Rankont Komite Kòdinasyon Santral nan Mouvman Peyizan Papay (MPP): planifikasyon, evalyasyon ak nouvo angajman pou ane 2026 lan
Devan pòt la.
Nan kad ranfòsman estrikti MPP yo, Komite Kòdinasyon Santral MPP òganize yon rankont espesyal soti 8 rive 10 fevriye 2026 nan lokal Sant Lakay Papay. Objektif rankont lan se pou planifye pwochen Asanble Jeneral MPP ki prevwa pou mwa mas 2026 k ap vini a, epi evalye aktivite ki te reyalize nan plan trimèstriyèl la. Se sa Jacky Darius, ki genyen 2 zan 11 mwa depi li nan tèt komite kòdinasyon santral la fè konnen atravè antretyen, Malachy Bastien, redaktè seksyon kominikasyon nan MPP te reyalize avèk li.
Selon kòdonatè a, rankont Komite Kòdinasyon Santral la se pi gwo espas desizyon nan MPP apre Asanble Jeneral la. Se la tout dirijan eli yo reyini nan nivo santral pou prezante sitiyasyon zòn yo, analize konjonkti a epi pran gwo oryantasyon pou mouvman an. Pawòl li a chita bab pou bab nan estati MPP 2023, atik 55, atik 56, p. 19. Pami wòl komite kòdinasyon santral la daprè atik 56, se :
- Respekte ak fè respekte estati yo, desizyon kongrè a ak asanble jeneral la ;
- Veye pou tout pwogram MPP ekzekite kòm sa dwa selon prensip ak filozofi nou nan òganizasyon an ;
- Konvoke asanble jeneral ak kongrè MPP konfòmeman estati yo ;
- Fè tout sa ki nesesè pou fè MPP vanse depi se bagay ki pa an kontradiksyon ak estati yo.
Se yon Komite Kòdinasyon Santral ki konpoze : kòdonatè ak kwòdonatris zòn yo ; kòdinasyon komite santral jèn yo ; kòdinasyon komite santral fanm yo. Komite kòdinasyon santral sa a eli depi mas 2023. Misyon li se respekte epi fè respekte estati MPP an, pandan l ap suiv si liy ideyolojik ak politik mouvman an respekte nan aksyon sosyopolitik li yo. Dapre estati yo, reyinyon fèt chak twa (3) mwa.
Pami gwo lide ki degaje ak pwoblèm ki parèt yo.

Pandan de (2) premye jou yo plizyè pwen enpòtan te abòde : analiz konjonkti politik aktyèl la ; revizyon sitiyasyon diferan zòn yo ; preparasyon asanble jeneral la ; etid ak refleksyon sou estati MPP an ; diskisyon sou rapò administrasyon an. Nan sans sa, travay sa yo pèmèt dirijan yo mete tèt yo ansanm pou yo pi byen oryante aksyon sosyopolitik mouvman an.
Komite Kòdinasyon Santral la ap konnen plizyè difikilte : gwoupman yo pa toujou peye kotizasyon anyèl yo, sa ki limite mwayen pou finanse rankont yo ; difikilte pou rasanble tout dirijan yo regilyèman ; manke fòmasyon politik ak ideyolojik lakay plizyè manm ; feblès aktivite ekonomik nan gwoupman yo ; manke materyèl ak espas fiks pou kòdinasyon an fonksyone. Malgre sa a, direksyon an rive reyalize 50 % nan reyinyon yo gras lòt estrateji, pami yo : kreye espas altènatif pou kominike ak responsab yo, ogmante mobilizasyon gwoupman yo, epi ankouraje aktivite ekonomik ki chita sou prensip MPP yo.
Refleksyon sou dezyèm mitan manda komite kòdinasyon santral MPP an.

Pou dezyèm mitan manda a, Komite kòdinasyon Santral la bay tèt li misyon pou kite yon bon tras pou nouvo dirijan yo. Objektif la se : veye pou MPP pa trayi rèv fondatè li yo ; mobilize tout estrikti yo, espesyalman Mouvman Jèn yo ; ankouraje pwodiksyon ak transfòmasyon pwodwi pou fè gwoupman yo vini plis granmoun oswa otonòm ; fè aplike tout prensip ki nan estati a ; asire chak aktè jwe wòl li pou genyen “dezyèm mitan match la”, sa vle di genyen match lòt 50 ane MPP nan lit pou chanjman sosyal la an Ayiti.
Selon kòdonatè a, youn nan moman fò nan rankont lan pami tout eksperyans li yo, se moman fòmasyon yo rete plis enpòtan pou Jacky Darius. Se nan fòmasyon politik ak ideyolojik yo MPP kontinye bati konsyans, ranfòse kapasite manm yo, epi prepare nouvo jenerasyon pou li pran relè a. Nan sans sa a, rankont komite kòdinasyon santral la montre MPP kontinye rete yon moniman vivan, malgre difikilte materyèl ak finansye yo. Li rete detèmine nan kontinye batay li yo nan respekte prensip solidarite ak angajman pou yon chanjman sosyal an Ayiti.