Realisations

Omaj nan memwa kamarad Junior Cherelus nan “Sant Lakay Papay” sou direksyon 11 zyèm pwomosyon Lekòl Fòmasyon Politik Charlemagne Péralte (LFPCP)

Devan pòt la.

Aprè asasina kamarad Junior Cherelus nan dat 10 novanm 2025, antèman li te òganize nan dat 19 janvye 2026 nan “Le manguier Bridge Club”, nan vil Ench. Nan lasware 21 janvye 2026, plizyè dizèn etidyan ak ansyen etidyan, zanmi ak kolaboratè kamarad Junior Cherelus reyalize yon omaj wòtpòte nan Sant Lakay Papay. Kamarad Junior Cherelus te nan 8 tyèm pwomosyon Lekòl Fòmasyon Politik Charlemagne Péralte (LFPCP). Se yon lekòl ki fèt sou direksyon 4 je [Mouvman Peyizan Papay (MPP), Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK), Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay (MPNKP) ak Kòdinasyon Rejyonal Òganizasyon Sidès (KROS)] ak kolabobarasyon Platfòm Pledwaye pou yon Devlopman Altenatif (PAPDA). Nan moman an, lekòl la sou 11 zyèm pwomosyon li. Se pwomosyon sa a menm ki deside bay kamarad Junior Cherelus yon dènye omaj pandan li menm, TK, MPNKP ak MPP pwomèt y ap kontinye mennen lit pou chanjman sosyal nan memwa kamarad Junior Cherelus ak tout lòt kamarad ki tonbe nan lit la.  

Kamarad Junior te nan pwomosyon ki pote non – Jacques Stephène Alexis. Li te sekretè Mouvement Jeunes de Hinche (MJH)/MPP. MJH se ansanm gwoupman jèn MPP yo nan vil Ench ki fonde nan ane 1989. Anplis, li se manm MPP atravè yon gwoupman MPP ki rele “Prospérité”.

Plizyè aktivite te reyalize nan moman sware omaj sa a, tankou : yon minit silans nan memwa kamarad la. Aprè moman sa a, kamarad Anel Dorzin deklare : nou p ap janm genyen mo pou nou eksplike zak asasina ki fèt sou kamarad Junior Cherelus, men MPP, LFPCP, kamarad Chavannes Jean Baptiste, chak manm lòt òganizasyon ak fanmi a pa kapab rete nan silans yo. Sepousa, n ap fè yon mistik revolisyonè nan memwa kamarad Junior Cherelus. Yon mistik revolisyonè ki montre kòman tout kouch sosyal (reprezantan peyizan, ouvriye, etidyan, pwofesè, bawo avoka) yo nan sosyete a denonse zak asasina k ap fèt nan peyi a. Yo fini pou yo di kamarad Junior pa mouri ! Yo chante Im nasyonal peyi d Ayiti, Im sosyalis ak Im MPP. Prezantasyon yon kout biyografi sou kamarad Junior Cherelus, pwezi ak li kèk ekstrè nan liv kamarad Junior te ekri yo. Plizyè kamarad, zanmi ak kolaboratè kamarad Junior Cherelus te temwanye nivo tristès, moman kè kontan yo te abitye genyen ak fason yo te renmen sans angajman, senplisite ak respè li te genyen pou tout moun. Yon kout videyo te pase sou pozisyon li te pran nan Radyo Tele Ginen (RTG), sitou nan pwoblematize sou relasyon bilateral antre Repiblik Dominikèn ak Ayiti. An n li nan liy anba yo kòmansman rive nan bout moman omaj la.

Wideline Previl, etidyant 11 zyèm pwomosyon LFPCP nan mo ouvèti moman omaj la.

Yon gwo salitasyon pou tout kamarad : manm MPP, manm MJH, ansyen ak aktyèl etidyan LFPCP, ak tout moun ki kwè nan Lavi ak diyite moun ki prezan aswè a. Nou reyini aswè a pou omaj yon kamarad ,yon jèn ak rèv ,yon jèn ki te reve wè yon lòt Ayiti epi ki t ap batay pou sa a – kamarad Junior Cherelus ki te tonbe nan dat 10 novanm 2025 lan. Lanmò Junior Cherelus pa yon pèt pou fanmiy li senpman, se yon pèt pou MPP, LFPCP, se yon pèt pou chak kamarad nan lit la. Se nan sans sa a nou reyini pou nou rann li omaj, menm si omaj la se pa senpman aswè a, se pito chak jou, n ap kontinye rann li omaj ak mande jistis pou li, pandan n ap kanpe pou nou di non nou pa p dakò pou sistèm nan ap manje nou konsa, nan goumen pou nou chanje sistèm sa a, nan goumen pou lòt Ayiti kamarad Junior Cherelus te reve a.

Premye temwanyaj.

Pawòl manm ekip pedagojik LFPCP – Igenel Jean-Baptiste. Mwen salye tout moun ki prezan nan moman an, ansyen etidyan lekòl la soti nan premye pwomosyon rive nan 11 zyèm pwomosyon ki pral gradye nan jou yo. Se yon moman lawont, dezolasyon pou nou prezan nan bay kamarad Junior Cherelus yon dènye omaj […] Nan LFPCP nou ta pral rankontre kamarad Junior nan ane 2021 yo. Se yon militan MPP ki t ap batay pou mas popilè a. Li entegre MPP yon fason pou li defann koz peyizan yo. Malgre tout lòt fòmasyon li genyen yo, li te yon moun ki senp, ki te bay tèt li nan defann totalman klas defavorize a. Nan ekri li nou kapab konstate sa a. Li t ap defann kilti popilè a. Li t ap ekspoze sitiyasyon sosyopolitik peyi a. Li rive mouri anba bal asasen. Nou menm nan LFPCP nou pa kapab rete nan silans nou. Travay li yo pa senpman pou peyi a, men se pou tout moun k ap sibi nan lemonn. Jodi a, LFPCP nan 11 zyèm pwomosyon li ki konpoze 8 òganizasyon nou bay kamarad la yon dènye omaj. Kamarad Junior pa kapab mouri. Yo kapab asasine li fizikman men zèv li yo pa kapab mouri. L ap kontinye rete vivan nan mitan nou.

Dezyèm temwanyaj

Pawòl Valery Joseph, ansyen etidyan 8 tyèm pwomosyon an. Kamarad yo bonswa. Kamarad Junior menm jan ak mwen se moun ki fèt ak leve nan vil Ench. Li te nan 8 tyèm pwomosyon an. Kamarad Junior se manm fondatè Sant Kiltirèl Chavannes Jean Baptiste (CJB). Li pa yon pèt senpman pou MPP, fanmi li, ni pou lekòl fòmasyon politik la, se sitou yon pèt pou peyi a. Tèks Junior yo genyen anpil fonnman. Mwen ankouraje nou kontinye li yo byen. Nan kondisyon li asasine a vrèman trajik. Nou dwe kontinye mande jistis ak reparasyon. Vil Ench two piti pou dimansyon krim sa yo ap fèt ladan li […]

Twazyèm temwanyaj

Pawòl manm MJH, Francia Baptiste : bonswa tout moun. Mwen se manm kòdinasyon MJH. Junior se yon manm ki te vrèman aktif nan MJH. Se te yon moun senp ki t ap viv san konplèks ni awogans. Li te toujou prezan nan lit la pratikman […] Menm si li pa prezan fizikman nan mitan nou, men l ap kontinye rete vivan nan memwa nou. Nou swete li ale nan lapè !

Katriyèm temwanyaj

Pawòl Chavannes Jean Baptiste (fondatè MPP) : kamarad yo bonswa. Pa genyen pèsòn nan moman sa a ki ta kapab kwè yo t ap prezan bonè konsa nan vini bay kamarad Junior yon omaj. Mwen pa t rekonèt Junior, sa genyen senk (5) ane kote mwen t ap anime yon fòmasyon pou yon gwoupman konsa mwen te rankontre li. Li te manm gwoup sa a […] Li te toujou prezan. Jouk fòmasyon an fini mwen pa t rive konnen reyèlman kiyès ki te Junior. Se yon moun ki te toujou saj. Aprè fòmasyon an gwoupman te deside pou se Junior ki vin kòdonatè li. Nan vini suiv kou agwoekoloji li vini patisipe nan LFPCP. Nan moman sa a mwen rive dekouvri potansyalite jèn gason sa a . Mwen te rankontre yon frè li ki rakonte mwen depi nan jenès kamarad Junior li te toujou reve vini yon sosyalis. Junior se yon moun ki enpresyone mwen nan senplisite li. Nan yon fòmasyon sou agwoekoloji m ap gade kòman l ap bouse yon bourèt pou li pote konpòs. Nan moman li te deja rektè inivèsite.

Mwen raple mwen moun ki ta pral bay mwen nouvèl lanmò Junior se pandan mwen Ayopò Okap la, yon moun rele mwen pou li mande mwen si mwen konnen s ak pase Ench lan. Mwen di li mwen pa konnen se konsa l ap bay mwen nouvèl la epi rakonte mwen kòman Junior te ede li nan yon memwa metriz san li pa pran yon goud. Se yon jèn gason ki pran anpil tan pou li fòme tèt li. Mwen pa imajine kòman yon moun fè genyen kouraj pou li asasine yon jèn gason nan dimansyon kamarad la. Se yon jèn gason ki te deside nan rete sèvi kominote a. Yon semèn pa p pase pou ou pa wè pozisyon li pran piblik sou pwoblèm k ap bwase bil peyi a. Youn nan bagay ki endiye mwen, se konpòtman inivèsite a genyen sou lanmò li. Sa ta dwe endiye etidyan yo. Nan sans sa, poukisa li enpòtan pou nou etidye ?

Kamarad Junior Cherelus, se yon moun ki pa konfliktyèl. Yo asasine li nan yon konfli Leta kreye. Premye asasen an se Leta. Se nan move nominasyon k ap fèt yo ki koz asasina sa a. Se konfli ki kreye antre de (2) kan, yon kan ansyen Senatè Wilot Joseph ak kan delegasyon depatmantal Sant lan.

Kamarad Junior Cherelus fè 2 mwa nan mòg avan Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal (MICT an fransè) deside fè yo antere li. Kisa n ap chache nan asasina Junior ? Nou menm nan LFPCP, n ap fè fòmasyon pou manm òganizasyon yo, n ap batay pou yon transfòmasyon sosyal nou pa kapab fèmen je nou sou zak sa a. Nou egzije pou Leta mete kanpe yon ankèt endepandan pou genyen limyè ki fèt sou asasina kamarad Junior Cherelus. Nou mande lajistis pou li byen fè ekilib nan dosye sa a, yon fason pou li pa panche nan yon sèl bò. Nan MPP n ap kontinye fòse lajistis pran responsabilite li, yon fason pou lajistis jwenn otè krim nan. Nou pa satisfè menm nan fason dosye a ap trete. Fòk jèn yo nan Ench fòse lajistis fè limyè sou dosye a. Inivèsite a pa dwe rete nan silans li. Lavi moun pa dwe trete tankou  marengwen […] MPP rete solidè ak fanmi kamarad Junior Cherelus, san bliye tout lòt moun ki swete limyè fèt sou dosye a. Nou reyini aswè a nan rann yon dènyè omaj pou kamarad junior Cherelus, se yon fason pou nou konfime yon lòt fwa angajman nou nan lit la.

Boutofen

Se yon moman omaj ki fini nan pami chante MPP yo ki di : nou mande, nou mande jistis anmwey […] Nou pa p bay legen nan batay la, nou pa p fout sede pou asasen yo […] Se konsa tout patisipan yo fini nan di : Jistis pou Junior ! Jistis pou Junior ! Jistis pou Junior ! Fondatè MPP an, Chavannes Jean Baptiste pwononse mo remèsiman li konsa : n ap remèsye pwomosyon 11 lan ki te rann omaj pou kamarad Edmond Mathieu, li te fè 4 seksyon ak etidyan yo. Lè yo tounen pou dènye seksyon an yo pa jwenn li. Jan anpil kamarad deja di sa a nou se yon kò. Genyen anpil pwomosyon ki prezan nan omaj kamarad Junior Cherelus. Nou sèten se yon omaj ki sensè. N ap kontinye kenbe memwa kamarad Junior Cherelus vivan nan kè nou. Youn nan pi gwo omaj n ap kapab rann li, se nan batay pou li jwenn jistis !

Ou kapab al swiv sware sa sou paj facbook MPP ki se “mouvement Paysan Papaye”

https://www.facebook.com/MPPPAPAY/videos/1885920458963920

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.

Login

Register

terms & conditions