Realisations, Uncategorized

Mouvman Peyizan Papay (MPP) patisipe nan fòmasyon sou refleksyon “marxisme”

Devan pòt la.

Yon karantèn (40) delege te patisipe nan ranfòse kapasite yo nan fòmasyon politik ak ideyolojik anba tèm jeneral – “refleksyon sou maksis”, nan Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon kad Peyizan/Sant Lakay, soti 12 rive 16 avril 2026. Se yon fòmasyon ki planifye depi lontan men kontèks sosyopolitik peyi a pa t pèmèt sa a. Sevre done yo pa evolye nan bon sans tèm nan, men kòm òganizasyon pwogresis revolisyonè genyen yon adaptasyon ki oblije fèt nan sans sa a. Fòmasyon an enskri li nan suivi pwogramasyon Lekòl Fòmasyon Politik Charlemagne Péralte (LFPCP). Se yon lekòl fòmasyon politik ak ideyolojik k ap fòme òganizasyon popilè yo nan pran wout konstriksyon yon Ayiti sosyalis. Li sou onzyèm pwomosyon kote chak genyen 40 fanm ak gason ki sòti nan majorite depatman peyi a. L ap mennen pratik ideyolojik ak politik li sou direksyon 4 je kontre ([MPP] ; [Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay [MPNKP] ; Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen [TK] ; KROS [Kòdinasyon Rejyonal Òganizasyon Sidès]) . Se yon platfòm peyizan ki pran nesans nan ane 2007, ki jodi a deside pran opsyon batay pou yon Ayiti sosyalis. Youn nan responsabilite dirijan yo se metrize kouran sosyalis la ; òganizasyon yo dwe mete yo dakò sou kouran sa a ; mete kanpe pwogram edikatif nan fè konnen nannan kouran  sa a.

Chavannes Jean Baptiste : rasin refleksyon sou maksis lan.

Maksis (Marxis) se yon teyori ki pran nesans nan XIXe syèk, nan yon epòk kote kapitalis t ap grandi rapidman epi kriz sosyoekonomik te vin pi vizib. Depi egzistans limanite, genyen plizyè fòm òganizasyon sosyoekonomik, men Marx montre kijan sistèm yo chanje selon fason moun òganize pwodiksyon an. Nan istwa, nou kapab wè etap tankou : sosyete primitiv, sosyete esklavajis, sosyete fewodal, epi answit sistèm kapitalis. Nan peryòd modèn nan, kapitalis yo vin domine anpil pati nan lemonn, epi mouvman kritik la di kapitalis pote yon fòm eksplwatasyon: kèk moun posede mwayen pwodiksyon yo, epi travayè yo vin oblije vann fòs travay yo pou salè.

Daprè Marx, kapitalis pa sèlman pwodui pwogrè ekonomik ; li pwodui tou kontradiksyon. Sou yon bò, fòs pwodiktiv yo devlope (mwayen travay + fòs travay). Men sou lòt bò, mwayen pwodiksyon (objè travay + mwayen travay) yo pa nan men tout moun. Sa fè travayè yo pa kontwole sa yo pwodui. Nan analiz Marx la, travayè a pwodui plis valè pase sa yo peye l nan fòm salè a, se sa ki rele plus-value. Se diferans sa a kapitalis la pran pou l fè pwofi. Nan sans sa, eksplwatasyon an pa sèlman yon move volonte pèsonèl, men li chita nan fason sistèm nan fonksyone : travayè yo kreye richès, men pi fò valè a ale jwenn klas ki posede kapital la. Marx esplike tou kapitalis yo divize sosyete a nan 2 gwo klas: klas eksplwatè ak klas domine.


Klas dominan yo kontwole ekonomi a, mwayen pwodiksyon, epi menm règ jwèt la. Klas domine a, paske yo pa posede resous yo, yo depann sou vann fòs travay yo. Konsekans lan se ogmantasyon diferans ant moun rich ak moun pòv. Youn nan kesyon santral yo se : Poukisa genyen moun rich ak moun pòv ? Genyen lide ki fè kwè se desten ki fè yon moun vin rich oswa pòv. Se yon mit ki fèt pou manipile moun ki pa byen konprann rasin pwoblèm nan. Marx montre rapò miwo miba yo repwodui nan sistèm ekonomik lan : moun ki genyen avantaj ekonomik yo genyen plis mwayen pou yo kontinye kreye plis richès, pandan moun ki pa genyen kapital yo kontinye nan bezwen, depandans, ak salè ki pa janm egal nan valè yo pwodui. Nan sans sa, se mekanis ekonomik eksplwatasyon an ki repwodui rapò sosyal miwo miba, se pa desten.

Genyen tou wòl ideyoloji a nan kenbe sistèm ekonomik monn lan. Kapitalis yo fè moun kwè nan jistifikasyon moral/relijye ki fè sistèm nan sanble nòmal, ide tankou “syèl la pou moun pòv” ta kapab fè moun aksepte soufrans yo nan lemonn, espere rekonpans apre lanmò olye yo chèche chanje kondisyon lavi yo. Nan sans sa, kritik yo montre kijan kèk diskou ideyolojik kapab kache kontradiksyon ekonomik yo epi fè sistèm nan vin pi fasil pou li kontinye.

Konsa, Marxisme parèt tou kòm yon fason pou konprann epi kritike kapitalis lan : li analize kijan sistèm nan fonksyone (mwayen pwodiksyon, travay, salè, plus-value, divizyon klas), epi li montre kijan kapitalis yo fè pwoblèm yo parèt kòm “natirèl” pandan an reyalite yo sòti nan estrikti sistèm nan. Anplis, Marx pran nesans li nan kontèks ekspansyon kapitalis lan, sitou nan peryòd XIXe syèk la kote genyen plis konfli sosyopolitik, epi anpil moun ap soufri nan move kondisyon sosyoekonomik. Marx vin youn nan premye moun ki bay yon analiz sistematik sou fason kapitalis lan mache, epi li chèche yon altènatif atravè lide sosyalis.

Orijin teyori Maksis la soti nan plizyè sous.

  • filozofi Alman (Hegel) ak lide dyalektik/kontradiksyon nan istwa ;
  • ekonomi politik Anglè ki ede konprann mekanis riches ;
  • sosyalisfransè ki reprezante kritik sosyete kapitalis ak rechèch pou yon lòt òganizasyon.


Marx pouse analiz yo pi lwen, li devlope yon sistèm ki vin baz “sosyalis syantifik” lan. Avèk Marx ak Engels, yo konstui konsèp tankou : materyalis istorik, materyalis filozofik, ak materyalis dyalektik. Konsèp sa yo pèmèt yo esplike istwa pa sèlman kòm sa ki rive nan tèt moun, men kòm rezilta fason moun òganize lavi materyèl yo ak pwodiksyon yo.

Youn nan dokiman ki make mouvman an, nou mansyone premye gwo travay Marx ak Engels (1848) : “Le Manifeste du parti communisme”. Apre sa, Lenine se youn nan premye moun ki aplike teyori yo nan pratik. Nan sans sa, istwa mouvman an montre yon chemen : soti nan analiz teyorik (Marx/Engels) rive nan aplikasyon revolisyonè/pratik (Lenine). Finalman, nan konstriksyon sosyalis syantifik la, genyen twa gwo pèsonaj enpòtan : Marx, Engels, ak Lenine. Angwo, Maksis lan pran nesans kòm yon analiz kritik kapitalis lan paske sistèm nan pa jis ; li eksplwate travayè yo, li pwodui klas dominan ak klas domine, epi li repwodui kondisyon sosyoekonomik miwo miba ant moun rich ak moun pòv. Maksis chèche fè moun konprann mekanis ki anba sistèm nan (travayè pwodui plis valè pase sa li resevwa kòm salè, divizyon klas, mwayen pwodiksyon, depandans travayè yo) epi li ofri yon vizyon pou nou chanje fason sosyete a òganize ekonomikman.

Travay atelye ak klarifikasyon bò kote Philfrant St-Narré.

Nan atelye a, patisipan yo te divize an 4 gwoup pou yo reflechi sou kessyon yo, epi chak gwoup te prezante rezilta travay yo sou tèm fòmasyon an. Kamarad St-Narré te esplike mòd pwodiksyon an se relasyon ant fòs pwodiktiv ak relasyon pwodiksyon. Fòs pwodiktiv genyen ladan li mwayen travay ak fòs travay, pandan mwayen pwodiksyon yo konpoze objè travay ak mwayen travay. Li te mete aksan sou fason sistèm kapitalis la fonksyone, kote ouvriye yo souvan sibi eksplwatasyon.

Anplis, relasyon pwodiksyon yo kapab swa eksplwatasyon oswa kolaborasyon. Finalman, batay kont sistèm eksplwatasyon an kapab mennen nan yon lòt mòd pwodiksyon ki pi jis.

Boutofen.

Fòmasyon sa a montre yon dimansyon enpòtan nan ranfòsman kapasite politik ak ideyolojik kad peyizan yo, malgre kontrent sosyopolitik ki kontinye frennen dinamik òganizasyonèl yo nan peyi a. Avèk patisipasyon yon karantèn delege ki soti nan plizyè depatman yo, inisyativ sa a montre klèman volonte òganizasyon yo nan konstui yon konsyans kolektif ki chita sou prensip maksis ak sou vizyon transfòmasyon sosyal.

Nan kad Lekòl Fòmasyon Politik Charlemagne Péralte (LFPCP), demach sa a pa sèlman limite nan transmisyon konesans, men li vize fòme militan maksis revolisyonè ki kapab analize reyalite a, adapte estrateji yo, epi òganize batay popilè yo nan direksyon yon pwojè sosyete altènatif. Kolaborasyon ant diferan estrikti peyizan yo ranfòse lide inite nan aksyon sosyal yo, ki se yon eleman kle pou nenpòt chanjman pwofon. Fòmasyon an raple enpòtans ki genyen pou dirijan yo metrize kouran sosyalis syantifik lan, devlope zouti edikatif ki klè, epi angaje militan yo nan yon pwosesis konsyantizasyon solid. Se nan liy sa a batay pou yon Ayiti sosyalis kapab pran plis fòs, ak yon mouvman peyizan ki pi òganize, plis konsyan, epi plis prepare pou li reponn defi sosyo-ekonomik ak politik yo.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.

Login

Register

terms & conditions