Femmes MPP, Uncategorized

FANM RIRAL YO NAN SOUVERÈNTE ALIMANTÈ PEYI D AYITI

  • Yon lòsyè lide sou kontèks woumble fanm lan

Sòti 22 rive 25 Novanm 2023, estrikti fanm nan Mouvman Peyizan Papay (MPP) lan te òganize yon gwo woumble kote anpil fanm te sòti toupatou nan depatman sant nan pou yo vini selebre nan Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan an ki lokalize li nan twazyèm seksyon kominal Ench. Woumble sa a te fèt anba tèm : wòl fanm riral yo nan souverènte alimantè peyi d Ayiti. Estritki fanm MPP an t ap selebre 43e rekòt kafe li, anndan 50 rekòt kafe MPP an pandan menm ane 2023. Direksyon egzekitif nan MPP an te pwofite onore anpil fanm pou angajman yo, dinamik yo, disiplin yo ak leadership yo anndan òganizasyon an, elatriye. Se t ap yon woumble wòdpòte men konjonkti sosyopolitik peyi a fè li pa t rive reyalize nan nivo sa te dwe fèt la. Nan ouvèti ofisyèl woumble a plizyè dirijan MPP te pran lapawòl.

  • Mo lizay dirijan MPP yo

Nan yon premye moman an, responsab komite edikasyon nan MPP – Questamène Cenor, te kòmanse pale konsa: bonjou tout fanm, mwen di nou yon gwo byenvini nan woumble a. Mwen swete nou pote anpil atansyon pandan dewoulman aktivite yo. Mwen swete nou bon jan patisipasyon nan woumble sila a.

Nan yon dezyèm moman an, direktris egzekitif MPP an – Verona Val, te pran lapawòl nan sans sa a : bonjou tout fanm ki prezan an, bonjou tout gason ki prezan an. Mwen vrèman kontan rewè nou. Mwen mande nou bat bwavo pou tèt nou ki prezan an. Deplasman jounen jodi a nan peyi a pa fasil. Moun ki rive fè deplasman yo se ewo yo ye. Mwen di nou tout byenvini. Mwen swete nou tout bon jan patisipasyon.

Nan yon twazyèm moman an, manm fondatè MPP an – Jean-Baptiste Chavannes, te pale konsa : fanm yo bonjou, kòman nou ye ? Mwen wè nou anfòm vre men mwen swete nou pi anfòm pase peyi a. Fòk nou pi anfòm pou n chanje peyi a. Mwen swete nou tout bon jan patisipasyon. Nou dwe sòti avèk bon jan rezolisyon paske lit fanm riral yo pa p kanpe.

Lè n ap pale sou fanm yo, nan milye riral la genyen plizyè kalite fanm. Genyen yon eslogan nan sal la ki di fanm riral yo pa p kanpe menm jan nou di kanal la pa p kanpe a. Nou salye tout ayisyen ki nan dyaspora k ap sipòte kanal la. Sa k ap pase nan peyi a se yon gwo siy pou nou pran konsyans. Se yon okazyon pou nou montre Bourik pa manje santiman nou nan po banann. Nou dwe leve kanpe pou n di non. Nou dwe leve kanpe pou n pran desten nou nan men. Fanm riral yo se poto mitan souverènte alimantè a. Sistèm kapitalis la kraze souverènte alimantè nou, li kraze mòd lavi nou. Li kraze pwodiksyon alimantè nou. Genyen moun ki menm rive di diri peyi a two rèd. Kapitalis yo kraze pwodiksyon diri nou kote nou te pwodui 500 000 tòn diri chak ane men jounen jodi a pwodiksyon diri a kraze rapye tè. Manje pèpè yo se sous tout fòm maladi yo.

  • Chavannes Jean-Baptiste sou orijin ak pètinans estrikti fanm nan MPP

Woumble sa a prezante nan kad 50 tyèm MPP an. Nan okazyon dat 25 novanm lan – Jounen Entènasyonal kont vyolans sou fanm ak ti fi. Poukisa MPP genyen 50 ane, epi estrikti fanm yo genyen 43 ane ? Lè MPP te fonde avèk gwoupman kè kontan epi gwoupman Chavannes Jean-Baptiste lè sa a pa t ko genyen gwoupman fanm. Fanm pa t genyen dwa pou yo mete pye yo nan aktivite yo. Premye fanm ki patisipe nan gwoupman se te Madan Ganye nan gwoupman lapasyans nan ane 1975 nan lospalis. Malgre sa a Ganye pa t dakò. Madan Ganye te rive malad lè li wè sa gwoupman yo fè pou li, li sezi ! Premye gwoupman fanm MPP fonde nan ane 1980 nan Papay, se te animatè Kernizan ki bay yo fòmasyon. Se nan sans sa a nou kapab di gwoupman fanm MPP yo genyen 43 ane. Lè mwen reyalize premye estati MPP an, atik 13 la bay gwo pwoblèm. Nou te di zafè fanm kale gason an, zafè gason kale fanm lan dwe kaba. Anpil manm MPP pa t dakò. Se gwo batay pou yo te rive asepte fanm ak gason egalego.

Nan ane 1980 pou nou te jwenn yon fanm ki fè sètifika se jis nan Nòdwès nou te ale chache li. Jounen jodi a nou genyen anpil fanm ki fòme. Nou te jwenn chans pou n te voye jèn fanm ale etidye nan peyi Meksik men nou pa t jwenn fanm nan MPP ki fè Bakaloreya. Se gason senpman nou te voye ale etidye. Nou kwè fanm ak gason dwe genyen menm nivo akademik. Gason pa siperyè fanm si genyen youn ki ta siperyè se t ap fanm li t ap ye. Jodi a se fanm k ap dirije MPP. Nou ka di preske tout pòs nan MPP se fanm k ap dirije yo. Fanm yo rive fè chimen yo. Nan istwa MPP nou rive fè yon gwo travay kote nan estati MPP an dwe genyen yon fanm ak yon gason nan tout pòs yo. Asanble jeneral MPP an pandan 50 tyèm lan ratifye kote nan chak pòs dwe genyen menm kantite fanm ak gason. Nou ka pran sa a pou yon bagay ki piti men jiskaske yon moun pwouve kontrè nou se premye òganizasyon sou latè ki rive fè sa a. Men èske nou ka di fanm ak gason egalego ? Non ! Fanm yo dwe kontinye batay la. Pwoblèm yo kontinye egziste, paregzanp genyen yon animatris MPP ki t ap vini nan kongrè mari li pa t dakò, mari a di depi li vini y ap tou kite se konsa fanm lan vini epi mari a di l nou kite, fanm lan di zafè !

Fanm MPP yo genyen anpil travay pou yo fè, fanm tèt kole, elatriye. Nou menm delege sa yo nou dwe batay plis pou n pran plas nou nan sosyete a. Menm rive monte yon gwo rezo fanm pou nou defann dwa nou. Nou dwe konnen diskriminasyon sou fanm lan dwe kaba. Fanm pa dwe anba dominasyon gason yo. Nou dwe konnen tout moun se moun pa genyen moun pase moun.

  • Lide Questamène Cenor ak  Juslène Tyrésias sou wòl fanm riral yo nan souverènte alimantè peyi d Ayiti

Konsiderasyon sou fanm yo nan sosyete a

Nan sosyete ayisyen an, menm jan ak nan plizyè peyi nan lemonn, fanm yo ap viv yon sitiyasyon ki trè difisil pou fason yo konsidere yo nan sosyete a. Anpil fanm ap sibi anpil diskriminasyon. Fanm yo ap sibi tout fòm vyolans, tankou vyolans fizik (y ap maltrete fanm yo, fanm yo ap pran baton menm jan ak  timoun), vyolans seksyèl (yo itilize fanm yo tankou se obje seksyèl, lè yon fanm fin viktim nan vyòl y ap poze l tout kalite kesyon pou yo fè l parèt kòm moun ki gen tò a), vyolans vèbal (fanm yo ap sibi zak tizonnay, y ap denigre yo, y ap pale yo mal) ak vyolans sikolojik (y ap repwoche medam yo, anpil atis ap fè vye mizik pou yo pale fanm yo mal, y ap di yo bagay ki nui lespri yo, rann yo mal alèz nan sosyete a, yo itilize imaj fanm yo pou yo fè marketing pou biznis yo mache). Fanm yo pa genyen tout libète yo. Genyen kote fanm yo pa ka patisipe nan espas desizyonèl yo, paske yo pa tèlman bay pawòl fanm yo twòp valè. Yo menm abitye di fanm yo ak timoun piti yo se menm. Depi nan kay la paran yo chwazi travay ki pou ti gason yo ak sila yo ki pou ti fi yo, konpòtman sa a fè tifi yo plis bourike.

 Nan kesyon travay fanm yo souvan konsidere an segon plan. Sosyete a prèske mete medam yo sou kote, pafwa se si yo pa jwenn yon gason ki pou fè yon travay yo ka oblije chwazi pran yon fanm. Menm si fanm lan ta parèt pi konpetan pase gason an men sosyete a refize bay fanm yo yon pi gwo grad paske yo se fanm. Genyen anpil enstitisyon nan peyi d Ayiti pou yon fanm jwenn travay fòk li dakò pou li negosye ak patwon an oubyen ak direktè a, sinon plas li pa p la. Patwon oswa direktè a souvan vle montre se favè y ap fè fanm yo. Menm si fanm lan fè menm travay gason yo, yo peye fanm nan pi ba pri. Yo pa bay konpetans medam yo enpòtans. Pwoblèm diskriminasyon sou fanm yo ale vrèman lwen kote menm si yon fanm ta kandida menm fanm parèy li yo abitye pa fè l konfyans men yo prefere vote gason an. Lide fè kwè fanm yo se moun natirèlman ki fèb.

  • Travay fanm yo

Fanm yo travay anpil, se yo ki plis fè prèske tout travay nan kay la, yo okipe timoun, yo edike timoun yo, yo fè netwayaj, yo fè manje, yo lave, yo pase, yo ale nan mache, elatriye. Fanm yo abitye chanje bèt yo. Fanm yo travay depi nan planifikasyon  plantasyon an jiska rekòt jaden yo, si genyen pou vann se yo ki ale vann. Se fanm yo ki souvan fè manje nan travay jaden yo. Anpil  gason lè y ap pale yo toujou di yo fè jaden pou fanm nan, tankou fanm nan pa t janm patisipe nan travay yo. Lè mari yo sòti ale travay nan lòt vil nan peyi a oubyen nan lòt peyi chaj ekonomik fanm yo ogmante. Malgre tout jefò sa yo, nou toujou jwenn yon ansanm gason k ap rele fanm yo atagaz. Nou jwenn mèdam yo plis fè travay repwodiktif yo, travay ki kapab pa bay lajan yo, sa fè gason yo konsidere fanm yo kòm moun ki pa janm travay. Menm si mèdam yo nan komès, yo fè tout jounen nan mache a, yo fatige, yo pa jwenn chans repoze yo lè yo vin lakay yo. Nan sosyete a souvan travay fanm yo pa valorize.

  • Enpòtans fanm yo nan lit pou defann dwa yo

Se tout kote dwa fanm ap vyole, fanm yo dwe met tèt ansanm pou yo defann dwa yo. Nou pa dwe kite se yo ki toujou ap ekri pou nou, nou dwe chèche pran plas nou nan tout nivo nan sosyete a. Si fanm ka ale lekòl, ale nan inivèsite, si nou ka antre nan òganizasyon, se gras anpil lit ki mennen deja yo. Lit la dwe kontinye.

Jèn mèdam yo nou viktim anpil, direktè/patwon yo pa souvan vle anplwaye nou, nou fin etidye nou chita san nou pa p fè anyen. Genyen sila yo ki fini lekòl klasik yo ki pa jwenn chans aprann yon metye. Genyen metye medam yo aprann yo di se madanm direktè a y ap vin ye. Genyen ki pa menm jwenn aksè pou yo ale lekòl. Se nou ki pou defann dwa nou, nou dwe kanpe pou n di non nan tout fòm vyolans ak diskriminasyon k ap fèt sou fanm yo. Nan sans sa, fòk fanm yo òganize yo, paske yo pa p ka mennen lit la pou kont yo. Se lè yo gonfle fòs yo ansanm y ap ka fè respekte dwa yo. Yo dwe angaje yo nan tout batay k ap fèt nan konstri yon lòt sosyete kote tout moun se moun, yon sosyete kote tout fòm dominasyon ak eksplwatasyon ap kaba, yon sosyete kote dwa tout moun respekte, yon sosyete kote fanm ak gason gen menm dwa.

  • Pòtrè fanm riral la

Sitiyasyon sosyal fanm yo ap evolye ladan li a an Ayiti se yon fenomèn ki vrèman espesyal,  paske modèl trètman y ap sibi a  pa respekte dwa yo genyen pou yo viv nan tout diyite yo. Men majorite fanm yo, sitou fanm k ap viv nan milye riral yo aksepte fenomèn sa a kòm nòmal. Yo ta reziye yo pou yo viv konsa jis yo mouri.

  • An nou fè yon kout je sou karekteristik fanm riral yo

Fanm riral yo jwe yon wòl enpòtan nan agrikilti a epi yo kontribye  nan pwodiksyon an  depi nan preparasyon sòl la jis rive nan finisman pwodiksyon an. Se yo ki pote sa yo rekòlte yo  ale vann nan mache a, answit achte sa y ap bezwen pou sèvis fanmiy lan. Se yo ki fè separasyon  sa y ap sere yo kòm plan ak sa y ap bezwen nan sèvis fanmiy lan pi devan.

Menm fanm yo k ap travay nan jaden an, se yo ki nan fè manje pou fanmiy lan ak pou moun k ap travay nan jaden an, se yo ki responsab pou yo fè  pwòpte nan kay la, se yo ki okipe pitit yo ak mari yo, se yo tou ki fè timoun yo etidye, pafwa mennen yo lekòl, lave ak repase, elatriye.

Yo jwe yon wòl enpòtan nan konsèvasyon ak repwodiksyon semans yo. Yo jwe tou yon wòl enpòtan nan okipe kabrit, kochon, mouton, bèt  volay yo, lè yo genyen bèf ki nouris se yo ki vann lèt yo jwenn nan manmèl li. Fanm yo nan fè ti komès k ap pèmèt yo reponn bezwen fanmiy yo. Yo genyen kapasite pou yo sere nan benefis yo fè nan tout aktivite y ap mennen yo. Benefis la trè redwi paske yo kontribye 60 % nan depans yo nan kay la, ant 20 % rive 25 % nan maladi ak nan edikasyon pitit yo. Yo jwe wòl matwòn nan ede lòt fanm parèy yo  lè y ap akouche a. Sa yo montre  kontribisyon fanm riral yo nan ekonomi  peyi  a ak nan agrikilti a. 

Malgre wòl fam yo jwe nan kenbe lavi sou planèt la, sa a pa anpeche y ap konfwonte yon kokenncehnn defi, kote majorite nan yo k ap fè agrikilti a pa konnen li ak ekri. Lè paran yo pa genyen mwayen pou tout timoun yo ale lekòl se ti fi yo fè rete pa ale lekòl pou yo veye pi piti yo ak fè travay nan kay la.

Selon done ofisyèl yo, 49 % nan popilasyon aktiv la se fanm k ap fè agrikilti, genyen 26 %  fanm ki chèf fanmiy yo. Selon FAO fanm nan milye riral yo reprezante 70 % nan mendèv peyi a.  Malgre fanm yo plis nan zafè agrikilti a men se gason yo ki domine sektè agrikòl la, fanm yo ki nan domèn agrikilti yo pa genyen tè, yo nan 2 mwatye, yo nan fèmaj lan. Tè paran yo mouri kite pou yo te ka youn nan mwayen ki te ka pèmèt yo genyen tè men an Ayiti koze tè eritye a rete yon gwo konfli ki nan rasin sosyete a. Lè paran yo mouri kite yon tè se fanm nan oubyen ti fi a ki jwenn mwens oubyen ki pa jwenn menm. Se ta youn nan koz  ki kapab eksplike rapò debalanse ant fanm ak gason an nan kesyon tè a. Yon fanm ki genyen mari l mouri abitye pèdi byen (tè, kay, bèt,…) li mouri kite a, kote fanmi gason an rive mete madanm defen an deyò epi rekipere tè yo.

Selon yon rapò ki te pibliye an 2017, li montre se 11 % fanm ki genyen tè. An 2015  Nasyonzini  te sòti yon rapò ki montre genyen 71 %  fanm ki pa genyen tè, ni kay, men genyen 20 %  fanm ki genyen byen  pou yo ak mari yo.

Depi lontan fanm riral yo t ap viv nan move kondisyon nan sosyete a ak nan lafanmiy. Y ap konnen yon ansanm pwoblèm, tankou : manipilasyon politik, manje, sante, edikasyon ak elektrisite, elatriye. Jodi a fanm riral yo sibi vyolans sistèm lan nan itilize manje ki anpwazonnen yo, men yo toujou ap batay. Yo toujou prè pou yo patisipe nan tout travay tankou nan travay jaden, òganizasyon ak legliz. Yo patisipe tou nan travay pwodiksyon an. Anpil fanm ki konsyan patisipe nan konsyantize lòt fanm pou yo chanje kondisyon lavi yo.  

Malgre ansanm travay fanm riral yo ap fè pou yo pote sosyete a sou do yo, genyen anpil move diskou sou yo. Sosyete a konsidere yo tankou lajan chire. Anpil moun ap kite milye riral la pou yo ale lavil k ap vin bay konstriksyon bidonvil yo. Genyen yon lide ki fè kwè tou n ap pi byen nan lòt peyi, elatriye. Lè yon moun kite lavil pou li ale nan lòt peyi oswa yon moun ki kite andeyò pou li antre lavil sa dekapitalize moun lan. Men tou lè moun lavil yo monte andeyò sa kontribye nan ogamante chay fanm yo nan milye riral yo.

Lè Leta an Ayiti siyen yon ansanm kontra bidon sa genyen gwo konsekans sou sosyete a. N ap viv nan move kondisyon paske nou pa genyen aksè nan ansanm sèvis ki plis primè yo. Chak moman pri pwodui yo monte se pèp la ki peye kou kase a. Leta kontinye pran taks sou pèp la san li pa bay li okenn asistans sosyal. Leta ap travay kont sosyete a. Dezòd klimatik la genyen tou gwo konsekans sou sosyete ayisyen an. Li enpòtan pou fanm riral yo pran desten yo an men. Yo dwe tande sa k ap pase nan radyo yo kote y ap tande kantite gagòt k ap fèt nan bwat Leta yo ak kantite moun fenomèn ensekirite a ap voye ale chak jou nan peyi tèt san chapo, elatriye. Li enpòtan pou sosyete a sispann konte kadav, pou Ayisyen yo sispann ale nan lòt peyi nan move kondisyon yo. Estrikti fanm nan MPP envite tout fanm nan tout domèn yo ye, pou yo pran konsyans, endiye epi revòlte, paske li lè pou yo di NON

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.