Realisations, Uncategorized

Mouvman Peyizan Papay (MPP) renouvle angajman li nan komemorasyon jounen entènational lit peyizan yo

Devan pòt la.

Yon santèn delege patisipe nan asanble ki fèt nan dat 17 avril la ki make komemorasyon jounen entènasyonal lit peyizan yo. Se toujou yon angajman sosyopolitik pou MPP komemore jounen sa a, sitou nan lokal Sant Lakay Papay. Rasanbleman an te fèt pou MPP anba tèm : Peyizan ayisyen, an n makònen fòs nou kont okipasyon peyi d Ayiti.  An n gonfle fòs nou kont vòlè tè yo ki dechennen. Tèm La Via Campesina (LVC) chwazi pou ane 2026 lan : inite kont enperyalis, neyokolonyalis ak kriminalizasyon lit peyizan yo ak polisyon teritwa nou yo. Sòti 17 Avril 1996 rive 17 Avril 2026, sa fè 30 ane depi fòs enperyalis nan peyi Brezil espesyalman nan “Eldorado dos Carajás, État du Pará” te asasine plis pase 19 peyizan “Mouvement des Travailleurs Ruraux Sans Terre” (MST). Se nan objektif sa a, La Via Campesina chwazi dat 17 Avril la kòm Jounen entènasyonal Lit Peyizan yo. LVC konprann nesesite pou li : onore peyizan ki te viktim yo nan dat 17 avril la ; batay kont dappiyanp k ap fèt sou tè agrikòl yo, paske tè agrikòl dwe nan men peyizan k ap travay tè ; kontinye batay nan kenbe otodetèminasyon ak souverènte pèp k ap konbat agresyon pwisans enperyalis yo. Se yon asanble ki fèt nan menm moman rankont elajisman 4 je kontre. Li se yon platfòm peyizan ki pran nesans nan ane 2007. Platfòm nan konpoze : ([MPP] ; [Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay [MPNKP] ; Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen [TK] ; KROS [Kòdinasyon Rejyonal Òganizasyon Sidès]).

 Pandan jounen sa a plizyè aktivite sosyal te reyalize : animasyon chante, mistik revolisyonè, sa vle di yon moman konsantrasyon k ap ede nou konprann reyalite lavi nou, ladan li te genyen –  pankat yo ki make, diktati pwoletarya, libète ak byennèt, angajman lajenès, agwoekoloji peyizan, pwoteje peyizan, edikasyon popilè, kilti popilè, travay nan diyite, souverènte alimantè, refòm agrè popilè. Anplis, mesaj sansibilizasyon ak konsyantizasyon sou Bwakayiman.  Sa Nèg fè se Nèg ki pou defèt li. Yon mesaj ki montre nesesite pou nou rasanble nan mete tèt kole pou n rive nan chanjman sosyal la. Eslogan : tout s ak sanble an n rasanble ! Aprè sa a, Im nasyonal ayisyen ak sosyalis ; mo byenvini : Nadège Saintil ; Igenel Jean-Baptiste ak Nadège Saintil, sou  règ jwèt yo pandan asanble a  ak prensip Sant Lakay Papay. Nan okazyon sa a Juslène Tyrésias fouye zo nan kalalou sou istorisite 4 je kontre, ak deklarasyon dwa peyizan yo ; Chavannes Jean Baptiste analize pètinans jounen entènasyonal lit peyizan yo ak gade rasin lide konstriksyon 4 je kontre a ; Philfrant St-Narré anime yon deba sou analiz konjonkti sosyopolitik la nan nivo nasyonal ak entènasyonal ; yon travay evalyasyon ki konpoze 6 gwoup ki pote plizyè non militan pwogresis ak nasyonalis, tankou : (Jean Marie Vincent ; Edmond Mathieu ; Charlemagne Péralte ; Akawo) anba oryantasyon : dokiman baz 4 je kontre ; Ak konstititif ; liy politik.

Pawòl Juslène Tyrésias sou istorisite 4 je kontre.

kamarad yo bonjou. Mwen espere nou te pase yon bon lannuit. Maten an mwen prezan pou nou fè yon ti pale sou 4 je kontre. Fè istwa 4 je kontre mande yon travay ki plis ale nan rasin li. Nan istwa travay peyizan yo, mouvman peyizan yo toujou genyen anpil kolaborasyon ki fèt sou sitiyasyon sosyoekonomik peyizan yo. Genyen yon pledwaye Action Aid t ap fè sou sitiyasyon sosyoekonomik peyizan yo nan Kotdèzakaden, kote plizyè òganizasyon te prezan tankou : TK, MPP, GROS, MPNKP. Nan mwa dawout 2007 nou te ale nan Jakmèl sitou nan Zoranje, kote nou fè 4 jounen travay. Menm si nou tande mwen di te genyen 4 òganizasyon ki te fonde  4 je, men sa pa vle di se senpman yo menm ki ladan li. Se pito tout òganizasyon k ap batay nan byennèt peyizan yo, nan yon vizyon pwogresis. Te genyen yon komite ki genyen 12 manm ladan li. Nou te genyen yon gwo frekans reyinyon, pandan n ap gade pwoblèm y ap konnen yo. Nou te rive tabli yon klima konfyans. Chak jou plis, dinamik lan ap elaji. Nan sans sa, nou vin fè opsyon chwazi mennen yon lit sosyalis. N ap raple genyen youn nan òganizasyon fondatè yo ki pako klè sou ideyoloji politik sa a. Li pako deklare tou li kite estrikti a.

Genyen plizyè aksyon sosyopolitik 4 je kontre reyalize, tankou batay kont Mosanto, yon manifestasyon ki mete deyò 40 000 moun. Nou mennen lit kon Jatwofa ki te vle pran tè peyizan yo. N ap batay pou yon jistis klimatik, jistis sosyal […] Genyen anpil pyèj tou nan batay n ap mennen an. Se yon batay ki pa fasil menm !

Jounen jodi a, nou kontinye ap goumen men n ap make pa sou plas. Batay la kapab mande plis tan sitou nan kontèks nou ye la ak fason peyizan yo konpòte yo. Genyen yon nesesite pou nou elaji 4 je kontre. Se yon batay ki pa piti men ki long. Nou dwe tounen veritab aktè nan chanje kondisyon sosyoekonomik peyizan yo.

Pawòl Chavannes Jean Baptiste.

Boujou kamarad yo. Mwen redi nou bonjou epi byenvini nan Sant Lakay Papay. Osnel Jean-Baptiste mande pou mwen salye asanble a pou li. Alò, m ap raple mwen moun ki te pran lapawòl nan Monwi se kamarad Osnel. Li te mande pou nou chita ansanm anvan nou te pran desizyon fòme platfòm nan. Se konsa, nan chita ansanm nou fòme 4 je kontre. Nan lang kreyòl genyen yon pwovèb di : “2 je kontre manti kaba”. Nan sans sa, chak òganizasyon dwe veye epi gade lòt nan je nan defann enterè peyizan yo. Depi 2022 nou nan yon pwosesis pou nou elaji 4 je kontre. Se youn nan rezon ki fè nou lanse anpil eslogan : tout s ak sanble rasanble ; si n pa parèt n ap disparèt. Nou konprann 4 òganizasyon manm fondatè 4 je kontre yo pa sifi pou yo chavire Leta ki kont enterè peyizan yo. Yo pa sifi pou yo chanje kondisyon materyèl egzistans peyizan yo.

https://www.facebook.com/share/v/1CYjSDE7ns

Lekòl Fòmasyon Politik Charlemagne Péralte (LFPCP), se 4 je kontre ki mete li kanpe. Nou te genyen plizyè lide jouk rive reyalize yon gwo kongrè nan envite tout lòt òganizasyon ki vle fè wout sosyalis la. Asanble ki te dwe fèt pou nou elaji 4 je kontre, k ap planifye depi lontan. Anpil òganizasyon temwaye yo vle antre nan 4 je kontre men kontèks ensekirite pako pèmèt yo prezan nan rankont yo. Nan mwa jiyè 2023, nou te swete reyalize asanble a. Nou te chwazi mwa sa a akoz masak Janrabèl la […]

Genyen yon eleman Manmi (Juslène Tyrésias) te souliye ki vrèman enpòtan. N ap raple nou se òganizasyon k ap batay pou nou chanje Leta, batay kont sistèm kapitalis la. Se pa tout òganizasyon ki kapab vle fè wout sa a. Genyen plizyè prensip ki kapab fè bout kòd rete vwayaj. Menm jan genyen pozisyon nou genyen sou eleksyon men genyen òganizasyon ki deja genyen kandida yo. Nou genyen prekosyon n ap pran. Nou pa vle  tou elaji 4 je kontre pou se divizyon sa a pote pou nou.

Nan 4 je kontre, preske genyen yon je ki pete, sa vle di KROS pako defini pozisyon li klèman parapò pozisyon li ak OPL (Òganizasyon Pèp k ap Lite). Men 3 lòt òganizasyon yo mete yo dakò sou tout prensip yo. Nan asanble a, nou genyen 9 òganizasyon ki prezan, plis 3 manm fondatè yo, sila yo ki pa rive prezan yo genyen lòt difikilte. Twa ansyen òganizasyon yo deja makònen yo ansanm. Nou espere nouvo òganizasyon yo pral vini fè wout la ansanm ak nou. Yon òganizasyon ki santi li pa p kapab pran wout la, l ap kite sa a. Sepousa, nou te mande òganizasyon yo voye manm ki kapab pran desizyon nan non òganizasyon an […]

N ap souliye, objektif jeneral asanble a se : elaji 4 je kontre. Objektif espesifik li yo : idantifye rasin pwoblèm peyizan yo ; batay pou bon jan kondisyon sosyo ekonomik peyizan yo ; makònen òganizasyon peyizan yo ki vle fè wout sosyalis la ; konstui yon Ayiti sosyalis.

Pou nou antre pi fon nan refleksyon yo, li enpòtan pou nou plante kad analiz konjonkti sosyopolitik peyi a. Se nan sans sa a, n ap abòde diferan aspè konjonkti sosyo-politik la, soti nan kesyon sekirite ak mouvman sosyal yo, rive sou defi eleksyon yo, problèm enviwònmantal ak sosyal ki makonnen lavi popilasyon an.

Philfrant St-Narré anime analiz konjonkti sosyopolitik la

Pami pwen analiz konjonkti sosyopolitik lan :

  1. Analize okipasyon fizik peyi a ;
  2. Pale sou feblès mouvman sosyal yo an Ayiti ;
  3. Mete pwojektè sou fenomèn banditis lan ;
  4. Kòman nou wè kesyon eleksyon nan peyi a ;
  5. Pale sou dram sosyal ki pase sou sit istorik Sitadèl la, 11 avril 2026 ;
  6. Ki pwopozisyon nou si nou pa dakò eleksyon nan peyi a nan moman sa a ;
  7. Pale sou danje itilizasyon syani nan ekstraksyon Lò nan komin Valyè ;
  8. Nan fason fenomèn banditis ap vale teren si genyen yon depatman ki kapab epanye ;
  9. Èske eleksyon posib an Ayiti nan moman sa a […]

Pawòl Juslène Tyresias sou deklarasyon dwa peyizan yo.

La Via Campesina, se yon mouvman entènasyonal k ap fè pwomosyon pou souverènte alimantè, li regwoupe 182 òganizasyon lokal ak nasyonal nan 81 peyi ki chita nan 5 kontinan epi li divize kontinan yo an 9 gran rejyon jeyografik pou li òganize manm li yo tankou : Ewòp, Azi lès, Azi Sid, Azi sidès, Amerik di Nò, Amerik disid, Amerik santral, Afrik delès ak Afrik Lwès. Li reprezante plis pase 200 millyon peyizan ak peyizàn.

La Via Campesina ak CETIM (Centre Europe Tiers Monde) devlope yon alyans estratejik ak yon kolaborasyon ki genyen long dat , ki akse sou defans dwa peyizan yo ak souverènte alimantè. CETIM pote soutyen politik oubyen diplomatik pou La Via Campesina nan negosiyasyon miltilateral yo ak gwo enstans mondyal yo tankou nan : ONU, FAO, OMC, elatriye. Yon fason pou ede l fè revandikasyon li yo vanse. Pwen kle relasyon :

  1. Kolaborasyon ak ONU : CETIM soutni aktivman La Via Campesina nan negosiyasyon li yo tankou nan pwosesis adopsyon ak mete kanpe Deklarasyon Nasyon Zini sou Dwa peyizan yo (UNDROP).
  2. Aksyon yo fè ansanm : Soutyen lojistik ak jiridik : CETIM ofri LVC yon apui teknik pou li pèmèt reprezantan peyizan yo patisipe nan deba entènasyonal yo. CETIM ak La Via Campesina milite ansanm kont modèl neyoliberal la ak OMC (Oganizasyon mondyal Komès), epi eksprime preyokipayson yo genyen an komen sou dwa moun paregzanp batay y ap mennen an favè Ayiti devan ONU. Kolaborasyon an se yon modèl patenarya ant yon ONG k ap pote soutyen (CETIM) ak yon mouvman sosyal peyizan entènasyonal (La Via Campesina) pou egzèse enfliyans li sou politik mondyal yo.

Deklarasyon Dwa Peyizan nan LVC, se fwi yon pwosesis ki dire plis pase 20 ane, li kreye nan volonte pou pwoteje kominote riral yo kont majinalizasyon ki makònen mondyalizasyon sistèm neyoliberal la. Aboutisman mouvman rive lè ONU adopte deklarasyon dwa peyizan ak lòt moun k ap travay nan zòn riral yo an 2018. Deklarasyon Nasyon Zini sou dwa peyizan yo ak lòt moun k ap travay nan milye riral yo te adopte ofisyèlman nan Asanble Jeneral Nasyon Zini 17 Desanm 2018. Rezolisyon adopsyon deklarasyon dwa peyizan an pote nimewo : A/RES/73/165. Adopsyon deklarasyon dwa peyizan nan vòt pou adopsyon an ki fèt nan asanble jeneral l’ONU an desanm 2018 la te genyen 121 peyi ki vote pou, 8 peyi vote kont ak 54 peyi ki fè abstansyon. Kontni dokiman : Li rekonèt dwa kolektif ak endividyèl peyizan yo tankou aksè pou yo jwenn tè, semans epi pou yo jwi dwa granmou nan zafè manje – Souverènte alimantè.

Orijin ak istwa deklarasyon dwa peyizan nan La Via Campesina. Orijin ak aparisyon li nan ane (1993 – 2001).

  1. Fondasyon la Via Campesina (1993) : Li kreye nan vil Mons, Peyi Beljik, Mouvman sa reyini anpil òganizasyon peyizàn ki nan lemonn antye pou goumen kont esklizyon agrikilti nan diferan akò OMC yo.
  2. Elan (Enpilsyon) nan Indonésie : Lide sou egzistans yon deklarasyon dwa peyizan yo espesifikman pran nesans andedan Federasyon Sendika Peyizan Endonezi yo (FPSI) nan fen ane 1990 yo pou bay repons ak vyolasyon masiv dw peyizan yo sibi onivo lokal.

Ki itilite deklarasyon dwa peyizan yo epi poukisa ?

Deklarasyon dwa peyizan yo se yon zouti enpòtan pou peyizan yo ak lòt moun ki nan pwodiksyon, transfòmasyon ak komèsyalizasyon pwodui agrikòl yo, pechè, elvè, travayè agrikòl yo. Deklarasyon sa ap pèmèt tout popilasyon ki konsène yo fè valorize dwa espesifik yo, pou yo patisipe nan priz desizyon ki genyen rapò nan agrikilti, lapèch, politik agwo-alimantè ak tout tematik ki touche kominote yo. L ap kontribye nan lit pou nou sispann vyolasyon dwa moun k ap fèt sou popilasyon riral yo. Anplis, zouti sa ap sèvi referans nan elabore pwogram ak politik ki genyen rapò ak peyizan yo kelkeswa pou yo entegre dwa yo nan lejislasyon nasyonal yo oubyen pou negosye akò komès entènasyonal yo. Se yon zouti enpòtan pou enstitisyon yo, defansè dwa moun yo ak tout lòt enstitisyon ki konsène yo nan pwoblematik dwa peyizan yo.

Kòman nou kapab travay nan fè aplike li ? Kiyès ki dwe pran responsabilite sa a? Leta yo genyen obligasyon sou kesyon dwa moun yo genyen nan 3 nivo mezi konkrèt pou yo mete deklarasyon dwa peyizan yo an aplikasyon :

  1. Obligasyon pou respekte dwa peyizan yo ak tout lòt moun k ap travay nan milye riral la ;
  2. Obligasyon pou pwoteje peyizan yo ;
  3. Obligasyon pou garanti dwa yo epi aplike yo.

Nan sans sa, se yon obligasyon pou yo elabore pwogram epi mete kanpe politik ak pwogram ki entegre kominote yo oubyen reprezantan yo nan pwosesis la. Deklarasyon dwa moun lan se yon zouti pou lit sosyete sivil la epi tou se griy evalyasyon politik k ap aplike nan milye riral yo.

Boutofen, dat 17 avril la, se yon dat istorik nan òganizasyon pwogresis revolisyonè yo. Yon lòt fwa pou ane 2026 sa a, yo renouvle angajman sosyopolitik yo nan ranfòse inite, konsyans politik ak solidarite nan mitan peyizan ayisyen yo fas menas okipasyon, vòl tè ak dominasyon enperyalis. Trant ane apre masak “Eldorado dos Carajás” la, mesaj la rete klè : batay pou diyite, souverènte alimantè ak jistis sosyal la dwe kontinye nan plis detèminasyon. Se nan mete tèt ansanm, nan operasyon kolektif ak nan aksyon konsyan, mouvman peyizan yo kapab konstui yon lòt avni pou Ayiti, kote tè, travay ak lavi peyizan yo respekte epi valorize.

https://www.facebook.com/share/v/1BDt9ziY6h

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.

Login

Register

terms & conditions