MPP nan makònay pwojè peyizan ayisyen an nan lit konstriksyon sosyalis la
Sòti 5 rive 11 dawout 2023, se te kongrè Mouvman Peyizan Papay (MPP) nan « Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan » an, ki nan twazyèm seksyon kominal Ench, Ayiti. Kongrè 50 rekòt kafe a (1973-2023) fèt anba tèm – MPP 50 ane lit, pou konstriksyon yon Ayiti sosyalis. Nan okazyon sa a William Jeanty te reyalize yon gwo bat bouch sou MPP nan pwojè peyizan an ak sosyalism l ap pwonnen an.
Camille Chalmers nan kongrè 50yèm MPP an
Mouvman Peyizan Papay (MPP) selebre 50 rekòt kafe li (1973-2023) nan batay pou yon chanjamn sosyal an Ayiti. Selebrasyon kongrè a fèt anba tèm – MPP 50 ane lit, pou konstriksyon yon Ayiti sosyalis, sòti 5 dawout pou rive 11 dawout 2023 nan « Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan » an, ki nan twazyèm seksyon kominal Ench, Ayiti. Plizyè pèsonalite te pran lapawòl, pami yo, Ekonomis, Sosyològ Camille Charlmers kote li te bay opinion li sou sitiyasyon sosyopolitik peyi a.
Mouvman Jèn travayè Peyizan (JTP) yo nan MPP
Plis pase pase 400 jèn te rasanble sòti 21 pou rive 27 Dawout 2023, nan zòn papay twazyèm seksyon kominal Ench, espesyalman nan lokal Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan. Se yon tradisyon kote chak ane Mouvman Peyizan Papay (MPP) depi 25 ane ap òganize kan pou jèn yo. Se yon kan ki te fèt anba tèm : jèn yo nan konstriksyon yon Ayiti sosyalis. Nan menm ane sa a, MPP te selebre 50 ane egzistans li anba tèm : MPP 50 ane lit, pou konstriksyon yon Ayiti sosyalis. Nan okazyon ouvèti ofisyèl kan an nan dat 22 dawout 2023, Sovenie Jean-Baptiste ak Diodat Elie te pale sou istwa JTP ak angajman jèn yo nan MPP.
Refleksyon jèn MPP yo sou agwoekoloji peyizan an
Pandan jounen mèkredi 23 dawout 2023 nan okazyon 25 kyèm edisyon kan jèn yo anba tèm : jèn yo nan konstriksyon yon Ayiti sosyalis, plizyè jèn nan MPP te soumèt refleksyon yo sou agwoekoloji peyizan an. Nan sans sa, kamarad Faudeline Florelus di kisa AE a ye ak bay ki objektif li. Kamarad Gerline Jeannot prezante diferans ki genyen ant AE ak agrikilti endistriyèl la pandan li idantifye chak mak fabrik 2 sistèm pwodiksyon sa yo. Alexander Placide ede konprann ansanm avantaj AE a genyen. Kamarad Gumpson Cherenfant dekri ansanm prensip ak pratik AE yo
“Erica Rodriguez” nan kongrè 50 tyèm MPP
Plizyè reprezantan òganizasyon nan nivo entènasyonal la te pran lapawòl pandan kongrè 50 tyèm (1973-2023) Mouvman Peyizan Papay (MPP) la. Pami yo, Erica Rodriguez, reprezantant Mouvman Peyizan San Tè (MST) nan peyi Brezil la. Li te fè yon analiz sou kontèks entènasyonal la pandan kongrè a. Se yon kongrè ki fèt anba tèm “MPP 50 ane lit, pou konstriksyon yon Ayiti sosyalis”
MPP NAN JOUNEN ENTÈNASYONAL LIT PEYIZAN YO
Pwoblèm peyizan yo se yon pwoblèm mondyal. Chak peyi an fonksyon estrikti sosyal yo poze pwoblematik tè a nan fason yo. Nan peyi Brezil genyen gwo batay peyizan yo ap fè pou yo kapab rekipere tè grandon boujwa yo fè dappiyanp sou yo. Nan kad batay sa yo nan jounen 17 avril 1996, nan yon kominote ki rele Eldorado de Carajás nan Eta Para, Lapolis nan peyi Brezil asasine plizyè peyizan ki manm MST (Mouvman Peyizan San Tè). Genyen 19 peyizan ki mouri sou plas, genyen 2 lòt ki ale mouri lopital. Se nan memwa masak sa a,