Enviroment

MPP, Selebrasyon 5 Jen, jounen mondyal Anviwònman an

Nan lento pòt la.

Nan ane 1972, Asanble Jeneral Nazyonzini an deklare jounen 5 jen an kòm jounen mondyal anviwònman an. Premye selebrasyon an fèt nan ane 1973 anba eslogan « yon sèl planèt tè ». Pandan plizyè ane, jounen sa a vin yon veritab platfòm mondyal k ap sansibilize tout moun sou planèt tè a nan lide pou yo fè yon ansanm aksyon k ap pèmèt yo reponn kokennchenn defi ki plis ijan yo sou anviwònman an. Pou ane 2024 sa a, tèm Nazyonzini chwazi pou li selebre jounen mondyal anviwònman an se: refè tè yo, anpeche tè yo tounen dezè, devlope rezistans kont sechrès. Selebrasyon  sa a fèt anba eslogan – Tè nou yo, se lavni nou. Nan MPP, ane sa fè 19yèm ane, li toujou reyalize yon ansanm aktivite nan kad jounen sila a. Se yon fason pou li sansibilize tout kouch sosyal nan sosyete ayisyen an sou degradasyon anviwònmantal la k ap vale teren an. Nan sans sa, 5 jen 2024 sa a, MPP deside selebre jounen sa a anba tèm : « Plante pye bwa pou n jwenn dlo, pou lavi pa disparèt ».

Jounen 5 jen 2024 nan MPP.

Nan okazyon jounen 5 jen 2024 la, MPP te envite tout moun k ap viv nan vil Ench ak zòn anviwonant yo pou yo patisipe nan aktivite gastwonomik, kiltirèl ak konferans ki fèt sou pwoblematik anviwònman nan lokal Sant lakay ki chita nan twazyèm sekyon kominal Ench lan. Ofisyèlman jounen sa a louvri sou direksyon animatè yo – Makendy Cadet ak Nadège Saintil, sitou aprè monte drapo ak prezantasyon mistik revolisyonè a.  Plis pase 200 moun vini patisipe nan evènman sa a kote yo patisipe nan konferans yo, nan manje manje natif natal, tankou : tchaka, doukounou, bwè akasan, pendou elatriye. MPP te bay patisipan yo plantil, semans ak fè yo vizite fèm agwoekolojik lan. Nan kesyon pèfòmans atistik, Ibolele bay plizyè pèfòmans ki dekri konsèp jounen an. Atis Lolo chante yon tèks sou anviwònman an, k ap dekri kòman anviwònman fin degrade. Yon tèks ki sansibilize moun sou fason yo dwe viv nan amoni avèk lanati, paske lanati ap kriye, lanati ap rele pou anviwònman k ap fin detrui. Anplis, reyalizasyon final twazyèm edisyon jeni 50 tyèm MPP an anba tèm : Agwoekoloji peyizan, sèl mwayen pou nou kaba grangou ak refwadi planèt la. Direksyon egzekitif MPP an pwofite tou bay plizyè militan plak merit ak onè nan kad disiplin yo, senplisite yo, onètete yo, dinamik yo ak angajman yo nan òganizasyon an, anplis pou angajman yo nan lit pou chanjman sosyal la an Ayiti. Se yon aksyon senbolik ki kòmanse fèt depi nan kongrè 50 tyèm anivèsè MPP an. Militan ki resevwa plak yo se : Dieugrand Jean-Baptiste ; Mulaire Michel ; Jean-Claude Monerot ; Philefrant ST Naré ; Roro Naval ak Junior Cherelus.

Rezime refleksyon konferans sou : kòz ak konsekans degradasyon anviwònman an.

Nan okazyon jounen mondyal anviwònman an genyen de (2) konferans : premye konferans lan se Alexander Placide ak Juslène Tyrésias ki reyalize li anba tèm : « Kòz ak konsekans degradasyon anviwònman an ». Entèvenan yo kòmanse soumèt refleksyon yo nan analize evolisyon pwoblèm anviwònman sòti 1492 nan moman konkèt-dekouvèt Kristòf Kolon an ; peryòd okipasyon meriken (1915-1934) ; moman aplikasyon SHADA an Ayiti ; kanpay rejete peyi a konnen sitou sila a nan ane 1941 kote lide fè kwè pye bwa yo genyen lwa. Nan sans sa, anpil pye bwa koupe sou pretèks yo genyen move espri/lwa nan yo, san detraktè Kretyen yo pa plante lòt pye bwa. Pami lòt evènman ki pase kòm koz degradasyon anviwònmantal la an Ayiti, se batay kont kamoken sou Rejim Divalye a – Papa Dòk. Leta ki pa pran responsabilite li se youn nan gwo koz degradasyon anviwònman an. Li se prensipal ogàn ki dwe aji, reglemante ansanm deriv k ap fèt sou anviwònman an. Leta kreye ministè anviwònman nan lide pou li kapab aji nan enterè anviwònman an, malgre anpil dokiman pwodui sou pwoblèm anviwònman an, yo rete nan tiwa san okenn aplikasyon reyèl. Atik 91 nan konstitisyon 1987 la pale sou anviwònman men li pase anba pye. Pami lòt koz degradasyon anviwònman an se : move konpòtman kapitalis yo sou anviwònman ; pwoblèm edikasyon anviwònmantal : fason moun yo ap jete fatra tout kote menm nan rivyè kote y ap pran dlo pou yo bwè oswa pou yo fè manje ; manke enplikasyon òganizasyon yo nan sosyete sivil la k ap sansibilize moun nan pwoteje anviwònman an ; debwazman ak deforestasyon ; move eksplwatasyon resous natirèl yo ; pwoblèm jesyon rasyonèl dechè yo.

Ansanm koz degradasyon anviwònman an fè genyen tou yon kokennchenn konsekans. Pami yo : diminisyon rannman tè a; lamizè ; deboulonnay tè yo ; polisyon dlo ; polisyon lè a ; inondasyon ; disparisyon espès animal ak vejetal yo ; dezòd klimatik la. Entèvenan Alexander Placide ak Juslène Tyrésias pwofite bay kèk rekòmandasyon sou pwoblèm degradasyon anviwònmantal la. Pami yo : fè pledwaye pou Leta pran responsabilite li sou bon jan jesyon anviwònman an ; edikasyon anviwònmantal la ki dwe fèt nan lekòl, legliz, lafanmi, radyo […] ; reyalize kanpay asenisman ; pwodui enèji altènativ ; fè rebwazman an pèmanans ; Leta dwe devlope patenarya ak òganizasyon nan sosyete sivil la k ap aji an pèmanans sou bon jan jesyon anviwònman an ; aplike ansanm lwa nan administrasyon piblik la sou pwoteksyon ak bon jan jesyon anviwònman an ; nou dwe aprann panse globalman pandan n ap aji lokalman.

Rezime refleksyon konferans sou : « Manifestasyon kriz klimatik la an Ayiti ak sou planèt la ».

Dezyèm konferans nan se Entèvenan Chavannes Jean-Baptiste ak Iselande Alexandre. Yo pale sou tèm : « Manifestasyon kriz klimatik la an Ayiti ak sou planèt la ». Yo kòmanse pwodiksyon refleksyon yo nan fè konprann ansanm anje dezòd  klimatik la genyen sou lavni planèt la. Fason chalè a ap ogmante chak jou a se konsekans aksyon lèzòm sou planèt tè a, espesyalman kapitalis yo. Entèvenan yo bay kèk konsekans dezòd klimatik la genyen sou anviwònman an : desètifikasyon sa vle di degradasyon sòl la ; pèt biyodivèsite ; ogmantasyon espès nwisib yo ; ogmantasyon chalè ak maladi kay moun ak bèt yo ; migrasyon.

Nan yon lòt bò, Chavannes Jean-Baptiste ak Iselande Alexandre montre, jodi a, lavi vin prèske pa posib ankò kote genyen anpil lòt pwoblèm ki marande dezòd klimatik la : toubiyon, siklòn, ogmantasyon chalè […] Kriz klimatik la ap detrui planèt la. Si pa genyen anyen ki fèt lavi moun ak zannimo yo ap disparèt. Lavi moun yo ap disparèt pi rapid sitou parapò ak modèl konsomasyon yo. Yo dwe analize kòman yo kapab manje, manje ki pa fèt nan pwodui chimik yo. Youn nan gwo pwoblèm nan lemonn alèkile se kesyon dlo a. Genyen yon twazyèm lagè mondyal ki kapab eklate pou kesyon dlo a. Anpil moun, bèt […] ap mouri nan pwoblèm dlo. An Ayiti nou konstate pwoblèm sa a ap vale teren. Li se youn nan konsekans degradasyon anviwònmantal la. Leta genyen yon wòl fondamantal pou li jwe nan pwoblèm anviwònmantal la. Men jodi a, nou pa genyen Leta oswa Leta pa p aji nan enterè nou. Nou vin restavèk nan kesyon manje manje pèpè yo. Kòm rapèl, diri pèpè n ap manje a se yon pwazon pou lasante. Yon etid montre diri ki sòti nan peyi etranje yo plen pwazon nan yo. Se nan sans sa, jounen jodi 5 jen an, MPP envite nou vin manje, manje natif natal lakay. https://www.facebook.com/photo/?fbid=808775974563257&set=pcb.808779497896238

Boutofen, nan batay kont dezòd klimatik la, nou dwe aji vit. Gustavo Guterrez di : « planèt la ap boule ». Nou dwe aji tankou ponpye, menm jan lè yon kay ap boule. Nou dwe chanje konpòtman nou. Lè yon moun mache sou pye li, li bon pou lasante li ak pwoteksyon planèt la. Nou dwe sispann manje vyann. Si n ap manje vyann se vyann bèt natif natal yo pou nou manje. Nou pa dwe kouvri manje nou ak sachè, pa manje nan veso plastik. Nou dwe chanje mòd lavi nou. Plante pye bwa pou lavi pa disparèt. N ap souliye, batay kont dezòd klimatik la mondyal. Nou dwe globalize lit la.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.