Nos realisations

Patisipasyon Mouvman peyizan Papay (MPP) nan jounen entènasyonal lit peyizan an

Patisipasyon Mouvman peyizan Papay (MPP) nan jounen entènasyonal lit peyizan an

Mouvman Peyizan Papay (MPP) nan kolaborasyon Enstiti Nasyonal Refòm Agrè (INARA) ak Direksyon Depatmantal Agrikilti Sant (DDA-S) lan, yo te òganize yon gwo rasanbleman devan lokal INARA ki lokalize nan twazyèm seksyon kominal Ench, Agwayedyonn riv dwat. Nan prezans plis pase yon santèn Peyizan pandan jounen 17 avril 2025 lan. Se yon pratik andedan òganizasyon an nan komemore jounen sa a. Rasanbleman an te fèt anba tèm : “Fèm agrikòl yo pa pou vann ni pou fè kado”. Tèm La Via Campesina (LVC) chwazi nan okazyon sa a se : “Tè, Dlo, Teritwa pou Lavi”. Depi 10è nan maten anpil preparasyon te deja fèt nan reyalizayon aktivite sa a. Anpil Peyizan ak lòt moun nan kominote a te vin patisipe. Avan ouvèti ofisyèl evènman an, sou direksyon dirijan MPP,  Edmond Mathieu,  reyalizasyon yon mistik revolisyonè. Mistik sa a kòmanse nan chante MPP ki di : “Peyizan yo an nou met tèt ansanm oo, Peyizan yo an nou mete tèt ansanm, nèg lavil yo gade nou kòm gwo zago si nou pa travay, yo pa p manje”[…] Se yon mistik ki tradui kòman Apantè, bandi yo abitye fè dappiyanp sou tè Peyizan yo. Anplis, li montre kòman lè Peyizan yo òganize yo, y ap genyen fòs nan batay kont moun k ap vòlè tè yo.

En savoir plus
Asanble jeneral Sere Pou Chofe (SPC)

Asanble jeneral Sere Pou Chofe (SPC)

Pandan jounen 23 janvye 2025, Sere Pou Chofe (SPC) reyalize yon asanble jeneral ki reyini plis pase 100 manm fanm ak gason, yo sòti nan plizyè zòn diferan nan komin Ench, espesyalman nan twazyèm seksyon kominal la. Se yon asanble ki fèt nan lokal Lakay Sant Fòmasyon Kad Peyizan oswa Sant Lakay. Depi nan kreyasyon SPC nan ane 1976, kòm koperativ altènativ k ap travay nan enterè klas popilè a, espesyalman peyizan yo, se yon tradisyon nan òganize modèl asanble jeneral chak ane. Asanble a enskri li nan yon  objektif pou li klarifye epi pèmèt manm yo konprann ki aktivite lajan yo ap regle, nesesite pou yo kontinye epaye nan kreye pwòp richès yo k ap fasilite yo devlope yon otonomi finansyè pandan y ap koupe fache nan lojik kout ponya izirye yo. Nan dewoulman asanble a nou jwenn mo byenvini ; prezantasyon ekip kominikasyon MPP an ; apèl prezans chak zòn ak idantifye kantite manm yo ki prezan ; bay rapò pwosè vèbal asanble jenral SPC  2024 lan ; sèman angajman nouvo manm yo ; temwanyaj kèk manm sou enpòtans SPC ; analize plizyè aspè, tankou : evalye fonksyònman koperativ la ; fè manm yo konprann pi byen filozofi SPC epi konnen nan tout transparans sa lajan yo ap regle kòm aktivite sosyoekonomik ; eleksyon pou asanble a renouvle 1/3 nan chak komite yo, tankou : konsèy administratif ; komite seveyans ; komite edikasyon ak komite kredi.

En savoir plus

AVIS DE  RECRUTEMENT

Le présent document établit les termes de référence pour la réalisation d’une capitalisation et étude d’impact sur la démarche des comités citoyens mis en place dans le cadre du projet Ranfo Lavi Peyizan, depuis la deuxième phase du projet ayant démarré en 2019. Cette étude vise à analyser les effets de cette démarche selon deux axes principaux :

En savoir plus

Wòl alimantasyon nan lasante moun

Juslène Tyresias ak Chavannes Jean-Baptiste pran lapawòl pandan jounen vandredi 16 dawout 2024 la, nan okazyon 26 zyèm edisyon kan souverènte alimantè a nan MPP. Kamarad sa yo montre nesesite ki genyen pou ayisyen redefini alimantasyon nan retounen nan pratik ak tradisyon alimantè bizawèl ak Tatawèl nou yo. Se yon apwòch ki makònen filozofi tèm kan an, nan aprann respekte tèt nou nan tout nivo. Tèm kan an :  Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti. Se yon kan ki reyalize sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, nan lokal Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo – SANT LAKAY PAPAY. Anviwon 300 jèn fi ak jèn gason sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo te make prezans yo nan kan an.

En savoir plus

Refleksyon Chavannes Jean-Baptiste sou konsèp sosyalis an jeneral. Sosyalis ki chita sou sivilizasyon peyizan.

Nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo, SANT LAKAY  PAPAY, sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, se 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a kote 300 jèn fi ak jèn gason sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo, yo t ap brase lide anba tèm : Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti. Tèm sa a makònen eslogan : ak koripsyon lòt Ayiti a… Pa p posib !

En savoir plus