Nos realisations

AVIS DE  RECRUTEMENT

Le présent document établit les termes de référence pour la réalisation d’une capitalisation et étude d’impact sur la démarche des comités citoyens mis en place dans le cadre du projet Ranfo Lavi Peyizan, depuis la deuxième phase du projet ayant démarré en 2019. Cette étude vise à analyser les effets de cette démarche selon deux axes principaux :

En savoir plus

Wòl alimantasyon nan lasante moun

Juslène Tyresias ak Chavannes Jean-Baptiste pran lapawòl pandan jounen vandredi 16 dawout 2024 la, nan okazyon 26 zyèm edisyon kan souverènte alimantè a nan MPP. Kamarad sa yo montre nesesite ki genyen pou ayisyen redefini alimantasyon nan retounen nan pratik ak tradisyon alimantè bizawèl ak Tatawèl nou yo. Se yon apwòch ki makònen filozofi tèm kan an, nan aprann respekte tèt nou nan tout nivo. Tèm kan an :  Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti. Se yon kan ki reyalize sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, nan lokal Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo – SANT LAKAY PAPAY. Anviwon 300 jèn fi ak jèn gason sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo te make prezans yo nan kan an.

En savoir plus

Refleksyon Chavannes Jean-Baptiste sou konsèp sosyalis an jeneral. Sosyalis ki chita sou sivilizasyon peyizan.

Nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo, SANT LAKAY  PAPAY, sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, se 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a kote 300 jèn fi ak jèn gason sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo, yo t ap brase lide anba tèm : Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti. Tèm sa a makònen eslogan : ak koripsyon lòt Ayiti a… Pa p posib !

En savoir plus

Nan ouvèti ofisyèl kan nasyonal souverènte alimantè nan Mouvman Peyizan Papay (MPP)

Sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, se 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a kote 300 jèn fi ak jèn gason sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo, yo te rasanble nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo – SANT LAKAY  PAPAY.  Yo t ap brase lide anba tèm : Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti. Tèm sa a makònen eslogan : ak koripsyon lòt Ayiti a… Pa p posib ! Jounen 13 dawout 2024 la, se ouvèti ofisyèl kan an, kote kamarad Nandcie Pierre ak Makendy Cadet t ap anime jounen sa a. Plizyè dirijan MPP te pran lapawòl tankou : Mulaire Michel, Juslène Tyrésias, Verona Val ak Chavannes Jean-Baptiste. Igenel Jean-Baptiste manm Tèt kole Ti peyizan Ayisyen (TK), te pran lapawòl nan non 4 je kontre. An nou li ansanm nan liy anba yo pami pawòl dirijan yo.

En savoir plus

Rezo sosyal : nouvo zouti mobilizasyon sosyal ak solidarite pou chanjman sosyal la.

Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti, se anba tèm sa a 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a te reyalize sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, nan lokal Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo – SANT LAKAY PAPAY. Anviwon 300 jèn fi ak jèn gason sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo te make prezans yo nan kan an. Pandan jounen 15 dawout 2024 la, Yorline Rosephaёlle Ermilus pale sou relasyon antre rezo sosyal ak mobilizasyon sosyal.  Makendy Cadet pwodui yon refleksyon sou estrateji itilizasyon rezo sosyal yo.

En savoir plus