Agroécologie

WOUMBLE NASYONAL SOU AGWOEKOLOJI PEYIZAN

Tèm : Agwoekoloji, sèl mwayen pou nou kaba grangou ak refwadi planèt la

  • Entwodiksyon

MPP pran nesans nan ane 1973, nan kreyasyon 2 gwoupman peyizan ki te koumanse fè jaden kolektif kòm aktivite yo. Nan moman sa a, peyizan yo nan rejyon an pa te konnen lòt modèl pase agrikilti peyizan an. Nou te deside travay ak yo pou yo amelyore sa yo konnen deja. Nou te entwodwi kèk teknik nouvèl nan jaden sa yo pou yo te kapab eksperimante, aprann tankou metòd konsèvasyon sòl, pwodiksyon konpòs, itilizasyon gwano, melanje bon tè ak sann dife pou yo fè pwodiksyon papay ak pwodiksyon legim yo. Nou te entwodwi tou pwodiksyon legim nan zòn lan apati menm gwoupman sa yo. MPP kwè nan modèl agrikilti peyizan agwoekolojik la paske agrikilti endistriyèl la ap simen lanmò.

Agrikilti endistriyèl la, se yon modèl agrikilti ki enterese nan fè LAJAN an. Modèl sa a genyen yon sèl objektif se : fè lajan chak jou, menm si se detri lavi pou fè lajan. Modèl agrikilti sa a pa respekte lavi moun, lavi bèt yo, lavi plant yo ; li pa respekte byen komen yo, tankou latè, dlo, lè ak semans. Sepousa nou konsidere l kòm yon agrikilti k ap simen LANMÒ.

Nan kad konsta sila a, nou rasanble nan Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan, ki chita nan twazyèm seksyon kominal Ench lan, nan zòn papay la, sòti 30 avril rive 4 me 2023, nan lide pou nou ekspoze dega agrikilti endistriyèl la ap fè nan lemonn. Woumble sa a ap òganize nan kad 50 tyèm anivèsè MPP an. Li rasanble plis pase 100 militan òganizasyon (peyizan, etidyan, ouvriye, sendikal) ki sòti nan nivo nasyonal ak entènasyonal la. Woumble a fèt anba tèm : agwoekoloji peyizan, sèl mwayen pou nou kaba grangou ak refwadi planèt la.

Se yon espas MPP kreye nan okazyon 50 rekòt kafe li. Li pèmèt anpil òganizasyon rankontre pou yo pataje lide ak eksperyans yo, reflechi sou sitiyasyon Ayiti ak planèt la, e sitou makònen fòs yo pou yo travay ansanm sou yon seri gwo defi Planèt la genyen an jeneral ak Ayiti an patikilye.

  • Devlopman
  • Istorisite sou agwoekoloji peyizan an

Pwofesè Peter Rosset, reprezantan La Via Campesina (LVC), devlope yon apwòch sou konpreyansyon li genyen sou orijin ak vizyon agrikilti peyizan agwoekolojik la. Selon Peter Rosset : « agwoekoloji a sòti nan pratik peyizan yo depi plizyè milenè. Ansanm pratik sa yo chita tou sou lòt konesans, tankou : sosyoloji ak antwopoloji, elatriye. Se ansanm pratik peyizan yo mete an valè. Lè yon peyizan ap kiltive li chita sou tout prensip ki tabli yo. Li chita sou respè klima a. Agwoekoloji a se yon konstriksyon sosyal ki chita sou kilti tradisyonèl yo. Agwoekoloji a se yon batay lide ».  Pwofesè Peter Rosset ajoute nou dwe repeyizanize nou. Nou dwe pran tè yo pou nou vin peyizan agwoekolojik. Genyen yon deba materyèl ak imateryèl.  Nan materyèl la, moun k ap fè agwobiznis yo ap twonpe vijilans nou nan mete etikèt ki fè kwè sa yo pwodwi yo sen.

Nan yon lòt bò, Chavannes Jean-Baptiste, fè konnen agwoekoloji a genyen yon dimansyon politik. Agwoekoloji a se konesans bizawèl ak tatawèl ansyen zansèt nou yo. Li se yon nouvèl syans k ap evolye. Nan lasyans chak jou kapab genyen nouvo konesans sof pou kretyen yo ki kwè nan yon verite etènèl. Chavannes Jean-Baptiste ajoute kote li montre modèl agrikilti peyizan agwoekolojik la genyen sèlman 20 % tè agrikòl yo, 20 % dlo, 20 % enèji ki ale nan pwodiksyon agrikòl la, li rive pwodwi ant 70 ak 80 % manje pou moun manje sou latè. Sepandan, agrikilti endistriyèl la anba kontwòl miltinasyonal agwo pwason yo, k ap pwodwi manje anpwazonnen, k ap detri lavi sou planèt la, mete gaz sou dife rechòfman klimatik la. Li kontinye pou li di, genyen yon batay chen manje chen, gwo vale piti nan mitan miltinasyonal yo. Paregzanp 3 miltinasyonal agwochimik kontwole 55 % mache a. Monsanto 27 %, Dupont 21 %, Syngenta 7 %. Mache semans lan se plis pase 100 milya dola.

Nan ane 2014, se te premye rankont ki te òganize nan Wòm sou agwoekoloji a. Ladan li te genyen reprezantan LVC yo kote yo t ap soumèt vizyon yo genyen sou pwòp agwoekoloji a. Kote yo fè konnen agwoekoloji a genyen yon dimansyon sosyal. Nan ka sa a te genyen diferan opinyon sou agwoekoloji a. Peyi Lafrans t ap lite pou teknik agwoekolojik la ; Brezil t ap fè pwomosyon pou yon agwoekoloji familyal. Peyi Etazini li menm te vle elimine seminè sa a sou baz pou LVC pa pale sou agwoekoloji ak kesyon « souverènte alimantè » a. Nan ane 2018 la, yon dezyèm konferans fèt nan Wòm sou agwoekoloji a.

N ap souliye, genyen yon pratik nan anpil peyi kote Minis agrikilti yo toujou ap detounen tout pwojè agwoekolojik yo. Nou dwe itilize agwoekoloji a kont agrikilti konvansyonèl la. Depi aprè seminè FAO te òganize genyen kèk finansman ki bay pou agwoekoloji a. Tout ministè agrikilti yo koumanse pran angajman nan louvri yon depatman agwoekolojik. Anpil nan pwogram ministè agrikilti yo genyen yo, se pou yo ankouraje agwobiznis yo. Nou menm nou kont agwoekoloji neyoliberal la.

Nan fowòm ki fèt nan peyi Mali ki batize « Fowòm agwoekoloji » a, genyen yon dokiman ki vrèman enpòtan ki sòti. Li disponib sou paj LVC an. Agwoekoloji a ap defann diyite peyizan yo. Li genyen yon dimansyon ki vrèman politik. N ap batay kont agwobiznis yo. Nou dwe konnen kiyès ki edmi nou. Antrepriz miltinasyonal yo kontwole pwodwi òganik yo. Sepandan, LVC kontinye ap batay sou plizyè fòm kont modèl agrikilti endistriyèl la. Li patisipe nan mete kanpe plizyè lekòl nan domèn sila a.

Pwofesè Peter Rosset di lekòl agwoekoloji « La Via Campesina » yo genyen kèk pwensip ki menm, tankou :

  • Nan Peyi Mali genyen lekòl agwoekolojik ;
  • Nan Ajantin genyen lekòl agwoekolojik pou ti moun ;
  • Nan Brezil genyen lekòl agwoekolojik ;
  • Nan peyi Kolonbi genyen lekòl agwoekolojik, elatriye.

Konpozant agwoekoloji a :

  • Agrikilti òganik ;
  •  Agrikilti dirab ;
  • Agwoekoloji e biyoloji ;
  • Agrikilti natirèl ;
  • Biyodivèsite ;
  • Agrikilti peyizàn\endijèn, elatriye.

Aktè agwoekolojik yo :

  • Fanmi peyizan yo ;
  • Pwomotè yo ;
  • Fasilitatè yo ;
  • kòdonatè yo, elatriye.

Nou genyen 2 chimen nou kapab itilize pou Nou genyen 2 chimen nou kapab itilize pou n rekipere agwoekoloji a :

  • Nou dwe lite pou n kenbe sistèm agwoekoloji peyizan an.
  • Agwoekoloji a konstri yon pwosesis sosyal ki baze sou syans agwoekolojik pou l kapab rekipere tout sa nou te pèdi. Nan sans sa a, n ap pale sou repeyizanizasyon an, sa vle di, tounen nan tout lòt pwensip lontan yo jan nou te abitye fè jaden yo.
  • Batay ant agwoekoloji ki sòti anwo ak agwoekoloji ki sòti anba

Pwofesè Peter Rosset konprann, agwoekoloji anba se zouti emansipasyon peyizan yo. Li pran nesans kote revolisyon an pa t rive nan lemonn. Se yon modèl orijinal ki chita sou resous lokal ak tradisyonèl yo. Pa two lontan syantifik yo koumanse etidye pratik tradisyonèl yo. Syantifik yo ap kesyone kouman pratik sa yo fè kenbe pandan plis pase 10 mil ane. Lasyans fè pratik peyizan yo vin yon objè etid. Se konesans pratik peyizan yo k ap aplike depi 10 mil ane. Mo agwoekoloji a, se yon referans pou save yo pale sou pratik peyizan yo. Anplis, li se yon mouvman sosyal. Lontan enstitisyon yo te ridikilize pratik peyizan yo. FAO, fakilte agwonomi yo pa t janm vle pale sou koze agwoekoloji a. FAO se yon enstitisyon miltinasyonal ki genyen baz li nan Wòm. Nan konsèy FAO a pa genyen manm sosyete sivil la. Li kontwole kesyon agrikilti a nan lemonn, chak otorite nan FAO genyen reprezantan yo nan chak gouvenman nan lemonn.

  • Chavannes Jean-Baptiste dekouvri genyen 2 modèl agrikilti :

a) Agrikilti peyizan yo ki vin pran dimansyon agwoekolojik ak pwogrè lasyans, li fè makònay pwogrè syantifik ak konesans tradisyonèl peyizan yo. Modèl sa se yon modèl agrikilti pou LAVI. Se yon modèl agrikilti ki respekte lavi moun, lavi plant yo, lavi bèt yo, yon modèl agrikilti ki respekte dwa manman nou latè nan viv an sante epi pèmèt tout pitit tè a viv an sante : moun, bèt, plant anwo tè a ak plant yo, bèt yo ki nan lanmè a, elatriye. Agwoekoloji peyizan an anba konwòl fanmiy peyizan yo k ap fè l pou yo alimante tèt yo, alimante planèt la nan manje ki sen ak tenyen dife rechòfman planèt la.

b) Agrikilti endistriyèl la, se yon modèl agrikilti pou fè LAJAN. Modèl sa a genyen yon sèl objektif se : fè lajan chak jou, menm si se detri lavi pou fè lajan. Modèl agrikilti sa a pa respekte lavi moun, lavi bèt yo, lavi plant yo ; li pa respekte byen komen yo, tankou : latè, dlo, lè ak semans. Sepousa, nou konsidere l kòm yon agrikilti k ap simen LANMÒ. Se yon modèl agrikilti k ap detri lavi sou tout fòm sou planèt la, yon agrikilti ki jwe yon wòl fondamantal nan rechòfman klimatik la.

Modèl agrikilti endistriyèl la ap chache fè dappiyanp sou tout bagay ki genyen wòl pwodwi manje pou tout moun. Manje se premye dwa moun genyen paske san manje pa genyen lavi. Men se pa tout kalite manje ki bay lavi. Agrikilti endistriyèl la fè dappiyanp sou 80 % tè agrikòl yo, 80 % dlo nan fè agrikilti a, 80 % enèji ki itilize nan pwodiksyon agrikòl yo. Malgre tout mwayen sa yo, li pwodwi senpman ant 20 ak 30 % manje pou moun yo manje. Se yon fenomèn ki trè grav !

  • Konpreyansyon òganizasyon yo, lekòl fòmasyon politik ak ideyolojik yo, sou agwoekoloji peyizan an.

Pwofesè Peter Rosset bay yon ansanm ekzanp nan fason agwoekoloji peyizan an ap aplike nan plizyè peyi. Nan La Via Campesina (LVC), anpil militan fòme nan domèn sila  a. Tout moun ki militan MPP konnen pedagoji Paolo Freire a ki chita sou yon modèl kominikasyon orizontal. Nan peyi Tayland, Mali, Ajantin, nan peyi amerik latin yo genyen IALA – Lekòl Agwoekolojik. IALA se yon fòm inivèsite ki bay fòmasyon agwoekolojik ak fòmasyon politik. Premye lekòl agwoekoloji a fèt nan peyi Venezyela, li pote non Paolo Freire. Moun ki etidye nan inivèsite sa yo se pitit peyizan yo ye. Diferans ki genyen ant IALA meksik la ak lòt yo, sèke sila yo ki nan peyi Meksik yo dekonsantre.

Pawòl Kervin Martinez ki sòti nan IALA nan Repiblik Dominikèn lan, mansyone : « ane 2018 se te premye eksperyans mwen nan peyi Nikaragwa. Bagay yo te vrèman difisil sitou koumansman toujou difisil, se te sou gouvènman Daniel Ortega a. IALA IXIM ULEY se yon fason pou nou rekipere idantite nou, tradisyon nou. Koneksyon nou pran nan estrikti yo n ap aplike yo nan kominote nou. Konsèp agwoekoloji a ale vrèman lwen. Li makònen souverènte alimantè a. Pwosesis aprantisay la chita sou batay kont eksplwatasyon min yo. Genyen peyizan ki pèdi tè yo nan Nikaragwa pou kesyon dèt yo. Peyizan ki pèdi tè yo kòm yo t ap milite nan CLOC, ak LVC yo te rive rekipere tè yo. Agwoekoloji a ale pi lwen pase yon syans. Pou yon moun pratike agwoekoloji a li dwe genyen anpil etik. Agwoekoloji a se lanmou ».

  • Aksyon òganizasyon yo nan agrikilti peyizan agwoekolojik la

Selon Mulaire Michel, agrikilti familyal peyizan an se yon tèm ki enterese MPP anpil, se yon tèm MPP ap travay sou li depi plis pase 45 ane. Depi nan nesans MPP li makònen eksperyans peyizan yo ak teknik ki sòti nan konesans syantifik tankou metòd biyomekanik konsèvasyon sòl, asosiyasyon kilti, wotasyon kilti, pwodiksyon angrè òganik ak pestisid natirèl. Se MPP ki koumanse nan eksperyans pwodiksyon legim nan zòn lan (chou, tomat, kawòt, bètrav, pwavon…), moun yo te abitye pwodwi senpman berejèn (obèjin).

 Depi nan koumansman MPP fè travay edikasyon sou enpòtans tè a kòm kòd lonbrit moun yo, nou dwe pran swen l, nou dwe pwoteje l. Genyen 3 liv Chavannes Jean Baptiste ekri nan sans sa a ki rele : 1-Konnen tè w, 2 –  Korije tè w, 3 – Pwoteje tè w. Nan peryòd deseni 80 yo pou nou rive 2000 yo, MPP te toujou akonpaye peyizan yo nan bay yo asistans teknik sou kesyon agrikilti dirab la,  nan mete kanpe Brigad Agwosilvikòl (BAS), ranfòse sistèm KONBIT nan peyizànri a nan objektif pou li pwoteje ak jere pasèl tè peyizan yo ap travay la, kontwole ewozyon epi ogmante rannman jaden yo. MPP pase anviwon 25 ane ap chèche konprann travay peyizan yo  ap mennen nan agrikilti peyi a epi bay yo akonpayman. Li pote konsèy pou yo selon posibilite l pou yo defann dwa ak enterè yo devan otorite yo pou yo viv kòmsadwa. Peyizan yo dwe travay latè nan bonjan kondisyon paske pyès peyi pa kapab pale sou devlòpman dirab san patisipasyon peyizan yo epi si vant peyi a depann sou MANJE KI SÒTI NAN LÒT PEYI.

Pou Danty Campos ki soti nan IALA MAMA TINGO – Mama Tingo se te yon fanm solid ki t ap bagay pou li pran tè anba ponyèt grandon yo. Nan òganizasyon sa a, yo fòme militan nan domèn agwoekoloji a epi bay yo fòmasyon politik. Li te pwofite atire atansyon delege yo sou move tan ki t ap pase an Ayiti kote anpil kay t ap inonde. Li di : «  pwoblèm ewozyon k ap pase nan peyi a dwe touche sansibilite nou. Chak moun ki prezan dwe di mwen pral travay nan agwoekoloji a, ale pran tè yo pou nou fè agwoekoloji a ».

Selon Pwofesè Peter Rosset, ANAP nan peyi Kiba, se yon bon jan egzanp, ANAP nan kòdinasyon LVC, pratike metòd peyizan ak peyizan. Nan 25 ane, Kiba rive fè 50 % nan popilasyon an aplike agrikilti peyizan an. Peyizan se yon pwofesè. Gras agwoekoloji a yo rive ap viv nan paradi yo. Avèk matyè òganik yo, yo rive fètilize sòl la. Nan peyi Kiba genyen aksè kredi pou peyizan yo, genyen asirans sante pou yo. Malgre Kiba se yon peyi sosyalis men ANAP kontinye defann agwoekoloji a, li montre se modèl sila a ki pi bon. Genyen yon nesesite pou nou pratike agwoekoloji a. Agwoekoloji a se tout yon pwosesis batay. ANAP fè fòmasyon pou moun ki nan Bank yo. Se yon fason pou yo ankouraje moun Bank yo prete peyizan yo lajan epi pou yo fè agwoekoloji a. Se refòm agrè popilè a k ap pèmèt nou chanje Leta. Si n ap prete lajan nan Bank yo, nou pa p kapab fè agwoekoloji a. Peyi End koumanse modèl agrikilti sa a avèk zewo dèt.

  • Metòd peyizan ak peyizan

Pwofesè Peter Rosset aprann nou, se nan peyi Gwatemala mouvman peyizan ak peyizan sòti. Kiba devlope yon metòd peyizan ak peyizan ki vrèman enteresan an. Metòd sa a koumanse eksperimante nan ANAP depi 1937.  Manm nan ANAP yo te doute sou metòd sa a, òganizasyon an teste li nan yon sèl pwovens nan peyi Kiba a, aprè li te jwenn yon finansman nan peyi Almay, menm metòd sa a pral aplike nan kèk lòt rejyon yo. Anpil moun panse se gouvènman kiben an ki finansye ANAP. Tout moun ki manm ANAP yo fè pati yon koperatif. Peyizan yo fè komès yo apati koperatif, yo jwenn kredi nan yon to 3 %. Tout koperatif yo nan peyi Kiba genyen pwòp fon yo. Òganizasyon ANAP genyen pwòp otonomi li. Jan òganizasyon an ap fonksyone anpil etranje ka panse se gouvènman kiben an ki finansye ANAP. Finansman ANAP jwenn nan men gouvènman an, se aksè kredi li jwenn nan Bank yo. Òganizasyon an otonòm, li pa depann sou okenn pwojè. Li genyen konpetans nan tout domèn. Li konsidere agwoekoloji a kòm yon zouti fondamantal.

Nan ANAP yo bay peyizan yo bon jan fòmasyon. Peyizan yo pa kwè nan Agwonòm yo. Pwosesis la mache pi byen ant peyizan ak peyizan olye peyizan ak agwonòm yo. Metòd la suiv trajektwa peyi sa yo : Gwatemala-Ondiras ; Ondiras-Meksik ; Meksik-Kiba. Nou itilize metòd peyizan ak peyizan pou n rekipere kilti tradisyonèl la.

Nan agwoekoloji a nou pa fè yon sèl kilti men nou genyen plizyè varyete kilti nou pwodwi. Nou pa chita sou rannman men nou chita sou valè total ansanm kilti yo. Divèsifikasyon an se li menm ki agrikilti peyizan agwoekolojik la, se li ki respekte lanati a.

  • Premye konklizyon an : nou pa bezwen gwo mwayen pou nou pratike agwoekoloji a. Nou pwodwi pwòp semans nou.
  • Dezyèm konklizyon an : peyizan yo kwè nan pwòp pratik yo.
  • Konklizyon ak pèspektiv

 Fondatè MPP an – Chavannes Jean-Baptiste, Agwonòm Mulaire Michel ak Pwofesè Peter Rosset, yo  konkli kote yo mete yo dakò agrikilti peyizan agwoekoloji a depaman agrikilti endistriyèl la. Agrikilti endistriyèl la se yon agrikilti k ap simen LANMÒ nan lemonn. L ap fè disparèt sivilizasyon peyizan an.

Peter Rosset eksplike kouman La Via Campesina (LVC), ANAP, kwè nan kontinye bay fòmasyon nan plizyè domèn, tankou : fòmasyon agwoekolojik ak politik, elatriye. Yo toujou ap panse sou nouvo pwosesis kominotè ak teritoryal la. Y ap batay pou yo fòme plis moun nan domèn agrikilti peyizan agwoekoloji a. Y ap kontinye travay anpil pou òganizasyon yo vin pi djanm. Y ap kontinye òganize yo. Li ajoute : «  si nou pa òganize nou n ap disparèt. Dwe genyen anpil jèn fanm ki òganize yo. Ankouraje jèn yo pou yo rete nan milye riral yo pou yo ka renmen agrikilti peyizan agwoekolojik la ». Nan Venezyela genyen anpil jèn ki fòme nan domèn sila a. Venezyela se li ki genyen premye lekòl sou agwoekoloji a.  Se yon estrateji pou n òganize lajenès. San mouvman fanm yo tou pa p genyen agwoekoloji a. Mouvman peyizan yo pa p fonksyone byen san patisipasyon fanm yo, ni tou san agwoekoloji a.

Li kontinye pou li di : « agwoekoloji a se yon konstriksyon, si nou enterese nan kesyon lajan nou pa p ka fè agwoekoloji a. Nou dwe mete kanpe yon pwosesis nan òganizasyon yo. Nou ka toujou panse ekri pwojè men nou dwe ale pi lwen pase sa a. Si se mantalite fè kòb nou genyen lè li fini tout bagay ap kanpe. Nan LVC nou enterese nan aksyon kolektif yo ». Nan yon lòt bò, Chavannes Jean-Baptiste souliye, agwoekoloji a pa bezwen gwo espas men sa pa vle di MPP pa ta dwe fè yon «Fèm agwoekoloji ». Agwoekoloji a kapab fèt sou ti espas menm jan tou li kapab fèt sou gwo espas.

Tout konsta ak analiz yo montre agrikilti endistriyèl la genyen gwo konsekans sou anviwònman an, sou planèt la ak sou lavi moun an jeneral. Nan sans sa a,  nou deside :

  1. Reprann dwa granmoun Pèp ayisyen nan pwodwi ak manje manje ki sen nan devlope yon veritab agwoekoji peyizan, yon agwoekoloji liberatris. Sa mande nou lite pou yon veritab refòm agrè popilè entegral, sa mande yon lòt mòd Leta ki respekte manman lwa peyi a, yon Leta k ap respekte deklarasyon dwa peyizan yo ki jwenn ratifikasyon Nasyon Zini ki ekzije respè dwa peyizan, jèn yo, fanm kou gason ak tout moun k ap viv an deyò nan kesyon pwodiksyon manje a.
  • Defann dwa peyizan yo sou tè agrikòl yo. Tè pou pwodwi manje yo dwe nan men peyizan k ap travay tè yo, pou yo pwodwi manje ki sen k ap nouri plis pase 2 milya moun ki anba grangou sou tout tè a, plis pase 8 milyon ayisyen ki anba grangou menm lè chif ofisyèl yo pale sou 4.9 milyon moun ki nan ensekirite alimantè an Ayiti.
  • Nou solidè bò kote tout peyizan ki viktim anba dappiyanp sou tè yo, espesyalman òganizasyon peyizan yo, tankou : Tèt Kole, MPP ak lòt òganizasyon nan Nòdès ki anba pèsekisyon gran don yo, anba gang vòlè tè k ap aji anba pwoteksyon Leta nan tout enpinite.
  • Defann tè a, semans natif natal yo, dlo kòm byen komen ak kòm sous lavi a. N ap lite pou yo rete byen komen nan pwodwi manje ki sen k ap nouri tout popilasyon an epi jwenn manje sen pou n voye vann nan lòt peyi k ap antre deviz nou bezwen yo pou n achte lòt.
  • Defann konstitisyon 87 la, defann dwa Pèp la pou li patisipe nan eleksyon lib pou li mete moun onèt nan Leta. Nou voye jete pwojè nouvo konstitisyon pèpè a, pwojè eleksyon kriminèl Ariel ap travay pou li fè a. Nou di bravo tout enstitisyon ki di non nan konplo kreyasyon yon konsèy elektoral pou fè eleksyon pèpè sou kadav pèp la. N ap pran non tout patatis, tout Konze ki antre nan konplo a kont popilasyon an.
  • Travay kont gouvènman 3 zyèm vèsyon PHTK ak alye li yo : SDP, FIZYON, INITE, MTV, RDNP, nan anpeche yo tabli PHTK 4 yèm vèsyon an pou yo fin vann peyi a. N ap fè nou konnen nou pa p aksepte ni referandòm, ni eleksyon ak gwoup bandi legal sa yo. Pèp la pral chase kriminèl sa yo wè pa wè.

Otè : Malachy Bastien

Comment (1)

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.

Dieucibon Pierre Noel

March 23, 2024

Kompliman pou travay la

Reply