtman ki te kòrèk, li pa t vle kontinye fè sa paske sa pa bon pou ti moun yo.

Se konsa Chavannes t ap reflechi sou yon sistèm ki pi edikatif epi bay ti moun yo satisfaksyon yo.
Apati 1999, nou bati yon lòt pwogram ki sibi kèk chanjman, parekzanp nou te konn bay bonbon ak sirèt. Chavannes vin konprann sa pa p bon ankò epi chanje sa pou sante timoun yo.
Pwogram lan jodi a se :

- Debake kay Chavannes vin bwè soup joumou. Pase swete paran bòn ane nan Radyo Vwa Peyizan, antre nan gran sal tout jounen an.
- Chavannes te kòmanse ak ti moun piti yo ki vin resite pwezi devan mikwo, yo tout jwenn yon ti prim; nou kontinye ak pi gran ti moun yo ki vin rakonte istwa bouki ak malis, lòt istwa; kontinye ak chante nenpòt chante yo konnen.
- Pwogram lan kontinye ak jèn ki konpoze powèm, chante chante MPP. Aprè sa gen pwogram reponn kesyon istwa, jeyografi d Ayiti, konesans jeneral, kesyon sou MPP.
- Aprè sa gen konkou dans, tanbou, konkou chèz mizikal, konba kòk, leve pwa lou, choute balon nan ti kan ant 2 ekip, 2 ekip k ap tire nan kòd, elatriye.
Aktivite yo sispann bò 6è30 pm pou nou distribye prim yo. Aprè sa nou bay tout moun chanmchanm ki gen pistach, jijiri ak yon ti sik wouj ladan. Nou bay yo yon gode dlo kann ak ji zoranj si. Se bò 8è lasware nou fòse yo kite lakou a.