Rezo sosyal : nouvo zouti mobilizasyon sosyal ak solidarite pou chanjman sosyal la.
Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti, se anba tèm sa a 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a te reyalize sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, nan lokal Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo – SANT LAKAY PAPAY. Anviwon 300 jèn fi ak jèn gason sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo te make prezans yo nan kan an. Pandan jounen 15 dawout 2024 la, Yorline Rosephaёlle Ermilus pale sou relasyon antre rezo sosyal ak mobilizasyon sosyal. Makendy Cadet pwodui yon refleksyon sou estrateji itilizasyon rezo sosyal yo.
Konsekans eksplwatasyon min sou souverènte alimantè a
Nan kad26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a ki te reyalize sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, nan lokal Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo – SANT LAKAY PAPAY, anba tèm jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti, anviwon 300 jèn fi ak jèn gason sòti nan 4 kwen jewografik peyi Dayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo te make prezans yo nan kan an. Pandan jounen vandredi 16 dawout 2024 la, Bedouby Nobert, reprezantan Kolektif Jistis Min (KJM) lan te pale sou enpak eksplwatasyon min sou souverènte alimantè a. KJM abitye òganize plizyè aktivite sansibilizasyon atravè peyi a kont lojik eksplwatasyon min yo, tankou nan komin Ench, Mayisad ak Milo, elatriye.
Ouvèti preliminè kan nasyonal souverènte alimantè nan MPP nan okazyon jounen entènasyonal lajenès
Nan okazyon 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a, 300 jèn fi ak jèn gason ki sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo, te rasanble sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo – SANT LAKAY/PAPAY. Yo t ap brase lide anba tèm : Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti. Tèm sa a makònen eslogan : ak koripsyon lòt Ayiti a… Pa p posib ! Pandan jounen 12 dawout 2024 la, nan okazyon jounen entènasyonal lajenès, kòdinasyon kan an te fè tout mizanplas pou li byen resevwa jèn yo.
Deklarasyon final kan nasyonal souvrènte alimantè a.
Nan okazyon 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a, nou menm 300 jèn fi ak jèn gason ki sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo, nou te reyini sòti 12 rive 18 dawout 2024, nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo : SANT LAKAY PAPAY. Nou t ap brase lide anba tèm : Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti.
Migrasyon ak konsekans li yo sou lajenès an Ayiti
26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a fèt sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, anba tèm Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon
MPP nan fòmasyon sou resiklaj ak transfòmasyon dechè plastik yo
Depi nan nesans Mouvman Peyizan Papay (MPP) la, kesyon anviwònman se youn nan priyorite li. Viv nan yon anviwònman ki sen se yon nesesite vital. Pami estrateji MPP itilize nan konbat degradasyon anviwònmantal la se fè resiklaj ak transfòmasyon dechè plastik yo. Ekip teknik MPP an souvan fè yon ansanm fòmasyon nan domèn sila a. Dènye fòmasyon ki fèt sou domèn sa a reyalize sòti 24 rive 27 jiyè 2024 la, nan Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon kad Peyizan, ki nan twazyèm seksyon kominal Ench nan. Objektif fòmasyon an se sansibilize jèn yo nan pwoteje anviwònman kont dechè plastik yo. Ede yo genyen yon pwofesyon manyèl nan kreye pwòp aktivite ekonomik yo. Genyen 40 jèn ki sòti nan (4) seksyon kominal Ench nan ki patisipe nan fòmasyon sila a. Yo aprann fè pandan seyans pratik yo plizyè kalite objè, tankou : flè, glòb, po plastik, valiz, bale, rido ak chandelye, elatriye.