Education, Realisations, Uncategorized

Atelye refleksyon demi brigad Vilgar Jacques nan twazyèm seksyon kominal Ench

Devan pòt la.

Nan jounen 17 jiyè 2026 lan, plizyè dizèn militan, etidyan rasanble nan Lakay Sant Nasyonal Kad Peyizan pou yo patisipe nan atelye refleksyon ki mare memwaak espwa. Kontèks la klè : yo komemore 9 lane travèse kamarad Vilgar Jacques, an menm tan, yo selebre 50 lane kreyasyon Koperativ Sere pou Chofe (SPC). Se yon atelye ki fèt anba tèm : “enpòtans ekonomi sosyal ak solidè nan lavi jèn malere yo”. Pou yo kòmanse, Nadège Saintil envite patisipan yo antre nan atelye a ak respè, epi li raple yo wòl demi brigad la ansanm ak orijin militan yo. Brigad Vilgar Jacques se yon gwoup ki fè chwa batay pou yon Ayiti sosyalis, epi militan sa yo soti nan Mouvman Peyizan Papay (MPP) ak Lekòl Fòmasyon Politik Charlemagne Péralte (LFPCP) kote yo fòme kòm animatè pou chanjman sosyal.

Apre mo byenvini a, animatè evènman an mande patisipan yo pou yo kapab pran yon moman silans senbolik nan memwa kamarad Vilgar Jacques (yon militan MPP modèl) : yon fason pou di lavi li pa t pase san sans, epi konviksyon li ki te yon gwo tras. Silans lan se yon tranzisyon ki mennen nou soti nan sonje a epi ale nan kontinite a. An nou suiv nannan koze jounen atelye refleksyon sa a nan liy anba yo.

Nannan koze yo.

Kounye a, nou antre nan nwayo atelye a. Chavannes Jean-Baptiste pran lapawòl pou mete aksan sou enpòtans ekonomi sosyal ak solidè nan lavi jèn malere yo. Li raple nou kontèks evènman sosyoedikatif sa a : 11 jiyè 2026 se 9 lane komemorasyon lanmò Vilgar Jacques, epi pandan menm peryòd la, nou sonje 50 lane Sere Pou Chofe (SPC) a. Se nan liy sa a li montre koperativ la se yon zouti ki kreye pou moun travay ansanm, pataje ansanm, epi mete lajan ansanm pou yo pa santi yo pou kont yo nan difikilte yo.

Pou fè refleksyon an pi solid, Chavannes mete aksan sou koneksyon pèsonèl kamarad Vilgar Jacques ak mouvman an. Vilgar Jacques te manm premye gwoupman ki pote non “Gwoupman Jean-Baptiste”an 1973, epi nan lavi sosyal li, li te toujou yon moun ki pote lajwa nan espas kote li prezan. Li te militan disipline, ponktyèl, angaje, epi  li te tou ansyen manm SPC. Se poutèt sa, diskou a vin tounen yon pon : memwa Vilgar Jacques pa sèlman rakonte pase li, li pouse nou evalye kijan nou kapab kontinye reponn bezwen jèn yo.Fondatè MPP an souliye, koperativ SPC, se youn nan gwo wòch dife solid Mouvman Peyizan Peyizan (MPP).

Nan yon lòt bò, Juslène Tyresias fè tranzisyon an rive nan konsèp la : ekonomi sosyal ak solidè se yon altenativ dirabki mete moun an premye. Li esplike nou Ekonomi Sosyal ak Solidè ( ESS) pa baze sou logik pwofi sèlman ; li baze sitou sou konfyans, solidarite, respè, koperasyon, epi menm sou rezilyans ekolojik, ranfòsman lyen sosyal, aprantisaj kolektif, enklizyon, kreyasyon, atikilasyon echanj ak patisipasyon kolektiv. Konsa, objektif ESS la vin byen konkrè : li vize transfòme lavi moun yo fè pòv yo.

Apre li fin klarifye prensip yo, li konpare ekonomi sosyal ak solidè ak ekonomi liberal la. Ekonomi liberal la vin yon zouti sistèm kapitalis la itilize pou li fè lajan epi esplwate lòt moun, men ESS pran nesans pou li reponn bezwen sosyoekonomik moun yo. Lè li rive sou fòm yo, li raple nou genyen twa wout ki pote menm lespri a : asosiyasyon, koperativ, ak mityèl solidarite. Apre sa, li ogmante refleksyon an lè li pale sou mityèl : objektif yo se jere lajan, gouvènans demokratik, jesyon responsab, asire ekonomi moun yo an sekirite, epi viv yon eksperyans demokratik.

Lè kamarad Juslène fini, mesaj la pare pou li vin pratik. Sepousa Aliette Saint-Fleur pran lapawòl nan yon apwòch ki pi konkrè kote li montre koperativ la kòm mekanis ki fè diferans. Li esplike nan yon koperativ, manm yo jwe 2 wòl : yo se moun k ap mete resous yo, epi yo se moun k ap resevwa opòtinite. Li raple tou SPC pran nesans nan ane 1976, epi li mete aksan sou sa koperativ la fè pou manm li yo : ede yo devlope biznis yo, amelyore kondisyon sosyoekonomik yo, peye lekòl, epi konstrui lavi yo sou baz diyite […]

Nan tranzisyon sa a, kamarad Saint-Fleur  frape sou yon ide kle : nan yon monn kote inegalite ap vale teren, genyen zouti ki kapab sove moun anba kout ponya. Yon moun k ap pran kout ponya lavi w pa p janm chanje.  Se la SPC parèt kòm zouti altenatif pou batay kont kout ponya izirye yo. Li finalize pawòl li nan plizyè fòm sèvis koperativ la ofri, tankou : kredi, prè, chanje dola ak peso, Natcash/Moncash, ak fòmasyon.

Boutofen

Nou retounen nan eslogan an ki lye tèm jounen atelye a: “Pandan n ap komemore travèse yon bò, n ap selebre egzistans yon lòt bò.”Sa vle di nou pa sispann nan lapenn; nou kontinye nan aksyon sosyal. Epi, nan lespri omaj pou Vilgar Jacques, nou konprann mistik revolisyonè a vin yon avètisman, men SPC vin yon espwa : mikrokredi ak enterè 25 % kapab montre difikilte sistèm nan, pandan koperativ SPC ak enterè 2.5 % montre kijan izirye yo kapab sèvi popilasyon an san yo pa kraze yo. Nan sans sa, demi Brigad Vilgar Jacques salye patisipasyon tout militan ak etidyan yo. Se yon moman pataj esperyans, komemorasyon ak fòmasyon sou edikasyon finansyè nan enterè patisipan yo.

https://www.facebook.com/MPPPAPAY/videos/1371612538270038

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.

Login

Register

terms & conditions