Actualités

DEKLARASYON MPP 5 JEN 2019

Sant Lakay Papay, 5 Jen 2019

NOT POU LAPRÈS

Se 5 Jen Nasyon Zini konsakre kòm jounen entènasyonal anviwònman. Chak ane yo selebre jounen sa sou yon tèm nan yon peyi diferan. Ane sa tèm lan se : Anpwazònman lè a (polisyon). Se 7 milyon moun lè anpwazonnen touye sou planèt la chak ane. Se nan peyi Lachin yap selebre jounen an ane sa. Se jou refleksyon ap fèt toupatou sou planèt la sou  move jesyon resous natirèl yo kap detri planèt la, se jou refleksyon pou wè sa kap fèt, sa ki dwe fèt pou sove Lavi sou planèt tè a. 

Konsta yo toujou bay gwo kè sote paske sistèm kapitalis pa janm sispann devore resous natirèl yo, devore byen komen yo pou fè plis pwofi chak jou. Sistèm lan fè plis dezòd menm lè li konnen rechòfman klimatik la ap fè dega toupatou. Konsekans yo pi lou jou apre jou men sa pa regade miltinasyonal sistèm lan ki gen yon sèl objektif : FE LAJAN.

Se depi 2005 MPP toujou konsakre 5 Jen pou rasanble militant ak militan òganizasyon peyizan, militan ak militant lòt òganizasyon, otorite nan leta ki gen responsablite sou anviwònman peyi a pou nou reflechi sou anviwònman peyi nou an, anviwònman planèt tè a an jeneral ki anba vyolans sistèm bwè san an.

Pa gen dout se tout planèt la ki an danje men ka Ayiti a se yon ka gravman grav akòz absans  leta. Moun ki nan tèt leta yo se yon gwoup sansi, yon gwoup pinèz  kap souse san mas popilè yo, souse san peyi a. Sa te toujou konsa men depi pouvwa kale tèt la poze lapat sou peyi a, se rèl kay makorèl paske se kòripsyon nan tout kò Leta. Chèf Leta yo, Jovenel ak Martelly benyen nan kòripsyon, nan vòlè lajan Leta.

Me kèk nan pi gwo konsta nou fè :

1 – Lapli gen yon ane li pa tonbe anpil  kote nan peyi a tankou nan Nòdwès, Nò ak Nòdès. Nan Plato santral li te kanpe depi mwa sektanm. Men sa ki pi grav chalè a tèlman rèd li touye tout pye bwa ki te plante nan dènye sezon an (Jiye-sektanm), li kraze plantasyon bannann ak Papay, sechrès touye anpil bèt paske yo pa jwenn ni manje ni dlo. Moun nan Nòdès pèdi anpil bèt.

2 – Agrikilti a tonbe an degraba nèt paske peyi a gen yon leta anti peyizan. Pa gen sistèm irigasyon, dlo pa koule nan kèk sistèm ki genyen yo tankou nan Senrafayèl, kanal yo pa kire nan Latibonit. Manje pèpè ki soti Dominikani anvayi mache ayisyen an nèt. Kamyon dominiken janbe fwontyè a libelibè tankou se nan yon savann yo ye, yo vin vann  nan mache nou yo tankou Ench, tout kalite manje Ayiti te konn pwodwi.

3 – Nan Latibonit, anplis dlo peyizan yo pa jwenn pou yo wouze, moun nan pouvwa leta a antre ak varyete diri ki rale rat vin manje tout plantasyon diri peyizan yo. Sa pèmèt pouvwa Jovenel la fè konmès diri vyetnam pou fini ak pwodiksyon diri nèt nan peyi a. Kòm nou te konn enpòte 80% Jovenel vle mennen nou nan 100%. Dènye kalòt li bay pwodiksyon manje natif natal la se wete taks sou diri patwon li yo nan oligachi a ap enpòte pou swadizan bese pri diri a ki monte tèt nèg apre sa. Sa montre kòman Jovenel ap fè lekontrè de pawòl lap pale. Se pi gwo ou yonn nan pi gwo mantè, pi gwo blofè peyi a pwodwi nan tout istwa li.

4 – Ayiti tounen yon depotwa plastik ki anvayi tout kote, ki bloke tout kanal, bloke tout lari. Vye machin pèpè ap antre san kontwòl, yap anpwazonnen anviwònman an, yap  pouri sou tout wout peyi a. Tout kalite vye motosiklèt anvayi peyi a san okenn kontwòl, san okenn règ. Yap fè dega nan anviwònman, yap touye moun sou tout fòm. Yo fè anpil jèn fòse paran yo vann tè ba yo lajan pou achte moto.

5 – Ayiti tounen yon peyi sal nèt. Fatra anpeche moun viv toupatou nan peyi a espesyalman nan gran vil yo. Sitiyasyon Pòtoprens kapital peyi a, se yon wont.

6 – Peyizan yo abandone a yo menm. Se chabon yap fè depi kèk tan pou yo viv malman. Men, pa gen bwa ankò pou fè chabon. Yo fouye rasin bwa anba tè. Pa gen rasin bwa ankò. Yo fè chabon ak nenpòt bwa ki pa ta fèt pou sa swa paske se pye fwi swa paske se bwa ki bay move chabon. Moun lavil yo nan ka paske 75% omwens nan yo se ak chabon bwa yo fè manje. Kouvèti forestyè natif natal peyi a rive nan zòn zewo pou 100.

7 – Sezon lapli a an dezòd nèt. Lè se pa gwo sechrès, se inondasyon. Lavalas pote tout tè nan mòn yo desann ale kraze anviwònman lanmè a ki lakòz pechè atizanal yo pa jwenn pwason pou yo lapèch ankò. Yo ta bezwen gwo bato. Se peyi etranje kap fè lapèch nan dlo peyi d Ayiti.

8 – Degradasyon anviwònman an, absans enfrastrikti pou pwodiksyon agrikòl, absans kredi, absans asistans teknik, elimine taks sou enpòtasyon pwodwi agrikòl yo fè pati yon konplo pouvwa tèt kale a pou fini ak agrikilti peyizan yo, elimine mas peyizan yo pou yo bay miltinasyonal yo peyi a nèt. Tèt kale vle vann peyi a.

9 – Rapò petwokaribe a montre klè tout sa moun te deja konnen. Se yon bann vòlè kap dirije peyi a. Nou jwenn yo nan pouvwa ekzekitif la ak pouvwa lejislatif la. Jodya, vòlè yo monte gang kap touye moun nan tout peyi a. Yo blayi ensekirite sou tout moun pou fè tout popilasyon an rete bèkèkè. Yap prepare pou fè swadizan eleksyon pou yo kontinye piye sa ki rete nan Leta a, pou yo vann peyi a bay miltinasyonal yo.

Devan sitiyasyon inakseptab sa, devan absans leta a, pa gen anyen MPP ap mande piyajè yo fè paske Jovenel pa janm tande vwa peyizan yo, li pa janm tande vwa mas popilè yo, li pa janm tande òganizasyon ak pati politik yo. Jovenel pa merite pou moun kontinye mande l fè anyen pou peyi sa. Sèl bagay nap mande Jovenel jodya, se bay demisyon li pou bay Ayiti yon chans, bay tèt li yon chans.

Jodya, ankò yon fwa MPP lanse yon lòt apèl a òganizasyon popilè yo kap goumen pou kraze sistèm eksplwatasyon an,   òganizasyon ak pati politik revolisyonè yo kap lite pou menm bagay la, an nou makònen fòs nou. Answit an nou pote kole ak tout òganizasyon ak pati politik, tout gwoup nan sosyete a ki bouke ak tray pouvwa tèt kale a ap fè peyi a pase, an nou fè yon alyans taktik pou fòse Jovenel kite peyi a.

An nou chita ansanm pou planifye yon tranzisyon ki dwe genyen :

  1. Yon gouvènman tranzisyon pou yon peryòd 3 ane kap gen pou misyon rete emoraji goud lan nan travay ak òganizasyon peyizan yo pou relanse pwodiksyon manje natif natal, kreye travay nan refeksyon ak pwoteksyon anviwònman an, nan fasilite yon konferans nasyonal granmoun pou bati yon plan pou sove Ayiti, pouse pwosè petwokaribe a.
  2. Mete kanpe yon pwosesis pou refè konstitisyon peyi a.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.