Nos realisations

Nan ouvèti ofisyèl kan nasyonal souverènte alimantè nan Mouvman Peyizan Papay (MPP)

Sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, se 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a kote 300 jèn fi ak jèn gason sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo, yo te rasanble nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo – SANT LAKAY  PAPAY.  Yo t ap brase lide anba tèm : Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti. Tèm sa a makònen eslogan : ak koripsyon lòt Ayiti a… Pa p posib ! Jounen 13 dawout 2024 la, se ouvèti ofisyèl kan an, kote kamarad Nandcie Pierre ak Makendy Cadet t ap anime jounen sa a. Plizyè dirijan MPP te pran lapawòl tankou : Mulaire Michel, Juslène Tyrésias, Verona Val ak Chavannes Jean-Baptiste. Igenel Jean-Baptiste manm Tèt kole Ti peyizan Ayisyen (TK), te pran lapawòl nan non 4 je kontre. An nou li ansanm nan liy anba yo pami pawòl dirijan yo.

En savoir plus

Rezo sosyal : nouvo zouti mobilizasyon sosyal ak solidarite pou chanjman sosyal la.

Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti, se anba tèm sa a 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a te reyalize sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, nan lokal Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo – SANT LAKAY PAPAY. Anviwon 300 jèn fi ak jèn gason sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo te make prezans yo nan kan an. Pandan jounen 15 dawout 2024 la, Yorline Rosephaёlle Ermilus pale sou relasyon antre rezo sosyal ak mobilizasyon sosyal.  Makendy Cadet pwodui yon refleksyon sou estrateji itilizasyon rezo sosyal yo.

En savoir plus

Konsekans eksplwatasyon min sou souverènte alimantè a

Nan kad26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a ki te reyalize sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, nan lokal Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo – SANT LAKAY  PAPAY, anba tèm jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti, anviwon 300 jèn fi ak jèn gason sòti nan 4 kwen jewografik peyi Dayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo te make prezans yo nan kan an. Pandan jounen vandredi 16 dawout 2024 la, Bedouby Nobert, reprezantan Kolektif Jistis Min (KJM) lan te pale sou enpak eksplwatasyon min sou souverènte alimantè a. KJM abitye òganize plizyè aktivite sansibilizasyon atravè peyi a kont lojik eksplwatasyon min yo, tankou nan komin Ench, Mayisad ak Milo, elatriye.

En savoir plus

Ouvèti preliminè kan nasyonal  souverènte alimantè nan MPP nan okazyon jounen entènasyonal lajenès

Nan okazyon 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a, 300 jèn fi ak jèn gason ki sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo,  te rasanble sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo – SANT LAKAY/PAPAY.  Yo t ap brase lide anba tèm : Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti. Tèm sa a makònen eslogan : ak koripsyon lòt Ayiti a… Pa p posib ! Pandan jounen 12 dawout 2024 la, nan okazyon jounen entènasyonal lajenès, kòdinasyon kan an te fè tout mizanplas pou li byen resevwa jèn yo.

En savoir plus

Deklarasyon final kan nasyonal souvrènte alimantè a.

Nan okazyon 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a, nou menm 300 jèn fi ak jèn gason ki sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo, nou te reyini sòti 12 rive 18 dawout 2024, nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo : SANT LAKAY  PAPAY.  Nou t ap brase lide anba tèm : Jèn angaje  nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti.

En savoir plus