Realisations, Uncategorized

DEKLASYON 45YÈM ASANBLE JENERAL MPP

Soti 19 pou rive 21 Mas 2026, nou menm 300 delege Jèn, Fanm ak gason manb MPP, nou te reyini nan 45yèm Asanble òdinè MPP nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo : SANT LAKAY, nan Papay. Tèm Asanble a se : Peyizan…. Ann Reziste kont Okipasyon.

  1. Sa nou konstate.

Sitiyasyon popilasyon peyi d Ayiti pa janm sispann degrengole sou plan ekonomik, sosyal, politik, anviwònmantal ak kiltirèl depi debakman merin Etazini an 1915. Peyizan yo se prensipal viktim lan. Degrengolad sitiyasyon an pran yon lòt vitès depi Martelly, jou enstalasyon l kòm prezidan Blan an te enpoze peyi a ak gwo ponyèt atravè OEA, te deklare :  Peyi a louvri pou biznis nan lang Pèp la pa konprann (Haiti is open for business). Nou te konprann peyi a vann.

Se depi Martelly ak kreyasyon PHTK ak tout ti patikil yo kreye ak lwa ki pèmèt 20 moun fè yon pati politik dezòn foure pye nan klas politik tradisyonèl  la ki te deja pa nan sèvis peyi a. Batay pou pouvwa andedan PHTK mennen nan asasina Jovenel ki tap mennen pouvwa okipasyon an. Li te di ti rès la pou Pèp la. Ariel vin kontinye pwojè a men li pa te rive reyalize eleksyon pou fè rekolonizasyon peyi a pi byen chita. Rezistans popilasyon an te kontrarye pwojè a.

Etazini pase pa Karikòm pou enpoze peyi a yon prezidans 9 tèt, 9 kòwonpi, 9 trèt osèvis oligachi patripòch la ak pwojè rekolonizasyon peyi a. Nan konfyolo ak enperyalis meriken an, KPT a chwazi Aliz Didier Fils Aimé ki mare sousis ak yo pou depatcha peyi nèt. KPT a ak Alix fè kado peyi a nan siyen pwojè zòn franch, nan angaje lame mèsenè pou swadizan kraze gang ak dwon kamikaz, se pitit Pèp la yap kraze. Yo pa janm ni arete, ni grafiyen yon chèf gang. Sa montre gang yo ak gouvènman an gen menm mèt.

Kou pou touye tout koukou a, se fason Etazini enstale Alix la. Apre presyon anbasad Etazini, Kanada Lafrans,Se bato lagè Etazini voye kanpe nan lanmè Pòtoprens pou fè tout politisyen ki te dèyè ranplase KPT a ak PM lan fè bak. Etazini ak akò lòt peyi enperyalis yo enstale Alix kòm sèl kòk chante anba kòmand pa yo pou kondwi pwojè rekoonizasyon peyi a, fè l chita nèt, chita byen ak yon eleksyon nominasyon pou dekore, legalize okipasyon peyi a.

Pou fè pwojè a vanse, Alix konstri yon pak pou mete tout pati, tout òganizasyon ki dakò trayi papa Desalin ak Chalmay Peralt. Se yon pak pou mete Konze ki kale tankou djondjon. Apre sa, Alix aktive machin eleksyon pèlen tèt la anba ensekirite a ki kontinye vale teren. KEP lanse enskripsyon Pati ak regwoupman politik pou eleksyon okipasyon an. Nou sezi sèk lè nou tande genyen 320 pati ak regwoupman politik ki enskri pou ale patisipe nan eleksyon konsolidasyon okipasyon a.

2. Asanble jeneral MPP a di NON :

  • NON kare bare ak okipasyon peyi Papa Desalin ak Chalmay Peralt la. Fòs militè etranje yo pap vin bay sekirite. Misyon yo se bloke mobilizasyo Pèp la, se kore okipasyon peyi a.
  • NON ak ensekirite planifye, pwograme sa kap bwè pèp la, fè anpil vyole fanm ak tifi, fè piye byen popilasyon an, detri byen piblik yo, fòse plis pase 1.5 milyon moun  kouri kite lakay yo  ak tou sa yo te genyen kòm byen.
  • NON ak konplo planifye ant Leta ak gang yo pou detri agrikilti peyizan an, elimine klas peyizan an pou fè dappiyanp sou tè agrikòl yo pou mete zòn franch, pou bay miltinasyonal vin pran richès resous natirèl peyi a. Se yonn nan pi gwo objektif okipasyon an.
  • NON ak tout pwojè depatcha peyi a, efase dwa grandèt majè peyi a tankou pwojè remèt ladwan, pò, ayewòpò, kontwòl fwontyè peyi a bay antrepriz etranje; pwojè konstriksyon prizon ki ipoteke lavni jenès peyi a.
  • Non ak pwojè konstriksyon 3 prizon nan peyi a anba kontwòl antrepriz etranje.
  • Non ak Fòs militè etranje sou tè Papa Desalin lan.
  • Non a eleksyon konsolidasyon okipasyon kap planifye anba pouvwa gang yo ki gen kontwòl tout wout peyi a, ki fòse plis pase 2 milyon moun kite lakay yo, kap viv nan kondisyon moun pa dwe viv anba grangou, maladi, kè sote nan kan, nan lakou lekòl,lakou legliz etsetera.
  • Non a pwojè okipasyon an ki gen objektif vin piye resous nasyonal peyi a, vin detri anviwònman peyi a, vin elimine klas peyizan an, vin konvèti klas travayè an esklav.

3. Asanble Jeneral MPP a di WI:

  • Wi ak makònay ak mobilizasyon tout sitwayen ayisyen, tout òganizasyon patriyotik andedan sektè Peyizan, Ouvriye, Etidyan/Elèv, Fanm, tankou gason, Pati ak òganizasyon politik patriyòt nan tout kwen ak rankwen peyi a pou nou reziste ansanm kont pwojè rekolonizasyon peyi a. An nou kreye yon Fwon Rezistans Patriyotik lajmann laj.
  • Wi ak Eleksyon ki dwe fèt lè gen sekirite, lè tout deplase yo tounen lakay yo ak mwayen pou yo viv, lè gen yon machin elektoral tout sektè nan lavi nasyonal la ka fè konfyans. Eleksyon kap prepare la a se volonte peyi enperyalis yo ak ajans yo, se eleksyon klas politik restavèk la ak oligachi a ki fè yonn ak gang yo pou kontinye bwè san, kontinye dechèpiye peyi a.WI a tout mobilizasyon pou bare, bloke pwojè eleksyon okipasyon an.

4. Asanble jeneral MPP a lanse yon apèl ijan a rezistans :

Rezistans òganizasyon peyizan yo nan 4 kwen peyi a kont dappiyanp kap fèt sou tè agrikòl yo. Sonje peyizan = Travay tè. Wete tè agrikòl yo nan men peyizan egal elimine peyizan. Reziste, Reziste kont vòlè tè.

Rezistans kont destriksyon agrikilti peyizan yo nan retounen nan pwodwi ak manje manje natif natal. Sa mande devlope agwoekoloji peyizan pou bare anviyansman agrikilti endistriyèl la kap detri sòl yo, detri anviwònman. Sa mande reziste kont manje pèpè, reziste kont dechè plastik, reziste kont destriksyon anviwònman.  An nou konstri souverennte alimantè kòm baz souvrennte nasyonal peyi d Ayiti.

Rezistans kont Pwosesis elektoral okipasyon an. Reziste kont tout demand pou nou kandida, pou nou kore kandida, pou nou ale vole pou 1000 goud. Peyizan sispann sèvi politisyen Konze. Veye kandida yo. Bare yo. Nou pral vote an mas lè gen yon pwosesis eleksyon nòmal nan yon klima nòmal.

Asanble jeneral MPP a mande mas kap soufri yo pou nou pa dekouraje, pa bay legen. Sonje istwa nou. Depi yo te derasinen nan Afrik manman nou, nou tap reziste depi nan bato yo ki tap transpòte nan Amerik la pou nou pa esklav. Nou te bay lemond antye yon leson ak revolisyon 1804 la.

ABA OKIPASYON. VIV YON AYITI GRAN MOUN.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.

Login

Register

terms & conditions