Actualités

Sòti 1995-2024 : 29 rekòt kafe Radyo Vwa Peyizan (RVP) nan edikasyon popilè a

  • Mizankontèks

Genyen anpil radyo kominotè  nan peyi d Ayiti k ap fè yon travay edikasyon popilè. Radyo sa yo kontribye nan valorize patrimwàn kiltirèl ayisyen an. Yo patisipe nan konsyantize mas popilè a, elatriye. Antwopo-sosyològ Malachy Bastien reyalize yon travay rechèch nan ane 2018 pou Lekòl Fòmasyon Politik Charlemagne Péralte (LFPCP) sou estrateji òganizasyon popilè yo nan fè mesaj yo pase nan enterè mas yo. Rezilta rechèch la montre òganizasyon yo itilize yon modèl kominikasyon orizontal. Modèl sa a opoze kominikasyon vètikal la. Modèl kominikasyon k ap itilize nan yon sosyete kapab genyen yon enpak pozitif oswa negatif sou sosyete a. Sepousa Mario Kaplur ponn lide sa a kote li mansyone : « di m ki kalite kominikasyon ou vle, m ap di w ki kalite sosyete ou vle ». MPP pami òganizasyon ki konprann nesesite ki genyen pou mas yo byen edike atravè edikasyon popilè a. Li mete Radyo Vwa Peyizan kanpe kòm yon zouti edikasyon popilè, menm si li abitye itilize anpil lòt mwayen pou li kominike, tankou : jounal vwa pa nou,  jounal rezistans aksyon peyizan, lanbi ak banbou, elatriye.

  • Orijin 20 mas la nan RVP

Chavannes Jean-Baptiste souliye Radyo Vwa Peyizan se pitit MPP, men nan premye lide a se pa t nan nivo sa a li te premye konsevwa radyo a. Se yon radyo li te konsevwa pandan li te nan egzil nan peyi Meksik. Selon manm fondatè MPP an : mwen te di mwen pa p rete nan egzil fòk mwen vin batay kont rejim Lavalas la konsa mwen antre nan peyi a. Se yon radyo ki kòmanse fonksyone nan yon emetè 10 wat. Mwen teste li nan plizyè zòn men li pa t rive two lwen. Se nan jounen 20 mas la nou te enstale emetè 10 wat la. Nan dat 20 mas 1987, MPP te reyini plis pase 750 delege peyizan nan sant lakay la. Se yon dat ki enpòtan nan lavi MPP kote nou te òganize yon mach ki genyen plis pase 5000 moun. Yon mach ki te fèt kote peyizan yo t ap mache pye atè. Nan moman sa a militè yo te entèdi peyizan yo antre lavil pye atè, nou te ale devan komisarya nan Ench pou n di yo vin bay nou baton si yo kapab. Se yon dat senbolik. Nan MPP se dat revandikasyon peyizan yo. Li ajoute : lè Aristide pral antre an Ayiti nan ane 15 oktòb 1994, mwen di waw ! Mwen pa bezwen radyo a ankò. Men mwen di non fòk mwen fè travay edikasyon popilè a. RVP pral pran nesans nan dat 20 mas 1995, nou sòti nan emetè 10 wat, nou pase nan emetè 15 wat, emetè 100 wat, kounya nou nan emetè 1000 wat. Malgre anpil move moman an, RVP rete yon zouti edikasyon popilè, se yon zouti louvri je ak kale je peyizan yo, elatriye. MPP konte fè plis pwojè toujou kote li vle RVP tounen Radio Televizyon Vwa Peyizan an. N ap souliye nan pwogramasyon RVP tout emisyon yo kontribye nan louvri je mas popilè a, pami yo : emisyon fenèt kiltirèl, emisyon nouvèl la rebondi, emisyon pawòl libète byennèt, emisyon anba tonèl zansèt yo, emisyon espas jèn, emisyon fanm potomitan ak emisyon pawòl ra.

Tout ekip MPP an swete estaf RVP an ak tout oditè RVP yo yon bon rekòt 29 ane !!!

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.