Realisations

50 ane Sere pou Chofe (SPC) : wòl Ekonomi Sosyal ak Solidè (ESS) nan Konbat Kout Ponya izirye yo

Devan pòt la.

Nan sal konferans Ebenezer Market, Vil Ench, dat 23 jiyè 2026 make yon gwo moman pou kominote a : selebrasyon 50 ane nesans Sere pou Chofe (SPC) depi ane 1976. Nan okazyon sa a, istwa SPC raple chay politik ak sosyal Ayiti te konnen viv, espesyalman nan kontèks Diktati Divalye, epi apre nesans Mouvman Peyizan Papay (MPP) nan ane 1973.

 SPC pa parèt sèlman kòm yon enstitisyon ki chita sou diskou, men kòm yon repons konkrè pou bezwen mas popilè a, espesyalman peyizan yo. Li vini youn nan gwo “wòch dife” MPP itilize pou li konbat kout ponya izirye yo, eksplwatasyon, ak pratik ki fè moun rete nan depandans finansyè.

Se yon selebrasyon ki sèvi kòm yon espas refleksyon sou tèm “Ekonomi Sosyal ak Solidè (ESS)”, sou animasyon Nandcie Pierre ak Jacky Darius, epi entèvenan Chavannes Jean-Baptiste ak Juslène Tyresias. Objektif la se pa sèlman sonje pratik sosyal SPC, men ede patisipan yo konprann kòman modèl ESS kapab patisipe nan chanje kondisyon materyèl egzistans lavi mas popilè a.

Konsepsyon ESS : Mete moun devan lajan.

Lè Chavannes Jean-Baptiste pran pawòl, li mete aksan sou diferans fondamantal ant de (2) modèl : kapitalis liberal la ak ESS. Nan sistèm kapitalis liberal la, li di genyen yon tandans kote lajan vin avan moun, konsa moun yo vin tounen bagay oswa machandiz. Kontrèman, ESS mete moun nan sant sistèm nan : li chèche satisfè bezwen tout moun.

Refleksyon an raple nou kòman ekonomi a se baz tout sosyete. Si nou vle konprann fonksyònman yon sosyete, nou bezwen idantifye aktè ekonomik yo, analize fason resous yo distribye, epi ki moun k ap pran desizyon yo. ESS reprezante yon zouti pou nou reprann kontwòl ekonomi a nan men elit ekonomikopolitik yo, yon fason pou nou pa rete viktim nan estrikti ekonomikopolitik yo.

Koperativ kòm zouti solidè : “Youn pou tout, tout pou youn”.

Nan pawòl Chavannes Jean-Baptiste, ESS pran fòm konkrè nan koperativ ak plizyè lòt estrikti (tankou konbit). Li eksplike SPC kòm yon reyaksyon kont kout ponya yo : lè yon moun ap viv anba prè ak enterè li pa kapab rale tèt li, li vini tounen prizonye sistèm nan. Nan sans sa, objektif jeneral SPC se : aprann moun fè ekonomi ak epay, pou moun yo kapab genyen yon lòt fason yo òganize lavi ekonomik yo.

Yon prensip koperativ ki retni tout diskou a se : “youn pou tout, tout pou youn.” Sa vle di solidarite pa sipoze rete nan pawòl sèlman : li vini estrikti, règ kolektif, ak relasyon responsab ant manm yo. Kontrèman nan sistèm kapitalis la kote “se youn k ap pran tout,” nan koperativ la tout moun chèche amelyore kondisyon yo, chak fwa yo mete pwòp kontribisyon yo ansanm.

Istwa nesans SPC : soti nan pratik kout ponya rive nan solisyon koperativ.

Fondatè SPC an – Chavannes Jean-Baptiste bay istwa vivan sou SPC kote li pa sòti nan rèv, men nan yon dekouvèt malouk. Li rakonte kòman li te fè eksperyans sa a nan sitiyasyon yon peyizan MPP. Li di li te rankontre kamarad (Anaud) ki te fè komès kleren, men lajan komès la se yon kout ponya : enterè a te rive jiska 520 % chak ane, pandan li toujou dwe yon gwo kantite (tankou 50 goud). Konsta sa boulvèse lespri li, epi sa a pouse li chèche konprann solisyon ki kapab sispann sik eksplwatasyon an. Apre li fini fouye zo nan domèn nan, li chwazi konstui SPC. Nati istwa sa a fè nou sonje : koperativ se yon zouti ki fèt lè moun yo pran desizyon pou yo pa viv ankò anba chenn sistèm lan. Diskou a fè konprann SPC kòm yon repons ki soti nan eksperyans reyèl, kote moun ap imilye moun yo fè pòv yo nan pratik ekonomik k ap touye moun piti piti.

Menas kout ponya : kòman li toufe devlopman moun.

Pou Chavannes Jean-Baptiste, kout ponya se pa sèlman yon pwoblèm finansye. Se yon mekanis ki prizonye moun yo. Li montre kòman moun ki viv anba kout ponya yo pa kapab soti tèt yo nan prekarite ekonomik : chak fwa yo eseye rale kò yo, yo tonbe ankò nan depandans, kredi, ak enterè k ap kontinye ogmante. Sepoutèt sa, SPC mete batay la sou plan edikasyon finansyè ak òganizasyon kolektif. Li raple tou lide ki parèt nan liv li ekri sou SPC kote li konpare kout ponya ak yon koulèv k ap souse san. Se pa yon metafò pou dramatize sèlman ; se yon fason pou li montre kòman sistèm nan kapab dousman detui kapasite moun yo genyen pou yo viv diyman.

Edikasyon finansyè : aprantisaj bidjè, ekonomi, ak disiplin.

Yon eleman santral nan diskou fondatè SPC an se edikasyon finansyè. Li di chak moun ta dwe suiv yon kou edikasyon finansyè pou li konprann kòman lajan fonksyone, ki jan pou li jere li, epi ki jan pou chanje abitid depans ki mennen nan echèk. Li site eksperyans li : li aprann nou enpòtans ki genyen pou nou fèbidjè chak ane, sitou nan mwa desanm, paske planifikasyon ede moun evite depans san kontwòl yo. Li prezante tou prensip enpòtan : premye bagay yon moun dwe fè nan lajan se envesti li (nan sans ekonomize, mete kote ki pwodui valè, epi pa gaspiye). Lè moun mal itilize lajan,  se yon mank edikasyon finansyè. Nan menm liy sa a, li kritike pratik kote moun foure tèt yo nan depans ki pa p itil : vann tè pou achte moto, epi apre sa konpòtman ki bay mwens pwodiktivite (fimen, bwè, jwe bolèt). Diskou a montre sa yo se chenn ki fè moun kontinye pèdi avantaj yo, pandan yo ta kapab sèvi resous sa yo pou retrèt, sekirite, ak avni.

Pawòl Juslène Tyresias : ESS kòm altènatif kont sistèm ki devalorize moun.

Pandan Juslène Tyresias ap pale, li agrandi refleksyon an : li di sosyete a genyen plizyè dimansyon politik, sosyal, kiltirèl, ideyolojik, ak ekonomik. Dapre li, fason lemonn ap fonksyone jodi a montre nou ap viv nan yon modèl kapitalis liberal kote moun pa nan sant enterè sistèm nan. Sepoutètsa li ensiste ESS kòm yon altènatif, sitou pou mas popilè a ki bezwen rezilyans ak kapasite pou li fè fas nan kriz yo.

Li eksplike ESS transfòme fason sosyete a wè bezwen moun yo. ESS pa rete nan konsèp ; li chanje kondisyon sosyoekonomik moun yo. Li raple “mityèl” kòm yon tradisyon respèkte ki te sèvi kòm repons klas ouvriye yo nan Ewòp, espesyalman an Frans. Se yon rapèl kote lòt modèl ekonomik egziste, epi yo te kapab fonksyone lè solidarite, demokrasi, ak enterè kolektif vini tounen règ yo. Juslène site plizyè prensip EES : valè demokratik, solidarite, angajman kolektif, aprantisaj kolektif, enterè kolektif, devlopman richès ekitab ak dirab, jesyon kapital, konfyans, respè divèsite, lite kont esklizyon, pwopriyete kolektif, libète adezyon ak angajman kolektif. Tout prensip sa yo montre ESS chèche yon sosyete ki jis, solid, epi ki pa kite moun tonbe anba mekanism destriktif.

Defi legal ak nesesite pou yon rekonesans Leta.

Yon lòt pwen Juslène Tyresias mete sou tab la se kesyon legalite a. Li di koperativ yo genyen yon kad legal, men mityèl yo pa toujou fin asire nan fason li ta dwe ye a. Li montre kòman Leta pa toujou fè yon envantè klè sou koperativ ki kraze yo, sa ki limite kapasite pou kore pwoblèm yo, aprann ladan, epi renouvle modèl yo. Nan sans sa, ESS pa sèlman yon reyalite sou tè a ; li bezwen tou sipò, rekonesans, règleman ki pwoteje estrikti yo, epi politik piblik ki ankouraje modèl solidè a.

Boutofen

Selebrasyon 50 ane SPC an pa fini nan istwa. Li dwe vini yon etap pou avni. Chavannes Jean-Baptiste swete klèman : SPC bezwen mete kanpe yon pwogram edikasyon finansyè ki sistematik, pou li ranfòse kapasite manm yo epi pou li anpeche repwodiksyon kout ponya yo. Diskou yo montre ESS se plis pase yon lide : se yon sistèm kote moun pran responsabilite, kote koperativ yo òganize ekonomi kolektif, epi kote edikasyon finansyè vini zouti libète. Nan menm sans lan, li raple genyen temwanyaj pozitif bò kote anpil manm SPC. Temwanyaj sa yo se prèv vivan koperativ yo kapab fè diferans reyèl : yo pa prezan sèlman pou “sekou,” men pou bati kapasite moun yo ak fason yo dwe kontinye avanse. Si nou vle yon sosyete solidè, nou dwe kontinye mete moun devan, ranfòse solidarite, epi anseye disiplin finansye pou pèp la pa viktim nan kout ponya yo ankò.

Nou envite w vin antre nan SERE POU CHOFE ou p ap regrèt.

AK SERE POU CHOFE, edikasyon pitit deja asire epi w ap jwi vyeyès tak kè kontan.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.

Login

Register

terms & conditions