Femmes MPP

MPP nan jounen entènasyonal kont vyolans sou fanm ak tifi

Devan pòt la.

Lè na libere Ayiti va bèl o

Wa tande, wa tande koze

Lè na libere Ayiti va bèl ooo.

Wa tande alon ti peyi mache o

Wa tande

Se konsa patisipan yo  t ap chante yon chante samba Carole Demesmin pwodui, se yon anbyans animasyon pou yo kòmanse jounen 25 novanm 2024 la, nan lokal Sant lakay Papay. Se jounen entènasyonal kont vyolans sou fanm ak ti fi. « Fanm MPP » Yon branch nan Mouvman Peyizan Papay (MPP) òganize yon woumble devan prezans plis pase yon santèn fanm ak gason ki sòti nan diferan komin nan Depatman Sant lan. Aprè animasyon chante a, animatris woumble a, Nandcie Pierre envite patisipan yo suiv yon mistik revolisyonè, sa vle di, yon aktivite k ap pèmèt yo reflechi, konsantre yo sou sitiyasyon malouk fanm ak ti fi yo nan peyi a. Yon minit silans pran nan memwa tout fanm ki tonbe nan lit la. Asanble a chante Im nasyonal Desalinyen an, Im nasyonal Fanm yo nan MPP. Plizyè eslogan prezante nan moman sa a : Sispann fè piblisite ak kò fanm li pa machandiz ; Lè genyen vyolans denonse l ; Silans nan zafè vyolans jodi a, egal viktim demen ; Aprè nou fin sibi vyolans pa vanm konsyans nou ; Silans nan zafè vyolans egal konplis ; Vyolans sou fanm ak tifi se krim ; Vyolans sou fanm ak ti fi egal vyolans sou dwa moun ; Si genyen bon jistis opresè yo dwe pini ; Defisyans fizik pa mepri ; Viv yon sosyete san vyolans. Anplis, Gislaine Saint-Fleur  louvri jounen an ofisyèlman nan pwononse mo byenvini a. Se yon pwogramasyon ki vrèman chaje kote plizyè dirijan MPP pran lapawòl : Verona Val ak Chavannes Jean-Baptiste. Nandcie Pierre bay orijin 25 novanm, defini kisa vyolans sou fanm nan ye. Juslène Tyresias pale sou diferan fòm vyolans lan manifeste nan peyi a. Li bay tou yon eslam ki montre kòman fanm yo ap sibi vyolans yo. Questamèn Cenor ak Gislaine Saint-fleur prezante fason estereyotip yo ak mizik denigreman yo rive konstri yon move atitid ak konpòtman lakay fanm yo. Jesula Saint-Fleur drese enpòtans sante mantal ak fizik la, nan modèl batay fanm yo dwe mennen an. Nan bout pwogramasyon an « Fanm MPP » bay yon deklarasyon final ki fikse pozisyon yo sou sitiyasyon sosyopolitik peyi a ak sou vyolans k ap fèt sou fanm ak ti fi yo.

Mo byenvini ak lizay.

Gislaine Saint-Fleur animatris MPP swete tout patisipan yo byenvini konsa : mwen salye nou. Mwen di nou byenvini. Jodi a, nou pa vini fete, nou vini reflechi. Malgre Leta an Ayiti siyen plizyè konvanvasyon sou kesyon vyolans sou fanm ak tifi, men kontinye genyen tout kalte vyolans sou yo. Nou salye prezans tout moun ki sòti diferan kote nan depatman an. Yon lòt fwa ankò mwen swete nou byenvini. Nan yon lòt bò, direktris egzekitif MPP an, Verona Val te pran lapawòl : bonjou tout fanm yo ak tout mesye yo. Mwen salye tout moun ki sòti nan plizyè komin nan depatman an. Si pa genyen tout kalite vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi nan peyi a, nou t ap kapab konsidere jounen 25 novanm sa a tankou yon fèt. Anpil fanm sibi vyolans anba men gason nan bay yo pitit san okipe. Nou pa dwe fè silans lè nou sibi vyolans, ni nou pa dwe vann konsyans nou. Nou dwe kontinye reflechi chak jou sou fenomèn vyolans n ap sibi nan lafanmi ak nan sosyete a. Nou dwe denonse tout zak vyolans yo. Mwen salye angajman Fanm vanyan yo ki pran gwo inisyativ sa a. Mwen salye prezans nou yon lòt fwa. Mwen kontan prezans mesye yo.

Refleksyon pandan jounen 25 novanm 2024.

Nandcie Pierre ak Juslène Tyresias reyalize yon konferans nan okazyon sa a, yo prezante orijin 25 novanm lan ak  drese yon radyografi sou fenomèn vyolans an Ayiti.

Nan yon premye moman an, Nandcie Pierre montre 25 novanm se Jounen Entènasyonal kont vyolans sou fanm. Se jou sa a anpil peyi sou latè, te deside fè yon jounen espesyal pou yo denonse ak pou yo kwape tout zak vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi. Sepousa, plizye òganizasyon fanm ak anpil lòt enstitisyon te  mete tèt yo ansanm nan fè mobilizasyon pou yo fòse Leta mete tèks lwa, siyen konvansyon epi aplike yo pou pini agresè yo. Yo mete tèt yo ansanm pou yo travay sou konpòtman ak atitid moun yo nan sosyete a, yon fason pou yo chanje  fason opresè yo konprann epi trete fanm.

Orijin 25 novanm.

Istwa 25 novanm sòti nan peyi Repiblik Dominikèn. Se te 25 novanm 1960, Diktatè Trujillo te voye chèf li yo asasine 3 dominikèn ki  te rele  Minerva, Patricia ak Maria Teresa, yo te siyen Mirabal. Medam sa yo se te 3 sè ki te djanm, vanyan, ki t ap batay ansanm ak mari yo kont diktatè ki te rele Trujillo a, ki t ap fè anpil enjistis an Repiblik Dominikèn paske li pa te vle sè Mirabal yo kontinye denonse move zak malonèt li t ap fè yo. Lapolis te arete medam yo pandan yo te sou wout, yo te frape yo anpil, jouk yo touye yo. Se konsa, twa sè Mirabal yo mouri.

Nan ane 1981, anpil òganizasyon fanm te òganize yon gwo rankont nan peyi kolonbi, kote yo te pale sou tout zak vyolans fanm yo ap sibi nan lemonn. Yo te konstate genyen gwo silans ki fèt sou tout zak vyolans sa yo k ap fèt sou fanm ak tifi  nan tout peyi sou tè a. Nan memwa sè Mirabal yo feminis yo te deside chwazi dat 25 novanm nan kòm jounen entènasyonal pou yo batay kont tout zak vyolans k ap fèt sou fanm.

Kisa vyolans sou fanm nan ye ?

Vyolans kont fanm se : tout zak vyolans oubyen move konpòtman, move trètman ki fèt kont fanm ak tifi yo pou fè yo soufri nan kò yo, nan moral yo.  Yo kapab manifeste nan lavi prive yo, andedan kay yo ak nan fanmi yo, oswa nan aktivite travay yo, nan katye yo, nan kominote kote y ap viv. Vyolans se tout move zak, atitid, konpòtman, diskou ki fèt sou fanm nan paske l se fanm, ki kapab lakoz li mouri, li domaje, soufri nan kò li, nan sèks li oubyen nan lespri l.

Diferan kalite vyolans

Juslène Tyresias elabore sou pami plizyè kalite vyolans ki egziste yo. Avan tou, li fè konnen : vyolans nan peyi a manifeste sou plizyè fòm jounen jodi a. N ap viv tout fòm yo nan fanmi, nan sosyete a globalman. Genyen vyolans fizik, vèbal, kiltirèl, elatriye. Vyolans estriktirèl la se tout sa ki kenbe nou nan soudevlopman, ki anpeche nou genyen aksè nan sèvis bazik yo, ki anpeche nou jwenn edikasyon, sante, lwazi, menm jan manman lwa peyi a di sa a. Fòm vyolans sa a, li anpeche nou genyen dwa « souverènte alimantè » pou nou nouri pitit peyi a nan bon jan kondisyon yo. Anplis, vyolans ekonomik lan lakoz nou paka sikile pou nou vann pwodui lokal yo. Machandiz yo souvan brile nan mache yo. Kidnaping k ap dekapitalize klas devaforize a. Genyen  deplasman fòse  ki fè nou pèdi tout sa nou te posede. N ap viv nan yon kondisyon sosyoekonomik menm bèt pa dwe viv konsa. Leta pa pwoteje dwa kòmèsan yo parapò pwodui enpòte yo. Nou kapab souliye tou vyolans politik la kote kandida yo aji fason yo vle. Pa genyen etik nan kesyon politik peyi a, kandida yo  ap simaye lajan dwòg, ki itilize zam pou yo fòse sitwayen yo vote yo ak vòlè eleksyon an. N ap konstate fanm yo pa prezan nan espas desizyon yo. Yo majinalize yo, se yon kota 30 % Leta mande lè pou yo reprezante nan administrasyon etatik la. Anpil fwa lè genyen yon fanm k ap goumen nan nivo politik yo, kèk kouch sosyal souvan prezante yon ansanm diskou matchis ak seksis pou yo denigre yo. Plizyè pwovèb ak mizik montre yon ansanm estereyotip negatif kont fanm yo. Menm si fanm nan onèt, fòme, se yon lojik pou yo fè li pèdi repitasyon sosyal li nan sosyete a.

Eslam Juslène Tyresias

Vyolans, vyolans wooyyyy twòp vyolans

I

Nan peyi Dayiti depi w wè Fanm ou wè vyolans

Chak kote w pase zak vyolans sèvi referans

Ou kouri monte, ou kouri desann tout moun fè silans

kòmsi lavi fanm san vyolans pa gen sans ?

Tout zanmi, vwazinay ak paran pran panik gran pwisans Lapolis fè silans, otorite nan lajistis fè silans

Pou pèmèt zèfèyis, anganman ak brigan kontinye fè vyolans

II

Fanm vanyan, Fanm konsekan leve kanpe pou n kwape vyolans

Osinon nou tout ap depafini ak degoutans

Chak jou ki fè jou dezespwa fin fè nou pèdi bon sans

Tèlman san ap koule, fanm ap mouri anba vyolans

Fanmiy yo ap depafini, timoun yo mal pase kòm konsekans

Kèk ane aprè ti gason kou tifi tout tonbe nan fè vyolans

Pliske tout moun ap klèwonnen jèn nan peyi sa pa gen chans

Men, yo tout bliye si vyolans pa kwape vyolans

III

Vyolans mennen soufrans

Vyolans mennen doutans, li pa fè sans

Sa pa gen sans pou n chita fè silans san okenn dilijans

Pou n fè bon jan aksyon pou n fini ak vyolans

Sonje, (3fwa) lit kont vyolans sou fanm ak ti fi pa posib, si nou fè silanssssssss

Animatris Gislaine Saint-Fleur ak Questamène Cenor nan MPP elabore sou yon ansanm estereyotip ak modèl mizik ki kontribye nan denigre fanm yo nan sosyete ayisyen an. Depi nan kreyasyon limanite, tout sa ki vivan nan lanati lòm te  pran nesans kote fanm ak gason te kreye pou yo viv ansanm nan respè youn pou lòt. Yo te genyen dwa sèvi nan tout sa yo  te jwenn nan lanati epi pran kontwòl tout èt vivan ki sou tè a. Yo te genyen menm dwa, men aprè anpil tan, yon kokennchenn jenerasyon ap pase, vini genyen anpil evolisyon ki fèt nan lavi lòm, sosyete a kòmanse ap envante yon ansanm lide ki vini poze anpil pwoblèm nan relasyon fanm ak gason. Se apati lè sa vini genyen diferans ant jan ak sèks ki se koz fondamantal pwoblèm ki poze a. Poutan, fanm ak gason kondane pou yo viv ansam epi se yo ki pou travay ansanm pou yo rive nan devlopman sosyete a paske pa p kapab  genyen devlopman san patisipasyon fanm yo ak san patisipasyon gason yo.

Kòm nou konnen lè yon pwoblèm poze nan nenpòt domèn avan nou chèche jwenn solisyon an  se koz la nou chèche konnen  anvan, se jis pou nou kapab aji sou li aprè sa pou nou rive elimine konsekans yo. Nan sans sa,  moun ki t ap chèche konnen yo dekouvri vrè koz fondamantal la chita  nan diferans sosyete a tabli ant jan ak sèks yo.

Pou rezon sa a,  jodia tout kote nou pase, nou jwenn se  tèm jan an k ap fè aktyalite yo. Pou nenpòt bayèdefon finanse yon pwogram ki genyen lyen nan devlopman epi ki genyen yon karaktè sosyal pou yon òganizasyon oubyen nenpòt lòt gwoup ki genyen gason ak fanm, yo antre yon ribrik  sou pwoblematik  jan ladan l, paske yo kwè sansibilizasyon k ap fèt sou tèm sa a ka fè moun yo rive  pran konsyans pou yo genyen yon lòt lavi nan relasyon ki ekziste ant fanm ak gason.  Si vrèman fanm ak gason k ap viv  ansanm pa rive pran  konsyans sou sitiyasyon yo,  sa poze gwo pwoblèm nan sosyete a,  tankou  andan fanmiy yo,  nan enstitisyon piblik kou prive yo, nan lekòl, nan legliz, elatriye.

Kisa estereyotip la vle di ?

Estereyotip se yon seri lide tou fèt tout moun aksepte san okenn reflesyon ni jijman kritik ki ta kapab pèmèt yo wè si sa pa genyen okenn konsekans sou devlopman moun  ki sibi konsekans estereyotip yo, tankou nan fason yo panse, jan yo santi yo ak kapasite pou yo aji. Genyen estereyotip ki tradwi nan jès,  mouvman, pawòl ki repete souvan nan lespri  yo, san pa genyen manifestasyon okenn volonte. Pawòl sa yo ak jès yo souvan pa adapte sitiyasyon viktim nan. Yo rele estereyotip sa yo prejije. An n li  kèk estereyotip ki marande  move pèsepsyon sosyal yo sou fanm yo. Tankou : fanm ki mete rad kout se fanm fasil ; gason  pa nan kriye ; fanm se èt ki fèb ; fanm yo la pou fè manje ak fè pitit ; fanm pa fò nan matematik ; fanm se zaboka lè li tonbe li kraze ; gason se kokoye lè l tonbe li woule ; fanm pa dwe kontrekare pawòl gason ; se gason w ye ou pa dwe aji tankou fanm ; fanm dwe genyen yon jan pou li mennen bak li ; gason dwe genyen yo jan li mennen bak li ; fanm pa nan politik.

Yo itilize pawòl sa yo souvan lè genyen konfli oubyen kriz k ap  kreye distans sosyal nan mitan 2 moun ki nan konkirans lan ki se fanm ak gason oubyen pou yo defanm pozisyon yon gwoup moun parapò lòt gwoup la. Kanal ki kenbe sikilasyon estereyotip sa yo  nan sosyete a se : lafanmiy – paran ti moun yo souvan repwodwi  estereyotip yo sou ti moun yo san yo pa rann yo kont paske sosyete a konsidere yo kòm bagay ki nòmal, tankou  lè paran yo  di –  ti gason yo se tèt sèkè yo ; ti fi yo fèt ak tout byen yo ; ou pa konn se tifi w ye ; fanm se kòd gita ou pa ka konte sou li.

Nan lekòl – pwofesè yo pa fè atansyon nan sa y ap di ti moun yo nan sal klas yo, tankou : lè yo di kot sa w pa ka fè a se pa gason ou ye,  kòman nou fè kite se yon fanm ki premye nan klas la. Nan legliz la – dirijan legliz yo souvan entèprete kèk vèsè  biblik  pou yo fè fanm yo kwè gason yo genyen plis pouvwa pase yo. Nan laprès : direktè opinyon yo ak animatè mizikal yo k ap travay nan radyo ak nan televizyon komèsyal  yo, souvan  yo pa  analize okenn  pwodwi y ap difize, alò estereyotip yo sikile anpil  nan difizyon mizik yo nan piblisite, elatrite. Nan Leta : lè genyen konfli ant yon fanm ak yon gason ki ale trete devan yo, yo souvan di  ki sa w te fè nèg la ou pa t fè manje pou li, sa ou t ap fè nan lari a lè sa a.

Sosyete  a divize travay  an 3 pati nan jan li  klase yon seri travay ki se travay fanm epi yon lòt seri se travay gason,  men sa pa anpeche fanm ak gason kolabore nan divès kalite travay menm lè sosyete a  di travay sa a, se travay gason, men nou jwenn prezans fanm yo nan reyalizasyon travay sa yo. Sosyete a bay travay gason yo plis valè pase travay fanm yo paske yo di travay fanm yo pa rapòte lajan, sa lakoz fanm yo toujou anba dominasyon gason yo, travay pwodiksyon  an se tout travay ki pèmèt yon moun rantre lajan ki fèt ak fòs kouraj li ak entèlijans li tankou travay  jaden,  konstriksyon  kay,  kondwi machin,  fè elvaj. Sosyete a fè konnen travay sa yo se travay gason.

Travay repwodiksyon an ;  se yon kokennchenn travay ki makonnen wòl fanm yo  genyen selon sosyete a. Se travay ki pa rantre lajan  men ki endispansab pou fonksyònmam tout moun tankou : okipe pitit,  fè manje, netwaye kay, fè lesiv, repase. Travay kominotè :   se yon seri travay sosyal ki genyen rapò nan devlopman kominote yo k ap patisipe  nan aktivite politik yo, nan koperativ,  nan jesyon sistèm irigasyon menm si toujou genyen plis gason  ki prezan  nan travay  sa yo  paske yo di  fanm yo  pa kapab pran desizyon.

Konsekans divizyon seksyèl travay sou lavi fanm

Nan sosyete a genyen banalizasyon sou travay repwodiksyon fanm yo. Reyalite sa mete fanm yo nan yon pozisyon feblès devan moun ki nan antouraj  yo sou plizyè aspè. Souvan menm pitit yo abitye  trete yo an paran pov pliske se pa manman an ki  genyen mwayen rantre lajan nan kay la pou li reponn nan bezwen  fanmiy lan. Mari fanm yo abitye souvan trete yo nan mepri, diskriminen yo lè pou yo pran responsabilite yo nan depans kay la, paregzanp nan edikasyon timoun yo, jere kesyon maladi,  pote bourad ak fanm nan si li genyen yon paran ki  genyen pwoblèm ki mande pote pwòp kontribisyon li nan fanmiy lan, nan rezoud yon  pwoblèm.

Menm si fanm nan  genyen volonte pou li aprann yon pwofesyon oubyen yon metye teknik ki kapab pèmèt li travay paske li pa genyen mwayen  pou li peye a, li bloke oubyen mari li deside bloke l paske se li ki  pou bay li lajan an. Answit, fanm nan kapab genyen lide a men lè li konnen sa li kapab jwenn  kòm mepri, pawòl diskriminatwa ki kapab tonbe sou li tankou grenn lapli oubye akoz pèrèz, ògèy fè fanm yo fèmen sou yo. Vrèman fanm ki pa genyen kapasite rantre lajan nan fanmiy yo men ki pote sou do yo travay repwodiksyon yo abitye pase move moman nan lavi yo akoz dominasyon, rapò debalanse nan relasyon  fanm ak gason,  povrete, absans valorizasyon travay sosyete a mete sou do fanm yo ak tout mepri sa antrene dèyè li  ki  mete moun sou kote. Sa fè moun nan santi li enferyè parapò lòt yo, sa kreye fristrasyon ki pa  deklare, sa fè li manke konfyans nan tèt li, li pè afwonte yon reyalite kèlkonk, li timid.

Kisa nou dwe fè pou nou elimine move repwodiksyon estereyotip yo sou fanm yo nan sosyete a.

Pou nou konbat estereyotip yo  pou egalite  ant fanm ak gason  tounen reyalite nou dwe kòmanse  depi nan edikasyon n ap bay ti moun yo nan kay la nan fason n ap trete  pitit fi yo ak pitit gason yo demen ki pral deside sou ki kalite fanm ak gason sosyete a pral genyen yo, kote y ap genyen menm posibilite nan emansipasyon yo – sa vle di menm emansipasyon politik, sosyal, ekonomik ak kiltirèl. Nou dwe pran konsyans sou vye konpòtman n ap afiche nan relasyon  ki devlope nan mitan nou ak  lòt moun ki anfas nou yo. Sispann itilize, difize estereyotip  yo nan mitan nou ki mete pwòp fanm yo nan yon pozisyon feblès parapò gason yo. Elimine tout sa ki genyen rapò divizyon seksyèl travay nan fanmiy ak nan gwoup n ap evolye yo. Ankouraje patisipasyon fanm yo nan desizyon k ap pran yo. Nou dwe kwè nan tèt nou, chache fòme tèt nou, enfòme pou nou aji an bon sitwayen pou nou aktè nan defann koz nou paske pa genyen moun k ap defann li pou nou.

Questamène Cenor montre genyen yon nesesite pou kouch sosyal ki manke konsyan yo redefini modèl mizik y ap konsome yo k ap denigre fanm yo. Yo dwe sispann ekspoze kò vann yo tankou machandiz. Kò fanm yo pa machandiz sispann vann kò fanm yo, sinon se yon vyolans n ap fè sou yo. Menm jan estereyotip yo, genyen yon seri mizik atis yo pwodwi kote yo sèvi ak kò fanm yo, pwovèb ki genyen move enpak sou repitasyon fanm yo pou devalorize yo, pou imilye yo, diskrimine yo e menm soudevlopman kapasite fanm yo.  

Pami atis yo fè yon ansanm mizik ki pale sou fanm e ki denigre yo kòm fanm e se mizik sa yo souvan anpil fanm renmen danse, n ap danse, n ap chante san nou pa rann nou kont se denigre y ap demigre nou, pou yo fè nou santi nou pa moun. Se yon fason pou yo kapab imilye nou kòm fanm, e se pa sèl mizik yo, yo fè sou nou, yo itilize tou pwovèb yo pou yo denigre nou, e nou menm, nou abitye itilize yo pou nou demigre pwòp tèt nou paske lè n ap danse epi n ap tande mo k ap sòti yo se sou kò nou yo pale nou pata dwe danse ni apresye modèl mizik sa yo.Nou kapab pran kòm ekzanp lè mizik koupe kloure a di “Fanm kolokent se zen nan mizik yeye a” li kalifye fanm yo kòm ratyè fè  oubyen lè yo di fanm se lajan monnen oubyen yo di Fanm se lajan chire. Mwen kwè lè n ap tande mizik sa yo, sa ta dwe revòlte nou kòm fanm, se pa kontan pou nou kontan danse mizik yo pandan y ap denigre nou. Se revòlte nou dwe  revòlte kont modèl mizik sa yo.

Se pou rezon sa yo, nou dwe fè yon travay sansibilizasyon ak fanm yo, sitou jèn fanm yo pou yo konnen lè yon mizik pale sou kò yo sitou sou pati entim yo, yo pa dwe danse l sitou sa k ap pase nan pwogram kawach yo lè yon jèn fi ale nan yon modèl pwogram konsa li kapab koz lanmò li, paske vye dlo  y ap sèvi a kapab bay li tout kalite enfeksyon ki kapab mennen li menm nan lanmò. Nan sans sa, nou dwe : sansibilize fanm yo ak jèn fanm ki nan anviwònman nou ak nan kominote nou ; ankouraje yo antre nan òganizasyon kote y ap jwenn fòmasyon pou yo jere tèt yo byen ; òganize konferans ak deba nan enterè fanm yo ; mete yon tan refleksyon nan asanble zòn yo ak asanble lokal yo pou nou sansibilize sitou jèn medam yo, paske nou Ayisyèn, nou renmen mizik anpil, nou renmen danse men fò nou kontwole e tande byen modèl mizik n ap danse yo, pou nou pa repwodui vyolans senbolik la sou tèt nou.

Opinyon Chavannes Jean-Baptiste nan jounen an.

kamarad yo bonswa ! Mwen santi nou djanm vre. Mwen salye tout Fanm vanyan yo. Mwen salye 100/100 kamarad Jesula nan kad entèvansyon li. Si nou rive aplike tout sa kamarad Jesula sòti pale a, n ap genyen yon bon lasante. N ap raple jodi a se pa fèt Fanm, men se yon jounen konba, refleksyon kont vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi. Genyen anpil batay k ap fèt sou tout fòm vyolans sa yo. Genyen anpil konsèy ki bay nan fason nou dwe trete ti moun yo. Lafanmi genyen gwo responsabilite pou li kontinye batay sa a. Genyen tout kalite vyolans k ap fèt : vyolans sikolojik, fizik ak politik, elatriye. Avan mwen ale pi lwen, genyen yon angajman Fanm MPP yo te pran. Nou sonje angajman an ? Kiyès fanm pami nou ki fè omwen yon fanm antre nan MPP pandan ane a ? Nou konstate genyen senpman 4 fanm ki respekte angajman ki te pran nan kongrè a. Nou genyen yon angajman pou nou fè chak ane 3 lòt moun vini nan MPP. Pou nou kenbe mouvman djanm fòk genyen kalite fanm tankou nou, se konsa n ap rive chanje sosyete a. Nou dwe konpann plis genyen fanm ki angaje nan batay la, se plis n ap vanse kont vyolans k ap fèt sou fanm yo. Mwen menm Chavannes Jean-Baptiste pou ane a mwen fè 60 moun vini nan mouvman an. Mwen fòme 4 nouvo gwoupman pou ane 2024 la.

Jodi a lavi moun pa vle di anyen nan peyi a. Nan peyi a nou paka pale ankò sou kesyon dwa moun. Anpil manman kouri ak pitit yo san destinasyon, san manje, san rad… Yo pèdi kay. Nou pa genyen Leta, si nou genyen Leta se yon Leta gang, vòlè, kowonpi. KPT an pa direfan gwoup gang ki rele viv ansanm nan. Li klè si w frekante bandi ou se bandi, si w frekante volè ou se volè, si w frekante tafyatè ou se tafyatè. Nou menm fanm nan MPP nou dwe konprann sitiyasyon malouk sa a, lit la paka fèt san fanm yo. Nou bezwen plis moun nan lit pou chanjman sosyal la. Genyen twop fanm ki pa òganize yo.

Deklarasyon final

[…] Fanm MPP mande popilasyon an kale je yo, pou yo defini estrateji ak aksyon konkrèt pou yo fè dwa yo respekte menm jan zansèt yo te fè nan retire nou anba bòt kolon blan yo. Moman an rive kounye a menm pou mobilizasyon yo relanse kote fanm ak ti fi ap sispann sibi vyolans sou tout fòm, yo dwe moublize pou :

  • Fòse KPT an ak gouvènman an fè aksyon konkrèt nan sekirize pèp la, nan frennen bandi yo k ap vale teren epi sispann fè masak sou popilasyon an ;
  • Kwape bandi yo, se pou tout asasen yo jije epi pini pou zak yo fè yo. ;
  • Aji sou pwoblèm ijan yo ;
  • Kominote entènasyonal la sispann ipokrizi nan politik enjerans lan, kote se pèp l ki deside moun ki pou dirije l nan eleksyon nan bon kondisyon ak yon konsèy elektoral kredib ;
  •  Fòse ale san kondisyon 3 manm KPT yo ki genyen dosye koripsyon sou do yo nan reponn kesyon lajisti epi pini yo si yo koupab ;
  • Fòse otorite Leta yo pran tout dispozisyon pou yo libere wout nasyonal yo kote moun kapab sikile libelibè andedan peyi a, nou bouke nan politik bout teren an ;
  • KPT an ak gouvènman an dwe mennen aksyon pou nou jwenn kolaborasyon tout enstitisyon ki travay sou kesyon dwa moun nan nivo nasyonal ak entènasyonal nan fòse Repiblik Dominikèn respekte diyite ayisyen yo kote  menm si y ap rapatriye yo men sa dwe fèt nan bon jan kondisyon ;
  • Ayisyen konsekan an nou dwe sispann konsome pwodui ki sòti nan Repiblik Dominikèn si y ap maltrete ayisyen nou yo, nou pa kapab ap anrichi yo.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.