Femmes MPP

REFLEKSYON FANM POTO MITAN MPP AN SOU 8 MAS, JOUNEN ENTENASYONAL FANM YO

Lit fanm  yo atravè lemonn gen plis pase yon syèk depi l kòmanse, l ap avanse san pran souf, yon reyalite fondamantal ki lakoz Nasyonzini deklare l epi ratifye 8 Mas kòm jounen entènasyonal Fanm depi 1977.

Se vre 8 Mas la, senbolize yon dat esansyèl nan kalandriye lemonn kote refleksyon ak aksyon sou revandikasyon fanm yo toujou fè aktyalite toupatou sou fas tè a. Yon dat ki toujou sonnen trè fò nan zòrèy tout moun nan lemonn. Nou kapab mande, ki chanjman dat sa a pote nan revandikasyon fanm yo ?

 Malgre tout aksyon ki poze jis jounen jodi a, Lit Fanm yo rete antye akoz sistèm peze souse a sèvi ak sistèm patriyakal la, nan dezekilibre relasyon fanm ak gason yo, diskriminasyon, itilizasyon estereyotip yo pou kenbe rapò dominasyon ak eksplwatasyon sou fanm yo nan lemonn antye.

8 Mas 1977- 8 Mas 2024 la, fanm ayisyèn yo toujou kanpe djanm pou yo fikse pozisyon yo nan deklare ki mòd sosyete yo vle konstri men sa pa anpeche jis jounen jodi a fanm ayisyèn yo ap kontinye monte yon maswife ki lakòz fanm k ap viv lavil yo ap kouri kite kay yo, sibi vyòl, vòl sou byen yo, ensandi sou kay yo, kidnaping ak masak nan fanmiy yo anba men zago loray yo. Fanm lavil yo pa ka mennen okenn aktivite pwodiksyon ak komèsyal piske bandi ap taye banda gwo jounen anba je otorite iresponsab yo. Dat 8 Mas 2024 la jwenn fanm k ap viv nan milye riral la nan yon sitiyasyon malouk kote yo pa ka sikile lib e libè, swen sante ak lamanjay rete yon liks pou yo pandan Leta ayisyen pa fè anyen  pou li kontwole kantite zagribay ki anvayi mache lokal yo ak mache nasyonal la pou sèvi alimantasyon anpwazonnen pou popilasyon an, lavi chè ap taye banda, chomaj ak tout fòm vyolans okipe premye plas nan lavi popilasyon an, yon reyalite ki lakoz majorite moun nan popilasyon an ap chèche mwayen pou yo kouri kite peyi D Ayiti ki tounen yon veritab lanfè pou pwòp pitit li.

8 Mas 2024 la, diskriminasyon ak zak vyolans, rasis ak trafik ògàn kontinye ap layite sou fanm ak tifi nan peyi D Ayiti tankou nan peyi etranje yo, elatriye.

Fanm MPP di se twòp, se twòp, se twòp atò, Fanm MPP di : « NON ak tout fòm vyolans ak zak malonèt fanm yo ap sibi yo». Fanm MPP di : «  8 Mas ap toujou rete yon dat ki fè aktyalite nan kalandriye lemonn tout tan gen rapò debalanse nan relasyon fanm ak gason yo, tout tan otorite iresponsab ak sankoutcha yo pa fè anyen pou yo konstri yon monn san vyolans e san fòs kote». Fanm MPP ap lanse yon apèl mobilizasyon ak tout estrikti fanm epi ak tout fanm djanm e konsekan pou li di yo : “an n pote boure pou n fè yon lòt 8 Mas ki  pral tounen yon jou viktwa nan ajanda lit fanm yo“.

VIV LIT FANM YO !

VIV YON SOSYETE KOTE JISTIS SOSYAL BLAYI POU TOUT MOUN !

VIV LIT FEMINIS PEYIZAN POPILÈ YO !

VIV YON AYITI LIB AK ENDEPANDAN KOTE LAVI BLAYI POU TOUT PITIT LI YO !

Juslène TYRESIAS

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.