Pratik sosyal Gwoupman Vwa Libète (GVL) nan Mouvman Peyizan Papay (MPP)
Devan pòt la.
Depi nan nesans MPP nan ane 1973 li kwè nan yon ansanm pratik tradisyonèl ak eleman kiltirèl materyèl ak imateryèl ki kontinye rete kòm mak fabrik li. Pami yo : lang kreyòl ; agrikilti peyizan agwoekolojik ; pratik konbit ; dans tradisyonèl, elatriye. Ansanm pratik sa yo rete vivan nan mitan gwoupman yo. Gwoupman yo se potomitan MPP. Pa genyen MPP san egzistans gwoupman yo. Nan estati òganizasyon an genyen yon ansanm prensip gwoupman yo dwe respekte. Chak gwoupman dwe genyen yon aktivite ekonomik. Sepandan, tout gwoupman pa dinamik nan menm nivo. Toujou genyen fòmasyon an pèmanans k ap fèt pou kreyasyon gwoupman yo, sa pa anpeche anpil ladan yo pa dinamik. Genyen plizyè faktè ki kapab esplike sa a, men sa mande tou yon rechèch plis nan rasin.

Nan dinamik fonksyònman gwoupman yo, pami yo kapab sèvi modèl nan fason yo angaje yo nan mouvman an. Paregzanp Gwoupman Vwa Libète (GVL) se yon gwoupman jèn ki pran nesans 23 desanm 2023 ki konpoze 11 manm, pami yo 8 fanm ak 3 gason. Nan Mouvman Peyizan an Papay (MPP), GVL chwazi fè aktivite ki konsantre sitou sou jaden ak aktivite kiltirèl, paske gwoupman an bay tèt li de (2) misyon : agrikilti kòm youn nan “veritab chwal batay” MPP, espesyalman agrikilti peyizan ; angaje nan ranfòse valè kominote a ak batay pou dwa grandèt moun yo. Pou GVL, agrikilti a se pa sèlman yon aktivite ekonomik, men tou se yon fason pou montre nenpòt moun kapab travay latè, pou valorize kilti ayisyen an, epi pou pouse jèn yo anbwase lakilti kòm pati idantite nou kòm Ayisyen. “Nou se Ayisyen anvan tout bagay, kilti a se pa nou.”
Pratik sosyal GVL nan MPP.

Selon Stéphanie Emmanuel, prezidant GVL, li souliye : GVL genyen pwòp fason li wè tèt li parapò lòt gwoupman jèn yo : nou pa konsidere nou kòm gwoupman ki “pi fò” pase lòt yo, men kòm yon fòs ki genyen kapasite pou jere nenpòt kriz nou rankontre yo, epi kole zepòl ansanm pou nou avanse. Men, nou rekonèt tou pwen fèb nou yo : andedan gwoupman an, nou genyen abitid aji sou kèk pwen nan plan aksyon nou yo nan dènye lè, menm lè genyen bon lide, sa konnen fè tout bagay vin pa byen òganize, epi sa sakaje travay yo oswa lakòz mank bon preparasyon.
Pou nou pataje eksperyans nou ak lòt gwoupman nan MPP, GVL suiv yon fason ki senp men ki efikas : nou fè sa nan rankont dirijan gwoupman yo, epi nou envite lòt gwoupman nan kèk aktivite nou abitye reyalize yo. Genyen kèk gwoupman ki toujou pran angajman ansanm ak nou, sa ede nou bati plis lyen sosyal. Se youn nan defisi fondamantal nou genyen nan peyi d Ayiti. Nan sans sa, genyen yon ijans pou nou kontinye aji nan bati bon jan lyen sosyal nan mitan nou. Rekonekte nan rasin nou, aji ansanm ak jenerasyon ki dèyè ak sila a ki devan nou yo.
Prezidant lan souliye tou, nan ane 2025, GVL te viv yon eksperyans espesyal pandan premye edisyon konkou pi bon gwoupman (jèn, fanm, gason, animatè ak animatris) nan MPP, kote nou te soti vis chanpyon. Eksperyans sa a te fè nou fyè, men li te sèvi tou kòm leson : nou itilize feblès yo pou nou ranpòte pi bon rezilta nan objektif premye pri pou ane 2026.
Vizyon ak pratik konbit nan GVL.
Nan dat 27 avril 2026, GVL te òganize yon konbit manje (diri blan ak lalo) ansanm ak travay jaden, sou non “Konbit jaden jèn yo”. Konbit sa a pa t sèlman pou vanse aktivite gwoupman an, men tou se te yon mesaj pou montre jèn yo kapab kolabore nan sa ki bon, yo kapab fè jaden, retounen ak lide konbit la, epi kreye amoni ak lòt gwoupman. Manje ansanm, travay ansanm, ri ansanm te vin tounen yon fason pou ranfòse relasyon ant gwoupman yo, epi jodi a GVL pare pou resevwa envitasyon nan pwochen aktivite yo.

Nan kè kilti ayisyen an, konbit la pa senpleman yon fason pou fè travay ansanm ; li se yon vizyon sosyete, yon modèl òganizasyon kote solidarite, pataj ak responsablite kolektif pran sans. Jounen konbit manje sa a vin pran plas li nan yon kontèks kote pratik konbit la ap pèdi fòs li piti piti, malgre li te toujou yon poto mitan nan lavi kominotè an Ayiti. Objektif la se pèmèt plis moun konprann fonnman konbit la, pwisans li, ak kijan li kapab sèvi kòm zouti pou rebati lyen sosyal ak devlopman kominotè.
Sou plan istorik ak definisyonèl, konbit la parèt kòm yon pratik ki soti byen lwen nan istwa pèp ayisyen an. Daprè kèk moun k ap reflechi, li se yon pwojè sosyete, yon byen kolektif ki depase enterè endividyèl. Genyen lòt ki wè li kòm yon ekip òganize pou fè travay oswa yon fòm solidarite tradisyonèl ki chita sou resipwosite ak sosyalizasyon. Nan rasin li, konbit la pran nesans nan epòk esklavaj la kòm estrateji siviv ak rezistans. Se nan menm lespri kolektif sa yo te kreye lang kreyòl la kòm premye gwo konbit, epi òganize tèt yo nan gwo mouvman tankou Kongrè Bwa Kayiman ki te louvri chemen pou endepandans peyi a an 1804. Sa montre konbit la se pa sèlman yon pratik agrikòl, men yon fòs istorik ki bati nasyon an.
Konbit la chita sou yon ansanm valè fondamantal ki soutni lavi kolektif : patisipasyon, resipwosite, solidarite, responsablite ak kolaborasyon. Patisipasyon an pran plizyè fòm, soti nan enfòmasyon rive nan enplikasyon dirèk ak lidèchip otonòm. Resipwosite a, li menm, kapab dirèk, endirèk oswa jeneral, sa ki montre solidarite pa toujou mande retou imedya. Valè sa yo mete an limyè yon verite enpòtan : gwo defi sosyete a pa sèlman ekonomik, men yo chita sitou sou kesyon valè tankou konfyans, lanmou ak angajman.
Sou plan òganizasyonèl, konbit la mande yon pwosesis byen estriktire ki ale depi nan idantifikasyon bezwen an rive nan selebrasyon rezilta yo. Li pase nan lidèchip kolektif, analiz sitiyasyon, planifikasyon, mobilizasyon, egzekisyon ak evalyasyon. Dis (10) etap sa yo fè konbit la tounen yon zouti devlopman ki kapab adapte nan reyalite kominote yo, pandan li ankouraje transparans ak patisipasyon tout moun.
Boutofen.
Selon prezidant lan, pami istwa ki plis make nou nan gwoupman an, genyen premye demaraj nou nan jaden, nan moman sa a, te genyen anpil devouman ak amoni. Nou abitye travay jouk lannwit, san nou pa fatige fasil. Travay la te pote fwi. Nan sans sa, nou kontinye rete kole ak jaden an menm jounen jodia. Prezidant lan souliye prensip konbit yo tankou : pataj, transparans, respè, konfyans, ekite, etik, pèseverans, fleksibilite, adaptasyon, inovasyon, entèdepandans ak dirabilite ak kredibilite. Yo pa sèlman règleman fonksyònman, men yo konstri yon etik viv nan byennèt ansanm ; konfyans ki bati nan aksyon ; transparans garanti klète, epi ekite pèmèt chak moun kontribye selon kapasite li.