Nos realisations

Mouvman Peyizan Papay (MPP) patisipe nan fòmasyon sou refleksyon “marxisme”

Yon karantèn (40) delege te patisipe nan ranfòse kapasite yo nan fòmasyon politik ak ideyolojik anba tèm jeneral – “refleksyon sou maksis”, nan Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon kad Peyizan/Sant Lakay, soti 12 rive 16 avril 2026. Se yon fòmasyon ki planifye depi lontan men kontèks sosyopolitik peyi a pa t pèmèt sa a. Sevre done yo pa evolye nan bon sans tèm nan, men kòm òganizasyon pwogresis revolisyonè genyen yon adaptasyon ki oblije fèt nan sans sa a. Fòmasyon an enskri li nan suivi pwogramasyon Lekòl Fòmasyon Politik Charlemagne Péralte (LFPCP). Se yon lekòl fòmasyon politik ak ideyolojik k ap fòme òganizasyon popilè yo nan pran wout konstriksyon yon Ayiti sosyalis. Li sou onzyèm pwomosyon kote chak genyen 40 fanm ak gason ki sòti nan majorite depatman peyi a. L ap mennen pratik ideyolojik ak politik li sou direksyon 4 je kontre ([MPP] ; [Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay [MPNKP] ; Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen [TK] ; KROS [Kòdinasyon Rejyonal Òganizasyon Sidès]) . Se yon platfòm peyizan ki pran nesans nan ane 2007, ki jodi a deside pran opsyon batay pou yon Ayiti sosyalis. Youn nan responsabilite dirijan yo se metrize kouran sosyalis la ; òganizasyon yo dwe mete yo dakò sou kouran sa a ; mete kanpe pwogram edikatif nan fè konnen nannan kouran  sa a.

En savoir plus

Fòmasyon sou kriz Klimatik nan Mouvman Peyizan Papay (MPP)

Nan kad fòmasyon sou chanjman klimatik nan Mouvman Peyizan Papay (MPP), ki fèt soti 26 rive 28 avril 2026 nan Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo, anviwon trant (30) patisipan te reyini pou reflechi sou fenomèn kriz klimatik la. Jounen 27 avril la te genyen yon reta bò kote ekip ki t ap soti Sen Michèl aprè 44 Asanble Mouvman Peyizan Bayonè (MPB), men sa pa t anpeche aktivite yo dewoule nòmalman. Sesyon an te kòmanse ak prezantasyon patisipan yo, pami yo ansanm delege ki soti nan Latibonit, Nòdès ak Sant, kòm reprezantan Òganizasyon Fon Peyizan Wanament (OFPW), MPB, komite sitwayen ak MPP.

En savoir plus

Pratik sosyal Gwoupman Vwa Libète (GVL) nan Mouvman Peyizan Papay (MPP)

Depi nan nesans MPP nan ane 1973 li kwè nan yon ansanm pratik tradisyonèl ak eleman kiltirèl materyèl ak imateryèl ki kontinye rete kòm mak fabrik li. Pami yo : lang kreyòl ; agrikilti peyizan agwoekolojik ; pratik konbit ; dans tradisyonèl, elatriye. Ansanm pratik sa yo rete vivan nan mitan gwoupman yo. Gwoupman yo se potomitan MPP. Pa genyen MPP san egzistans gwoupman yo. Nan estati òganizasyon an genyen yon ansanm prensip gwoupman yo dwe respekte. Chak gwoupman dwe genyen  yon aktivite ekonomik. Sepandan, tout gwoupman pa dinamik nan menm nivo. Toujou genyen fòmasyon an pèmanans k ap fèt pou kreyasyon gwoupman yo, sa pa anpeche anpil ladan yo pa dinamik. Genyen plizyè faktè ki kapab esplike sa a, men sa mande tou yon rechèch plis nan rasin.

En savoir plus

Refleksyon Yolda Lunscie Raphaёel sou tèm : dekri pratik sosyo-politik prezidan Ibrahim Traoré nan eritaj politik ansyen prezidans Thomas Sankara nan peyi Boukinafaso

Komite konkou literè a sou direksyon kòdinasyon pwogram jèn nan MPP reyalize dezyèm edisyon konkou literè Bèlyeniz Jan Batis sòti 5 jen rive 28 novanm 2025, anba tèm: « dekri pratik sosyo-politik prezidan Ibrahim Traoré nan eritaj politik ansyen prezidans Thomas Sankara nan peyi Boukinafaso », nan eslogan «  Ibrahim Traoré se Thomas Sankara nan yon lòt kò ». Se yon konkou ki fèt pou elèv ki nan nivo NS2 rive nan NS4 nan depatman sant peyi d Ayiti. Li genyen pou objektif ankouraje bon jan rechèch istorik otantik pou anrichi konesans elèv yo sou istwa sosyopolitik peyi Afrik yo. Pwodiksyon tèks elèv yo fèt nan lang kreyòl ayisyen an, se yon fason pou MPP kontinye bay jarèt nan valorize eleman kiltirèl ayisyen an. Elèv Yolda Lunscie Raphaёl rive nan twazyèm pozisyon. Li nan nivo NS3 epi idantifye nan nimewo 006. Li soti nan Collège Sacré Cœur de Papaye. Li resevwa yon pri : 15 000 goud + kit + plak. Li rive nan twazyèm pozisyon kote li fè 530 pwen. An n li ansanm disètasyon li te prezante a ki respekte tout demach metodolojik li a. Nan atik sa a nou korije senpman fot otograf yo. Nou respekte tout fonnman pawòl otè a.

En savoir plus

Mouvman Peyizan Papay (MPP) renouvle angajman li nan komemorasyon jounen entènational lit peyizan yo

Yon santèn delege patisipe nan asanble ki fèt nan dat 17 avril la ki make komemorasyon jounen entènasyonal lit peyizan yo. Se toujou yon angajman sosyopolitik pou MPP komemore jounen sa a, sitou nan lokal Sant Lakay Papay. Rasanbleman an te fèt pou MPP anba tèm : Peyizan ayisyen, an n makònen fòs nou kont okipasyon peyi d Ayiti.  An n gonfle fòs nou kont vòlè tè yo ki dechennen. Tèm La Via Campesina (LVC) chwazi pou ane 2026 lan : inite kont enperyalis, neyokolonyalis ak kriminalizasyon lit peyizan yo ak polisyon teritwa nou yo. Sòti 17 Avril 1996 rive 17 Avril 2026, sa fè 30 ane depi fòs enperyalis nan peyi Brezil espesyalman nan “Eldorado dos Carajás, État du Pará” te asasine plis pase 19 peyizan “Mouvement des Travailleurs Ruraux Sans Terre” (MST). Se nan objektif sa a, La Via Campesina chwazi dat 17 Avril la kòm Jounen entènasyonal Lit Peyizan yo. LVC konprann nesesite pou li : onore peyizan ki te viktim yo nan dat 17 avril la ; batay kont dappiyanp k ap fèt sou tè agrikòl yo, paske tè agrikòl dwe nan men peyizan k ap travay tè ; kontinye batay nan kenbe otodetèminasyon ak souverènte pèp k ap konbat agresyon pwisans enperyalis yo. Se yon asanble ki fèt nan menm moman rankont elajisman 4 je kontre. Li se yon platfòm peyizan ki pran nesans nan ane 2007. Platfòm nan konpoze : ([MPP] ; [Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay [MPNKP] ; Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen [TK] ; KROS [Kòdinasyon Rejyonal

En savoir plus

DEKLASYON 45YÈM ASANBLE JENERAL MPP

Soti 19 pou rive 21 Mas 2026, nou menm 300 delege Jèn, Fanm ak gason manb MPP, nou te reyini nan 45yèm Asanble òdinè MPP nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo : SANT LAKAY, nan Papay. Tèm Asanble a se : Peyizan…. Ann Reziste kont Okipasyon.

En savoir plus

Login

Register

terms & conditions