Enviroment

WOUMBLE NASYONAL KONT DAPPIYANP SOU TÈ AK MIN

Tèm      : Tè agrikòl yo se pou  peyizan k ap travay tè yo

Nan kad 50 rekòt kafe Mouvman Peyizan Papay (MPP) la, òganizasyon an òganize yon gwo woumble nan « Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan » sòti 14 rive 18 avril 2023. Se yon woumble nasyonal kont dappiyanp sou tè ak min. Li fèt anba tèm : « tè agrikòl yo se pou peyizan k ap travay tè yo ». Woumble a reyini plis pase 90 delege ki sòti nan plizyè òganizasyon (etidyan, popilè, sendikal ak peyizan) nan nivo nasyonal ak entènasyonal la. Objektif woumble a se fè konnen dappiyanp sou tè ak min, se yon krim sosyal ak anviwònmantal entènasyonal. Pèp yo dwe konbat li. Pèp yo dwe lite jis yo jwenn jistis klimatik la.

Foto MPP

  1. Istorisite sou eksplwatasyon min yo an Ayiti

Plizyè entèvenan tankou Chavannes Jean-Baptiste, Camille Chalmers ak Igenel Jean-Baptiste montre istwa dappiyanp sou tè ak min lan tanmen depi nan peryòd kolonizasyon espanyòl la. Anvan Kristòf Kolon debake sou bout tè a nan ane 1492, se Tayino yo ki t ap viv sou zile a. Kolonizatè yo mete pèp Tayino yo nan esklavaj pou yo kapab ranmase plis lò pou yo ale anrichi peyi Espay. Sòti nan ane 1492 pou rive 1511 kolonizatè yo fè jenosid sou Tayino yo. Yo fè yo travay di nan chache lò pou yo ale anrichi peyi yo. Popilasyon Tayino a soti 1 milyon nan ane 1492 pou li pase 4 mil nan ane 1511.

Ekonomis/Sosyològ Camille Chalmers mansyone twa (3) gwo peryòd enpòtan lè l ap pale sou istwa d Ayiti : peryòd kolonizasyon espanyòl (1492-1625) ; peryòd kolonizasyon fransè (1625-1803) ; Revolisyon ayisyen an (1804-1915). Li di te genyen 95 % forè nan ane 1492 ; 54 plantasyon kakawo, elatriye. Rive nan ane 1625 ki se peryòd kolonizasyon Fransè a, peyi a vin pase nan 20 % forè, te genyen anpil ekspòtasyon bwa kanpèch ak gayak pou peyi Lafrans anrichi tèt li, elatriye.

Pou Chavannes Jean-Baptiste, meriken vin pran lò nou te genyen kòm rezèv Labank anvan okipasyon 1915 lan. Selon enfòmasyon k ap sikile, Ayiti se youn nan peyi ki genyen yon bon kantite rezèv lò ak anpil lòt resous minyè. Lidè MPP an di : « nou genyen yon kantite petwòl enòm. Richès sa yo se prensipal sous malè Ayiti jodi a. Etazini ak Lafrans genyen pi gwo konpayi ki eksplwate lò nan lemonn ».

Selon pawòl Frandy Lespérance nan non Kolektif Jistis Min (KJM), aprè 12 janvye 2010 epi tranbleman latè 14 dawout 2021 an, toujou genyen anpil pale k ap fèt sou Ayiti.  Anpil moun konprann fas kondisyon sosyal, ekonomik peyi a ki difisil eksplwatasyon min yo ta kapab vrèman enpòtan. Nan yon lòt bò, pwofesè Camille Chalmers bay yon fè istorik ki montre se yon fo lide kote nan peyi Perou nan yon vil ki rele Cajamarca li genyen yon long istwa nan eksplwatasyon min yo. Li se youn nan zòn ki vrèman pòv nan peyi sila a. Li pa diferan nan sa k ap pase nan peyi Kongo. Lojik eksplwatasyon min yo chita sou yon ansanm manipilasyon ak sou yon ansanm fo pwomès. Menm jan nan mete kanpe zòn franch Pak Karakòl an Ayiti.

Ekonomis la ajoute, eksplwatasyon min yo pral boulvèse tè a, fwajilize pwodiksyon yo ak genyen gwo konsekans sou lavi moun yo. Nan vil Miragwàn genyen 500 000 tòn Boksik ki eksplwate pandan 18 ane, li te reprezante 50 % chif dafè antrepriz Reynold’s, sa pa t fè vil sa a pran wout devlopman an.

Reprezantan KJM lan souliye, genyen twa kontra eksplwatasyon min : mòn Pele ; Gran bwa epi Fayde Blonden nan Nòdès. Genyen kontra ak pèmi eksplwatasyon min ki bay nan ane 2004, 2006, 2008. Dekrè 1976 la, se li ki defini kouman pou kontra yo fèt nan kad eksplwatasyon min yo. Dekrè sila a te egzije yon plan enpak. Nan ane 2012, 2013 genyen lòt lwa ki vin vote ki sanse kanpe dekrè 1976 la. Lwa sa yo pa egzije pyès plan enpak. Nan ane 1956, 1972,  Sedren tanmen kèk eksplwatasyon min ; Konpayi Renoyld’s nan Miragwàn fè eksplwatasyon min sitou min Boksik yo. Majorite dokiman ki ekri sou zòn lokalizasyon min yo se ONU ki fè yo. Leta pa enterese konnen resous minyè li yo.

Kesyon dappiyanp sou tè ak min se yon istwa dantik. Jodi a peyi kapitalis yo itilize lòt fòm estrateji pou yo fè dappiyanp sou tè ak min yo nan peyi yo fè pòv yo.

2. Peyi kapitalis yo nan eksplwatasyon min ak tè yo

Sistèm kapitalis la pa fonksyone san kriz. Chavannes Jean-Baptiste montre kriz 2008 la, te pouse ideyològ sistèm lan monte estrateji pou yo vare sou resous natirèl planèt la. Nan yon lòt bò, li kwè ekonomi vèt la kont tout sa ki vèt paske se yon pwojè pou fè miltinasyonal yo vare sou tè yo, sou dlo, sou forè yo, sou lanmè a, nan fè tout bagay tounen machandiz. Tout konfli jeyopolitik, jewoestratejik yo, tout lagè ki fèt deja, lagè k ap fèt, lagè ki pral fèt genyen yon sèl objektif se : dappiyanp sou resous planèt la pou yo fè magogo lajan yo, lajan ki pa rete ak lajan. Objektif sistèm kapitalis la se akimile richès sou richès  pou yo anba ponyèt yon ti ponyen kapitalis.

Li ajoute, ant Oktòb 2008 ak  Dawout 2009, miltinasyonal yo te gentan fè dappiyanp sou 46 milyon ekta tè. Yon enstitisyon ki rele Land Matrix rapòte, ant 2008 ak 2012, peyi kapitalis yo devlope ak miltinasyonal yo, yo fè dappiyanp sou 203 milyon ekta tè nan lemonn. Genyen 2/3 nan tè sa yo se an Afrik.  Land Matrix idantifye ant 2008 ak  2020, 1865 gwo tranzaksyon fonsyè pou yo fè agrikilti a. 78 % nan 540 pi gwo dappiyanp yo pa respekte wout legal peyi yo sou tranzaksyon fonsyè.

Fondatè MPP an kontinye pou li di : « genyen plis pase 100 milya dola ki deja envesti nan achte tè nan lemonn. Genyen plis pase 100 milya dola disponib nan Bank yo ki kontinye vare sou tè peyi yo an Afrik ak nan Amerik Latin lan. Tè yo vòlè yo sèvi pou pwodiksyon agrikòl la, espesyalman pou yo plante palmye nan fè lwil, nan plante sòya pou yo prepare manje pou bèt yo. Pa ekzanp Lachin genyen yon plantasyon palmye nan peyi kongo sou 35 000 ekta. Yon plantasyon kann sou 12000 ekta nan peyi Senegal ».

Chavannes Jean-Baptiste mansyone tou Ayiti anba grif 3 peyi enperyalis : Etazini, Lafrans ak Kanada. Yo genyen pi gwo konpayi k ap fè eksplwatasyon min yo sou planèt la. Plan an se elimine klas peyizan an nèt, fè tout moun pati kite milye riral la, kite peyi a pou pwojè dappiyanp sou tè ak min lan pa genyen baryè. Fenomèn dappiyanp sou tè ak min yo mondyal. Li presize se miltinasyonal yo k ap bay direktiv nan lemonn. Yo pa genyen fwontyè, yo menm genyen pafwa plis pouvwa pase gouvènman yo. Yo aji sou tout kalite aktivite ekonomik yo. Yo se motè sistèm kapitalis la. An 2017 te deja genyen plis pase 100 000 miltinasyonal.

3. Dappiyanp sou tè ak min

Pou Castin Milostène ak Alta Prophète, Konstitisyon 1918 la, se kad legal pou etranje yo fè dappiyanp sou tè ak tout resous natirèl yo an Ayiti. Nan ane 1927 okipan yo fè dappiyanp sou 40 000 ekta tè peyizan yo nan Nòdès la, yo enplante yon zòn franch agrikòl kote yo te plante pit sou tè yo. Tout mega pwojè sa yo se pwojè repilsif ki chase peyizan yo, se nan peryòd sa a nou ta pral konnen migrasyon nan peyi Repiblik Dominikèn ak Kiba.

Militan sa yo bay yon ansanm dat kote peyizan yo t ap sibi dappiyanp sou tè yo : 1942 sou Lesco : enplantasyon SHADA sou 1500 ekta tè kote yo mete peyizan deyò, pou yo fè yon zòn franch agrikòl nan plante kawoutchou nan Nò peyi a.  An 2002 : enplantasyon, CODEVI nan Wanament sou fwontyè a nan Nòdès peyi a. Aprè 12 janvye 2010, sou rejim PHTK n ap reviv peryòd 1806 lan, nan kad pwoblèm tè nan peyi a nan Nò ak Nòdès se yon siklòn nan zafè vòlò tè, se nan zòn sa a : miltinasyonal yo ye ; moun nan oligachi a ; moun ki genyen gwo pouvwa politik kote yo monte yon ansanm fim bidon, sosyete anonim bidon ki espesyalize yo nan fè fo pwojè pou yo vòlò tè peyizan yo, kèk nan yo : Ministè Ekonomi ak Finans ; DGI ; Direksyon Domèn, Apantè ; Notè ; jij ; Polisye ; Avoka ; Isye ; Senatè ; Depite ; Majistra ; CASEC ; BSAP ak Bandi ame… ; anba lobedyans ansyen prezidan Jovenel Moise, senatè Wanique Pierre, Rony Celestin, Hervé Fourcand, ansyen Minis Entreyè Adouin Zephirin, ansyen DG dwàn Romell Bell, Martine Moise, Fritz Jean Louis, Sheriff Abdhalla, Oliver Barreau ak Alain Zireck, elatriye.

Nan ane 2011 : dappiyanp sou 250 ekta tè peyizan chabè pou enplantasyon Pak Endistriyèl Karakòl, Nòdès – se nan espas sa a Merin meriken touye plis pase 5000 peyizan ki t ap reziste kont yo. An 2013 : REPLADA fè dappiyanp sou plis pase 800 ekta tè nan karakòl – Nòdès. An 2014 : dappiyanp sou plis pase 300 ekta tè koloni nan Prevwayans Wanament – Nòdès. An 2014 : dappiyanp sou 148 ekta tè peyizan MOPAG nan gran basen – Nòdès. An 2014 : AGRIDE S.A fè dappiyanp sou 305 ekta tè karakòl – zòn Tikoulin. An 2018 : dappiyanp sou 40 kawo tè peyizan nan Kazimi Ferye – Nòdès. An 2019 : dappiyanp sou 1500 ekta tè peyizan CPP-NE nan Tèrye Wouj – Nòdès. An 2019 : dappiyanp sou 20 ekta fèm tè peyizan MPTR nan Tèrye Wouj – Nòdès.

Nan moman n ap pale a, CODEVI ap agrandi sou tè peyizan yo nan Pitobè men nou pako konnen sou konbyen ekta. Ferye sòti nan bòn 3 pou li rive nan bòn 7, gouvènman Dominiken an antre sou tè Ayiti epi pran tè peyizan yo ap fè jaden depi plizyè ane. Tout dappiyanp sa yo fèt nan moman peyi a nan kriz, zòn ki sible yo se : #6 zòn wout nasyonal, zòn ki genyen lò, zòn bò lanmè oseyan Atlantik la, zòn plèn kote tè yo plis fètil yo ak zòn ki pre vil yo.

Castin Milostène bay 5 rezon ki fè eksplwatasyon min yo pa posib an Ayiti. Paske nou genyen 70 % mòn epi 30 % plèn pandan se nan mòn yo min yo ye, se nan mòn yo dlo yo sòti, sa vle di eksplwate min yo ap pwazonnen dlo yo ; Ayiti genyen yon move istwa nan eksplwatasyon min yo avèk etnosid, jenosid ki te fèt sou popilasyon Tayino ak Arawack yo ; Ayiti anfas dezas ekolojik, sismik, klimatik epi li genyen mwens pase 2 % kouvèti forestye ; pwoblèm transparans, enpinite ak koripsyon ; kantite popilasyon an twòp parapò ti teritwa nan fè eksplwatasyon min yo.

Pou pwofesè Camille Chalmers : Kontra SHADA fèt nan dat 22 dawout 1941 kote Leta bay dwa pou li plante kawotchou. Leta pral deside mete tout peyizan yo deyò, mete peyizan rebèl yo nan prison pou SHADA jwenn aksè ak tè yo. Peyizan yo pa t sispann reziste men Leta chanje estrateji pou li fòse peyizan yo ale vann fòs travay yo nan Repiblik Dominikèn ak Kiba.  Plizyè pwojè fèt kont peyizan yo : plantasyon dofen, Mack Donald ak SHADA. Genyen tou 114 dekrè ki pran pou kapital meriken kapab entegre milye riral la. Genyen yon lwa sou kòd riral Bwaye a ki te entèdi peyizan yo òganize yo. Gras batay revolisyonè peyizan yo, yo kontinye okipe anpil tè.

Nan ane 1915 premye estrateji merin meriken mennen se kraze milye peyizan an. Kraze gildiv peyizan yo nan mete taks 17 wotè. Aprè 1934 Etazini mete yon lòt fòm estrateji pou li domine peyi a. Camille Chalmers fè konprann tou Leta an Ayiti ak Kò gwoup bay peyi a 4 gwo chòk.

  1. Jan Klòd Divalye
  2. 10 Misyon militè
  3. Kolera (40 000 mil moun mouri nan kolera)
  4. Enpozisyon PHTK

Li konkli nan ane 2021 bank kredi yo bay 121 milya goud senpman ki reprezante 1.2 % lajan ki ale nan agrikilti peyi a. Labank pa bay kredi pou agrikilti a. Chaje kòb nan peyi a, genyen yon volonte pou yo pa ankouraje pwodiksyon nan peyi a. Nou genyen yon Leta ki kont peyizan yo. Leta deklare lagè ak peyizan yo.

Sosyològ-Ekonomis lan mansyone tou, peyi a genyen yon ansanm min. Genyen lityòm ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Men tou genyen yon ilizyon ki fè kwè depi yon peyi genyen lò li ka vin rich. Nan peyi Pewou genyen eksplwatasyon min ki fèt pandan moun yo pa konnen li, ni ekri epi yo nan grangou. Esklwatasyon min pa vle di peyi a ka vin reyèlman rich.

Genyen anpil pwojè pou miltinasyonal yo vin konstri zòn franch endistriyèl nan peyi a, tankou Ilavach genyen yon pwojè pou yo vin bati teren Gòlf epi transfòme Lagonav an zòn franch finansyè.

Li rekòmande pou nou kapab kanpe kont dappiyanp k ap fèt sou tè yo, fòk nou gonfle fòs nou ansanm, fòk nou pran Leta, redefini relasyon pouvwa nan peyi a. Nou dwe makònen ak lòt òganizasyon entènasyonal yo. Nou dwe dekolonize òganizasyon yo, sa vle di nan pa aplike pwojè òganism finansye yo. Nou dwe konstri alyans nan mitan klas oprime yo. Nou dwe konekte peyizan pòv yo ak ouvriye lavil yo k ap viv menm kondisyon sosyoekonomik yo. Batay la se pa yon batay pou pèp ayisyen an senpman, men se yon batay pou tout pèp oprime yo. Se yon batay ki dwe nan yon demach entènasyonalis. Li enpòtan pou nou batay ansanm pou pouvwa rive nan ponyèt klas eksplwate yo.

Chavannes Jean-Baptiste konstate batay la pa p fasil lè nou konprann gwosè ak pwofondè pwojè lanmò a, gwosè konplo kont peyizan yo. Men si nou makònen fòs nou, n ap kapab kraze konplo yo. Òganizasyon ou lanmò !

4. Eksperyans eksplwatasyon min yo an Ayiti

Ayiti pral fè eksperyans resous non-renouvlab yo nan ane :

  • 1901, Henri Thomasset pral jwenn pèmi pou li eksplwate kuiv nan Grandrivyè ak Zepini ;
  • 1909, OP Thommins ap jwenn pèmi nan eksplwatasyon Gwano nan Folibète, grandrivyè, Sèkalasous, Valyè ;
  • 1910, Hayti Mines Company jwenn yon pèmi pou Kuiv nan Tènèv ;
  • 1920 kote yo ap entale yon izin Brik nan Akaye, Ench, Okap, Grandrivyè ;
  • 1950, Siman Dayiti S.A pral enstale nan Sous Matla epi fè eksplwatasyon nan Fon Monben ;
  • 1956-1972, (SEDREN) eksplwatasyon kuiv ak boksit nan Meme (Gonayiv) ;
  • 1959-1982, Renold’s mining eksplwate boksit nan Miragwàn. Yo te bay konpayi a 150 mil kawo tè pou li fè eksplwatasyon nan Payan ;
  • 1983-1986, Endistri Mabre Ayisyen SA (INMARH.S.A) pral fè eksplwatasyon Mab nan Bakader/Gonayiv. Li pral fè menm eksplwatasyon nan Peris, Lapye nan ane 1996 ;
  • Eksperyans SEDREN nan Meme nan ane 1956.

5. Konsekans eksplwatasyon min yo

Genyen plizyè konsekans nan kad dappiyanp sou tè ak min yo. Anpil sous seche nan yon seri peyi kote pwojè eksplwatasyon yo fèt akoz kantite dlo k ap itilize yo. Kontaminasyon rivyè nan Pueto Viejo. Nan Cajamarca kantite dlo moun yo t ap sèvi yo diminye.

Pale sou eksplwatasyon min se pale sou : kantite tè y ap retire (10g lò/ 20 tòn wòch). Kantite dlo y ap itilize epi kontamine (250 mil lit/h). Kantite enèji y ap itilize yo. Kantite polisyon (pou rive jiska 100 ane). Kantite pwodwi chimik k ap itilize yo (40 mil tòn Siyani sodyòm). Kantite dechè toksik (30 milyon tòn dechè). Kantite pyebwa y ap koupe yo. Kantite moun y ap ekspwopriye oswa deplase yo ak kantite maladi ki kale yo, elatriye.

Genyen tou plizyè maladi li devlope sou sante moun yo : silikoz  akoz pousye yo respire, sideroz, ensifisans renal, èni, pèdi memwa, soud akoz gwo bri ansanm materyèl yo, pwoblèm po, pwoblèm nan ren, pwoblèm nan je, blese, maladi seksyèl transmisib, mòtalite enfatil/ nesans prekòs, malfòmasyon konjenital, chanjman konpòtman, tous, Tibekiloz, esoufman, enflamasyon pilmonè, ekpektorasyon san, ensifisans respiratwa, brilman pwatrin, roujisman je, enflamasyon okile, chanjman koulè je, rimatism ak fyèv tifoyid, elatriye. Plizyè lòt maladi devlope akoz anviwònman an ki pa aseni : palidism ; filaryoz ; pès pilmone ; Mikoz ; Parazit nan entesten ak kadyopati, elatriye.

Eskplwatasyon min yo genyen tou kòm konsekans migrasyon massif. Li genyen pou konsekans delokalizasyon kominote riral la kote ki pa adapte ak lavi yo. Egzanp min Banro nan RDC. Li genyen konsekans sou bèt tankou nan peyi Roumani nan ane 2012. Nan peyi Gwatemala li genyen konsekans sou bèf yo, elatriye.

Eksplwatasyon min yo genyen gwo konsekans sou dlo yo : aktivite min itilize anpil anpil dlo pou transfome min yo epitou anpwazonnen anpil dlo. Yon konpayi min lò itilize 250 000 lit/h. Pou yon min Nikèl 337 li/h. Anpwazonnen sous dlo yo, rivyè yo ak siyani. Rivyè Margajita nan Sendomeng : Kontaminasyon dlo akoz Pueblo Viejo. Rivyè Animas nan Eta Colorado/ USA, aprè yon eklatman baraj yon konpayi te fè pou dlo yo fin itilize nan dat 5 dawout 2015. Nan peyi Brezil,  gwo destriksyon kay aprè yon eklatman baraj yon konpayi te fè pou dlo li itilize nan dat 5 desanm 2015 lan. Se pa sèlman itilizasyon pwodwi chimik ki ka kontamine dlo yo, deplasman yon seri wòch ka anpwazonnen dlo yo san pwodwi chimik yo, sa yo rele Drenaj Asid. Genyen yon seri espas moun nan kominote yo te konnen jwenn dlo pou yo bwè ki vin sèch akoz konpayi yo ponpe anpil dlo chak jou nan tè a, egzanp nan Gwatemala.

Apwoch Antonio Hero Perez ak Luiz Emilio Cabrera li montre Repiblik Dominikèn ap konfwonte gwo pwoblèm aprè eksplwatasyon min yo. Gouvènman Dominiken an enpoze eksplwatasyon min yo. Desizyon sa genyen gwo konsekans sou anviwònman ak lavi moun yo. Popilasyon an ap konfwonte gwo pwoblèm dlo, elatriye.

6. Batay òganizasyon yo kont dappiyanp sou tè ak min

Pou Frandy reprezantan Kolektif Jistis Min (KJM) genyen gwo batay k ap fèt nan plizyè peyi kont eksplwatasyon min yo. Nan peyi Potoriko, Repiblik Dominikèn, Kolonbi genyen gwo batay k ap fèt kont eksplwatasyon min yo. An Ayiti Kolektif Jistis Min KJM ap mennen batay kont dappiyanp sou min yo depi 2012.

Rosnel Jean-Baptisste pale  sou pwoblèm tè a nan Latibonit ak nan Jean Rabèl. Nan awondisman Mòl Sennikola se Jean Rabel ki plis fètil. Se grandon yo ki okipe tout tè yo nan zòn sila a. Nan dat 10 me 1986 plis pase 10 000 peyizan manifeste kont grandon yo k ap fè dappiyanp sou tè peyizan yo.

Casséius Jules sòti malperalt nan twazyèm seksyon kominal Ench. Li souliye : « nou mennen de (2) gwo mouvman kont dappiyanp sou tè peyizan yo. Nan dat 19 avril 1997 nou mennen yon premye mouvman ak tout moun k ap travay sou tè yo. Dezyèm mouvman fèt nan dat 17 avril 2017.  Se INARA ak MPP ki toujou kanpe ak nou. Men moun ki vle volè tè yo kontinye ap pèsekite nou ». Ronel Makary manm gwoupman MPP denonse konpòtman Leta a. Kote li fè konnen Leta bay Serge papye. Serge fè konnen li genyen 26 kawo tè pandan li toujou ap fè dappiyanp sou tè peyizan yo. Lè nou bare se MPP ki kontinye kanpe ak nou. Pou nou mennen batay la se òganize nou, gonfle fòs nou. MPP fè solidarite nasyonal ak entènasyonal, li fè tou anpil batay kont dappiyanp k ap fèt sou tè peyizan yo.

Islanda Aduel fè konprann kouman La Via Campesina (LVC) ap batay pou peyizan yo kapab jwenn tè epi pou yo rive viv nan diyite. Nan atik 19 ak 20 nan estati LVC, kote peyizan yo genyen dwa pou yo jwenn tè pou yo travay latè. Peyizan yo genyen dwa pou yo viv nan yon anviwònman ki pwòp ak nan sekirite. Peyizan yo genyen dwa pou yo pwoteje tèt yo kont dezas ak dezòd klimatik la. Peyizan yo genyen dwa pou yo jwenn bon jan semans.

Pou Brigad Desalin, kesyon batay pou tè a nan peyi Brezil se yon batay istorik. Li genyen yon dimansyon rasis, sa vle di, li chita sou ki kalite moun ki dwe genyen tè oswa ki pa dwe genyen. MST genyen anviwon 39 ane depi l ap reflechi sou pwoblematik tè a. Genyen 90 000 fanmi ki fè pati MST nan lit pou yo jwenn tè yo. Igenel Jean-Baptiste souliye : « nan peyi Pewou genyen Brikad pou pwoteje Lak yo. Popilasyon an rete la chak jou 24/24 pou anpeche konpayi yo antre fè eksplwatasyon min yo ».

7. Refòm agrè entegral

Brigad Desalin eksplike kouman MST nan peyi Brezil aplike refòm agrè a. Depi 2012 jiska jodi a, nou nan yon demach pou nou fè yon konstriksyon sou refòm agrè popilè a. Nan refòm agrè popilè a nou touche pwoblèm rasis, seksis nan sosyete a. Se yon posibilite pou nou konekte ak istwa nou epi memwa istorik nou. N ap chache memwa sa a nan kad refòm agrè popilè a. Nan batay n ap mennen an, nou rekipere tè yo, pwodwi nan tè yo ak reziste nan tè yo. Nou konprann batay pou nou jwenn aksè nan latè a pa sifi, nou dwe rive nan yon refòm agrè popilè a.

Chavannes Jean-Baptiste mansyone, lè MPP ap pale sou refòm agrè a li pa wè li tankou yon fòmil matematik. Chak peyi konprann li nan fason pa li. Pa ka genyen yon dikte sou kesyon refòm agrè a. Aprè revolisyon peyi Kiba a premye lwa Fidel Castro pran se sou refòm agrè a. Pa ka genyen refòm agrè anba sistèm kapitalis la. An Ayiti pou nou rive nan yon refòm agrè fòk nou genyen yon Leta sosyalis.

Nan lemonn tè a se yon byen komen. Menm jan moun pa dwe mèt lè ak dlo, elatriye. Nou konprann tè agrikòl yo dwe nan men peyizan k ap travay tè yo. Nou kapab toujou reflechi sou lòt modèl refòm agrè yo, men nou dwe reflechi, kontinye diskite sou sa a. Refòm agrè an Ayiti a dwe chita sou reyalite ak kilti sosyete a.

Fenomèn dappiyanp sou tè ak min yo poze gwo pwoblèm nan lemonn. An Ayiti se yon fenomèn ki dantik. L ap aplike depi nan peryòd kolonizasyon espanyòl jouk rive jounen jodi a. Peyi kapitalis yo itilize miltinasyonal yo nan kontinye fè dappiyanp sou tè ak min yo nan lojik pou yo fè plis kapital ekonomik. Selon konsta yo eksplwatsyon min yo genyen gwo konsekans sou sante moun ak bèt yo, sou anviwònman an, sou klima a ak nan lavi tout vivan, an jeneral. Dappiyanp sou tè ak min yo se yon fason pou peyi kapitalis yo ak miltinasyonal yo detri sivilizasyon peyizàn lan.

Aprè ansanm konsta sa yo, òganizasyon ki konsyan yo sou danje ak pwoblèm dappiyanp sou tè ak min yo, yo wè nesesite pou yo gonfle fòs yo, pou yo batay kont pwojè sistèm kapitalis la. Nan sans sa a, yo deside :

  • Y ap batay sou baz prensip tè a dwe nan men peyizan – fanm kou gason – k ap travay tè yo ;
  • Y ap defann prensip tè a se sous lavi e yo pa dwe fè l tounen machandiz pou anrichisman kèk grandon ak kèk pwopriyetè kapitalis la ;
  • Y ap batay pou yo defann ak dinamize estrateji ekonomi peyizan agwoekolojik la ;
  • Y ap batay pou tè yo sèvi enterè klas popilè  yo ak enterè manch long peyi a ;
  • Y ap kanpe min anfas tout pwojè pou rache tè nan men peyizan yo e remèt yo bay antrepriz transnasyonal yo ak gwo biznismann ;
  • Y ap batay pou yon refòm agrè popilè entegral ;
  • Y ap batay pou yo defann dwa gran moun pèp ayisyen an nan kesyon lamanjay ;
  • Y ap batay pou yo rasanble fòs yo, pou yo kanpe tout mega pwojè k ap eksplwate min yo, ki se preparasyon lanmò peyi a ak destriksyon popilasyon an menm jan kolon panyòl yo te fè nan jenosid fewòs e rapid ki elimine popilasyonTayino yo sou zile a ;
  • Y ap travay pou yo mete kanpe mekanis solidarite konkrè pou yo kore batay peyizan yo ak òganizasyon yo ap mennen nan kanpe dappiyanp sou tè yo ;
  • Y ap travay pou yo dekolonize mouvman sosyal yo, pou yo granmoun tèt yo epi antre nan batay pou yo chanje peyi a ;
  • Y ap batay pou yo lanse yon Mouvman nasyonal sou baz bèl travay KJM ak lòt estrikti rejyonal ap fè nan peyi a ;
  • Y ap pare pou yo fè solidarite sou teren an ak tout kominote peyizan k ap sibi agresyon ak destriksyon vòlò tè yo ;
  • Y ap mete an plas yon mekanis pou yo defann yon seri aksyon ki makònen feminis peyizan popilè a.

Ench – Papay, nan dat 21 jen 2023

Otè : Malachy Bastien (antwopo-sosyològ, mastè nan Istwa, Memwa ak Patrimwàn)

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.