28 dawout 2025 : jounen komemorasyon 31 ane asasina Pè Jean MarieVincent nan Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK) nan premye seksyon kominal Savanèt, lokalite Fontenn nan Piyon
Devan pòt la.
Se yon devwa memwa nan Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK) nan komemore memwa Pè Jean Marie Vincent chak 28 dawout. Se yon dat lawont, madichon pou TK, paske Pè a asasine 28 dawout 1994. Nan okazyon 28 dawout 2025 lan, TK komemore 31 ane asasina Pè Jean Marie Vincent nan Sant fòmasyon Pè Jean Marie Vincent, nan premye seksyon kominal Savanèt , lokalite Fontenn nan komin Piyon. Jounen sa a selebre anba tèm : an n suiv tras Pè Jean-Marie Vincent pou n reveye konsyans nan chemen batay pou liberasyon mas yo. Nan okazyon sa a plizyè dizèn peyizan manm ak patizan TK soti nan plizyè komin diferan, tankou : Senrafayèl, Bawon, Rankint, Laviktwa, Piyon, Ench – MPP, Okap, Katye Moren, Plezans […] Yo vini reponn prezan nan jounen an. Mèt seremoni a, Igenel Jean-Baptiste, te prezante pwogram jounen an. Pami aktivite nan evènman sa a : dejene ; mistik revolisyonè ; Im TK, Im nasyonal ak Im entènasyonal sosyalis la ; yon minit rekèyman nan memwa Pè Jean Marie Vincent ak tout militan ki tonbe nan lit pou chanjman sosyal an Ayiti ; mo byenvini – Origène Louis ; kontèks komemorasyon dat asasina Pè Jean Marie Vincent – Olry St-Louis ; prezantasyon yon dokimantè sou lavi Pè Jean Marie Vincent – Marguerite Joseph, Rosnel Jean-Baptiste ; pwoblematik tè nan peyi d Ayiti – Chavannes Jean Baptiste ; deklarasyon final ; pèspektiv ki degaje nan jounen travay 27 dawout 2025 lan sou kriz peyi a ak mo kloti. An n suiv nan liy anba yo pami refleksyon jounen an.
Pawòl Olry St-Louis sou kontèks jounen komemorasyon an.

N ap selebre 31 ane depi yo asasine pè Jean Marie Vincent. Anpil moun kapab raple yo kalite batay li t ap mennen nan peyi a. Li pa t yon senp pè. Men se yon pè angaje nan batay liberasyon mas yo. Nou kapab eseyekonprann sans tèm nan. Nan sans sa, nou dwe mache sou tras Jean-Marie Vincent. Sa mande anpil angajman. Sepandan, jodi a, nou konstate dirijan yo, sitou manm KPT (Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon) an ki antre nan yon dinamik pou yo fin vann peyi a. Konplo yo mare nan nivo nasyonal ak entènasyonal pou yo mete peyi a nan plis mizè. Nou tout konstate kantite dega rejim PHTK (Pati Ayisyen Tèt Kale) fè andedan peyi a. Jodi a, se nan yon kontèks difisil n ap komemore asasina 31 ane Jean-Marie Vincent. Se yon wont pou nou paske ideyal li a pako kapab atann ni rive jwenn jisitis pou li.
Akò twa (3) avril la jis kounya pa rive respekte. N ap konnen yon kriz kote tout enstitisyon nan peyi a prèske vin kraze. Akò a pa rive rezoud okenn pwoblèm, manm konsèy yo mete sou kote tout preyogatif li. KPT an pa tire leson sou kriz sosyoistorik yo, sitou nan ale siyen yon kontra ak yon konpayi sekirite prive etranje ki rele Black Wather. Konpayi sa fè anpil krim nan plizyè peyi tankou Irak. Kontra sa se pou yo fè vini 150 mèsenè pou touye gang yo. Black Wather ki se konpayi prive Éric Prince mande pou Leta ayisyen bay yo kontwole dwàn ak pò yo nan peyi a pandan 20 ane. Éric Prince se bon zanmi prezidan Donald trump.
Se nan yon kontèks ki vrèman konplike n ap viv. Estrateji konsèy la se rive 7 fevriye 2026, menm si yo pa p regle anyen. Plan yo se pou nou kontinye viv nan malsite, sou depandans ekonomik ak politik. Se yon obligasyon pou òganizasyon pwogresis yo kontinye pran responsabilite yo sitou nan suiv tras Pè Jean Marie Vincent !
Marguerite Joseph, Rosnel Jean-Baptiste nan yon prezantasyon dokimantè sou lavi Pè Jean Marie Vincent.

Pè a fèt nan dat 21 oktòb 1945. Nan dat 28 dawout 1994, bò 8è nan aswè, atache militè ki t ap tann Jean-Marie Vincent devan baryè kay Pè Monfòten yo nan ri Bosan nan Pòtoprens te asasinen li. Li te genyen 49 ane sou tèt li. Li se dezyèm pitit nan twa pitit manman l ak papa l. Li fèt nan yon fanmiy ki pa te nan malsite, ki te gwo pwopriyetè tè. Li te soti nan depatman Sid (nan grand Sid peyi a). Papa li Edven Edwin, te moun Baradè. Manman l, Ani Bodui, te moun Okay, li te enspektris lekòl nan depatman Sid epi li te vin ap fè lekòl nan Baradè nan lekòl li menm ak mari l te fonde. Li te nan klas segondè nan Ti Seminè Kolèj Sen Masyal. Li te lekòl ansanm ak kèk zanmi tankou Freyd Jan, Franns Grandwa, Pòl Antwàn Byenneme ak Jan Pyèlwi (Tijan). Tout moun sa yo te vin òdone Pè nan legliz katolik, yo menm tou. Yo te asasinen Pè Tijan prèske nan menm kondisyon ak li yon jou jedi 3 dawout 1998 […]
Ane vini ane ale, Gouvènman monte, Gouvènman desann, Fondasyon Janmari Vensan ak òganizasyon popilè nan rejyon Nòwès, sitou Tèt Kole ti Peyizan rete mobilize san fay sou dosye sa yo. Menm si yo sèl, menm si yo jwenn sipò lòt òganis k ap defann dwa moun nan peyi a Fondasyon an ak Tèt Kole p ap janm bouke leve vwa yo byen wo pou mande jistis.
Yon kout refleksyon, fondatè Mouvman Peyizan Papay (MPP) – Chavannes Jean Baptiste, sou pwoblematik tè nan peyi d Ayiti.
M ap remèsye dirijan TK yo ki pran inisyativ sa a nan okazyon lanmò Jean Marie Vincent. Se yon inisyatif k ap kenbe li vivan. Yon dirijan tankou Jean Marie Vincent pa genyen dwa mouri. Dirijan TK yo te mande mwen pou mwen vini fè yon batbouch sou pwoblematik tè a. Sevre kapab genyen jèn la ki pa metrize pwoblèm sa a, men li enpòtan pou nou konnen li. M ap raple tè sa a se pa nou menm ki te abite li. Se pito Tayinos ak Arawack yo. Kolon yo fè yon jenosid (destriksyon fizik) sou yo. Konsa kolon yo ale nan kontinen Afriken an pou nou vin ranplase premye abitan yo. Premye abitan yo t ap viv byen sou teritwa.
Kouch sosyal ki vini yo pa t pale menm lang, se yon estrateji pou kolon yo konvèti yo nan esklavaj pi byen. Anpil istoryen pa rele yo esklav men kaptiv. Move kondisyon lavi yo nan sistèm kolonyalis, esklavajis ak rasis sa a te fè yo leve kanpe pou yo chavire li. Yo òganize yon seremoni/ kongrè politik nan dat 14 dawout 1791, gwo soulèvman 22-23 dawout 1791. Konsa yo pral kouche endepandans lan, nan dat 1 janvye 1804. Premye Anpi endepandans nan lemonn, men batay la pa t kanpe la, nan dat 17 oktòk 1806, yo pral asasine Anperè jan Jak Desalin. Youn nan koz la se pou kesyon tè. Depi aprè endepandans kesyon tè a se yon gwo pwoblèm.
Jodi a, pwoblèm tè a vin plis konplike. M ap raple mwen nan kad entèvansyon kamarad Brigad Desalin yo nan 27 tyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè nan MPP, yo fè konnen nan peyi Brezil yon sèl moun kapab posede tè ki nan peyi d Ayiti a. N ap konprann tè a pa anpil. Peyi Repiblik Dominikèn malgre nou pataje menm zile, li genyen 2 fwa plis tè pase nou. Anplis majorite tè peyi a se mòn. Tè nou yo degrade. Yon etid montre 54 % nan tè peyi a mouri, yo pa p kapab pwodui anyen. Yon lòt etid montre se pito 72 % tè peyi a ki pa kapab pwodui anyen. Si n ap divize tè peyi parapò kantite abitan an, genyen moun ki pa p jwenn menm yon lòsye. Kesyon tè a tounen lò […]
Genyen move trètman nan kesyon forè nan peyi a. Se gwo masak ki fèt sou forè yo, tankou Forèdèpen. Li enpòtan pou konnen genyen diferans antre kouvèti vejetal ak kouvèti forestye. Plis genyen kouvèti vejetal olye kouvèti forestye. Yon etid montre nan ane 2018, genyen 0.32 % kouvèti forestye. Peyi Repiblik Dominikèn ki genyen menm kantite popilasyon avèk nou, li genyen 18 % kouvèti forestye. Yon etid FAO [Organisation des Nations Unies Pour l’Alimentation et l’Agriculture] fè montre 36 milyon mèt kare tè ki ale nan lanmè chak ane.

[…] Manje pèpè anvayi nou. Se yon chwa politik. Nou konstate vòlè tè fè kenken toupatou. Majorite ka jistis ki genyen yo se pwoblèm tè. Nan yon lòt bò, peyizan yo souvan pa genyen tit pwopriyete yo. Yo pa kwè nan Notè yo, nan komisè gwouvènman yo, Apantè, Avoka, Ajan Polis, BSAP, jij, elatriye.; paske yo tout nan vòlè tè yo. Nan peryòd okipasyon amerikèn dappiyanp fèt sou 70 000 kawò tè, pandan yo chase sou tè yo 300 000 peyizan. Nan fenomèn dappiyanp sou tè yo genyen plizyè masak ki fèt sou peyizan yo.
Jodi a, nan depatman Nodwès anpil gwo potanta nan Leta ak sektè prive a ap mache fè dappiyanp sou tè peyizan yo. Leta bay anpil tè pou yo fè zòn franch, sa vle di se yon espas Leta pa genyen okenn dwa sou li. KPT an fenk bay plizyè zòn franch nan peyi a, tankou nan Simonèt, nan Bochan, Wazit vilaj. Zòn franch yo jwenn sipò otorite Leta yo sou gouvènman Aristide nan ane 2002. Se yon pwojè pou yo kolonize peyi a yon lòt fwa. Sepousa, yo vle mete kanpe Palman ak prezidan poupe twèl, chanje konstitisyon an, elatriye. Pwojè a se chase peyizan yo. Kisa peyizan yo dwe fè ? Si nou pa òganize nou pou nou reziste y ap chase nou. Se yon demach pou pa genyen peyizan ankò. Yon peyizan se yon moun k ap viv ak travay latè. Depi yon peyizan pa genyen tè li sispann peyizan an. Kòman peyizan yo kapab òganize yo pou yo reziste ? Kòman peyizan yo kapab defann dwa yo ? Ki batay peyizan yo kapab mennen pou yo konstrui yon lòt pouvwa politik ? Èske kapab genyen yon refòm agrè nan yon gwouvènman restavèk ? Èske n ap mete sou kote istwa lit peyizan yo pou nou bay legen nan batay ? M ap raple m deklarasyon yon militant angaje nan Repiblik Dominikèn ki di : “olye nou pran tè mwen, pran lavi mwen pito”. Pa genyen peyizan san tè. Peyizan yo genyen anpil enmi. Mod Leta ki an Ayiti a se youn nan enmi peyizan yo. Nan batay pou liberasyon mas yo, fòk nou triye pwa, lè nou triye pwa n ap konnen bon grenn yo, men se pa tout grenn pwa ki parèt bèl ki bon, nou dwe mete yo nan dlo pou nou konnen si yo bon. Mèsi anpil !
Pami kesyon yo : èske se yon pwoblèm si yon tè pa fètil pou yo fè zòn franch ladan li ? Ki dènye zèl kat nou genyen pou nou reziste kont pwojè sa yo ? Kisa ki fè yon ansanm fri disparèt nan peyi a ? Kisa ki fè jèn yo pa enterese nan travay tè ankò ?
Olry St-Louis sou pami pèspektiv ki degaje nan jounen travay 27 dawout 2025 lan sou kriz peyi a.
Nan jounen 27 dawout 2025 nan kad komemorasyon asasinay Jean-Marie Vincent, yon atelye refleksyon reyalize sou ansanm kriz peyi a. Pami pwen yo : analiz konjonkti sosyopolitik la ; fenomèn dappiyanp sou tè ; pwoblèm kat dèmalòg ; pwoblèm edikasyon, pwoblèm wout nan milye riral la pou peyizan yo ale vann pwodui yo ; fenomèn banditis planifye ; kritik sou konpòtman òganizasyon pwogresis yo nan konjonkti sosyopolitik ; mankman angajman jèn yo ; feblès aparèy jistis la. Rekòmandasyon : kanpay edikasyon sivik ; edikasyon popilè ; fòse Leta pran responsabilite li ; kontinye fè pledwaye ; fòme brigad vijilans kont fenomèn ensekirite ; mobilizasyon popilè kont dappiyanp sou tè yo ; chavire KPT sa a nan mete kanpe yon tranzisyon koupe fache kote se Ayisyen ki dwe pran desten yo nan men san konte sou entèvansyon peyi enperyalis yo.
Nòt piblik Fondasyon Jean Marie Vincent.
Nan okazyon komemorasyon asasina Pè Jean Marie Vincent nan dat 28 dawout 1994 la.
Jou ki te 28 dawout 1994 la, nan Pòtoprens, yo te asasine Pè Monfòten, militan angaje bò kote peyizan yo, atizan ak gwoup defavorize nan sosyete a, Jean Marie Vincent, fanmi l, zanmi l ak konpayon batay li yo te konnen rele Jan Boul. Tranteyen ane aprè krim terib sa a, lajistis pa janm rive rann. Zak sasinay sa a, tankou yon pakèt lòt ki blayi dèy sou peyi a, rete san pinisyon, kote kriminèl yo kontinye ap sikile san kòd nan kou, lib e libè. Bagay sa montre aklè konpòtman manfouben ak konplis tout gouvènman ki pase nan tèt peyi a depi lè sa enkapasite sistèm lajistis peyi a pou li rann popilasyon an jistis […]
[…] Fondasyon Jean Marie Vincent vle raple konba Jan Boul pou jistis sosyal, diyite peyizan yo ak souverènte nasyonal peyi a rete pase tout lòt moman yon bagay priyotè. Nan okazyon komemorasyon sila a, n ap lanse yon apèl :
- Pou koupe fache ak kilti enpinite a epi angaje nou nan aksyon tout kalite pou jistis rive fèt sou dosye sa tankou nan anpil lòt krim ki pa janm gen pousuit kont kriminèl yo ;
- Pou rebati lespwa pou pèp ayisyen an nan remete kanpe enstitisyon nan sèvis lajistis, sekirite ak diyite moun ;
- Pou defann dwa grandèt majè ak endepandans nasyonal la kont tout manèv pou rive privatize epi bay etranje responsabilite direksyon peyi a ;
- Pou pousuit zèv Jan Boul yo nan ranfòse solidarite nan mitan mitan peyizan yo, ouvriye yo, ti atizan yo ak tout lòt kategori vilnerab yo.
Memwa Pè Jean Marie Vincent pa p jan m kapab efase. Angajman li yo rete yon limyè ak yon chimen pou nou rive bati yon Ayiti ki genyen jistis pou tout pitit li yo. Yon Ayiti ki granmoun tèt li. Yon Ayiti kote tout moun se moun !
Comments (2)
marketing service
I must say this article is extremely well written, insightful, and packed with valuable knowledge that shows the author’s deep expertise on the subject, and I truly appreciate the time and effort that has gone into creating such high-quality content because it is not only helpful but also inspiring for readers like me who are always looking for trustworthy resources online. Keep up the good work and write more. i am a follower.
Guerda Mogelin
Thank you very much