Refleksyon Danielle Vicky Castel sou tèm : an n chache konprann pwoblèm istorik ak politik peyi Mali, Boukinafaso ak Nijè.
Komite konkou literè a sou direksyon kòdinasyon pwogram jèn nan MPP reyalize premye edisyon li sòti 6 jiyè rive 17 novanm 2024 la, anba tèm : « an n chache konprann pwoblèm istorik ak politik peyi Mali, Boukinafaso ak Nijè », nan eslogan « istwa peyi Afrik yo ak Ayiti se marasa ». Se yon konkou ki fèt pou elèv ki nan nivo NS1 rive nan NS4 nan depatman sant peyi d Ayiti. Li genyen pou objektif ankouraje bon jan rechèch istorik otantik pou anrichi konesans elèv yo sou istwa politik peyi Mali, Boukinafason ak Nijè. Pwodiksyon tèks elèv yo fèt nan lang kreyòl ayisyen an se yon fason pou MPP kontinye bay jarèt nan eleman kiltirèl ayisyen an. Elèv Danielle Vicky Castel ki nan nivo NS2, idantifye nan nimewo 003, sòti nan « Collège St-Gabriel – Lascahobas » rive nan premye pozisyon aprè ansanm evalyasyon yo kote li fè : 53.75/70. An n li ansanm disètasyon li te prezante a ki respekte tout demach metodolojik li a. Nan atik sa a nou korije senpman erè yo. Nou respekte tout fonnman pawòl otè a.
16 Septanm 2023, twa gran Eta nan Afrik lwès, anba Sayara (pi gran dezè nan lemonn) deside met tèt yo ansanm nan yon gran rankont diplomatik pou yo kòmanse yon pwosesis nan kreye yon gwo konfederasyon yo chwazi rele Konfederasyon Eta Sayèl (Sahel an fransè) daprè yon chat, Liptakogouma1. Sayèl la, se yon zòn ki semi-arid nan Lafrik, k ap fè fas depi lontan nan pwoblèm chanjman klimatik, ensekirite ak enstabilite politik. Twa gran Eta afriken sa yo, lemonn gen je lontan sou yo jiska jounen jodi a, gen anpil pwen komen. Si n ap gade yo sou plan istorik, jewografik ak ideyolojik gouvènman yo tankou pwason kraze nan bouyon. Peyi sa yo se Boukinafaso, Mali ak Nijè.
Pwoblèm yo gen rapò istorik epi politik. Peyi sa yo soti nan relasyon difisil yo te gen nan kolonizasyon, mouvman pou endepandans epi batay yo toujou ap mennen kont sistèm opresyon entèn ak ekstèn. Yo te reprezante depi nan peryòd konpare (renesans ak epòk modèn) ak mwayennaj oksidantal la. Lè nou byen obsève, nou wè twa peyi sa yo gen anpil pwen ki mete yo kole kole, sitou sou plan demografik ak istorik. Anplis, twa peyi sa yo te dakò pou yo leve kanpe kont opresyon ewopeyèn yo nan prèske menm peryòd istorik. Soulèvman sa yo te montre menm dezi yo genyen pou yo jwenn endepandans total ak souverènte yo. E nou wè similitid sa yo kapab sèvi kòm yon baz solid pou yo akselere estrikti entegrasyon sa pou zòn Afrik la.
Kesyon prensipal la rete : Kijan difikilte istorik sa yo, ansanm ak ansyen sitiyasyon politik yo, kontinye kontribye nan enstabilite jodi a, e ki wòl alyans ak konfederasyon sayèl la ka jwe pou li rezoud pwoblèm sa yo ? Paske anpil obsèvatè entèprete alyans sa kòm yon demach estratejik pou li adrese enstabilite politik ak ekonomik nan rejyon an, ki soufri pandan plizyè ane anba ensekirite ki soti nan konfli ak mouvman radikalis nan.
Nan yon kontèks mondyal k ap evolye rapidman, twa peyi sa yo ap chèche ranfòse pozisyon yo kòm yon fòs enpòtan nan zòn Sayèl la, pandan y ap ogmante kapasite kolektif yo pou yo fè fas defi yo tankou : chanjman klimatik, pwoblèm agrikòl, ak dirabilite ekonomik. Plan nou pral swiv la pral pèmèt nou analize, nan yon premye pati, istwa kolonizasyon ak revòlt peyi sa yo kont opresyon ekstèn. Nan yon dezyèm pati, n ap gade pwoblèm politik aktyèl yo ak nan ki pwen enstabilite poltik yo afekte rejyon an. Finalman, n ap diskite sou alyans diplomatik la, tankou kreyasyon Sayèl la, kòm yon solisyon potansyèl ki pou ta ranfòse sekirite ak devlopman nan rejyon sila a.
Lanmou politik ak sosyal nan rejyon Sayèl la ki enkli Mali, Boukina Faso ak Nijè anrasinen nan yon pakèt istwa rich ak konplèks, soti nan eritaj pre-kolonizasyon an rive nan kriz modèn yo. Chak nan peyi sa yo gen yon chemen istorik ak politik ki distenk, ki kontinye jwe yon wòl esansyèl nan pwoblèm y ap fè fas jodi a. Pou pi byen konprann pwoblèm sa yo, nou dwe egzamine yo youn apre lòt.
An n kòmanse nan peyi Mali ki se yon peyi ki gen yon eritaj istorik remakab, li te vin tounen youn nan pi gwo sant sivilizasyon nan Afrik oksidantal la pandan Mwayennaj la. Wayòm Mali a te vin fòme aprè viktwa Sundiata Keita nan Batay Kirina an 1235, kote li te mete fen nan dominasyon « Sosso Soumangourou » yo epi te inogire Anpi Mali a, ki te vin youn nan pi gwo pwisans Anpi nan kontinan an. Soti nan lane 1235 rive nan 1600, Anpi Mali a te domine komès trans-ayeryen, espesyalman lò ak sèl, sa ki te fè li tounen yon potorik gouvènman ak vil prestijye tankou Tombouctou ak Djenné, ki te vin santral nan echanj kiltirèl ak entelektyèl nan mond Arab la ak menm Ewòp.
Sundiata Keita, fondatè Anpi a, se yon figi enpòtan nan listwa Afriken an. Istwa li te tise ant mit ak reyalite, prezante li kòm yon lidè saj ki te reyini plizyè gwoup etnik ak tribi pou li kreye yon peyi pwospè, kote komès ak konesans te fleri. Li te kreye tou yon sistèm administratif estriktire, ranfòse inite nasyonal ak kontwòl ekonomik sou rejyon an.
Malgre gran reyalizasyon istorik sa yo, peyi a te vin soufri anba kolonizasyon fransè nan fen 19yèm syèk la, lè Lafrans te fè Mali yon pati nan koloni Soudan fransè. Mali te jwenn endepandans li nan lane 1960 anba dirijan Modibo Keita, yon sosyalis ki te chèche devlope yon ekonomi planifye ak ranfòse inite nasyonal la, men ki te twouve li nan gwo difikilte ekonomik ak politik. Akòz tansyon sosyal, espesyalman sou Touareg yo nan nò peyi a, Mali te kontinye konfwonte pwoblèm entèrn ki te debouche sou kriz grav, tankou koudeta militè an 2012, ki te plonje peyi a nan enstabilite.
Nan kontèks modèn lan, malgre eritaj glwa istorik li, Mali toujou ap konnen defi politik, sosyal, ak sekirite ki soti nan pwoblèm etnik ak rebelyon ki te egziste lontan, epi k ap agrave nan prezans mouvman islamis nan rejyon Sayèl la.
Boukinafaso li menm, ki te yon fwa rele Wotvòlta (Haute-Volta, an fransè) pandan epòk kolonyal fransè a, gen yon gwo bout istwa. Teritwa sa a te konstri sou divès gwoup etnik. Malgre ansyen estrikti sosyal yo, li te oblije adapte yo ak liy teritoryal fransè yo te trase yo . Menm jan nan preske tout peyi Afrik yo, Boukinafso, anvan kolonizasyon li te divize an plizyè wayòm ou chefri; Gwama, Gwiriko, Mosi, Liptako, elatriye. E se apati divizyon sa yo premye konkèt islamik yo t ap favorize yon etap ki enpòtan nan listwa yo, ki pral plase Boukina Faso sou Kalifa Bagdad la (malerezman, se yon moman nan istwa peyi sa ki pa gen twòp temwayaj
sou li). Pami tout wayòm nou site yo, Wayòm Mosi a se li ki te pi gran e ewopeyen yo pa t gen twop kontak ak li. Pandan konkèt ewopeyen yo, « Lequel Boukarry » te youn nan chèf afriken ki te soti nan wayòm sa a ki te kenbe tèt ak yo anpil. Sa ki te pèmèt kolon yo te toujou mefyan sou abitan zòn sa a. Malerezman an 1896, wayòm Mosi a ta pral tonbe nan men konkeran fransè yo. Nan ane 1898, pi fò peyi ki se aktyèl Boukinafaso a ta pral kolonize e entegre sou koloni Afrik fransèz la anba koloni Wo Senegal e Nijè a. Pandan premye gè mondyal la, anpil Boukinabe a te patisipe nan batayon fransè Senegal la e pandan menm epòk sa yo, yo ta pral pami premye gwoup moun ki leve pou koupe fache nan rekritman fòse a, sa ki te pete yon ti gè ki rele gè ba volta. Tout atitid sa yo fè metwopòl fransèz la mefye l plis sou yo. 5 septanm 1932, teritwa peyi sa ta pral pataje ant Mali, Nijè epi Kotdivwa (aprè yo te fin fè l yon koloni pou kont li premye mas 1919 sou non Wot Volta).
Lè peyi a te pran endepandans li an 1960, li te antre nan yon peryòd long koudeta ak chanjman rejim politik tankou : koudeta Sangoule Lamizoara a kont Moris ki se te premye prezidan peyi a nan janvye 1966, kote yo te vle pou yo derasinen pouvwa otoritè prezidan an. Koudeta Jan Batis kont Saye Tèbo. Men, se an 1983, avèk Thomas Sankara Boukinafaso te konnen yon gwo chanjman. Sankara te renome peyi a “Burkina Faso” ki vle di “Peyi moun entèg,” pandan li t ap pwomouvwa yon revolisyon sosyal ak ekonomik ki te baze sou oto-sifizans ak entegrite. Men, aprè asasina Sankara an 1987, peyi a te retounen nan yon sik enstabilite politik ki kontinye afekte li jodi a, espesyalman atak teroris yo.
Pou Nijè, menm jan ak vwazen li yo, li te yon koloni fransè ki te sèvi kòm yon sous enpòtan resous natirèl, espesyalman nan depo Iranyòm li yo. Depi Nijè te jwenn endepandans li an 1960, peyi a te konfwonte pwoblèm ekonomik ak sosyal ki lye kondisyon klimatik difisil ak divizyon sosyal yo. Kominote Touareg nan nò peyi a, menm jan nan Mali, te soulve rebelyon kont gouvènman santral la pandan plizyè okazyon, reklame plis otorite ak rekonesans pou revandikasyon istorik yo. Malgre efò pou yo devlope peyi a, Nijè toujou ap konfwonte defi teroris ki sòti nan mouvman islamis nan rejyon Sahel la, mete an danje estabilite entèn ak sekirite teritoryal li.
Nijè se yon peyi Lafrik Loksidan, e li gen yon istwa ki makonnen tras fwontyè li yo, sitou nan peryòd kolonizasyon an. Fwontyè Nijè yo te fikse san konsiderasyon pou kilti ak sosyete kite egziste deja, yon pratik komen pandan kolonizasyon an kote peyi kolonizatè yo, tankou Lafrans, te divize tèritwa san respekte limit natirèl oubyen relasyon ant gwoup etnik yo. Sa te kreye anpil konfli entè-kominotè ak pwoblèm politik ki kontinye afekte rejyon an jiska prezan.
Fwontyè sa yo pa sèlman kesyon jewografik, men yo gen yon gwo enpòtans politik, sosyal ak ekonomik pou moun Nijè yo. Konprann fason fwontyè yo te trase, san yon vrè dyalòg ak popilasyon lokal yo, ede mete limyè sou pwoblèm modèn peyi sa ap fè fas, tankou konfli ant kominote ak kesyon sou idantite nasyonal. Se yon egzanp klè sou kijan eritaj kolonizasyon an kontinye enfliyanse lavi moun nan rejyon Afrik sa a.
Nan kontèks Afrik sitou sou Nijè, diskisyon sou fwontyè yo te toujou difisil paske yo reprezante yon fòs divizyon ki pa t egziste avan kolonizasyon an. Depi lè istoryen yo te kòmanse etidye sijè sa a, yo montre kijan kolonizasyon te chanje anpil bagay nan jan peyi yo òganize tèt yo e kijan sa ap kontinye afekte devlopman rejyon an.
Nou fin wè atravè listwa kisa, ki enpak kolonizasyon peyi oksidantal yo kite pou twa (3) peyi sa yo. Kounya, byen rapid an n gade politik zòn lan. Depi nan lane 2020 yo, Boukinafaso, Mali ak Nijè pran wout yon politik kont oksidan, e nou ka menm di tou, yo te gen yon pouvwa nan yon rejim militè kote se twa chèf Leta ki te jeneral peyi yo, e yo fè pati menm objektif. Devlope relasyon ak Larisi pandan yo ap mete kanpe lwen peyi tankou Etazini, Lafrans ak lòt ankò (menm linyon ewopeyèn). Se yon politik ki chita sou baz ki ale pi lwen sa Loksidan yo bay kòm demokrasi a. Ibrahim Traore, Goita Assimi, Abdourahamane Tiani, Chèf Leta peyi respektivman Boukinafso, Mali ak Nijè, depi lè yo pran pouvwa yo gen yon sèl dezi pou yo koupe fache nèt pouvwa enperyalis yo nan lemonn, mete sou kote tout tandans neyokolonyalis. Se sa k koz yo deside ansanm pou yo kite KEDEAO (CEDEAO an fransè, se yon òganizasyon ekonomik nan Afrik Lwès, kreye nan lane 1975 pou ankouraje entegrasyon ekonomik ak enstabilite politik nan 15 peyi manm yo), yon òganizasyon afriken ki mare sosis li twop ak lafrans epi lòt pwisans enperyalis yo. Evolisyon politik nan twa peyi sa yo daprè Frans 24 se rezilta move jesyon Lafrans nan peyi sa yo pandan e aprè kolonizasyon zòn sa a. Pou nou konprann tout enstabilite sosyal ak ekonomik ki gen nan zòn sa a, fòk nou ale toujou nan listwa yo. Twa Eta sa yo, jan nou montre l nan aspè istorik.