Enviroment

WOUMBLE NASYONAL SOU ANVIWONMAN AK KRIZ KLIMATIK LA

Tèm : planèt la ap boule, an n mete men pou nou sove l

  • Entwodiksyon

Chavannes Jean-Baptiste fondatè Mouvman Peyizan Papay (MPP) la, entwodwi woumble a nan fè yon rapèl sou ansanm evènman MPP deside reyalize nan okazyon 50 tyèm anivèsè l, anviwònman an se 3 zyèm lan. Li vini aprè woumble kont dappiyanp sou Tè ak Min, aprè Agwoekoloji Peyizan ki te fèt respektivman ant 14-18 Avril, ant 30 Jen pou rive 4 Me 2023. Dat yo chwazi an fonksyon yon jou enpòtan ki genyen rapò ak tèm lan. Tè ak Min lan se otou 17 Avril l, nan jounen entènasyonal lit peyizan yo pou latè ; Agwoekoloji peyizan otou 1 Me, nan fèt agrikilti ak travay. Woumble sou anviwònman an fèt nan « Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan », sòti 2 pou rive 6 Jen 2023, sa vle di, otou 5 Jen an  ki se « Jounen Entènasyonal Anviwònman an ». Se an 1972, nan yon Konferans Nasyon Zini nan vil Stockholm peyi La Suède te lanse Jounen Entènasyonal Anviwònman an, men se nan dat 5 Jen 1973, selebrasyon premye jounen entènasyonal la te fèt. Sa fè ekzatman 50 ane, an 2023. Sila a kontre bab pou bab ak nesans MPP, an 1973. MPP byen kontan kowensidans sa a paske defann anviwònman an se youn nan pi gwo cheval batay MPP an.

Tèm nou chwazi pou woumble sou anviwònman an ak rechòfman klimatik la – planèt la ap boule, an n mete men pou nou sove l. Se nan bouch sekretè jeneral ONU a, Gustavo Guterrez nou pran l. Li di : « Planèt la ap boule ». Pawòl sa a ekri nwa sou blan nan 6 zyèm rapò GIEC la ki sòti 20 Mas 2023. Efektivman planèt la ap disparèt anba kriz klimatik la. Nou pa janm pale nou menm sou chanjman klimatik la paske tèm chanjman klimatik la kapab simen konfizyon. Nou konsyan genyen fenomèn natirèl nan chanjman k ap fèt nan klima a. Genyen peryòd glasyal, peryòd entèglasyal syantis yo eksplike ki fè gwo chanjman nan klima a. Se pou rezon sa, nou pale pito sou Kriz klimatik olye chanjman klimatik pou nou evite konfizyon k ap sèvi enterè ti gwoup k ap detri planèt la.

  • Devlopman
  1. Yon ti rapèl sou istwa mo anviwònman ak siyifikasyon li

Chavannes Jean-Baptiste konprann anviwònman an, se yon mo, yon konsèp ase nouvo. Se yon konsèp konplèks ki genyen anpil sans. Li enterese syantis yo chak jou pi plis. Li dwe enterese tout moun paske lavi tout moun depann sou li. Konsa, menm lè yon moun pa enterese vin espesyalis sou sa, li dwe enterese genyen yon minimòm enfòmasyon sou anviwònman an.

 Mo sa a parèt nan lang fransè depi an 1265 nan sans kontou. An 1487, li pran sans : aksyon anviwònman. Genyen 2 diksyonè nan XIXe syèk la ki montre li sòti nan mo anglè « Environment » pou tradwi mo « milieu ». Bertrand Levy presize se an 1964, li parèt premyèman nan sans anviwònman natirèl ki antoure moun yo. Anviwònman se Lakay moun yo, lakay plant yo ak lakay bèt yo. Si li kraze pa genyen kote pou nou ale viv jiskounya.

Pou Chavannes Jean-Baptiste, anpil moun save defini anviwònman kòm ansanm eleman fizik, chimik ou biyolojik, natirèl ak atifisyèl ki antoure yon moun, yon zannimo, yon vejetal oubyen yon lòt espès. Kèk nan eleman sa yo kontribye dirèkteman nan satisfaksyon bezwen moun yo. Anviwònman defini tou kòm ansanm kondisyon natirèl (fizik, chimik, biyolojik, kiltirèl ak sosyolojik), ki kapab aji sou òganism vivan ak aktivite moun yo. Nan yon lòt bò, li defini kòm ansanm konpozant natirèl planèt la : tè, lè, dlo, atmosfè, wòch, plant, bèt ak tout sa ki antoure moun yo. N ap souliye, jounen jodi a, anviwònman konnen yon ansanm pwoblèm, tankou dezòd klimatik la.

2. Konsekans dezòd klimatik la sou anviwònman an

Selon Aboujaman, lè n ap pale sou dezòd klimatik la, sous pwensipal chalè se solèy la. Nou konnen genyen anpil gaz nan lanati tankou : ozòn ak C02. Si pa t genyen gaz « effet de serre » tanperati a t ap mwens 18 degre.

Se kapitalis yo ak dezòd lòt moun ap fè sou anviwònman an, sitou avèk revolisyon endistriyèl la, envansyon machin elektrik ki bay konsekans dezòd klimatik sila a. Pa bliye anvan se te machin vapè yo te abitye itilize. Revolisyon endistriyèl la chanje sa a. An menm tan tou genyen anpil bagay revolisyon ayisyen an pral boulvèse nan lemonn.

Se pa premye fwa tanperati a rive nan nivo sila a. Li abitye ogmante men se premye fwa li ogmante vit nan nivo sila a. Envansyon teknolojik la jwe yon gwo wòl nan ogmante tanperati a. Loske gaz « effet de serre » yo ap ogmante, tanperati a ap ogmante tou e rezon ki fè tanperati a ogmante se pratik moun yo nan anviwònman an. Klima boulvèse akoz kèk deregleman eleman natirèl yo. Genyen anpil bagay ki dezekilibre apati tè a ki chofe a. Majorite aktivite ki fè tè a chofe se aktivite peyi endistriyalize yo. Peyi sa yo ap eksplwate latè yon fason grav men se pou yo detri peyi yo fè pòv yo […], sa vle di nan fè eksplwatasyon resous natirèl yo. Ansanm aksyon sa yo ap detri tou lavi sou planèt la.

 Si pa t genyen chalè pa t ap genyen gaz sou tè a se t ap 18 degrè. Depi revolisyon endistriyèl la jouk rive nan ane 2010 – yon etid montre tanperati latè ap ogmante 5 degre. Depi anvan Jezi Kris tanperati a te pren 2 mil ane pou li te  ogmante 5 degre men kounya li pral ogmante 5 degre nan 100 ane. Nan vitès nou prale la, latè ap pèdi 20 mil espès bèt chak ane.

Latè bezwen « effet de serre » pou li fonksyone. Gaz « effet de serre » yo se yon bagay natirèl. Nou bezwen gaz sa yo pou nou viv. Pwoblèm lan koumanse avèk aktivite moun, menm si tout moun pa genyen menm responsablite nan dezòd klimatik la. Li koumanse pi rapid avèk revolisyon endistriyèl la. Pou Chavannes Jean-Baptiste : « rechòfman klimatik la koumanse ak nesans sa yo rele revolisyon endistriyèl la ki koumanse an Angletè nan dezyèm mwatye XVIIIe syèk la. Se yon Ekosè ki envante machin vapè. Li rele James Black an 1769. Se konsa sistèm kapitalis la ta pral pran nesans egalman nan peyi Angletè ». Aboujaman souliye, anvan revolisyon endistriyèl la, tè  a te pran 10 mil ane pou li te monte 5 degre. Tè a rive chofe akoz kantite gaz ki estoke. Li chofe depase limit li. Anpil materyèl ap fonksyone, tankou : avyon ak machin, elatriye. Nan yon lòt bò, li ajoute, plis genyen ogmantasyon chalè, se plis ap genyen siklòn, tanpèt van ak dife, elatriye. Fenomèn natirèl yo tou vin plis bosal. Tanperati a ogmante se paske kantite gaz  ki genyen «effet de serre » yo ogmante, gaz yo ogmante parapò aktivite lèzòm yo. Dezòd klimatik la pwodwi yon imigrasyon kay zwazo yo. Aboujaman wè nesesite pou n chanje fonksyònman pwodiksyon enèjetik nou. Paske genyen yon enjistis klimatik.

Nan pwogresyon refleksyon Chavannes Jean-Baptiste, li mansyone rapò GIEC la montre se jodi a menm aksyon yo dwe koumanse. Yo di se kounya ou jamè si nou vle rete nan yon ogmantasyon ki pa depase 1.5 degre santigrad. Espesyalis yo fè konnen tanperati planèt la pa te janm wo konsa nan tout istwa l ant 2010 ak 2019. Yo fè konnen se prèv lemonn ap vanse nan yon katastwòf. Nan sans pawòl Antonio Guterrez sekretè jeneral Nasyon Zini a. Sekretè jeneral la kritike gouvènman yo ki pa janm respekte angajman yo. Li di si gouvènman yo pa repanse politik yo nan zafè enèji a, moun pral pa kapab viv anwo tè a ankò, planèt la pral inabitab. Tout peyi yo dwe koupe 50 % nan itilizasyon konbistib fosil yo. Fòk aktivite endistriyèl yo ta diminye 43 % anvan 2030. Itilizasyon chabon ta dwe koupe 100 %, petwòl 60 %, gaz 70 %, ant jodi a pou rive 2050, si nou vle rete nan yon ogmantasyon tanperati anba 2 degre, selon deklarasyon syantis Celine Guivarch. Lagè avèti pa touye kokobe. Men n ap mande èske kokobe a ap genyen tan pou li sove tèt li.

Sitiyasyon sa mande pou lemonn ta kanpe touswit sou mòd pwodiksyon kapitalis la. Se mòd devlòpman kapitalis la k ap detri planèt la. Kapitalis yo pa p kanpe sou apeti yo pou yo fè pwofi san limit. Sepousa, pèp yo dwe fè sa yo kapab kolektivman, endividyèlman pou yo limite dega rechòfman klimatik la sou lavi, men gwo sa ki genyen pou fèt la se yon soulèvman mondyal tout pèp sou planèt la pou ekzije Leta yo chanje politik enèjetik yo. Sa ta vle di, chanje sistèm kapitalis la. Se defi fodanmantal pèp yo genyen devan yo anvan 2050. Si non twò ta ap bare planèt la. Se pou chak moun mennen aksyon w kapab depi jodi a.

Syantis yo itilize yon mezi ki rele PPM ki vle di « Pati Pa milyon » pou yo kalkile nivo polisyon (pwazon) nan lè a. Te genyen 300 PPM,  an 1960, li vin pase 413 PPM, an 2020. Se 40.6 milya tòn CO2 ki lache nan lè a, an 2022. Ki bay 40.6 gigatòn. Genyen yon ogmantasyon 9.1 Gigatòn anplis parapò peryòd 2010-2019. Jounen jodi a, espesyalis yo pa pale ankò an tòn, yo pale an gigatòn. 

3. Dezas kolonizasyon an avèk peyi enperyalis yo sou  anviwònman an

Edgardo (militan Ajanten) t ap analize kolonizasyon yo ak sistèm kapitalis la, li fè konnen kouman Konkeran yo rive kolonize sosyete yo nan kontwole yo politikman ak kiltirèlman. Lè l ap pale sou kolonizasyon an li vle pale sou eksplwatasyon resous k ap fèt yo. Se yon modèl kolonizasyon ki rele ekstrasyon primitiv.Li montre tou genyen yon chok biyokiltirèl pèp endijèn yo sibi anba konkeran yo. Kolonizatè yo te itilize yon ansanm materyèl biyolojik. Nan kesyon materyèl biyolojik sa yo, yo rive pote yon ansanm semans. Yo te pote yon materyèl ki vrèman danje nan kesyon ijyèn patojèn. Eleman biyolojik sa yo te sòti nan peyi Ewop yo.

Nan pwogresyon refleksyon militan Edgardo, premye abitan yo te genyen kontak avèk konkeran yo. Tankou Arawack yo, nan moman konkèt la kote zile a te rele Ispanyola. Nan XVe, XVIe syèk popilasyon an te estime anviwon 1 milyon moun. Nanane 1650, li te vin redui apèn 500 mil abitan (timoun ak granmoun). Nan peyi Panama, Jamayik, nan Sid Ajantim ; nan kòt pasifik la, tankou nan Nikaragwa te genyen 600 mil abitan, nan ane 1650 apèn te rete 40 mil abitan. Nan XVIe syèk la apèn te genyen 20 mil abitan. Chif sa yo montre fason n ap jere anviwònman se yon bagay katastwofik.Peyi kolonizatè yo te vin genyen pwoblèm mandèv. Malgre sa yo te rive eksplwate anpil resous natirèl. Diminisyon popilasyon an te bon pou konkeran yo. Konkeran yo te soumèt yon ansanm metòd pou yo pwodwi vyann ak sereyal. Kolonizasyon an te fèt sou baz vyolans, pou li soumèt yon sistèm pwodiksyon. Kolonyalis la se yon estrateji pou li kontwole peyi yo rele soudevlope yo, sitou nan fè kèk envesisman an. Kolonyalis la se yon estrateji pou li kontwole sistèm lòt peyi yo, tankou sistèm politik ak kiltirèl yo. Kolonizasyon an modifye mòd lavi nou. Li pa reponn modèl familyal la. Se kolonyalis la, se neyokolonyalis la, ki kontribye nan mete planèt la nan move kondisyon li ye la.

Nan amerik la pa genyen anpil done sou konsèp primitif la. Nan nò amerik la, popilasyon an te 4.5 milyon abitan. Nan zòn sant amerik la, yo estime popilasyon aborijèn lan te 5.5 milyon moun. Nan zòn sid amerik la, yo jwenn nan achiv kolonizatè yo, yo estime te genyen 8.5 milyon abitan. Popilasyon endijèn lan nan Perou, 11.5 milyon abitan, nan meksik  yo reprezante 21 milyon abitan. Angwo te genyen 60 milyon abitan nan kontinen amerik la. Se sa mwen te vle pale lè mwen mansyone konsèp biyoloji kiltirèl la.

Nan XVIe syèk rive XVIIIe syèk la anviwònman te sibi yon gwo modifikasyon. Mikwo-òganism yo te poze gwo pwoblèm. Nou itilize pwòp konsèp nou, pwòp fètilizan nou pou nou ankouraje peyizan yo pwodwi plis. N ap batay kont dezekilib anviwònmantal la. Revolisyon endistriyèl la genyen gwo enpak sou dezòd klimatik la. Nouvèl fòmil pwodiksyon manje yo te revolisyone. Li kontribye nan dezòd klimatik la. Revolisyon vèt la pwodwi nan move sans lan, sa vle di vèt la dwe senbolize lavi. Kolonizasyon primitiv la te fèt sou baz vyolans tandiske kolonizasyon anviwonmantal la te genyen pou wè ak enstitisyon yo. Pakont, kolonizasyon an toujou ap kontinye fè dappiyanp sou resous nou yo. N ap raple sistèm agwo pastoral la te parèt aprè dezyèm lagè mondyal la. Lè n ap pale sou sistèm agwo pastoral la se yon melanj ant Agrikilti ak elvaj. Nan XVIIIe syèk la, anviwònman an te sibi yon modifikasyon nan tout kontinan amerik la. Sa mwen konprann se tout modifikasyon sa yo ki genyen gwo enpak sou anviwònman an. Genyen de (2) faz nan anviwònman an. Eleman biyoloji konsyan yo. Nan yon lòt bò se kesyon elvaj la. Prezans zannimo yo rive modifye konfigirasyon anviwònman an. Prezans yon ansanm espès ki pa adapte ak anviwònman an se premye gwo chòk. Te genyentou yon chanjman kiltirèl nan nivo pwodiksyon nan rejyon an. Anviwònman nan sant amerik la te genyen yon klima ki akseptab. Konkeran yo te fikse yo sou agwo pastoral la, kote yo te vle pwodwi sereyal. N ap souliye, fason Konkeran yo itilize anviwònman kontribye nan yon ansanm enjistis klimatik. Militan Ajanten an Edgardo drese kèk enjistis klimatik.

4. Kèk enjistis klimatik

  • Enjistis kont jenerasyon k ap vini yo, yo p ap jwenn ase resous pou yo viv. Yo pral peye gwo fòm eksplwatasyon k ap fèt yo.
  • Enjistis sistèm patriyakal la ki marande degradasyon anviwònman an. Travay fanm yo pa valorize epi yo eksplwatasyon yo. Genyen yon filozofi matchis nan lafanmi kont emansipasyon fanm yo.
  • Enjistis sou kesyon rasis nan kondisyon travay moun nwa ak blan sitou nan peyi Etazini. Kòmkidire moun nwa yo pa ta dwe genyen menm privilèj moun blan yo. Nan ka sa genyen twa eleman enpòtan pou n reflechi sou kesyon rasis la, aprè revolisyon kont esklavaj genyen lòt fòm estrateji ki devlope pou moun nwa kontinye rete anba dominasyon. Enjistis la mache ak rasis, se fason rasis la manifeste ki kontribye nan amelyore kondisyon travay nan peyi Etazini nan ane 60 yo.
  • Enjistis la chita sou rapò miwo miba ki jwenn rasin li nan kesyon lit klas la. Kesyon klas sosyal la parèt kòm yon enjistis sosyal.
  • Enjistis anviwònmantal la.

5. Koz ak konsekans dechè plastik yo sou anviwònman an

Selon Pawòl Alexander Placide ak Juslène Tyresias, moun k ap chèche konnen sou fenomèn dechè plastik yo ekri kèk dokiman ki di se depi an 1856, premye pwodwi plastik yo te parèt nan lemonn. Pwodwi sa yo te fèt ak asid nitrik, etanòl ak selilòz nan yon laboratwa Alexander Parkes ki se yon chimis britanik. Materyèl sa te pote non Parkesine ki koresponn jodi a nan sa nou rele Seliloyid la. Men nan evolisyon tan an vin genyen yon pwodiksyon egzajere nan polisyon espas natirèl yo avèk plastik ki se yon pwodwi danjere. Kantite tan an plastik la pran pou li dekonpoze long anpil, li ka depase 450 ane. Nan dega dechè plastik la ap fè nan lemonn lan,  nou dwe konnen genyen 20 % nan dechè plastik yo ki sòti nan flòt maritim lan epi rès 80 % sòti nan aktivite moun yo ap fè sou tè a. Pi fò nan yo se anbalaj ki evalye nan 146 milyon tòn. Peyi rich yo pwodwi  40 % nan dechè yo.

Depi lè revolisyon endistriyèl la kòmanse lòt peyi yo kòmanse fabrike yon ansanm materyèl k ap piti piti konvwate popilasyon ayisyen an. Materyèl sa yo pral kontribye nan fè popilasyon sila a jete tout bon pratik yo te genyen epi yo anbrase pwodwi atifisyèl sentetik ki koz disparisyon ti metye atizan yo pandan yo voye jete majorite pwodwi atizanal ki te prezève lanati kont tout fòm polisyon ak kontaminasyon. Nan deseni 80- 90 yo, piti piti resipyan plastik yo koumanse antre nan peyi a ak kèps pou vann fresko. Popilasyon an itilize boutèy pou Jina ak Twopik yo. Men aprè tranbleman tè 2010 la, sachè ak boutèy dlo anvayi peyi a se konsa vàn lan louvri bò kote majorite antrepriz yo.

Koz dechè plastik yo

Nan kesyon sistèm jesyon dechè solid nan peyi a, Alexander Placide ak Juslène Tyresias montre,  genyen plizyè faktè ki eksplike reyalite a : demografi a, modèl ekonomik ak politik nou aplike yo. Espesyalis yo rete tenas sou kesyon demografik la kote yo fè konprann kwasans popilasyon an globalman genyen gwo konsekans nan pwodiksyon dechè. Genyen tou nan vil yo sitou, plis absans bon jan plan ak resous yo (moun ak materyèl), se koz fondamantal prezans fatra toupatou nan peyi a.  Nan dènye deseni sa yo, genyen yon ogmantasyon rapid nan kantite dechè. Volim moun k ap viv lavil yo plis andan peyi a. Swa se pou yo chèche pi bon kondisyon lavi, pou yo chèche travay, swa pou yo aprann, swa pou lòt rezon. Moun yo kite milye riral la pou yo ale gonfle nan vil yo. Se yon reyalite nou ka obsève non sèlman nan chèf lye depatman yo, men tou nan tout vil pwovens yo. Selon Bank Mondyal, si nan ane 1980 yo, te genyen yon kwasans popilasyon nan vil yo kite estime nan 20,5 %, an 2020, li vin monte 56 % yo. Se sèten, kantite dechè k ap pwodwi nan vil yo ap ogmante nan dènye ane sa yo.

Sou plan ekonomik, ekspè yo relate fèb pati nan bidjè nasyonal ki afekte nan jesyon dechè solid an patikilye, nan sektè dlo ak asenisman an, san nou pa bliye ijyèn yon fason jeneral. Tout ti mwayen  moun yo ale direkteman nan achte manje, dlo ak swen sante, elatriye.

Sou plan politik, espesyalis yo wè, e nou ka pwouve sa tou, nan ajanda gouvènman yo, yo mete akote pwoblematik jesyon dechè solid yo. Sa fè nou pa p janm wè genyen planifikasyon ak amenajman teritwa ki janm antame. W ap wè pa genyen anyen ki fè pou kesyone konsantrasyon espas moun rete yo, kote pa genyen wout ak dlo, elatriye. Sa pa deranje yo nan pouvwa Leta a.  Si pa genyen sikilasyon, kòman kolekte dechè yo pral fèt ? L ap konplike tout sa ki genyen pou wè ak asenisman espas vil yo nan peyi a. Mete sou sa, konfli ak konfizyon jiridiko administratif ki egziste apati lwa 21 sektanm 2017 la, ki fikse domèn entèvansyon Meri yo ak Sèvis Nasyonal Jesyon Rezidi Solid (SNGRS). Bagay sa a agrave sitiyasyon an, kote youn ap tann lòt, lè n ap gade lòt pandan sitiyasyon an ap anvlimen.

Konsekans dechè plastik yo

Alexander Placide ak Juslène Tyresias drese yon ansanm konsekans sou movèz jesyon dechè solid yo nan peyi a. Sou plan anviwònmantal la, tout sant vil yo, plaj yo, rivyè yo ak sous dlo yo polye, elatriye. Fatra anvayi yo. Genyen ogmantasyon san kanpe ajan patojèn yo ak deteryorasyon lavi popilasyon an. Peyi a ap anrejitre yon ogmantasyon maladi moun pran nan move dlo, maladi ki antrave vwa respiratwa ak po popilasyon an, sitou lakay moun ki pi vilnerab yo nan popilasyon an, tankou sa k ap viv nan milye defavorize yo.  Fatra se koulwa pou pote maladi k ap kontamine resous natirèl yo. L ap pote maladi ki bay dyare, pwoblèm nan lestomak, maladi respiratwa ak maladi sou po moun yo. Maladi ensèk pote malarya ak deng, elatriye.

  • Move jesyon dechè favorize inondasyon (COOPI, IRD, 2011).
  • Move jesyon dechè ap kontamine n ap freyatik la.

Move jesyon dechè asosye tou polisyon lè a, sitou lè moun yo brile yo nan yon espas ki pa kontwole. Lè y ap degaje yon pakèt sibstans toksik ki antrave sante moun yo dirèkteman. Paske ladan yo genyen pwodwi ki genyen souf, diyoksin, idwokabi polyawomatik, ki se pwazon pou moun yo. Nan sans sa, popilasyon an se prensipal viktim tout sa yo. Nan yon lòt bò, sòl kote yo fè sit sovaj pou mete fatra yo, polye, apati sa yo rele liksivya kise yon likid ki sòti nan dechè yo k ap fèmante sou konbinezon chalè ak dlo lapli yo. Li genyen ladan li metal lou yo, polyan azote (amoniak) ak mikwo oganism patojèn yo. Sibstans polyan sa yo, pral entegre chèn alimantè nou. Yo kontamine plant yo komestib yo sitou sila marechè yo ak bèt yo tou ki pa epanye.

Nan lis konsekans yo, nou dwe souliye, degradasyon akote plaj yo, plaj yo k ap lèd, anbouchi yo chaje matyè plastik, kanèt ak asyèt an estiwofòm yo. Vil kotyè yo vin konvèti an milye kote nou estoke fatra ki sòti nan zòn ki pi wo yo. Polisyon litoral yo pètibe ekilib ekolojik ak biyodivèsite maren e kotyè yo, li nwui pwason yo, kristase yo (kribich, omar), pou n site sa yo sènpman. Efè pètibasyon yo afekte aspè estetik ak potansyèl kapasite plaj yo ki nòmalman destine pou yo aktivite touristik ak lwazi yo. Kidonk, sa a afekte dirèkteman volim touris ki t ap vizite peyi a chak ane. Sa pral jwe tou sou resèt Leta chak ane. 

6. Temwanyaj kèk òganizasyon sou aksyon y ap poze nan enterè anviwònman an

Pou militan Dominiken an, Samuel, genyen yon gwo pwoblèm dlo pou moun yo pwodwi. Angrè chimik yo genyen gwo konsekans sou sòl la. An mwayèn Repiblik Dominikèn pwodwi 22 557 kg fatra chak jou. Kantite dechè yo reprezante 40.2 %. Anplis, nan kesyon ekstraksyon vin genyen anpil rivyè ki kontamine.

Endistri k ap pwodwi plastik yo 80 %, l ap fèt pou ekspòtasyon. Repiblik Dominikèn enpòte plastik sa yo nan peyi, tankou Panama ak Meksik… Li vrèman difisil pou nou batay kont pratik endistri sa yo. Genyen anpil dechè plastik nou resikle ak brile yo. Genyen kèk òganizasyon ki mete kanpe yon pwogram resiklaj. Nou menm, n ap kontinye batay pou n fè yon bon jan jesyon sou sa a paske li kontribye nan degradasyon anviwònman an.

Pou nou konbat fenomèn sa yo, nou rive fè alyans ak lòt òganizasyon ki konsyan sou pwoblèm yo, nou fè fòmasyon, makònen moun lavil ak moun andeyò yo. Nou rive mobilize anviwon 19 òganizasyon. Nou rive fè yon ansanm rekòmandasyon : nou dwe chanje sistèm lan menm jan Marx di l la. Nou dwe rive entegre yon ansanm espas estratejik. Nou dwe rive panse sou sitiyasyon peyizan yo. Genyen nesesite pou nou konte sou pwòp fòs nou.

PROMODEV : « Promotion pour le Développement », devlope yon pwogram jaden eskolè. Òganizasyon an patisipe nan kanpay rebwazman nan Kenskòf. Pou yon moun plante yon pye bwa li kapab yon aktivite pèsonèl. Nan Promodev nou ankouraje kanpay rebwazman. Lontan lè yon timoun fèt granmoun yo te genyen abitid plante yon pye bwa nan non timoun lan. Nou ankouraje pou tounen nan pratik ansestral sa yo. PROMODEV genyen abitid plante pye bwa. Li ankouraje elèv yo plante pye bwa. Ane pase PROMODEV distribye plis pase 4 000 plantil. Li genyen plantil mango, nwa ak chadèk pou l distribye.  Nan yon lòt bò, Agwonòm ki sòti nan òganizasyon PDL la di : «  nou genyen plizyè aksyon nou fè kont rechòfman klimatik la. Nou pwodwi plis pase 50 000 plantil. Nou genyen abitid fè fòmasyon sou konsekans dezòd klimatik la. Nou montre yo gwo konsekans pwodwi chimik yo genyen sou anviwònman an. Nou ankouraje jaden modèl yo, se yon modèl jaden ki adapte nan sechrès, li pèmèt nou jwenn manje pandan tout ane a ». Delege Tèt Kole Ti peyizan (TK) ki sòti Latibonit lan, aprann nou : « TK bay anpil plantil, nou fè anpil fòmasyon pou n sansibilize moun yo kont manje pèpè yo. Moun k ap manje, manje pèpè yo se pa konnen yo pa konnen konsekans li. Men genyen gwo jefò ki dwe fèt. Moun yo dwe chanje konpòtman yo. Nan TK nou sansibilize moun yo pou yo manje lokal. Nou fè gwo sansiblizasyon kote nou pwodwi anpil pwa nan komin Vèrèt. Chak òganizasyon, chak moun dwe koumanse aji anndan lakay yo. Nou dwe koumanse chanje konpòtman nou, abititid nou, nou dwe chanje fason nou abiye konsa n ap rive genyen yon bèl peyi ». Pou delege Konpayi Nanm Solèy la, « n ap fè kanpay sansibilizasyon kont dechè plastik yo ». N ap fè fòmasyon sou teyàt, sou transfòmasyon dechè plastik yo an pwodwi itil. Delege AKTIVA mansyone : « nou travay nan pwodiksyon agrikòl. Nou fè sistèm agwoforestye. Nou bay peyizan yo fòmasyon. Nou fè anpil pwodiksyon Yanm, se youn nan rezon ki fè li pa disparèt. Nou pwodwi anpil bannann. Nou montre etidyan yo nesesite ki genyen pou yo pratike travay latè ».

  • Konklizyon ak pèspektiv

Plizyè apwòch montre rasin dezòd klimatik la. Ansanm pwoblèm anviwònman ap konfwonte yo. Apwòch yo analize tou mekanis sistèm kapitalis la mete kanpe pou li eksplwate anviwònman an pandan l ap fè plis pwofi. Move aksyon Kapitalis yo se yon veritab pwoblèm pou anviwònman ak planèt tè a. Genyen plizyè pwopozisyon ki fèt nan konbat dezòd klimatik la ak anviwònmantal la. Pou Aboujaman : « nou dwe chanje fonksyònman pwodiksyon enèjetik yo. Chanje fason nou konstri kay nou. Chanje fason nou pwodwi manje, sa vle di nou dwe pwodwi manje ki sen. Lèzòm dwe kanpe fason y ap aji sou latè. Kisa nou kapab fè an Ayiti ? Nou dwe fè solidarite ak lòt peyi osnon òganizasyon k ap batay kont dezòd klimatik la. Nou dwe chanje sistèm enèjetik nou. Dwe genyen yon politik enèjetik. Nou dwe fè amenajman teritwa a. Nou dwe konsome lokal nan chanje abitid alimantè nou. Chanje fason nou abiye yo. Nou dwe fè solidarite nan batay la. Nou dwe ale nan yon lòt mòd lavi, mòd lavi sa a, se mòd lavi peyizan yo ».

Pou Chavannes Jean-Baptiste, aprè ansanm refleksyon ak konsta ki fèt yo, nou konsyan, nou anba yon dezas anviwònmantal makònen ak yon dezas politik. Nou menm delege yo ki prezan nan woumble sou anviwònman an ak rechòfman klimatik la, nou pral ranfòse angajman nou andedan òganizasyon nou yo pou nou mete men nan aksyon pou nou sove anviwònman an. Nou lanse yon apèl pou tout òganizasyon peyizan yo, òganizasyon ouvriye yo, òganizayon fanm yo, òganizasyon etidyan ak elèv yo, òganizasyon popilè yo, òganizasyon politik pwogresis yo, tout sitwayen konsyan yo, pou yo leve kanpe pi rapidman posib pou yo antere rejim Ariel la k ap touye moun, k ap touye lavi nan peyi a. Nou rekonèt nou pa p kapab sove anviwònman peyi d Ayiti ak prezans rejim kriminèl Ariel Henry a, sepousa nou pral angaje nou egalman nan lit pou nou kaba rejim gang PHTK ak Kò gwoup la, pou nou mete peyi a sou wout yon lòt Leta. Jodi a 5 Jen 2023, nan 50 tyèm selebrasyon Jounen Entènasyonal Anviwònman an, ane 50 tyèm MPP an, nou menm òganizasyon yo ki rasanble nan Sant Lakay la, nou pral mete men nan aksyon sa yo pou n sove planèt la :

  1. Nou pral fè yon travay sansibilizasyon andedan òganizasyon nou yo, nan lòt òganizasyon, nan tout kominote kote nou prezan pou n ede tout moun pran konsyans sou planèt la k ap boule a. Chak moun, tout moun dwe mete men nan poze aksyon pou nou konbat rechòfman klimatik la.
  2. Pote kole ak lòt òganizasyon popilè ak politik nan batay pou chanje Leta a paske Leta kriminèl restavèk PHTK, se ènmi anviwònman an, se ènmi Pèp ayisyen an.
  3. Nou pral angaje nou nan yon kanpay rebwazman san pran souf, nan yon kanpay pwodiksyon manje natif natal ak metòd agwoekoloji peyizan an, pou nou pwodwi manje ki sen nan plas manje pèpè k ap detri sante nou ak sante planèt la.
  4. Nou pral mennen lagè kont dechè plastik ki anpwazonnen lavi sou planèt la. N ap tounen nan itilize panye,  makouti, sak pou nou ale nan mache. N ap sispann manje nan asyèt plastik, goblè plastik k ap ban nou maladi kansè, detri lavi bèt yo ak anpwazonnen anviwònman an.
  5. Nou pral pwodwi epi konsome manje nou pwodwi nan jaden nou,  manje ki pwodwi nan peyi a ak metòd agwoekolojik la. N ap voye jete tout pwodwi ki sòti nan agrikilti endistriyèl la ki se pi gwo pwodiktè gaz pwazon ki rechofe planèt la. N ap pwodwi, defann semans natif  natal anfas semans ibrid ak OGM yo k ap chofe planèt la. N ap pwodwi ak itilize angrè òganik nan plas angrè chimik k ap detri anviwònman ak detri sante moun yo.
  6. N ap angaje nou nan lit kont tout antrepriz agwo pwazon yo tankou Monsanto. N ap travay pou agwoekoloji peyizan an blayi sou tout planèt la pou li rezoud pwoblèm grangou epi refwadi planèt tè a k ap boule a.
  7. Nou angaje nou nan kontinye travay ak tout òganizasyon yo ki angaje nan lit pou yo sove planèt la nan nivo rejyon an ak nan nivo entènasyonal la. Nou dwe prezan nan tout konferans k ap fèt sou planèt la pou nou bare ak denonse tout konplo k ap fèt kont planèt la.
  8. Nou konprann trè byen se sistèm pwodiksyon kapitalis la ak miltinasyonal yo k ap detri planèt la nan objektif pou yo fè pwofi san limit. Nou afime se yon mòd pwodiksyon sosyalis la ki kapab rezoud pwoblèm kriz k ap detri planèt la. Nou angaje nou nan konstriksyon yon sosyete sosyalis kote lavi pase anvan lajan.

Ench, Papay, nan dat 21 Jen 2023.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.