Realisations, Uncategorized

Jounen Entènasyonal Anviwònman an nan Sant Lakay/Papay nan Mouvman Peyizan Papay (MPP): yon apèl pou aksyon pratik kont kriz anviwònman an

Devan pòt la.

Nan okazyon Jounen Entènasyonal Anviwònman an, ki te selebre 5 jen 2026 nan Sant Lakay ki nan zòn Papay/Basen-Zim, plis pase yon santèn patisipan te reyini pou yo reflechi sou defi anviwònman peyi D Ayiti ap fè fas yo. Aktivite a te rasanble reprezantan Direksyon Depatmantal Agrikilti Sant (DDA-C), etidyan nan Lekòl Teknik Agrikòl Papay, manm Mouvman Peyizan Papay (MPP), reprezantan Lameri Ench, reprezantan Direksyon Enstiti Nasyonal Refòm Agrè (INARA), ansanm ak plizyè lòt enstitisyon. Tèm jounen an te klè : “Aji sou kriz anviwònman an se jodi a !”. Objektif prensipal la se sansibilize popilasyon an sou pwoteksyon anviwònman an epi ankouraje aksyon kolektif pou yon devlopman dirab.

Aktivite a te kòmanse nan mo byenvini Verona Val ki te salye patisipan yo epi souliye gravite degradasyon anviwònman an, an Ayiti. Li te raple nesesite pou chak sitwayen pran responsabilite li nan pwoteksyon resous natirèl yo. Animasyon jounen an te fèt sou direksyon Jacky Darius ak Nandcie Pierre, tandiske Mulaire Michel te prezante objektif MPP yo pandan jounen sa a, ki chita sou sansibilizasyon sitwayen yo ak prezantasyon aksyon òganizasyon an ap mennen nan domèn anviwònman an. Yon moman espesyal te konsakre pou rann Edmond Mathieu yon omaj – se yon militan sosyalis ki te sèvi kòm modèl angajman pou MPP. Nan menm okzasyon sa a, reyalizasyon yon mistik revolisyonè ki montre ansanm dega esplwatasyon min genyen sou lasante moun ak anviwònman an. Li montre kòman peyizan yo dwe rasanble nan batay kont esplwatasyon min nan peyi a. Plizyè moun mouri nan sans sa a.  Peyizan yo dwe òganize yo nan batay kont modèl pwojè sa yo nan peyi a. Nan pratik sosyal MPP, aprè mistik revolisyonè se Im nasyonal, Im MPP, ak Im Sosyalis lan.

Nan dewoulman evènman sa a, animatè yo te mete devan eslogan : “Yon anviwònman ki pwoteje, se yon lavi garanti.” Jounen 5 jen 2026 lan, se te makònay ant refleksyon, boukantay eksperyans, pataj plantil ak semans natirèl, pèfòmans kiltirèl, ekspozisyon pwodui lokal ak tablo atizanal, fwa gastwonomik (Akasan ak lèt Bèf, Siwo Kann ; Tchaka pela w ; Diri blan ak Lalo).

Nannan koze yo.

Rezime pawòl : Francia Baptiste ak Alexander Placide.

Premye konferans lan te konsantre sou pwoblèm debwazman an Ayiti ak konsekans li yo sou anviwònman an. Francia Baptiste ak Alexander Placide te prezante plizyè koz istorik ak ekonomik ki esplike destriksyon kouvèti forè peyi a, tankou dèt endepandans lan, pwojè SHADA, itilizasyon bwa kòm sous enèjetik, pwodiksyon mèb, konstriksyon kay ak lòt aktivite ekonomik. Yo te montre kijan debwazman an kontribye nan pèt biyodivèsite, ewozyon ak rechofman klimatik. Kòm solisyon, yo te pwopoze reforestasyon, agwoforesteri, devlopman enèji altènatif, kreyasyon forè enèjetik ak ranfòsman pwogram edikasyon sou anviwònman.

Nan kad diskisyon sa a, MPP te prezante plizyè aksyon li deja reyalize, tankou kanpay sansibilizasyon, etablisman pepinyè satelit, kreyasyon forè enèjetik, pwodiksyon chabon altènatif ak distribisyon recho amelyore. Pandan sesyon kesyon ak repons lan, patisipan yo te diskite sou itilizasyon gaz pwopàn, enèji solè ak estrateji pou nou pwolonje pwogram forè enèjetik yo atravè peyi a. Valdimir Vincent, youn nan reprezantan DDA-C ak Inivèsite Kiskeya, te mete aksan sou absans yon politik enèjetik ak yon politik devlopman riral solid an Ayiti. Li te fè remake pwoblèm anviwònman an pa limite sèlman nan koupe pyebwa, men li genyen rapò nan absans yon politik forestye nan modèl politik piblik ki nan aplikasyon an Ayiti.

Rezime entènvansyon Nehemie E. Germain ak Bedouby Nobert.

Yon lòt gwo sijè ki te domine jounen an se te kesyon esplwatasyon min. Nehemie E. Joseph ak Bedouby Nobert te prezante risk ki asosye nan eksplwatasyon min yo sou anviwònman an ak sou dwa kominote yo. Entèvansyon yo te atire atansyon sou danje kèk dispozisyon legal ki kapab favorize pwojè min san ase garanti pou pwoteksyon resous natirèl ak enterè popilasyon yo. Patisipan yo te poze kesyon sou kondisyon ki ta dwe egziste pou nenpòt eksplwatasyon min ta kapab benefik pou peyi a.

Nan kad Jounen Entènasyonal Anviwonman, nou ta renmen mete aksan sou pwoblèm eksplwatasyon min nan, ki konsidere kòm yon sijè aktyèlepisansib, sitou akoz dekrè minye gouvènman defakto Alix Didier Fils-Aimésoti30 mas 2026 la. Analiz la pwopoze pou nou mete ansanm anje politikakanje jiridik dekrè a, ansanm ak enpak eksplwatasyon min sou anviwònman an.

Dokiman an sou eksplwatasyon Min nan raple nou orijin pouvwa Alix Didier Fils-Aimé : li te nonmen Premye Minis 10 novanm 2024 sou Conseil Présidentiel de Transition (CPT) ; apre disolisyon CPT an li vin sèl dirijan peyi a. CPT a te fikse yon tranzisyon ki te vize retabli sekirite, relanse ekonomi an epi òganize eleksyon ; men lè manda a te fini 7 fevriye 2026, Alix Didier pran kontwòl total pouvwa Leta san lòt enstitisyon ki t ap kontwole li.

Nan dokiman sou eksplwatasyon min nan, genyen plizyè pwoblèm : (1) lejitimite pouvwa a, si gouvènman an te genyen lejitimite pou siyen dekrè konsa ; (2) souverènte peyi a/dwa grandèt majè yo. Nou santi ogmantasyon ensekirite ak gang yo k ap kontinye kontwole plis teritwa, se yon mekanis ki fasilite pwojè konpayi yo ; (3) kontradiksyon ant dekrè 30 mas 2026 la ak konstitisyon 1987 la, sitou sou kesyon transparans enfòmasyon ak dwa sitwayen yo, paske dokiman an fè konnen dekrè a ta mete restriksyon sou dokiman ki genyen rapò sou pèmi pou 10 zan, sa ki pa mache ak obligasyon Leta pou enfòme popilasyon an ; (4) pwoblèm fonsye, paske zòn yo idantifye pou min yo ta mennen peyizan yo soti sou tè yo, sa ki kapab lakòz manke tè pou travay, pandan Leta ta trete resous minye yo kòm “pwopriyete Leta” menm lè tè a se pwopriyete prive.

Nan konklizyon, dokiman an prezante dekrè minye 30 mas 2026 la kòm yon gwo danje pou avni politik ak sosyal Ayiti, paske li poze gwo kesyon sou legalite/lejitimite otorite ki adopte l, sou pwoteksyon dwa moun ak dwa pwopriyetè peyizan yo, epi sou transparansaksekirite jiridik.

Rezime dizon Juslène Tyresias ak Chavannes Jean-Baptiste.

Plastik pran nesans nan lemonn nan mwatye 19e syèk la, sitou nan ane 1856.  Se yon Chimis Britanik ki rele Alexander Parkes ki te envante “Parkésine” – se yon matyè ki konpoze yon ti selil ki sòti nan plant yo. Li rezistan nan dlo, rijid epi fleksib. Nan ane 1907, Chimis Belgo-americain LéoBaekeland pral envante yon plastik endistriyèl ki rele “Bakelite” – se yon matyè sentetik, yo itilize nan pwodui Telefòn, Linèt ak priz elektrik, elatriye. Nan ane 1926, yon sosyete ki pote non “BF Goodrich” ak yon syantifik ki rele Waldo Semon, yo envante PVC. Li konpoze yon sibtans ki trè fleksib, petwòl bri kòm premye matyè li. Aprè dezyèm lagè yo rele mondyal la, sitou nan ane 1950, fenomèn plastik la vin ap vale teren nan lemonn. Pwodui plastik yo itilize anpil sou latè, tankou nan domèn : endistri, agrikilti, sante, kizin ak transpò.

Fenomèn pwodiksyon plastik yo devlope yon polisyon plastik nan lemonn kote lanmè, rivyè, sòl, lè, yo vin polye nan dechè plastik yo. Yon etid montre sòti nan ane 1960 rive jounen jodi a, genyen 8.3 milya tòn plastik ki pwodui nan lemonn ki egal 430 milyon tòn chak ane. Genyen 13 milyon tòn plastik ki ale nan lanmè chak ane. Itilizasyon 17 milyon barik petwòl pou yo pwodui plastik chak ane. Chak jou genyen 10 000 tòn pwodiksyon boutèy plastik, yon milyon boutèy plastik ki achte chak minit nan lemonn. Polisyon plastik yo genyen gwo konsekans sou ekosistèm  yo paske ti plastik yo antre nan sòl la epi yo atake estrikti li ak kwasans plant yo. Plastik yo genyen tou konsekans sou biyodivèsite a, tankou sou zannimo yo ak repwodiksyon yo. Yo aji sou resous natirèl yo, sou sante moun yo nan pwodui plizyè kalite maladi – respiratwa, kansè, estrès, elatriye.

Selon fondatè MPP an, Chavannes Jean Baptiste : genyen plizyè kamarad ki deja pale sou degradasyon anviwònman an. Mwen enterese pale sou dega dechè plastik yo sou planèt tè a. 70 % planèt tè a se dlo. 361 126126 km2 ki reprezante dlo a, 26.2 % reprezante tè ki pa anba lanmè. 85 % dega ki fèt anba lanmè se Lòm ki fè yo. Anpil moun kapab panse nou pa kontribye nan sa a, men se byen konte mal kalkile. Oseyan yo jwe yon wòl kapital pou anviwònman an. Dechè moun pwodui yo se yon veritab katastwòf pou anviwònman an. Izin yo pwodui anpil dechè. Anpil espès an danje, ap mouri, nan espès n ap manje yo kontribye nan anpwazonnen moun ak anviwònman an. Si genyen bon jan jesyon nan lanmè a,  etid yo deja montre li genyen kapasite nan nouri 70 milya moun sou planèt la.

Li enpòtan pou n konprann pa te toujou genyen plastik nan Lemonn. Nan ane 1960 fenomèn plastik la kòmanse ap vale teren an Ayiti. Nan ane 2019 kantite dechè plastik yo double nan Lemonn, 150 milyon tòn plastik k ap flennen anwo lanmè a. Jodi a, genyen yon setyèm kontinen, kontinen plastik, li konpoze 1.6 milyon km2.  Pwoblèm ki plis konplike nan moman an se fenomèn makwoplastik la ki kapab debouche sou yon fenomèn nanoplastik – se yon ansanm patikil ki pa vizib. Li kapab etabli nan sèvo moun kote l ap pwovoke maladi “Parkinson”. Plastik yo pwovoke enflamasyon nan òganis moun yo. Li bay tout kalite kansè, pwoblèm pwostat. Plastik vin fè pati lavi moun. Nou jwenn li toupatou nan lemonn. Lè mikwoplastik yo dekonpoze yo vrèman danje. Rechèch yo montre plastik yo touye 1 milyon moun chak ane. Youn nan kote moun pran plastic yo se nan sèl y ap manje yo. Genyen yon fenomèn ki pase kote yon ti moun apèn fèt premye poupou li fè a se plastik.  Tout sa yo se konsekans aksyon sosyal nou yo ki marande nan sistèm ekonomik kapitalis la. Anpil moun ap mande kòman nou kapab elimine plastik yo ? Nou dwe retounen nan manje nan kwuiy, nan sivilizasyon peyizan an. Nou kapab transfòme plastik yo, diminye yo, nan chanje pratik nou nan anviwònman an. Nou dwe mache apye, fè espò, tout egzèsis ki kapab pèmèt nou swe epi fè jèn. Nou manje twòp epi manje mal. Nou fè yon eksperyans nan MPP kote nou achte plis pase 30 manman kabrit men plastik touye yo. Si pa genyen petwòl pa p genyen plastik. Etid yo montre resous petwòl yo pa  lwen fini.

Pwoblèm polisyon plastik la te reprezante twazyèm gwo tèm konferans yo. Juslène Tyresias ak Chavannes Jean-Baptiste te montre enpak negatif dechè plastik yo sou ekosistèm yo, sou bèt domestik yo ak sou kalite lavi popilasyon an. Yo te ensiste sou responsabilite moun ak otorite lokal yo nan jesyon dechè yo. Konferansye yo te mete aksan sou nesesite pou devlope politik piblik efikas pou jere dechè plastik yo, pandan y ap ankouraje sitwayen yo adopte konpòtman ki pi responsab.

Nan fen sesyon sa a, patisipan yo te pran plizyè angajman konkrè, tankou evite itilize resipyan plastik pou manje ak bwason cho, pa boule plastik, pa jete fatra nan lari, epi favorize itilizasyon resipyan dirab olye de sachè plastik. Yo te pwopoze tou plante banbou ak kalbas kòm altènativ ekolojik epi ankouraje transfòmasyon ak resiklaj dechè yo.

Refleksyon yo te elaji nan refleksyon Dr. Rachda Berrached, ki te montre relasyon sere ki egziste ant pwoteksyon anviwònman ak modèl devlopman ekonomik yo. Dapre li, devlopman ekonomik pa kapab kontinye fèt san konsiderasyon pou prezèvasyon resous natirèl yo. Li te defann yon apwòch ki chache balanse pwogrè ekonomik, jistis sosyal ak pwoteksyon anviwònman. Nan menm liy refleksyon sa a, Rapò Brundtland lan prezante kòm yon referans enpòtan pou nou konprann devlopman dirab. Rapò sa a montre kijan kesyon anviwònman, kesyon sosyal ak kesyon ekonomik yo lye youn ak lòt. Li ensiste sou nesesite pou pwoteje resous natirèl yo pou jenerasyon k ap vini yo. Nan yon pèspektiv sosyoloji riral, rapò a mete aksan sou vilnerabilite popilasyon riral yo ki depann dirèkteman sou tè ak resous natirèl yo, epi li ankouraje yon devlopman agrikòl dirab ki baze sou bon jesyon tè, dlo ak forè yo.

Boutofen.

Jounen Entènasyonal Anviwònman an nan Sant Lakay Papay te reprezante yon espas refleksyon ak mobilizasyon sou gwo defi anviwònman Ayiti ap fè fas jounen jodi a. Debwazman, eksplwatasyon min, polisyon plastik ak absans politik piblik efikas yo parèt kòm gwo menas pou avni peyi a. An menm tan tou, konferans yo ak diskisyon yo te montre solisyon yo egziste atravè reforestasyon, itilizasyon enèji altènatif, jesyon responsab dechè yo ak patisipasyon aktif sitwayen yo. Mesaj santral evènman an se pwoteksyon anviwònman an pa sèlman yon responsablite Leta, men se yon devwa kolektif ki mande angajman tout sektè nan sosyete a pou garanti yon devlopman dirab ak yon lavi miyò pou jenerasyon prezan ak jenerasyon k ap vini yo.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.

Login

Register

terms & conditions