45 yèm Asanble jeneral MPP : Peyizan […] An n reziste kont okipasyon
Mouvman Peyizan Papay (MPP) òganize 45 yèm Asanble jeneral li nan Lakay Sant Nasyonal Kad Fòmasyon Peyizan/Sant Lakay, ki lokalize nan Papay, twazyèm seksyon kominal Agwayedyong riv dwat , nan komin Ench, soti 19 rive 21 mas 2026. Asanble sa a te chita anba tèm : Peyizan […] An n reziste kont okipasyon. Pandan twa jounen sa a plizyè aktivite sosyo kiltirèl te reyalize, tankou : akèy ak enskripsyon delege yo ; manje ansanm ; mo lizay dirijan ak manm Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay (MPNKP) ; animasyon pou chanjman sosyal ; analiz konjonkti sosyo-politik ; refleksyon sou tèm Asanble ; rezime bilan aksyon MPP an 2025 ; sware rekreyativ ; Atelye (jèn, fanm ak gason) travay sou rezistans MPP kont pwojè rekolonizasyon peyi a ; refleksyon sou agwoekoloji peyizan pou souverènte alimantè peyi a ; refleksyon sou wòl ekonomi sosyal ak solidè nan konstriksyon yon lòt Ayiti ; prezantasyon plan aksyon MPP nan rezistans kont okipasyon an 2026 ; prezantasyon deklarasyon final pou laprès ; prezantasyon pi bon gwoupman : jèn, Fanm, Miks ak animatris/animatè chanpyon an 2025 ak mistik revolisyonè kloti Asanble a. Animasyon Asanble te asire sou responsabilite Ibolele/MPP, Nandcie Pierre, Diodat Elie, Nadège Saintil ak Jacky Darius. Ouvèti ofisyèl Asanble a fèt sou dizon Jacky Darius ak Isemide Irma (kòdonatè gason ak fanm MPP). An n suiv nan liy anba yo rezime dizon chak entèvenan yo pandan Asanble a, anba kout plim redaktè seksyon kominikasyon MPP an, Malachy Bastien.
Mouvman Peyizan Papay (MPP) ak “Agronomes et Vétérinaires Sans Frontières” (AVSF) ranfòse kapasite peyizan Lowòb atravè yon fòmasyon sou pratik agrikòl
Soti 26 rive 27 fevriye 2026, de (2) jounen atelye fòmasyon sou bon pratik agrikòl nan lokalite Lowòb, twazyèm seksyon kominal Ench, sou direksyon Mouvman Peyizan Papay (MPP) an kolaborasyon ak Agronomes et Vétérinaires Sans Frontières (AVSF). Malachy Bastien, redaktè nan seksyon kominikasyon nan MPP pote yon rezime pou nou nan kad fòmasyon sa a. Nan okazyon fòmasyon sa a te genyen patisipasyon plizyè aktè kle nan kominote a. Objektif prensipal atelye sa yo, se ranfòse kapasite teknik peyizan yo pou yo kapab pwodwi plis pandan y ap depanse mwens resous. Amelyorasyon teknik yo vin tounen yon nesesite nan garanti sekirite alimantè ak revni dirab. Se yon fòmasyon ki konpoze nan prezans 28 delege sou 30 ki sòti nan Komite Jesyon Lak Lowòb (KOJELALO), ansanm ak lòt manm enpòtan nan kominote a. Sa montre enterè ak angajman sosyal popilasyon an nan devlope pratik agrikòl ki plis efikas epi respekte anviwònman an. Se agwonòm Guesly Sant-Fleur ki te anime sesyon yo. Li te mete aksan sou metòd pratik, eksperyans teren ak solisyon ki adapte nan reyalite sosyokiltirèl peyizan yo.
Fòmasyon sou agwoekoloji peyizan sou direksyon ekip teknik Mouvman Peyizan Papay (MPP)
Soti lendi 9 rive vandredi 13 fevriye 2026, Mouvman Peyizan Papay (MPP) te òganize yon fòmasyon entansif nan Sant Lakay la pou ranfòse kapasite manm li yo sou kesyon agwoekoloji, fètilizasyon òganik, pwodiksyon marechè ak pestisid natirèl. Pandan senk (5) jou sa yo, 18 patisipan ki sòti nan plizyè gwoupman nan seksyon kominal yo sou wo plato santral kote yo te rasanble pou yo aprann, reflechi epi pataje eksperyans yo. Chwa patisipan yo ki sòti nan plizyè gwoupman ak plizyè zòn. Li fèt nan lide pou kreye yon efè miltiplikatè. Chak moun ki fòme vini tounen yon ajan transmisyon konesans nan kominote pa li.
Asanble lokal Mouvman Peyizan Papay (MPP) nan twazyèm seksyon kominal Ench (zòn Basen Bèf)
Nan jounen madi 24 fevriye 2026, anviwon 46 manm ak dirijan gwoupman soti nan plizyè zòn nan twazyèm seksyon kominal Ench. Pami gwoupman ki te patisipe yo : Men Asanm, Fanm Vanyan, Kè Ansanm, Fanm Deside, Antoine Ismeri, ak Lite pou Lavi. Se yon asanble lokal ki fèt nan objektif pou li prepare teren an, sitou pou Asanble Jeneral Òdinè mwa mas 2026 MPP an, nan Sant Lakay Papay. Se yon gwo espas refleksyon k ap chache konprann epi pwopoze solisyon efikas sou pwoblèm sosyoekonomik òganizasyon an ap konnen yo. Anplis, veye si chimen ideyolojik ak politik òganizasyon an kontinye respekte nan yon dimansyon total.
Mouvman Peyizan Papay (MPP) nan jounen entènasyonal kont vyolans sou fanm ak tifi
Mouvman Peyizan Papay (MPP) reyalize yon gwo rasanbleman nan Sant Lakay Papay, nan dat 25 novanm 2025, anba tèm : goumen kont vyolans sou fanm ak tifi se aksyon tout sitwayen onèt. Se yon rasanblman ki fèt nan okazyon jounen entènasyonal kont vyolans sou fanm ak tifi. Plizyè dizèn militan òganizasyon an reponn prezan. Nan jounen sa a te genyen yon pwogramasyon ki vrèman rich, tankou : yon mistik revolisyonè sou pratik vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi nan sosyete ayisyen an. Se yon pratik ki dwe kondane ak denonse bò kote tout kouch sosyal nan peyi a. Li dekri tou liberasyon peyi a pa kapab fèt san patisipasyon ak emansipasyon fanm yo. Anplis, Im Desalinyen an ; Im MPP ; Im fanm yo ; yon minit silans nan memwa tout fanm ki tonbe nan lit pou chanjman sosyal la, mo byenvini Neltha Julien (kòdonatris mouvman fanm MPP) ; animasyon kiltirèl – gwoup Ibolele ; konferans ; sosyodram Pre-Pepinyè Jèn Travayè Peyizan (PPJTP) sou : goumen kont vyolans sou fanm ak tifi pa yon favè se yon obligasyon. Pa fè silans lè genyen vyolans se denonse l ; powèt Wanberly Belille – deklame pou li montre enpòtans fanm yo epi felisite kouraj yo ; pawòl fondatè MPP an nan okzasyon an – Chavannes Jean Baptiste ; Gislaine Saint-Fleur nan mo remèsiman ; deklarasyon final. Se yon jounen ki reyalize sou animasyon Nandcie Pierre.
Rankont Nasyonal MPNKP 2026 : ranfòse batay peyizan yo nan mitan kriz peyi a
Soti 10 pou rive 13 fevriye 2026, Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay (MPNKP) òganize yon gwo rankont nasyonal ki reyini 20 patisipan ki soti nan 8 depatman jewografik peyi a, nan lokal Sant Lakay Papay. Premye rankont nan ane 2026 la chita nan objektif pou yo analize feblès òganizasyon yo, idantifye fòs yo, epi trase nouvo pèspektiv pou ane 2026-2027 la. Yon rankont pou yo ranfòse kapasite manm yo nan òganizasyon MPNKP yo nan dimansyon sosyal, ekonomik ak politik. Nan yon moman kote peyi a ap travèse yon gwo kriz politik ak ensekirite. Rankont sa a se yon espas refleksyon ak mobilizasyon pou li pèmèt manm yo reprann fòs yo epi kontinye batay pou chanjman sosyal nan peyi a. Sitou, nan gwo kriz politik ak sekirite peyi a ap fè fas jounen jodi a, anpil manm MPNKP oblije kite kay yo 2 bra balanse akoz menas ak vyolans gang ame yo. Sitiyasyon sa a frape plizyè fanmi peyizan epi li afebli estrikti òganizasyonèl yo nan anpil zòn. Nan sans sa a dirijan yo chwazi tèm refleksyon ki kapab ede manm yo reprann konfyans, òganize tèt yo pi byen, epi kontinye lite pou dwa yo ak pou devlopman