Yon kout je sou premye mitan MPP an pandan kongrè 50 tyèm lan
- Mizankontèks
1973-2023, li te bay 50 rekòt kafe Mouvman Peyizan Papay (MPP) la. Òganizasyon an te reyalize kongrè 50 tyèm li nan prezans plizyè santèn delege ki sòti nan divès òganizasyon popilè yo, peyizan yo ak etidyan yo, elatriye. Anpil lòt delege te sòti nan kèk òganizasyon nan nivo entènasyonal la, pami yo, Erica Rodrigues pou MST nan peyi Brezil, Morgan Ody Kòdonatris La Via Campesina (LVC), Miguel Angel Izaga Vial responsab kominikasyon nan LVC. Genyen kèk delege nan nivo entènasyonal la ki pa t rive prezan pandan kongrè a parapò pwoblèm ensekirite a. Yo te jwenn tou difikilte pou yo antre an Ayiti nan moman an. Sila yo ki antre an Ayiti yo se gwo sakrifis ki fèt bò kote yo kòm militan politik revolisyonè. Kontèks reyalizasyon kongrè 50 ane MPP an te vrèman difisil an Ayiti parapò kriz politik, ekonomik ak sosyal yo ki kontinye ap taye banda a. MPP kòm òganizasyon ki fè deja 50 ane egzistans li nan batay pou yon chanjamn sosyal an Ayiti te rive reziste reyèlman nan kriz sa yo pou li òganize kongrè a. Se yon kongrè ki fèt anba tèm – MPP 50 ane lit, pou konstriksyon yon Ayiti sosyalis, sòti 5 dawout pou rive 11 dawout 2023 nan « Lakay Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan » an ki nan twazyèm seksyon kominal Ench, Ayiti.
- Istorisite sou MPP an
Nan jounen pòt ouvèt kongrè a nan dat 6 dawout 2023, kòdonatris pwogram nan MPP an, Jesyonè Juslène Tyresias pale sou orijin MPP an. Sòti nan kreyasyon CICAP ki pran nesans nan ane 1970, pi devan ki vin genyen non SANT EMAYIS, se nan espas sila a Chavannes Jean-Baptiste t ap travay. Lidè MPP an rive nan Sant Emayis Papay la nan mwa jiyè 1972. Li te abitye fè fòmasyon sou agrikilti pou moun pawas yo. Fòmasyon yo reyalize pandan 6 mwa a. Nan kòmansman eksperyans l ap fè li te rive fè yon travay envestigasyon nan milye peyizan an, kote li te deside fè ant mwa dawout ak novanm 1972 pou li konprann sitiyasyon peyizan yo. Manm fondatè MPP an idantifye yon ansanm pwoblèm sosyal, ekonomik ak kiltirèl ki mete sivilizasyon peyizan an nan danje, tankou: divizyon, mefyans, rayisans, bondye bon, eksplwatasyon ak dominasyon, konplèks enferyorite ak pèrèz ki fè peyizan yo tounen zonbi.
Devan konsta sa yo, an janvye 1973, Chavannes kòmanse eksperyans fòmasyon gwoupman ak yon metòd li kreye pou atake pwoblèm sa yo li te idantifye nan envestigasyon li te fè nan kominote Papay la. Metòd sa a pran yon dimansyon nasyonal nan zafè monte òganizasyon peyizan an. Ane 1973 la, se ane nesans MPP ak fòmasyon 2 premye gwoupman yo: gwoupman kè kontan ak gwoupman Chavannes Jean-Baptiste. Se konsa semans lan te plante.
Kesyon gwoupman t ap vin vale teren aprè ensidans Gilbert Maximé a, yon peyizan yo te arete sou akizasyon vòlè kochon. Nan sans sa, MPP te rive mobilize anpil peyizan an kont zak akizasyon sa a. Mobilizasyon an te fè revoke chèf seksyon an. Sa chanje anpil bagay nan peyizanri a. Nan yon lòt bò, demann peyizan yo pou yo antre nan gwoupman ta pral mennen nan kòmanse yon pwogram fòmasyon animatè nan klandestinite pou fè travay fòmasyon nouvo gwoupman ki parèt yo. Pwogram sa a ta pral pran yon dimansyon nasyonal. Angajman MPP nan milye riral la montre atachman li bò kote peyizan yo, nan konbat tout pwoblèm yo k ap depafini sivilizasyon peyizan an pou yo pran dwa yo kòm moun k ap viv tankou moun, nan yon sosyete kote tout MOUN SE MOUN.
Youn nan pòt Pawòl MPP yo, kamarad Alexander Placide elabore pandan kongrè a gwo konba MPP mennen pou peyizan vin moun tankou tout moun, nan yon Ayiti kote pa gen moun pase moun.
- Pami nan gwo konba MPP mennen yo pandan 50 ane egzistans li
MPP se yon òganizasyon peyizan ki pran nesans epi kontinye viv anba yon sistèm ki pa konsidere lavi ak valè moun sitou peyizan yo k ap sibi tout fòm eksplwatasyon ak dominasyon yo. Pou lite kont reyalite sa a pandan 50 ane yo, MPP mennen anpil gwo konba, tankou :
- Lit pou egzistans MPP andedan rejim diktati Divalye a (1973-1986) ;
- Lit pou aboli chèf seksyon ki t ap maltrete peyizan yo (1974-1975-1991) ;
- Lit pou egalite fanm ak gason (1975-1987) ;
- Lit kont kout ponya nan peyizànri a (1976) ;
- Lit kont Espekilatè ak vant danre nan flè (1978) ;
- Lit kont taks mache ak sou tè Leta (1980-1986) ;
- Lit pou lang kreyòl vin sèl kòk chante (1980-1991) ;
- Lit pou retou kochon kreyòl ki se kanè bank peyizan yo (1986- 1991) ;
- Lit pou tout ayisyen gen yon sèl batistè (1991) ;
- Rezistans MPP kont koudeta 1991 lan, malgre tout zak pèsekisyon ak destriksyon byen MPP yo (1991-1994) ;
- Lit kont dappiyanp sou tè pou pwodiksyon Jatrofa (2008-2012) ;
- Lit kont anvayisman semans ibrid nan peyi a aprè tranbleman tè a (2010-2011) ;
- Lit kont pèsekisyon peyizan yo sou plis pase 600 kawo tè Leta ki gen fèm papay, kòladè, Mat Peralt, Fèm Diane ak Fèm Mamon (2015- jis jodi a).
Konba sa yo tou kapab montre Peyizan yo ap viv anba yon kriz ki chita sou plizyè aspè tankou : kriz sosyal, ekonomik, politik, kiltirèl ak anviwònmantal k ap bwase bil yo. Kriz sa yo manifeste sou plizyè fòm, tankou : ensekirite sou tout fòm ki anvayi tout kote pa genyen pèsòn ki epanye, vòlè anvayi bèt ak jaden yo. Kèk otorite mare sosis ak endividi pou anvayi tè peyizan yo, devaste jaden yo, lavi chè k ap taye banda a. Genyen tou kriz klimatik la ki pote yon gwo kou nan redui pwodiksyon agrikòl la. Se youn nan rezon ki anpeche peyizan yo reponn bezwen fanmiy yo tankou asire chaj pou yo garanti manje fanmiy lan, depans pou lekòl ak sante, abiman fanmiy lan, tabli yon baz ekonomik, gen byen ki rele yo chè mèt chè metrès. Lit k ap mennen kont peyzan yo k ap taye banda a nan sosyete ayisyen an montre nou nesesite pou peyizan yo angaje yo nan lit pou chanjman sosyal la. MPP dwe travay pou li akonpaye Peyizan yo atravè diferan pwogram li yo nan mete aksan patikilyèman sou kominikasyon nimerik la k ap pèmèt tout enstans ak tout moun k ap viv nan lemonn konprann sitiyasyon Peyizan yo. Se vre genyen kèk feblès nan aksyon MPP yo nan milye riral la men li rive kontribye nan plizyè nivo ladan li.
- Pami nan reyalizasyon MPP yo an chif
Aktivite | Chif |
Fòmasyon gwoupman miks, gason, fanm ak jèn nan ane 1998 | 4553 |
Fòmasyon animatè ak animatris | 800 anviwon nan depatman Sant |
Monitè ak monitris nan edikasyon koperatif | 200 |
Jeran ak administratè koperatif | 160 |
Monitè agwosilvikòl | 200 |
Monitè elvaj | 100 |
Fòmasyon monitris ak monitè alfabetizasyon | 500 |
Fòmasyon dirijan gwoupman | 27000 |
Fòmasyon an distans sou Radyo Vwa Peyizan | 12 emisyon edikativ, ant 30 000 oswa 40 000 moun touche nan chak emisyon |
Fòmasyon ti metye | 1165 bòs |
Fòmasyon sante entegral | 650 |
Fòmasyon fonde pouvwa | 20 |
Fòmasyon dirijan MPP depi nan kreyasyon li | Plis pase 480 animatè (nivo nasyonal) |
- Agwoekoloji
Aktivite | Chif |
Fòmasyon long nan pwogram agwoekoloji | 141 agwoekolojis |
Fòmasyon kout dire nan pwogram agwoekoloji | 77985 moun sou plizyè tèm pandan |
Jaden Prekay | MPP akonpaye plis pase 30 000 fanmiy nan mete kanpe jaden prekay |
Distribisyon semans vivriyè ak marechè | 60 000 fanmiy |
Distribisyon zouti agrikòl | 20 000 fanmiy |
Elvaj (distribisyon kochon kabrit, bèf ak lapen) | 20 000 fanmiy ak 500 gwoupman |
Konstriksyon vilaj agwokolojik | nan benefis 60 fanmiy |
- Pwoteksyon anviwònman an
Aktivite | Chif |
Jesyon entegral dlo | |
Pwen dlo | 150 |
Adiksyon dlo potab | 20 |
Foraj pi | 50 pui nan benefis 6000 fanmiy |
Sistèm irigasyon | 2 nan benefis 1000 fanmiy |
Sitèn familial | 450 sitèn nan benefis 900 fanmiy |
Lak kolinè | 2 nan benefis 100 fanmiy |
Enplivyòm | 1 nan benefis 50 fanmiy |
- Enèji altènativ
Aktivite | Chif |
Abri kominotè | 17 nan benefis 17 kominote |
Akonpayman lekòl ak sant sante | 20 |
Sistèm solè konplè | 20000 |
Pano solè | 1000 |
Recho altènatif | 500 |
Pami lòt aktivite MPP yo | |
Fòmasyon ak asistans legal | Nan benefis 15 000 peyizan. |
Ekonomi sosyal ak solidè | Sere pou chofe (SPC), jere ekonomi pou plis pase 3500 manm. |
Pwogram jèn MPP | Bous etid : 76 jèn nan nivo inivèsitè ak 50 nan lekòl teknik yo. 19 kan fòmasyon souverènte alimantè ak 30 kan jèn sou edikasyon popilè nan benefis 6650 jèn. Nan nivo entèn, 12 500 estajyè jèn inivèsitè ak lèkòl pwofesyonèl teknik. Nan nivo nasyonal genyen etranje ak ayisyen ki vin fè memwa metriz ak doktora yo nan MPP. |
Pwojè | 250 pwojè ki touche anviwon 1 250 000 benefisyè ki repati nan diferan aks entèvansyon MPP yo. |
Mach revandikatif | Plis pase 100 mach pasifik. |
Rezo yo | Nan depatman Sant MPP rive estriktire ak ranfòse kapasite 960 òganizasyon lokal epi li mete yo an rezo. Repatisyon an se 35 rezo seksyon kominal, 13 rezo kominal, 4 rezo nan awondisman ak yon rezo depatmantal. |
Alyans MPP yo | MPP fè pati rezo sa yo, tankou : 4 Je kontre, FONDAMA, MPNKP, CLOC, La Via Campesina, ALBA, APC ak MIJARC. |
- Kèk nan defi MPP yo:
- Nan kontinye travay plis nan edikasyon popilè a ak nan travay òganizasyon peyizan yo (jèn, fanm ak gason) pou yo defann enterè yo, angaje yo ansanm nan konstriksyon yon Ayiti gammon;
- Kontinye travay pi rèd nan fè pwomosyon agwoekolojik peyizan pou n kaba grangou an Ayiti;
- Kontinye travay pi rèd nan defann dwa peyizan yo sou tè agrikòl yo, espesyalman sou tè Leta yo;
- Kontinye travay plis nan refè ak pwoteje anviwònman an (konsèvasyon sòl ak dlo, rebwazman, reforestasyon, jesyon dlo, jesyon dechè plastik);
- Kontinye devlope ekonomi sosyal ak solidè a kòm ekonomi altènativ ;
- Kontinye travay makònay la nan òganizasyon peyizan yo, popilè yo ak òganizasyon politik yo pou n retire Ayiti nan katchouboumbe a.
Ench, papay, nan dat 4 mas 2024