Note

NÒT POU LAPRÈS

Nou menm manb MPP nou konstate avèk endiyasyon rejim kriminèl PHTK a, nan twazyèm vèsyon l ak Ariel Henry rann LAVI an Ayiti pratikman enposib depi lontan. Men nan dènye 8 jou yo popilasyon an about, li pa kapab ankò. Leta pa ekziste. Gang pran kontwòl peyi a nèt ap touye, ap piye, ak kraze brize. Yo kraze prizon, boule komisarya san okenn rezistans paske polisye ap tonbe, kòmandman polis la lage yo. Polis la pa gen kòmandman. Yon pati nan yo demobilize, yon pati nan konfyolo ak gang yo.

Nan Pòtoprens, anplis bal kap tire tribò babò, swaf dlo, grangou, estrès ap fini ak popilasyon an, ak moun nan mas popilè yo an patikile. Yo pa kapab ankò. Twòp moun blije kouri kite kay yo 2 bra balan ap kouri anba bal ak ti moun sou bra yo, ti moun dèyè yo san yo pa konnen kote yo prale. Gang piye kay yo, yo pa kite anyen.  Malere yo lage nan lari, nan teren vid, nan lakou biwo leta, nan lakou legliz.Yo pa kapab soufri ankò. Sitiyasyon an revòltan, li ensipòtab.

Nan Latibonit, nan Plato santral anpil peyizan blije kouri kite jaden yo, yo blije abandone bèt yo, rekòt nan jaden yo ale kwoupi kay fanmiy, kay zanmi, nan enstitisyon ki solidè ak yo, nan lakou legliz, lakou lekòl. Vòlè pote tou sa yo genyen ale. Sitiyasyon an revòltan, li ensipòtab.

MPP leve vwa l byen wo pou mande :

  1. Demisyon ofisyèl ak arestasyon Ariel kèlkeswa kote li ye a pou li rann lajistis kont pou tout krim li fè, tout konplo li monte kont Popilasyon ayisyen an.
  2. Aktè politik, ekonomik ak sosyal yo kap diskite sou aprè Ariel yo dwe konprann : POPILASYON AN PA KAPAB ANKO. Pa gen defanm enterè pèsonèl, enterè klan ou gwoup. Se jwenn yon antant nasyonal rapido presto ant pou se pa Blan an ki enpoze solisyon li vle ankò yon fwa nan sans enterè pa l. Men atansyon pa dwe gen okenn konpwomisyon ni ak PHTK, ni ak gang.
  3. Mete kanpe semèn sa menm yon gouvènmman sovtaj nasyonal ak yon konsèy prezidansyèl ki gen 3 a 5 manb kote yonn ap jwe wòl prezidan chak 2 ou 3 mwa. Si sa pa ka fèt rapid. Pran yon moun nan sektè jistis la pou jwe wòl prezidan paske pa ka gen pèdi tan ankò.
  4. Chwazi yon premye Minis ki dwe gen yon pèsonalite onèt, koni, respektab ki plis teknisyen ke politisyen pou li vin defann enterè patizan pou kondwi yon fèy wout ki dwe mennen nan vrè eleksyon kote VWA PEP LA SE VWA BONDYE nan yon peryòd ant 18 ak 24 mwa. Minis gouvènman sa, menm si yo ta soti nan Pati politik, yo dwe rete nan ekzekisyon tach yo ki nan fèy de wout la san pati pri.
  5. Gouvènman sovtaj nasyonal la dwe mete fanm ak gason sou li pou rezoud pwoblèm sa yo :
  • Tabli sekirite nan peyi a pi vit posib pou moun ak byen kapab sikile. Sa mande mete anplas yon estrikti nasyonal pou travay sou kesyon gang yo, solisyone pwoblèm lan yon fason pou fini ak zafè gang kap simen lanmò nan peyi a.
  • Mete kanpe yon pwogram ijan pwodiksyon manje natif natal nan ede KPK nan Nòdès, nan mete lòt KPK , nan kreye enfrastrikti agrikòl nan tout peyi a, nan ede òganizasyon peyizan yo jwenn kredi, jwenn zouti ak semans natif natal.
  • Nan mete kanpe ansanm ak òganizasyon peyizan yo yon pwogram nasyonal refeksyon ak pwoteksyon anviwònman. Rebwazman, reforestasyon dwe fè pati ijans nasyonal yo.
  • Leta dwe pran san pèdi tan tout mezi nesesè sou manje pwazon kap antre san kontwòl nan peyi a espesyalman sou pakèt diri pèpè ki soti Ozetazini ki, selon yon etid Inivèsite Michigan chaje ak Arsenic, Cadmium metal lou kap touye popilasyon ak kansè, tansyon twò wo, dyabèt, maladi respiratwa pou nou site sa yo sèlman.
  • Mete lajan nan bidjè Ministè agrikilti pou travay ak òganizasyon peyizan yo sou devlòpman agwoekoloji peyizan kòm solisyon pou zafè grangou nan peyi a nan pwodwi manje ki sen pou tout popilasyon an. An menm tan, konbat rechòfman klimatik la kap detri LAVI sou Planèt la.

Nou pwofite lanse yon apèl bay òganizasyon popilè pwogresis yo, Pati ak òganizasyon politik pwogresis yo, tout mas popilè yo pou nou rete mobilize pou nou rete veyatif pou solisyon kriz la pa lage nou nan plis kriz.

MOBILIZASYON TOUT TAN, SAN PRAN SOUF, OGANIZASYON DJANM SE REMED POU FINI AK KRIZ LA, KREYE YON LOT AYITI.

OGANIZASYON OU LANMO !!!

Pou MPP, se Pòt pawòl li yo :

  • Chavannes Jean-Baptiste
  • Juslène Tyresias.
  • Philefrant St-Naré
  • Gislaine St-Fleur

Papay, 11 Mas 2024

Comment (1)

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.

Carmille joseph

March 11, 2024

Se trè byen sof koze wotasyon wòl konsèy la pa fin klè epi anplis ki estrateji pou bay sekirite a pa sifizan

Reply