- Phone: (+42) 348 952 11
- Email: info@domain.com
Default text for Box Content Lorem ipsum dolor sit amet, consec Its her behaviour are contented. Do listening am eagvenile had off on venile had off one. Unknown may service subject her…






Default text for Box Content Lorem ipsum dolor sit amet, consec Its her behaviour are contented. Do listening am eagvenile had off on venile had off one. Unknown may service subject her…
Etiam non arcu nisl, eget fermentum mauris Vivamu bibendum massa id Etiam non arcu nisl, eget ferme s Vivamus bibendum massa id Etiam.
Etiam non arcu nisl, eget fermentum mauris Vivamu bibendum massa id Etiam non arcu nisl, eget ferme s Vivamus bibendum massa id Etiam.
Le présent document établit les termes de référence pour la réalisation d’une capitalisation et étude d’impact sur la démarche des comités citoyens mis en place dans le cadre du projet Ranfo Lavi Peyizan, depuis la deuxième phase du projet ayant démarré en 2019. Cette étude vise à analyser les effets de cette démarche selon deux axes principaux :
Depi aprè nesans Mouvman Peyizan Papay (MPP), nan ane 1973, li enskri nan yon pèspektiv fòmasyon politik ak ideyolojik, agwoekolojik, òganizasyonèl ak animasyon pou chanjman sosyal nan enterè klas popilè a, sitou peyizan yo, jèn fanm ak jèn gason k ap sibi eksplwatasyon ak dominasyon sistèm sosyopolitik ak ekonomik retwograd an Ayiti a.
Aprè retou prezidan Aristid an 1995, nan mwa Desanm li te bay Chavannes yon kantite jwèt pou separe bay ti moun nan okazyon premye Janvye 1996, se konsa Chavannes te distribye jwèt sa yo bay ti moun nan zòn Papay la.
Lit fanm ayisyèn yo kòmanse lontan menm si majorite pwoblèm yo rete antye men lit feminis lan pa p janm sispann.
Komite konkou literè a sou direksyon kòdinasyon pwogram jèn nan MPP reyalize premye edisyon li sòti 6 jiyè rive 17 novanm 2024 la, anba tèm : « an n chache konprann pwoblèm istorik ak politik peyi Mali, Boukinafaso ak Nijè », nan eslogan « istwa peyi Afrik yo ak Ayiti se marasa ». Se yon konkou ki fèt pou elèv ki nan nivo NS1 rive nan NS4 nan depatman sant peyi d Ayiti. Li genyen pou objektif ankouraje bon jan rechèch istorik otantik pou anrichi konesans elèv yo sou istwa politik peyi Mali, Boukinafason ak Nijè. Pwodiksyon tèks elèv yo fèt nan lang kreyòl ayisyen an se yon fason pou MPP kontinye bay jarèt nan eleman kiltirèl ayisyen an. elèv Jean Jacques Neïcka Love Emmanuela ki nan nivo NS2, idantifye nan nimewo 006, ki sòti nan « Collège Sacré-coeur de Papaye », li rive nan katriyèm pozisyon kote li fè kòm nòt : 35.75/70. An n li ansanm disètasyon li te prezante a ki respekte tout demach metodolojik li a. Nan atik sa a nou korije senpman erè yo. Nou respekte tout fonnman pawòl otè a.
Komite konkou literè a sou direksyon kòdinasyon pwogram jèn nan MPP reyalize premye edisyon li sòti 6 jiyè rive 17 novanm 2024 la, anba tèm : « an n chache konprann pwoblèm istorik ak politik peyi Mali, Boukinafaso ak Nijè », nan eslogan « istwa peyi Afrik yo ak Ayiti se marasa ». Se yon konkou ki fèt pou elèv ki nan nivo NS1 rive nan NS4 nan depatman sant peyi d Ayiti. Li genyen pou objektif ankouraje bon jan rechèch istorik otantik pou anrichi konesans elèv yo sou istwa politik peyi Mali, Boukinafason ak Nijè. Pwodiksyon tèks elèv yo fèt nan lang kreyòl ayisyen an se yon fason pou MPP kontinye bay jarèt nan eleman kiltirèl ayisyen an. Elèv Senoya Josué ki nan nivo NS3, idantifye nan nimewo 008, sòti nan « Collège Baptiste Melchisedeck – Mayisad », rive nan senkyèm pozisyon aprè ansanm evalyasyon yo kote li fè : 35.75/70. An n li ansanm disètasyon li te prezante a ki respekte tout demach metodolojik li a. Nan atik sa a nou korije senpman erè yo. Nou respekte tout fonnman pawòl otè a.
Komite konkou literè a sou direksyon kòdinasyon pwogram jèn nan MPP reyalize premye edisyon li sòti 6 jiyè rive 17…
Lè na libere Ayiti va bèl o
Wa tande, wa tande koze
Lè na libere Ayiti va bèl ooo.
Wa tande alon ti peyi mache o
Wa tande
Nan dat 15 novanm 2024, nan lokal Sant Lakay –Papay, komite konkou literè a sou direksyon komite kòdinasyon pwogram jèn nan MPP, rive reyalize premye edisyon konkou literè Bèlbranch ak Ilyeniz Jean-Baptiste. Aprè evalyasyon manm jiri yo Danielle Vicky Castel sòti loreya nan yon nòt 53.75/70. Li nan nivo NS2, idantifye nan nimewo 003, elèv nan « Collège St-Gabriel – Lascahobas ».
Komite konkou literè a sou direksyon kòdinasyon pwogram jèn nan MPP reyalize premye edisyon li sòti 6 jiyè rive 17 novanm 2024 la, anba tèm : « an n chache konprann pwoblèm istorik ak politik peyi Mali, Boukinafaso ak Nijè », nan eslogan « istwa peyi Afrik yo ak Ayiti se marasa ». Se yon konkou ki fèt pou elèv ki nan nivo NS1 rive nan NS4 nan depatman sant peyi d Ayiti. Li genyen pou objektif ankouraje bon jan rechèch istorik otantik pou anrichi konesans elèv yo sou istwa politik peyi Mali, Boukinafason ak Nijè. Pwodiksyon tèks elèv yo fèt nan lang kreyòl ayisyen an se yon fason pou MPP kontinye bay jarèt nan eleman kiltirèl ayisyen an.
Plis pase 10 gwoupman te make prezans yo pandan jounen 19 oktòb 2024 la, se rankont asanble Mouvman Jèn Ench nan MPP ki reyini plis pase 60 jèn fanm ak jèn gason. Se yon asanble ki fèt nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo/Sant Lakay. Objektif asanble a se redinamize jèn yo nan vil Ench. Nan moman asanble a plizyè animatè MPP nan vil Ench te pran lapawòl : Vanier Louis, Jonel Jean-Baptiste, Gueslin Mathe ak Questamène Cenor. Manm fondatè MPP an te pale sou pètinans asanble a. Kòdonatris pwogram jèn MPP an -Nadège Saintil te bay mo byenvini a ak pran lapawòl nan non kòdinasyon an. Li ankouraje jèn yo pou yo konprann konplo enperyalis yo nan modèl rapò politik miwo miba yo genyen ak peyi a. Li montre nesesite pou jèn yo aprann mennen travay kolektif. Kòdonatris pwogram jèn nan fè konnen kòdinasyon an disponib pou li travay nan kolaborasyon ak tout gwoupman jèn yo. Kòdonatè Mouvman Jèn Ench MPP an, Charlot Joseph, li te pran lapawòl pou li te swete tout moun byenvini epi prezante manm komite MJH yo. Philfrant Saint-Naré, responsab politik nan pati politik Kontrapèp la, prezante yon analiz sou konjonkti politik la. Anfè, pou asanble a te demare, yon mistik revolisyonè te reyalize avan lansman ofisyèl asanble a, ki se yon moman konsantrasyon, refleksyon pou nou soulve konsyans lespri k ap dòmi yo.
Juslène Tyresias ak Chavannes Jean-Baptiste pran lapawòl pandan jounen vandredi 16 dawout 2024 la, nan okazyon 26 zyèm edisyon kan souverènte alimantè a nan MPP. Kamarad sa yo montre nesesite ki genyen pou ayisyen redefini alimantasyon nan retounen nan pratik ak tradisyon alimantè bizawèl ak Tatawèl nou yo. Se yon apwòch ki makònen filozofi tèm kan an, nan aprann respekte tèt nou nan tout nivo. Tèm kan an : Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti. Se yon kan ki reyalize sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, nan lokal Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo – SANT LAKAY PAPAY. Anviwon 300 jèn fi ak jèn gason sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo te make prezans yo nan kan an.
Nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo, SANT LAKAY PAPAY, sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, se 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a kote 300 jèn fi ak jèn gason sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo, yo t ap brase lide anba tèm : Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti. Tèm sa a makònen eslogan : ak koripsyon lòt Ayiti a… Pa p posib !
Sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, se 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a kote 300 jèn fi ak jèn gason sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo, yo te rasanble nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo – SANT LAKAY PAPAY. Yo t ap brase lide anba tèm : Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti. Tèm sa a makònen eslogan : ak koripsyon lòt Ayiti a… Pa p posib ! Jounen 13 dawout 2024 la, se ouvèti ofisyèl kan an, kote kamarad Nandcie Pierre ak Makendy Cadet t ap anime jounen sa a. Plizyè dirijan MPP te pran lapawòl tankou : Mulaire Michel, Juslène Tyrésias, Verona Val ak Chavannes Jean-Baptiste. Igenel Jean-Baptiste manm Tèt kole Ti peyizan Ayisyen (TK), te pran lapawòl nan non 4 je kontre. An nou li ansanm nan liy anba yo pami pawòl dirijan yo.
Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti, se anba tèm sa a 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a te reyalize sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, nan lokal Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo – SANT LAKAY PAPAY. Anviwon 300 jèn fi ak jèn gason sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo te make prezans yo nan kan an. Pandan jounen 15 dawout 2024 la, Yorline Rosephaёlle Ermilus pale sou relasyon antre rezo sosyal ak mobilizasyon sosyal. Makendy Cadet pwodui yon refleksyon sou estrateji itilizasyon rezo sosyal yo.
Nan kad26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a ki te reyalize sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, nan lokal Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo – SANT LAKAY PAPAY, anba tèm jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti, anviwon 300 jèn fi ak jèn gason sòti nan 4 kwen jewografik peyi Dayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo te make prezans yo nan kan an. Pandan jounen vandredi 16 dawout 2024 la, Bedouby Nobert, reprezantan Kolektif Jistis Min (KJM) lan te pale sou enpak eksplwatasyon min sou souverènte alimantè a. KJM abitye òganize plizyè aktivite sansibilizasyon atravè peyi a kont lojik eksplwatasyon min yo, tankou nan komin Ench, Mayisad ak Milo, elatriye.
Nan okazyon 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a, 300 jèn fi ak jèn gason ki sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo, te rasanble sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo – SANT LAKAY/PAPAY. Yo t ap brase lide anba tèm : Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti. Tèm sa a makònen eslogan : ak koripsyon lòt Ayiti a… Pa p posib ! Pandan jounen 12 dawout 2024 la, nan okazyon jounen entènasyonal lajenès, kòdinasyon kan an te fè tout mizanplas pou li byen resevwa jèn yo.
Nan okazyon 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a, nou menm 300 jèn fi ak jèn gason ki sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo, nou te reyini sòti 12 rive 18 dawout 2024, nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo : SANT LAKAY PAPAY. Nou t ap brase lide anba tèm : Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti.
26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a fèt sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, anba tèm Jèn angaje…
Depi nan nesans Mouvman Peyizan Papay (MPP) la, kesyon anviwònman se youn nan priyorite li. Viv nan yon anviwònman ki sen se yon nesesite vital. Pami estrateji MPP itilize nan konbat degradasyon anviwònmantal la se fè resiklaj ak transfòmasyon dechè plastik yo. Ekip teknik MPP an souvan fè yon ansanm fòmasyon nan domèn sila a. Dènye fòmasyon ki fèt sou domèn sa a reyalize sòti 24 rive 27 jiyè 2024 la, nan Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon kad Peyizan, ki nan twazyèm seksyon kominal Ench nan. Objektif fòmasyon an se sansibilize jèn yo nan pwoteje anviwònman kont dechè plastik yo. Ede yo genyen yon pwofesyon manyèl nan kreye pwòp aktivite ekonomik yo. Genyen 40 jèn ki sòti nan (4) seksyon kominal Ench nan ki patisipe nan fòmasyon sila a. Yo aprann fè pandan seyans pratik yo plizyè kalite objè, tankou : flè, glòb, po plastik, valiz, bale, rido ak chandelye, elatriye.
Nan zòn Papay, twazyèm seksyon kominal Ench, espesyalman nan lokal Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan an, plis pase pase 400 jèn te rasanble sòti 21 pou rive 27 dawout 2023. Depi 25 ane, Mouvman Peyizan Papay (MPP) ap òganize kan pou jèn yo. Kan sa a se yon tradisyon. Li te fèt anba tèm : jèn yo nan konstriksyon yon Ayiti sosyalis. Nan menm ane sa a, MPP te selebre 50 ane egzistans li anba tèm : MPP 50 ane lit, pou konstriksyon yon Ayiti sosyalis. Nan okazyon ouvèti ofisyèl kan an nan dat 22 dawout 2023, Administratris Sant lakay -Sovenie Jean-Baptiste t ap konsyantize jèn fi yo sou fason yo dwe konpòte yo nan sosyete ayisyen an.
Sòti 21 pou rive 27 dawout 2023, plis pase pase 400 jèn te rasanble nan zòn Papay, twazyèm seksyon kominal Ench lan, espesyalman nan lokal Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan. Mouvman Peyizan Papay (MPP) la, depi 25 ane ap òganize kan souverènte alimantè pou jèn yo. Se yon kan ki te fèt anba tèm : jèn yo nan konstriksyon yon Ayiti sosyalis. Nan menm ane sa a, MPP te selebre 50 ane egzistans li anba tèm : MPP 50 ane lit, pou konstriksyon yon Ayiti sosyalis. Nan okazyon ouvèti ofisyèl kan an nan dat 22 dawout 2023, Sovenie Jean-Baptiste ak Diodat Elie te pale sou istwa Jèn Travayè Peyizan (JTP) an, epi sou angajman jèn yo nan MPP.
Nan menm okazyon 50 tyèm rekòt kafe MPP an nan ane 2023, anba tèm : MPP 50 ane lit, pou konstriksyon yon Ayiti sosyalis, se ta pral tou 25 kyèm edisyon kan jèn yo. Kan te fèt anba tèm : « Jèn yo nan konstriksyon yon Ayiti sosyalis », sòti 21 pou rive 27 dawout 2023, nan zòn Papay ki nan twazyèm seksyon kominal Ench lan, espesyalman nan lokal Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan/Lakay. Yon gwo bat bouch te fèt sou konsèp « Souverènte alimantè » a, entèvenan yo se : Iselande Alexandre, Michelier Saint-Fort, Nandcie Pierre ak Mulaire Michel.
Kongrè 50 rekòt kafe (1973-2023) Mouvman Peyizan Papay (MPP) la fèt anba tèm “MPP 50 ane lit, pou konstriksyon yon Ayiti sosyalis,” sòti 5 dawout pou rive 11 dawout 2023 nan « Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan » an, ki nan twazyèm seksyon kominal Ench, Ayiti. Plizyè pèsonalite te pran lapawòl, pami yo, William Jeanty t ap analize kontèks reyalite nasyonal ayisyen an.
Sòti 5 rive 11 dawout 2023, se te kongrè Mouvman Peyizan Papay (MPP) nan « Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan » an, ki nan twazyèm seksyon kominal Ench, Ayiti. Kongrè 50 rekòt kafe a (1973-2023) fèt anba tèm – MPP 50 ane lit, pou konstriksyon yon Ayiti sosyalis. Nan okazyon sa a William Jeanty te reyalize yon gwo bat bouch sou MPP nan pwojè peyizan an ak sosyalism l ap pwonnen an.
Mouvman Peyizan Papay (MPP) selebre 50 rekòt kafe li (1973-2023) nan batay pou yon chanjamn sosyal an Ayiti. Selebrasyon kongrè a fèt anba tèm – MPP 50 ane lit, pou konstriksyon yon Ayiti sosyalis, sòti 5 dawout pou rive 11 dawout 2023 nan « Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan » an, ki nan twazyèm seksyon kominal Ench, Ayiti. Plizyè pèsonalite te pran lapawòl, pami yo, Ekonomis, Sosyològ Camille Charlmers kote li te bay opinion li sou sitiyasyon sosyopolitik peyi a.
Plis pase pase 400 jèn te rasanble sòti 21 pou rive 27 Dawout 2023, nan zòn papay twazyèm seksyon kominal Ench, espesyalman nan lokal Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan. Se yon tradisyon kote chak ane Mouvman Peyizan Papay (MPP) depi 25 ane ap òganize kan pou jèn yo. Se yon kan ki te fèt anba tèm : jèn yo nan konstriksyon yon Ayiti sosyalis. Nan menm ane sa a, MPP te selebre 50 ane egzistans li anba tèm : MPP 50 ane lit, pou konstriksyon yon Ayiti sosyalis. Nan okazyon ouvèti ofisyèl kan an nan dat 22 dawout 2023, Sovenie Jean-Baptiste ak Diodat Elie te pale sou istwa JTP ak angajman jèn yo nan MPP.
MPP depi nan nesans li nan ane 1973 la, kwè nan devlope yon veritab ediksyon popilè an Ayiti, espesyalman nan enterè klas peyizan yo. MPP se pitit edikasyon popilè, se pitit òganizasyon popilè. Edikasyon popilè nan MPP pran non animasyon pou chanjman sosyal. Nan yon premye tan, fondatè MPP a [Chavannes Jean-Baptiste], se an menm tan fondatè metòd animasyon pou chanjman sosyal la. Li t ap travay anba diktati Divalye a, nan sans sa, li te prefere di pito animasyon olye animasyon pou chanjman sosyal la. Edikasyon popilè a se yon edikasyon altènativ k ap fè valorizasyon ak jesyon patrimwàn kiltirèl ayisyen yo. Atik 15 nan estati MPP an montre priyorite li bay patrimwàn kiltirèl ayisyen an, lè li mansyone : « bay kilti natif natal nou yo valè, wete tout vèdegri lòt peyi jete sou kilti peyi a etan n ap bay pwodiksyon natif natal nou yo valè (manje, mizik, lang kreyòl, pwovèb yo, elatriye) […] » ( Estati MPP, 2013, PP – 10-11). Travay valorizasyon kontni kiltirèl ayisyen an pase atravè twa wòch dife MPP chita sou yo, tankou : fanm, gason ak jèn yo. Nan sans sa, nan lide pou MPP pouse jèn yo fè rechèch, fòme tèt yo, li mete kanpe JENI 50 tyèm nan objektif : ranfose kapasite ak angajman jèn yo sou ansanm aks entèvansyon li yo, tankou : istwa MPP, agwoekoloji peyizan, anviwònman, politik MPP, plan estratejik MPP, sante natirèl, elatriye.
Nan okazyon jounen 5 jen 2024 la, MPP te envite tout moun k ap viv nan vil Ench ak zòn anviwonant yo pou yo patisipe nan aktivite gastwonomik, kiltirèl ak konferans ki fèt sou pwoblematik anviwònman nan lokal Sant lakay ki chita nan twazyèm sekyon kominal Ench lan. Ofisyèlman jounen sa a louvri sou direksyon animatè yo – Makendy Cadet ak Nadège Saintil, sitou aprè monte drapo ak prezantasyon mistik revolisyonè a. Plis pase 200 moun vini patisipe nan evènman sa a kote yo patisipe nan konferans yo, nan manje manje natif natal, tankou : tchaka, doukounou, bwè akasan, pendou elatriye. MPP te bay patisipan yo plantil, semans ak fè yo vizite fèm agwoekolojik lan. Nan kesyon pèfòmans atistik, Ibolele bay plizyè pèfòmans ki dekri konsèp jounen an. Atis Lolo chante yon tèks sou anviwònman an, k ap dekri kòman anviwònman fin degrade. Yon tèks ki sansibilize moun sou fason yo dwe viv nan amoni avèk lanati, paske lanati ap kriye, lanati ap rele pou anviwònman k ap fin detrui. Anplis, reyalizasyon final twazyèm edisyon jeni 50 tyèm MPP an anba tèm : Agwoekoloji peyizan, sèl mwayen pou nou kaba grangou ak refwadi planèt la. Direksyon egzekitif MPP an pwofite tou bay plizyè militan plak merit ak onè nan kad disiplin yo, senplisite yo, onètete yo, dinamik yo ak angajman yo nan òganizasyon an, anplis pou angajman yo nan lit pou chanjman sosyal la an Ayiti. Se yon aksyon senbolik ki kòmanse fèt depi nan kongrè 50 tyèm anivèsè MPP an. Militan ki resevwa plak yo se : Dieugrand Jean-Baptiste ; Mulaire Michel ; Jean-Claude Monerot ; Philefrant ST Naré ; Roro Naval ak Junior Cherelus.
Pandan jounen mèkredi 23 dawout 2023 nan okazyon 25 kyèm edisyon kan jèn yo anba tèm : jèn yo nan konstriksyon yon Ayiti sosyalis, plizyè jèn nan MPP te soumèt refleksyon yo sou agwoekoloji peyizan an. Nan sans sa, kamarad Faudeline Florelus di kisa AE a ye ak bay ki objektif li. Kamarad Gerline Jeannot prezante diferans ki genyen ant AE ak agrikilti endistriyèl la pandan li idantifye chak mak fabrik 2 sistèm pwodiksyon sa yo. Alexander Placide ede konprann ansanm avantaj AE a genyen. Kamarad Gumpson Cherenfant dekri ansanm prensip ak pratik AE yo
Plizyè reprezantan òganizasyon nan nivo entènasyonal la te pran lapawòl pandan kongrè 50 tyèm (1973-2023) Mouvman Peyizan Papay (MPP) la. Pami yo, Erica Rodriguez, reprezantant Mouvman Peyizan San Tè (MST) nan peyi Brezil la. Li te fè yon analiz sou kontèks entènasyonal la pandan kongrè a. Se yon kongrè ki fèt anba tèm “MPP 50 ane lit, pou konstriksyon yon Ayiti sosyalis”
Pwoblèm peyizan yo se yon pwoblèm mondyal. Chak peyi an fonksyon estrikti sosyal yo poze pwoblematik tè a nan fason yo. Nan peyi Brezil genyen gwo batay peyizan yo ap fè pou yo kapab rekipere tè grandon boujwa yo fè dappiyanp sou yo. Nan kad batay sa yo nan jounen 17 avril 1996, nan yon kominote ki rele Eldorado de Carajás nan Eta Para, Lapolis nan peyi Brezil asasine plizyè peyizan ki manm MST (Mouvman Peyizan San Tè). Genyen 19 peyizan ki mouri sou plas, genyen 2 lòt ki ale mouri lopital. Se nan memwa masak sa a,
Jounen 16 avril 2024 la, plis pase yon santèn manm ki nan gwoupman MPP yo sòti nan plizyè lokalite direfan tankou : Basen zim, Gwannit, Sigerit, Ferye, Kare Savann, Papay, elatriye; yo te vin patisipe nan asanble zòn Papay-Basen Zim, nan lokal sant lakay la. Asanble zòn lan se youn nan prensip ki andedan estati MPP an. Nan atik 34 la li mansyone sa a : trazyèm nivo asanble MPP, se asanble zòn. Asanble zòn lan fòme ak 4 asanble lokal omwens. Li reyini òdinèman chak 3 mwa ak tout gwoupman yo andedan asanble lokal ki nan zòn lan. [Se yon komite kòdinasyon ki dirije li]. Pami animatè MPP ki t ap dirije asanble sa a se kamarad Dioda Elie, Gislaine Saint-Fleur ak Louicius Bernard.
Tèm 17 avril ane sa a nan MPP : « Dwa peyizan yo sou tè pou yo pwodwi manje lakay ».
Mouvman Peyizan Peyizan (MPP) ap òganize depi 25 ane yon kan ki batize kan souverènte alimantè a. Konsèp souverènte alimantè a se youn nan chwal batay òganizasyon an. Nan ane 2023 ki fè òganizasyon an 50 ane nan batay pou chanjman sosyal la an Ayiti, plis pase 400 jèn delege sòti nan divès òganizasyon (popilè, peyizan, ouvriye, pwofesyonèl, elatriye), nan majorite depatman peyi d Ayiti ak prezans delege nan nivo entènasyonal la, menm si yo tout pa t jwenn chans antre an Ayiti parapò konjonkti sosyopolitik la.
Chavannes Jean-Baptiste fondatè Mouvman Peyizan Papay (MPP) la, entwodwi woumble a nan fè yon rapèl sou ansanm evènman MPP deside reyalize nan okazyon 50 tyèm anivèsè l, anviwònman an se 3 zyèm lan. Li vini aprè woumble kont dappiyanp sou Tè ak Min, aprè Agwoekoloji Peyizan ki te fèt respektivman ant 14-18 Avril, ant 30 Jen pou rive 4 Me 2023. Dat yo chwazi an fonksyon yon jou enpòtan ki genyen rapò ak tèm lan. Tè ak Min lan se otou 17 Avril l, nan jounen entènasyonal lit peyizan yo pou latè ; Agwoekoloji peyizan otou 1 Me, nan fèt agrikilti ak travay. Woumble sou anviwònman an fèt nan « Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan », sòti 2 pou rive 6 Jen 2023, sa vle di, otou 5 Jen an ki se « Jounen Entènasyonal Anviwònman an ». Se an 1972, nan yon Konferans Nasyon Zini nan vil Stockholm peyi La Suède te lanse Jounen Entènasyonal Anviwònman an, men se nan dat 5 Jen 1973, selebrasyon premye jounen entènasyonal la te fèt. Sa fè ekzatman 50 ane, an 2023. Sila a kontre bab pou bab ak nesans MPP, an 1973. MPP byen kontan kowensidans sa a paske defann anviwònman an se youn nan pi gwo cheval batay MPP an.
Sòti 22 rive 25 Novanm 2023, estrikti fanm nan Mouvman Peyizan Papay (MPP) lan te òganize yon gwo woumble kote anpil fanm te sòti toupatou nan depatman sant nan pou yo vini selebre nan Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan an ki lokalize li nan twazyèm seksyon kominal Ench. Woumble sa a te fèt anba tèm : wòl fanm riral yo nan souverènte alimantè peyi d Ayiti. Estritki fanm MPP an t ap selebre 43e rekòt kafe li, anndan 50 rekòt kafe MPP an pandan menm ane 2023. Direksyon egzekitif nan MPP an te pwofite onore anpil fanm pou angajman yo, dinamik yo, disiplin yo ak leadership yo anndan òganizasyon an, elatriye. Se t ap yon woumble wòdpòte men konjonkti sosyopolitik peyi a fè li pa t rive reyalize nan nivo sa te dwe fèt la. Nan ouvèti ofisyèl woumble a plizyè dirijan MPP te pran lapawòl.
29 rekòt kafe Radyo Vwa Peyizan (RVP) nan edikasyon popilè a.
Nouvèl sou rapò yon gwoup chèchè Inivèsite Michigan, yon Inivèsite meriken pibliye sou Ayiti nan mwa fevriye a. Nouvèl sa a fè anpil moun sezi, nouvèl la fè konpayi meriken k ap vann diri an Ayiti yo tire pye yo. Nou menm nan MPP nou pa sezi paske nou deja konnen tout pwodwi ki sòti nan modèl agrikilti endistriyèl la toksik kidonk yo tout gen anpil kalite pwazon nan yo. Men genyen pwodwi ki genyen pi gwo dòz pwazon selon sòl kote yo pwodwi yo, selon kantite pwodwi chimik yo itilize nan pwosesis pwodiksyon an.
Nan jounen ouvèti ofisyèl kongrè 50 tyèm MPP an nan dat 7 dawout 2023 nan twazyèm seksyon kominal Ench, espesyalman nan lokal Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan an, plizyè dirijan MPP te pran lapawòl pou yo eksprime lakontantman yo nan kongrè a. Anpil mo remèsiman ak byenveni voye bay tout delege ki fè deplasman nan nivo nasyonal ak entènasyonal la. Dirijan yo remèsye tout patnè MPP yo ki kontribye nan egzistans li pandan 50 rekòt kafe a. An n li ansanm nan liy anba yo diskou dirijan MPP yo.
973-2023, li te bay 50 rekòt kafe Mouvman Peyizan Papay (MPP) la. Òganizasyon an te reyalize kongrè 50 tyèm li nan prezans plizyè santèn delege ki sòti nan divès òganizasyon popilè yo, peyizan yo ak etidyan yo, elatriye. Anpil lòt delege te sòti nan kèk òganizasyon nan nivo entènasyonal la, pami yo, Erica Rodrigues pou MST nan peyi Brezil, Morgan Ody Kòdonatris La Via Campesina (LVC), Miguel Angel Izaga Vial responsab kominikasyon nan LVC. Genyen kèk delege nan nivo entènasyonal la ki pa t rive prezan pandan kongrè a parapò pwoblèm ensekirite a. Yo te jwenn tou difikilte pou yo antre an Ayiti nan moman an. Sila yo ki antre an Ayiti yo se gwo sakrifis ki fèt bò kote yo kòm militan politik revolisyonè. Kontèks reyalizasyon kongrè 50 ane MPP an te vrèman difisil an Ayiti parapò kriz politik, ekonomik ak sosyal yo ki kontinye ap taye banda a. MPP kòm òganizasyon ki fè deja 50 ane egzistans li nan batay pou yon chanjamn sosyal an Ayiti te rive reziste reyèlman nan kriz sa yo pou li òganize kongrè a. Se yon kongrè ki fèt anba tèm – MPP 50 ane lit, pou konstriksyon yon Ayiti sosyalis, sòti 5 dawout pou rive 11 dawout 2023 nan « Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan » an ki nan twazyèm seksyon kominal Ench, Ayiti.
MPP pran nesans nan ane 1973, nan kreyasyon 2 gwoupman peyizan ki te koumanse fè jaden kolektif kòm aktivite yo. Nan moman sa a, peyizan yo nan rejyon an pa te konnen lòt modèl pase agrikilti peyizan an. Nou te deside travay ak yo pou yo amelyore sa yo konnen deja. Nou te entwodwi kèk teknik nouvèl nan jaden sa yo pou yo te kapab eksperimante, aprann tankou metòd konsèvasyon sòl, pwodiksyon konpòs, itilizasyon gwano, melanje bon tè ak sann dife pou yo fè pwodiksyon papay ak pwodiksyon legim yo. Nou te entwodwi tou pwodiksyon legim nan zòn lan apati menm gwoupman sa yo. MPP kwè nan modèl agrikilti peyizan agwoekolojik la paske agrikilti endistriyèl la ap simen lanmò.
Nan kad 50 rekòt kafe Mouvman Peyizan Papay (MPP) la, òganizasyon an òganize yon gwo woumble nan « Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan » sòti 14 rive 18 avril 2023. Se yon woumble nasyonal kont dappiyanp sou tè ak min. Li fèt anba tèm : « tè agrikòl yo se pou peyizan k ap travay tè yo ». Woumble a reyini plis pase 90 delege ki sòti nan plizyè òganizasyon (etidyan, popilè, sendikal ak peyizan) nan nivo nasyonal ak entènasyonal la. Objektif woumble a se fè konnen dappiyanp sou tè ak min, se yon krim sosyal ak anviwònmantal entènasyonal. Pèp yo dwe konbat li. Pèp yo dwe lite jis yo jwenn jistis klimatik la.
17 fevriye 1947, 17 fevriye 2024 fè mwen 77 rekòt kafe jan sa sikile toupatou.
Mwen te jwenn anpil felisitasyon nan jou sa, mwen te jwenn anpil moun fè mwen konnen jan yo renmen m, jan mwen te sèvi yo, ede yo nan yonn ou lòt okazyon. Misyon mwen bay tèt mwen : Sèvi moun yo fè pòv yo espesyalmman peyizan yo ak jèn yo.
si w pa sere w pa p chofe ladan l
Sere pou Chofe se bank pèp la e
Vini sere pou ka chofe ladan l.
Nan okazyon jounen entènasyonal dwa timoun yo nan dat 20 novanm, kòdinasyon pwojèn MPP deside relanse Pre-Pepinyè Jèn travayè Peyizan (PPJTP) ak Pepinyè Jèn Travayè Peyizan (PJTP). Se yon evènman ki fèt nan Sant Lakay Papay, nan dat 22 novanm 2025, anba tèm : MPP rekòmanse nan rasin nan pou yon lòt 50 ane. Nan eslogan : Ti moun yo se rasin MPP. Anviwon 300 timoun vini patisipe nan rasanbleman sa a. Objektif jounen sila a : relanse ofisyèlman mouvman PPJTP ak PJTP ki te deja egziste men ki pa t aktif. MPP se yon òganizasyon ki egziste jenerasyon an jenerasyon, sepousa aprè 52 ane batay, dirijan yo vle afime yon lòt fwa angajman timoun yo pou yon lòt 50 ane.
Devan pòt la.
Kòdinasyon pwojè Ranfò Lavi Peyizan (RLP) reyalize yon evènman bilan sou twa (3) ane egzekisyon li nan de (2) komin nan depatman sant Ayiti, espesyalman komin Ench ak Mibalè, nan dat 21 novanm 2025 nan Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan/Sant lakay. Objektif pwojè Ranfò Lavi Peyizan (RLP) : ranfòse aktivite gwoupman yo, tankou : jaden, elvaj ak fòmasyon sou mityèl solidarite, agwoekoloji, dechè plastik ak pwodui endistriyèl yo. Devlope aksyon nan kad pwoteksyon anviwònman apati komite sitwayen yo […] Plizyè dizèn delege gwoupman yo ; delege komite sitwayen ; delege Brigad Agwo silvikòl (BAS) ; manm direksyon egzekitif MPP ; manm GRADIMIRH ; reprezantan Direksyon Depatmantal Agrikilti Sant (DDA-S) ak anviwònman an, yo te reponn prezan nan okazyon sila a. Nan jounen pòt louvri sou bilan pwojè sa a, plizyè aktivite te nan pwogramasyon an, pami yo : animasyon ak monte drapo ; mo byenvini (Alexander Placide ak Jesula St-Fleur) ; prezantasyon kòdinasyon pwojè a ak animatè yo ; idantifye reprezantan zòn ki prezan yo ; mizankontèks (Michel Ange Jean Noёl) ; bilan sou pwojè a (Mulaire Michel) ; prezantasyon temwanyaj (Childéric Placide, Délourde Lormé, Prentoir Claude Milius ak Ronald Dimercier) ; dokimantè sou pwojè a ; ekspozisyon (plantil, liv, foto,…) ; kesyon ak kòmantè ; mo finisman ak manje tchaka ansanm.
Mo byenvini Alexander Placide (manm kòdinasyon pwojè a) sou evènman an.
Maten an nou kontan salye tout manm gwoupman MPP ki prezan, reprezantan DDA-S, reprezantan direksyon egzekitif MPP (Juslène Tyrésias), kòdinasyon Ranfò lavi peyizan, manm komite sitwayen yo, reprezantan nan Ministè anviwònman (Dumanesse Jean), reprezantan lekòl fòmasyon teknik agrikòl Senterèz Papay (Luckman Prophile), reprezantan gwoupman jwanarya, reprezantan komite sitwayen jèn yo nan jwanarya, reprezantan gwoupman ak BAS ki soti nan dezyèm seksyon kominal Ench/mamon, reprezantan gwoupman ak BAS ki soti nan katriyèm seksyon kominal Ench, reprezantan gwoupman ak BAS ki soti Mibalè, reprezantan gwoupman ak BAS ki soti Agwaydjonn riv goch, reprezantan gwoupman ak BAS ki soti Basen Zim, ekip kominikasyon MPP ak tout dirijan ki soti Ench, tout manm laprès ki prezan, nou di nou byenvini !
Pawòl Michel Ange Jean Noёl (kòdonatè GRADIMIRH).
Jodi a, nou vini asiste yon bilan sou aktivite ki reyalize pandan 3 ane nan kad pwojè Ranfò Lavi Peyizan (RLP). Se yon pwojè ki te genyen twa (3) gwo faz. Objektif nou nan jounen bilan sa a, se pataje ansanm aktivite nou te reyalize pandan 3 ane (2022-2025). Aktivite sa yo rive fèt gras sipò finansman Frères Des Hommes (FDH), Agence Française de Développement (AFD) ak MISEREOR. Nan nivo lokal se GRADIMIRH ak MPP ki operasyonalize pwojè a nan depatman sant, espesyalman nan komin Ench ak Mibalè, nan 8 seksyon kominal kote chak komin genyen 4 seksyon kominal yo travay ladan yo. Piblik sib pwojè a se manm MPP, sa vle di, 53 gwoupman peyizan ; 33 BAS ; 7 komite sitwayen. Objektif pwojè a se : ranfòse aktivite gwoupman yo, tankou : jaden, elvaj […] Devlope aksyon nan kad pwoteksyon anviwònman apati komite sitwayen yo. Pami reyalizasyon yo : fòmasyon sou mityèl solidarite, agwoekoloji, pwodui endistriyèl, ak dechè plastik. Pwodiksyon elvaj kabrit, ti elvaj animal, […] Pwodiksyon plis pase 200 kabrit, plis pase 1800 zouti distribye, plizyè tòn semans distribye (mayi, bannann, pwa). Plizyè kit pou bati lantiraj. Apui ak suivi teknik sou travay gwoupman yo. Anviwon 23 pasèl agwoekolojik konstrui ; pwodiksyon 63 000 plantil […] Pakont, genyen kèk pwoblèm pwojè a te rankontre, pami yo, : konsekans dezòd klimatik lan ; anpil fwa gwoupman yo plante se pa yo ki rekòlte, sa vle di yo vòlè rekòlt yo ; pwoblèm entèn, elatriye.
Pawòl Mulaire Michel – kòdonatè pwojè a.
Bonjou tout moun. Mwen pwofite okazyon sa a pou mwen revoye gwo salitasyon pou tout moun ki prezan jodi a. Nan kad pwojè sa a, nou travay nan de (2) komin nan depatman sant lan, Ench ak Mibalè. Se kontrent ekonomik yo ki fè se nan komin ak seksyon kominal sa yo nou travay. Nou te chwazi 3 kolektif : 33 BAS, 53 gwoupman MPP, 7 komite sitwayen (ki travay nan prezèvasyon lanati). Nou enterese ranfòse kapasite aktè yo nan kominote a. Plizyè tèm nou rive devlope nan kad fòmasyon yo. Nou fè fòmasyon pou 18 kad sou prejije ki genyen sou moun nan sosyete a, sitou sou fanm yo, timoun yo ; apwoch oryante pou chanjman (AOC) ; 6 sesyon fòmasyon ki konpoze yo chak 30 patisipan sou pwoblematik tè a. Pwodiksyon depliyan, 3 emisyon radyofonik, yon espòt radyo ; fòmasyon sou kontabilite baz pou 53 gwoupman ak 33 BAS ; 32 gwoupman fòme pou elvaj kabrit ak swen veterinè ; nan ekonomi sosyal ak solidè fòmasyon pou 20 kolektif gwoupman sou mityèl solidarite ; fòmasyon sou dechè plastik ; fòmasyon sou pwodui endistriyèl ; fòmasyon sou agwoekoloji peyizan ; patisipasyon 120 jèn pandan 4 ane nan Kan nasyonal souverènte alimantè nan MPP ; akonpayman 33 BAS nan kad ranfòsman, 14 pepinyè ki pwodui plis pase 33 000 plantil ; akonpayman 4 regwoupman gwoupman ; 4 echanj peyizan ak peyizan […]
Jodi a, nan kad travay n ap fè sou pwoteksyon anviwònman an, komite sitwayen yo genyen rekonesans legal nan Ministè Afè Sosyal ak Travay (MAST). Nan moman ap genyen tab sektoryèl sou anviwònman y ap vin yon gwo aktè k ap defann anviwònman an. Ansanm aksyon sosyal sa yo pa mache san pwoblèm. Pami pwoblèm yo se ensekirite/banditis kote anpil sitwayen soti Sodo ak Mibalè oblije kite kay yo. Bandi yo kraze anpil pak kabrit ak jaden. Pwoblèm dlo tou se youn nan konsekans dezòd klimatik la. Mankman patisipasyon lòt òganizasyon k ap aji sou menm aspè yo ki bay dekourajman. Anpil pwodui pa rive vann sou mache a nan dinamik “dumping” ekonomik lan, sa vle di, pwodui pèpè yo k ap vann pi ba pri sou mache a kote yo jwenn sipò Leta peyi yo soti a. Pwoblèm gaz sou mache nasyonal oswa lokal la ki fè pri transpò yo monte. Se youn nan pi gwo pwoblèm nou konnen […]
Lunel Pierre (responsab teren nan GRADIMIRH) sou temwanyaj yo.
Responsab teren an prezante videyo ak pami temwanyaj yo, tankou : Childéric Placide, Délourde Lormé, Prentoir Claude Milius ak Ronald Dimercier.
Childéric Placide – bonjou tout moun. Mwen se moun Lospalis. Mwen se yon manm gwoupman depi 1975, pami premye animatè nan MPP, sekretè gwoupman Lapasyans nan Lospalis. Si mwen genyen temwanyaj nan kad pwojè RLP, mwen konstate depi sou mo RLP an nou kapab konprann sa pwojè a t ap vini fè yo. Genyen anpil chanjman li pote. Gwoupman mwen an te konnen anpil pwoblèm finansman ak ankadreman. RLP te itilize plizyè estrateji pou li ede nan domèn agrikòl, zouti agrikòl (wou, manchèt, awozwa, derapin). Nan fòmasyon ak ankadreman gwoupman yo rive jwenn sa pèmèt yo vin plis pèfòman nan travay yo. RLP fè anpil fòmasyon, kòdonatè pwojè a – Mulaire Michel deja pale sou yo, men genyen youn nan yo ki enpòtan pou n pale se pwoblematik tè a. Li ede gwoupman yo nan elvaj, semans, antretyen jaden, sekirite jaden yo. Li pote lavi pou nou, chanjman pou nou nan tout sans. Nan non tout gwoupman yo, nou di pwojè Ranfò Lavi Peyizan/RLP mèsi pou tout sipò li yo.
Nan yon lòt bò, reprezantan – BAS nan Lakabouy : Délourde Lormé, […] salye prezans chak moun ki prezan pandan li mete aksan sou enpòtans konstriksyon pepinyè yo nan kad pwojè a. Li ankouraje nou kontinye pran swen tè, pye bwa yo paske se yo menm ki bay nou lavi. Li fini pou li di “viv prezans pepinyè nan mitan nou. Mèsi anpil pou atansyon nou”.
Reprezantan kòdinasyon komite sitwayen an – Prentoir Claude Milius, li drese yon bilan sou ansanm aktivite li viv nan pwojè a. Ronald Dimercier, reprezantan gwoupman yo montre satisfaksyon li nan pwojè a, lè li souliye :
Mwen salye tout estaf MPP, kòdinasyon GRADIMIRH, reprezantan DDA, reprezantan direksyon ministè anviwònman ki prezan. Mwen reprezante yon gwoupman nan jwanarya, espesyalman nan Tè kase. Gwoupman mwen jwenn yon sipò 11 kabrit nan pwojè a ki jodi a pase 35 kabrit. Nou kontan tout fòmasyon nou jwenn nan tout nivo nan kad pwojè a. Mèsi anpil pou sipò nou.
Rezime dokimantè sou pwojè Ranfò Lavi Peyizan.
Se yon dokimantè ki fèt sou yon moso aktivite nan pwojè RLP nan Lospalis ak jakòb. Li bay yon bilan sou yon aspè nan pwojè a. Li eksplike kòman kontribisyon pwojè RLP pèmèt peyizan yo aji efikasman. Benefisyè yo fè konprann kòman yo vin jwenn plis rannman nan travay jaden yo, sitou nan pwodiksyon manyòk, bannann, pwa wouj ak pwa kongo. Plantasyon kann nan yon kawo tè edmi ki bay 56 tonn kann. Genyen 32 gwoupman kote yo chak benefisye kabrit, zouti travay ak fòmasyon. Nan 2 ane pwojè RLP konstrui 14 pepinyè, 52 000 plantil ak distribisyon 3850 zouti agrikòl. Pwodiksyon plantil bwa, papay, travay tè ak konbit […]
Boutofen, Mulaire Michel, kòdonatè pwojè a, an menm tan, kòdonatè ekip teknik MPP an, li montre satisfaksyon li malgre kèk ti limit pwojè a nan kad pwoblèm yo t ap konfronte yo. Selon li menm : “ mwen kapab di wi nou atenn objektif nou suivan sa nou te fikse yo. Nou reyalize aktivite yo ak pwodui dokiman yo. Wòl tout aktè yo genyen se rive kenbe aktivite sa yo vivan nan kominote a”. Nan mo remèsiman li : “nan non tout ekip la, direksyon egzekitif MPP, GRADIMIRH, nou di laprès pale ak ekri, ekip komnikasyon MPP, tout reprezantan gwoupman yo, reprezantan ministè anviwònman ak agrikilti a, MÈSI ! Yon gwo aplodisman pou nou. N ap toujou prezan ak nou. N ap jwenn rezilta evalyasyon ki te fèt la”. Se yon evènman ki fini nan manje tchaka ansanm, sa vle di nan valorize youn nan patrimwàn gastwonomik Ayisyen an. Se youn nan prensip filozofik MPP. Anbyans sa a eksprime kè kontan kamarad yo. Reyisit pwojè sa a, se prèv ki montre MPP ap tounen nan prensip 73 yo : disiplin, travay ak solidarite. Òganizasyon ou lanmò !
Kòdinasyon pwogram Mouvman Fanm MPP a, lanse premye jounen aktivis la nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan/ Sant Lakay avèk patisipasyon san senkant (150) fanm ki sòti nan tout depatman Sant peyi d Ayiti a.
Jeudi 13 Novembre 2025 , je me suis portée partie plaignante face aux violences faites aux femmes et aux filles haitiennes dans le tribunal des femmes ayant lieu au sommet des peuples à Belém do Pará. Les juges ont pris en compte les plaintes de 10 femmes venant de 10 pays différents dont Haiti faisant partie.
Sommet des Peuples qui se réunit à Belém do Pará face au COP30