Actualités

YON MOVE NOUVÈL KI PA NOUVO NOU TONBE LADAN LI, AYISYEN AP MANJE DIRI MERIKEN PWAZONNEN

Nouvèl sou rapò yon gwoup chèchè Inivèsite Michigan, yon Inivèsite meriken pibliye  sou Ayiti nan mwa fevriye a. Nouvèl sa a fè anpil moun sezi, nouvèl la fè konpayi meriken k ap vann diri an Ayiti yo tire pye yo. Nou menm nan MPP nou pa sezi paske nou deja konnen tout pwodwi ki sòti nan modèl agrikilti endistriyèl la toksik kidonk yo tout gen anpil kalite pwazon nan yo. Men genyen pwodwi ki genyen pi gwo dòz pwazon selon sòl kote yo pwodwi yo, selon kantite pwodwi chimik yo itilize nan pwosesis pwodiksyon an.

Genyen peyi tankou Dominikani ki fè pwodwi ki gen plis pwazonnen, espesyalman pou voye vann yo an Ayiti. N ap pale nan kesyon ze ak vyann poul, salami, legim, elatriye. Yo chaje pwazon nan yo. Sa yo manje yo genyen mwens pwazon nan yo. Sila yo ki ale vann nan lòt peyi yo, tankou Ayiti plis pwazonnen.

 Èske se paske yo konsidere Ayisyen pa fin moun nèt ? Èske se paske Ayiti pa genyen Leta ? Èske se paske Leta ayisyen an se yon Leta restavèk ? Nou kwè se yon popouri ak tout.

N ap souliye, ekip 5 chèchè nan plizyè depatman Inivèsite Michigan ak yon ayisyen ki rele Rolinx Jean Monprevil ki sòti nan yon òganizasyon ki rele : Community Organization for Haitian Agriculture, ki fè etid la. Yo di ayisyen an t ap fè rechèch an Ayiti pou yon doktora li t ap fè. Men selon sa nou li, se yon chèchez ki rele Victoria Koshi Karell nan Inivèsite Michigan ki te dekouvri moun an Ayiti ki te malad ki te fè l genyen lide fè yon rechèch sou diri meriken an vann an Ayiti a. Se la lide etid la sòti.

Etid sou diri meriken an Ayiti a te fèt nan ane 2020. Men se 8 Dawou 2023 chèchè yo te prezante dokiman an. Yo revize l nan Inivèsite a, ant 3 Oktòb ak 21 Novanm 2023, yo aksepte l 24 Novanm 2023, li pibliye an liy 2 fevriye 2024. Se pratikman 4 ane apre rechèch yo, rezilta yo te pibliye. Se yon dokiman ki montre tout demach syantifik yo, tout rezilta rechèch yo nan laboratwa ki fè konnen eta sitiyasyon an. Rapò  rechèch la montre evolisyon konsomasyon diri nan peyi a. Kòm se Inivèsite Michigan ki finanse rechèch la, li pran responsablite dokiman syantifik sila a. 

Nan sans sa, premyèman reyaksyon nou, se rekonèt dokiman an serye jiskaske ta genyen prèv ki ta montre li pa syantifik, li gen magouy ladan. Nan ka dokiman sa a nou kwè li serye, rezilta yo kòrèk jis nou ta jwenn prèv kontrè.

Dokiman an montre genyen nan diri meriken voye nan  peyi a, ki konpoze 2 metal lou : Arsenic ak Cadmium. Nou kwè se pa yon bagay yo fè eksprè yo mete nan diri a pou touye ayisyen, sa ta ka fèt tou. Men etid la montre se nan tè kote yo plante diri a ki genyen prezans pwodwi pwazonnen sa yo. Se modèl agrikilti endistriyèl ki pwazonnen tout pwodwi agrikòl yo.

Sou planèt la jodi a genyen gwo kontradiksyon ant 2 modèl agrikilti. Agrikilti Peyizan ak Agrikilti endistriyèl la. Premye a nou defini l jodi a kòm Agwoeokoloji Peyizan, se modèl agrikilti yo bay non  agrikilti tradisyonèl la ki se yon agrikilti ki te pran nesans li depi 10 mil ane anvan Jezikri. Objektif li se te pwodwi manje pou bay moun LAVI. 

Dezyèm modèl la se agrikilti endistriyèl la ki se yon modèl agrikilti pou fè lajan ki vale teren aprè dezyèm gè mondyal la sitou nan ane 60 yo ak sa yo rele revolisyon vèt la. Yo rele l agwobiznis. Konsa nou menm nou konsidere Agwoekoloji Peyizan an kòm agrikilti LAVI, agrikilti endistriyèl la kòm agrikilti LANMÒ.

Mo LAVI ak LANMÒ yo fò anpil, men an reyalite se sa li ye.

 Agwoekoloji Peyizan an pwodwi manje ki sen ak semans natirèl, angrè natirèl, pèstisid natirèl (ensektisid, fonjisid), ak zouti senp yo. Se yon agrikilti ki respekte lavi tè a, lavi plant yo, lavi moun yo, lavi bèt yo,  ni sa ki anwo tè a, ni sa ki anba lanmè yo. Modèl agrikilti sa a konbat rechòfman klimatik la.

Agrikilti endistriyèl la yo rele l agrikilti konvansyonèl nan langaj sistèm lan, se modèl agrikilti ki fèt ak gwo machin k ap lage dyoksid kabòn (C02) nan atmosfè a li pwovoke rechòfman klima a. Li fèt ak angrè chimik, pèstisid chimik, èbèsid chimik, semans endistriyèl yo. Pwodwi chimik sa yo anpwazonnen tè a, anpwazonnen dlo a, anpwazonnen lè a. Pwodwi sa yo detri lavi nan tè a, detri lavi moun yo, detri lavi plant yo ak detri lavi bèt yo.

Etid Inivèsite Michigan lan montre diri meriken voye an Ayiti a genyen yon kantite Arsenic ak Cadmium ki 2 fwa pi plis pase kantite yo abitye jwenn an jeneral nan diri yo. Se nan dlo anpwazonnen ak dechè eksplwatasyon min, nan pwodwi chimik agrikilti endistriyèl la itilize ki ogmante kantite metal lou yo (Arsenic ak Cadmium) nan diri a.

Metal lou yo se pwazon pou lasante. Se pa nan diri a sèlman moun kapab pran yo. Yo toksik pou la sante. Jodi a, medsin fonksyonèl yo ofri mwayen pou nou elimine metal lou nan òganis moun yo. Arsenic ak Cadmium yo jwenn nan diri meriken voye Ayiti a ogmante danje pou moun gen anpil kalite kansè, danje pou fè moun dyabetik, danje pou fè moun fè tansyon, danje maladi kè, maladi respiratwa ak maladi nan ren. Metal lou sa yo kapab kokobe ti moun yo.

Maladi ap fè ravaj nan sante popilasyon an chak jou pi plis. Sa te la anvan etid Inivèsite Michigan lan. Èske etid sa a ap fè moun pran konsyans ???

Se nan ane 2020 etid la fèt. Anpil ayisyen te deja ap soufri, te deja ap mouri anba anpil maladi modèn yo. Senpman moun yo pa konnen kote yo sòti. Se plizyè milyon ayisyen ki fè maladi tansyon wo, maladi dyabèt, maladi kè, maladi ren, maladi respiratwa. Se chak jou moun ap tonbe. Yo di yo mouri san malad paske yo pa konnen si tansyon se yon kriminèl ki touye w san w pa te konnen. Lè yon moun fè estwòk, yo di li pran nan yon move pyès. Nou pa di pa gen maladi malveyan bay men genyen anpil malveyan nou pa konsyan si se malveyan yo ye, se maladi kadyovaskilè yo.

Majorite maladi k ap touye moun jodi a se nan manje n ap manje nou pran yo. Anpil maladi k ap maltrete nou, touye nou, granmoun lontan yo pa te konnen yo paske yo te manje manje ki sen yo. Yo te manje manje ki sòti nan tè a ki pa sibi okenn transfòmasyon nan izin yo. Yo te manje, manje ki pwodwi san angrè ak san pèstisid chimik.

Jodi a nou abandone abitid alimantè gran paran nou yo paske nou se moun eklere, nou viv nan tan modèn lan. Se modènite a k ap touye nou paske li kreye yon sosyete konsomasyon ki chanje jan nou te abitye manje, jan nou te abitye viv. Nou dwe tounen nan abitid ansyen yo nan zafè manje, nan zafè kiltirèl an jeneral.

N ap pran egzanp, anpil moun te abitye manje diri yon fwa pafwa. Lakay nou se lè te genyen konpanyen diri te abitye kwuit nan kay la. Se apati ane 80 yo, sitou apre Divalye tonbe an 1986, diri miyami a anvayi peyi a.  

Banbòch demokratik la fasilite eliminasyon tarif ladwàn yo. Diri te antre libelibè san peye taks. Meriken te sibvansyone pwodiksyon diri lakay li ki fè konpayi diri meriken yo te benefisye sa yo rele “Dumping” lan ki pèmèt ou vann yon pwodwi sou mache pi bon mache pase lajan w te depanse pou pwodwi l. Se sa ki kraze pwodiksyon diri ayisyen an. Ayiti te granmoun nan zafè diri. Diri meriken an touye pwodiskyon diri nan peyi a. Jodi a, moun abandone tout lòt manje yo te abitye manje pou yo manje diri paske se manje moun eklere, se manje grannèg. Ayisyen sispann manje mayi, manyòk, patat, yanm, bannann, tayo ak pitimi. Yo di diri peyi a twò lou. Diri pèpè a lejè.

Jodi a ayisyen manje plis pase 500 mil tòn metrik diri. Yon tòn se 1000 kilo. Yon kilo se 2.20 liv. Sa vle di yon tòn diri gen 2 200 liv. Sa fè 314 mamit ak ti kras. Sa fè yon total 157 142 857 mamit diri nou manje pou pi piti chak ane. An 2023, Ayiti enpòte 435 milyon tòn diri pèpè. 90 % nan diri sa yo se Etazini yo sòti sou tout kalite non. Taks sou diri a sòti nan 50 % li desann nan 3 % an Ayiti. Se tarif ki pi ba nan tout rejyon karayib la. Li depase 20 % nan tout peyi yo.

Jodi a Ayiti pwodwi mwens pase 100 mil tòn diri. Sa vin pi grav depi gang yo okipe vale Atibonit lan. Sa fè boujwazi k ap enpòte diri yo danse paske peyizan ayisyen an pa kapab pwodwi ankò, y ap fè plis kòb nan enpòtasyon diri a. 

An 2020, etid Inivèsite Michigan lan montre yon Ayisyen te konsome 85 kilo diri swa 187 liv chak ane. Li ogmante anpil nan 10 ane pase yo paske li te 146 mamit an 2010, selon FA0. Sa montre Ayisyen manje pi plis diri chak jou. Sa vle di tou, sante nou plis an danje chak jou tou. Etazini ki benyen nou nan diri pwazonnen an, se 27 liv diri sou chak abitan li konsome an mwayèn chak ane. Nou manje 180 liv an mwayèn, anplis pase yo. Anvan 86, diri te reprezante senpman 7 % nan tout manje ayisyen te manje yo.

Sa ki ta dwe fèt, sa nou dwe fè pou n diminye danje maladi ak lanmò ki deja ap frape nou trè fò akoz diri pwazonnen ak lòt kalite manje pwazon ki blayi sou peyi a ?

Ayiti pwodwi anviwon 40 % senpman manje nou manje jodi a nan peyi a. Vant nou nan men etranje yo, espesyalman meriken ak dominiken. Pou nou sòti nan sitiyasyon sa a, genyen anpil bagay nou dwe fè, pami yo :

• Retounen nan abitid manje manje lakay : mayi, pitimi, patat, manyòk, yanm, tayo, lam nan tout fòm nou te abitye manje yo. Pwodwi yo selon teknik ak metòd agrikilti peyizan yo san angrè chimik, san pèstisid chimik.

• Goumen pou chanje Leta restavèk la, nan mete yon lòt Leta k ap mete an plas politik piblik an favè agwoeokoloji peyizan an. Mete an plas yon tarif plis pase 20 % sou diri pèpè yo. Mete kontwòl kalite sou tout pwodwi alimantè k ap antre nan peyi a.

• Mete kanpe yon gwo pwogram edikasyon popilè pou tout popilasyon an konnen tout danje ki genyen nan manje manje pèpè ak tout benefis ki genyen nan manje manje natif natal ki sen yo.

• Popilasyon an pa genyen mwayen pou li achte manje lokal yo paske yo ra epi yo chè. Men tout moun dwe fè jèfò pou yo diminye kantite diri pèpè y ap manje si yo poko kapab elimine l nan alimantasyon yo. Fè tou sa nou kapab pou n manje manje ki sòti dirèkteman nan vant tè a. Evite mezi nou kapab tout manje ki sòti nan izin yo.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.