MOUVEMENT JEUNE MPP

MO LIZAY DIRIJAN MPP YO NAN 25YÈM EDISYON KAN SOUVERÈNTE ALIMANTÈ A

  • Mizankontèks

Mouvman Peyizan Peyizan (MPP) ap òganize depi 25 ane yon kan ki batize kan souverènte alimantè a. Konsèp souverènte alimantè a se youn nan chwal batay òganizasyon an. Nan ane 2023 ki fè òganizasyon an 50 ane nan batay pou chanjman sosyal la an Ayiti, plis pase 400 jèn delege sòti nan divès òganizasyon (popilè, peyizan, ouvriye, pwofesyonèl, elatriye), nan majorite depatman peyi d Ayiti ak prezans delege nan nivo entènasyonal la, menm si yo tout pa t jwenn chans antre an Ayiti parapò konjonkti sosyopolitik la.

Jèn yo te rasanble sòti 21 pou rive 27 Dawout 2023, nan zòn papay twazyèm seksyon kominal Ench, espesyalman nan lokal Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan an, nan lide pou MPP ankouraje yo reflechi sou lavi yo, sou sitiyasyon sosyopolitik peyi d Ayiti a, epi pèmèt yo konprann gwo menas ki genyen sou planèt tè a nan devlopman dezòd klimatik lan. Kan sa a fèt anba tèm – jèn yo nan konstriksyon yon Ayiti sosyalis, se yon fason pou MPP fè jèn yo wè nesesite pou yo angaje yo nan konstriksyon sosyalis la nan peyi a, kòm inik altènativ pou yo konbat sistèm peze souse a. Nan okazyon ouvèti ofisyèl kan sa a plizyè dirijan MPP te pran lapawòl.

  • Mo lizay dirijan MPP yo ak reprezantan jèn LVC nan Karayib la

Aline Garçonvil (kòdonatris) ak Emanes Michel (kòdonatè) Jèn Travayè Peyizan (JTP) yo salye prezans tout jèn angaje yo ki sòti nan 10 depatman peyi a. Yo brave danje, yo travèse kalfou lanmò pou yo rive nan Sant Lakay la. Anplis yo salye tou delegasyon entènasyonal la ki genyen pou li rive a. Pou kòdonatris ak kòdonatè JTP an, se yon plezi pou yo akeyi jèn yo nan Sant Lakay la, pandan 25e edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a. Poukisa se tèm sa a nou chwazi ? Paske souverènte alimantè a kapab mennen nou nan souverènte pèp yo. Li ka rezoud pwoblèm grangou sou planèt la. Li ka konbat rechòfman klimatik la. Nou kapab konstate kan an fèt nan patisipasyon tout òganizasyon sosyal yo. Paske zafè souverènte alimantè a se zafè tout fanm, gason ak jèn yo. Li konsène tout  moun alawonnbadè, sa vle di, moun lavil kou moun andeyò yo. Nan sans sa, se ansanm pou nou konstwi souverènte alimantè a. Pou sa rive fèt, nou menm jèn yo, nou dwe angaje nou nan batay pou konstriksyon souverènte nasyonal la. Nou dwe lite pou nou bati yon Ayiti souveren nan zafè manje a. Yon Ayiti granmoun nan nivo ekonomik, sosyal, politik ak kiltirèl. Kòmkidire, nou dwe lite pou Ayiti pa restavèk okenn lòt peyi sou pyès fòm. Nan non MPP, kòdinasyon Jèn Travayè Peyizan (JTP) an swete nou byenvini ak bon jan patisipasyon nan kan an, n ap fè l nan respè youn pou lòt. Nan non tout kòdinasyon JTP an, nou deklare kan an louvri ofisyèlman. Mèsi !

Agwonòm Mulaire Michel, koòdonatè ekip teknik nan MPP an te eksprime li konsa : mwen genyen onè pou mwen salye kamarad Dioda Elie ak Nandcy Pierre. Mwen genyen onè pou mwen salye tout jèn ki sòti nan Karayib la. Mwen pa konnen si yo deja rive men mwen panse tou yo ka pa rive paske yo anonse posibilite pou genyen yon tanpèt twopikal. Jèn yo dwe vijilan an. Yo anonse li kapab plis fwape gran Sid la. Nou ta swete li pase lwen nou. Genyen posibilite pou li pote anpil gwo van ak lapli.

Nou salye kouraj tout jèn yo ki brave danje pou yo rive la. Se yon kan ki nan 25e edisyon li. Toujou genyen yon tèm espesifik kan chita sou li. Mwen fè pati premye gwoup jèn ki entegre mouvman jèn lan depi nan 1979. Nou abitye fè l chak vakans ete nan papay la. Pandan mouvman ap grandi nou chwazi fè li nan chak depatman an. Lè kan te inisye se apye nou te abitye fè wout yo, men jounen jodi a anpil nan nou pa vle mache apye pou nou sòti sant lakay rive nan Ench. Se yon kan refleksyon kote n ap travay sou yon ansanm tèm. Pa ka genyen konstriksyon yon Ayiti sosyalis san angajman jèn yo. Èske jèn ki sòti nan Sid, Grandans, Nòdwès, Lwès, Sidès, Nip, Nòdès, Depatman Sant yo se jèn angaje ? wiiii !!! Se yon kan ki diferan lòt kan yo paske se yon kan fòmasyon. Nou genyen plizyè òganizasyon angaje la ki vin patisipe nan kan an. Nan non direksyon MPP, nan non mwen, nan non tout ekip teknik MPP an m ap koòdone a, mwen di nou byenvini. Nou swete aprè kan an nou pral pataje nan tout espas sosyal yo sa nou te aprann yo. Mwen swete nou yon lòt fwa nan non tout ekip MPP an bon patisipasyon nan travay n ap genyen pou nou fè yo.

Jesyonè Juslène Tyresias, koòdonatris pwogram nan MPP an, li te eksprime nan sans sa : bonjou jèn yo, mwen kontan wè nou tout ki prezan an. CJB te kòmanse tou konsa men kounya li se yon jèn pisans 4. Enplikasyon jèn yo enpòtan pou nou konstwi yon Ayiti sosyalis kote peyi a ap konnen yon kriz miltidimansyonèl. Si nou vle sòti peyi a nan sitiyasyon sa a fòk jèn yo angaje yo. Kan jèn yo se yon espas aprantisaj. N ap konseye nou menm si nou jèn men pa antre nan move zafè. Genyen nesesite pou nou chanje fason nou panse ak konpòtman nou. Nan non tout ekip MPP an, nan non mwen, mwen swete nou bon jan patisipasyon.

Pawòl Islanda Micherline Aduel, reprezantan jèn La Via Campesina (LVC) pou karayib la kòmanse pou li di : bonjou tout moun, kouman nou ye ? Nou te byen dòmi ? Youn nan garanti nou genyen depi nou nan MPP nou paka pa byen dòmi. Nan non MPNKP, CLOC, LVC, mwen kontan prezan an. Nou kontan swiv tras CJB (Chavannes Jean-Baptiste). Se pa yon kado se goumen nou goumen pou nou rive la, menm jan chante 50 tyèm MPP an di sa a. Nou pwomèt CJB, menm si li pa prezan nan 100 tyèm lan, n ap kontinye travay la. Nou di tout moun byen vini. Menm jan Desalin te di li, n ap di li sou yon lòt fòm, depi w vini nan MPP ou lib, ou lakay ou. Ayibobo !

Chavannes Jean-Baptiste manm fondatè MPP an te pran lapawòl konsa : bonjou jèn yo ! Ki moun k ap la nan 100 tyèm anivèsè MPP an, leve men pou m wè ? Ki moun k ap angaje nan prepare 100 tyèm lan? Mèsi anpil ! Jan kamarad yo di li, 50 ane sa a se goumen nou goumen pou nou rive la. Lè m kòmanse MPP mwen te genyen 26 ane, Mulaire Michel ki sòti pale a te nan Pre-Pepinyè Jèn Travayè Peyizan (PPJTP) an, lè sa a li te genyen 5 ane. Kamarad Juslène Tyresias (Manmi) tou antre MPP trè jèn. Jodi a, se jèn k ap dirije MPP an. Jèn yo genyen yon gwo responsabilite, yo dwe travay ak lòt jèn pou yo angaje yo sinon pa p genyen larelèv. Tout espas nan MPP genyen anpil fanm ak gason k ap dirije yo. Poukisa se tèm sa a nou chwazi pou kan an ? N ap raple te genyen yon somè mondyal nan vil Wòm peyi Itali nan dat 13-17 novanm 1996 – somè mondyal alimantasyon, kote La Via Campesina (LVC) te envite ladan li. Toujou genyen pale sou konsèp ensekirite alimantè a, men LVC pito pale sou konsèp souverènte alimantè a. LVC fè konferan Nyéléni a nan ane 2007, Nyéléni se yon jèn fanm nan fanmi li ki t ap  travay di, li fè anpil rechèch sou kesyon pwodiksyon semans yo. Fanm sila a te vin selèb lakay li pou travay li fè yo. Nou deside bay konferans sa a pote non li. Konferans lan te fèt nan peyi Mali, te genyen 500 delege ki sòti toupatou nan lemonn. Nan sans sa, depi 2008, kan jèn yo nan MPP batize « Kan souverènte alimantè », se yon fason pou nou onore memwa Nyéléni a. Konsèp sila a tou se chwal batay LVC. Se te ti mizankontèks sa a mw

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.