Realisations, Temoigange

Moun MPP ede fè SIKSÈ

ENTÈVYOU NAN KAD BILAN MPP FÈ NAN WOUT 50YÈM LAN.

Entèvyou sa yo fèt avèk moun MPP ede yo fè siksè nan lavi : pèsonèl, pwofesyonèl ak nan lavi nan sosyete a.

Acénès JEUNE” 

Sou plan pèsonèl

Mwen menm, mwen se Acenès Jeune, mwen fèt an 1968 nan lokalite Karesavann ki chita nan 3yèm seksyon kominal agwayedjonn riv dwat, jounen jodya mwen gen 54 rekòt kafe sou tèt mwen. Mwen marye nan lannen 1992, mwen gen 7 pitit, mwen se manb MPP, mwen abite Basen Zim e map travay nan MPP depi an 1997 jiskaprezan.

Mwen menm Acenès Jeune, lè mwen te fin kite Pepinyè Jèn Travayè Peyizan (PJTP), nou te 12 moun (9 gason ak 3 fi) ki te pran fòmasyon, aprè sa nan lane 1994 nou mete kanpe yon gwoupman ki rele “LITE POU CHANJMAN”. Objektif gwoupman sa se « pou chanje kondisyon lavi peyizan yo nan kominote nou tap viv la ». Gwoupman an te konn fè jaden patat abityèlman pou vann ak moun ki tap travay nan Misyon Sen Trinite ki nan zòn Kòbanal ki sitiye nan 4yèm seksyon Agwayedyond Riv Goch. 

Nan mwa Jen 2005, pandan yon jou mwen te leve byen bonè a 4è nan maten pou mwen te ale nan rankont gwoupman LITE POU CHANJMAN, mwen te sòti yon distans pou vole sou do yon bourik mwen te genyen pandan bourik la fè yon ti deplase epi mwen tonbe sou tèt. Depi nan mwa Jen sa mwen tap soufri anpil ak gwo tèt fè mal, lè mwen rive nan mwa Dawout 2005 tèt fè mal la mete m kouche e mwen vin pat konn moun ditou. Lè sa tout fanmim ap kouri kay bòkò avè m, depanse anpil lajan sou pretèks se moun kap fèm mal, nan menm moman an mwen te gen 3 bòkò sou mwen, gen ladan yo ki te di fanmiy mwen, mwen te gen 17 zoubi sou mwen, gen lòt ki te di pap gen lavi pou mwen ankò.

Aprè 3 jou mwen vin pi mal mwen paka prezante nan travay epi Chavannes te mande yon kòlèg travay la ki rele Noéhémie Désinor pou mwen epi li reponn « si gen pi mal pase sa se lanmò paske Acenès trè malad grav anpil ». Yon jou aprè kèk zanmi esplike madanm mwen kote mwen tap travay la ki se kay Chavannes nan Sant Nasyonal Fòmasyon kad peyizan Papay/SANT LAKAY. Se konsa madanm mwen tale kot Chavannes pou esplike l nan ki eta mwen ye, Chavannes te poze madanm mwen kèk kesyon tankou :

  • Èske madanm mwen marye avè m? 
  • Kisa reyèlman madanm mwen vle?
  • Èske madanm mwen vle lajan pou kontinye al nan bòkò oubyen li ka pran Acenès pou ale kay doktè avè l?
  • Si Acenès ta mouri ou pap bay pwoblèm aprè lanmò a ?

Se konsa madanm te reponn Chavannes pa gen espwa pou Acenès ankò ou mèt ale avèl kote ou vle. Chavannes te vi n lakay mwen ansanm ak madanm lan pou vin chèche m  nan Basen Zim. Lè Chavannes te rive lakay la li jwenn mwen kouche nan yon ti kwen li te banm 2 kout rèl malerezman mwen pa konn moun ditou. Nan moman sa a, kom te gen moun nan kay la, Chavannes te fè 4 nèg ede l pran m mete m sou bèt pou rive nan machin li ki te nan kafou Dlo Pòl pou ale lopital avèk mwen. Depi nan wout Chavannes te gentan fè kontak ak doktè nan lopital Sen Terèz nan Ench, malerezman lè m rive lopital la, ka pa m nan te depase konpetans doktè ki nan lopital Sen Terèz yo. Se konsa aprè 3 jou nan lopital la, Chavannes te fè demach epi jwenn yon ti avyon pou mennen m nan lopital Kanapevè ki nan Pòtoprens. Aprè doktè ki te sou mwen an nan lopital Kanapevè a fin voye m fè yon eskanè nan tèt mwen, rezilta eskane a selon doktè te revele :  yon san ki te bloke nan tèt mwen ki paka sikile, se operasyon tou swit sinon gen posiblite swa mwen fou oubyen mwen mouri.

Se konsa Chavannes Jean Baptiste te fè tout mizanplas ak administrasyon lopital Kanapevè a pou operasyon an te fèt . Efektivman operasyon an te rive fèt jan sa te planifye a, se sou 4 jou aprè operasyon an mwen te vin konn moun. Jounen jodya map viv se gras a MPP ak entevansyon Chavannes Jean Baptiste, si se te pou fanmim mwen tap mouri deja.

Yon mwa aprè operasyon an mwen kite lakay la epi mwen ale kot Chavannes pou mwen non sèlman remèsye l pou gwo sakrifis sa li te fè pou mwen an pou m te jwenn lavi epi kijan pou mwen  ta planifye pou remèt kòb li depanse pou mwen yo. Nan moman sa mwen pat gen ni manman, ni papa, ni madanm ki te kanpe avèk MPP. Chavannes gade m epi li ri, li reponn mwen konbyen kòb administrasyon MPP peye w, lè m fin reponn konbyen kòb, li di m fò m ta fè 2 lane nan MPP ap travay san touche pou m ta rive peye kòb sa a. Efektivman mesye Chavannes Jean Baptiste te di m li pap ka fè m peye motan sa, mwen mèt ale , se devwa l ak MPP pou entevni nan seri ka sa a yo. 

Sou plan ekonomik 

Òganizasyon MPP fè anpil bagay pou mwen nan lavi m. Anvan mwen te vin travay nan òganizasyon an mwen pat konnen anyen sou kesyon elvaj poul ak kijan pou m jere lavi m sou plan ekonomik. Jounen jodya mwen ka travay nan jaden trè byen pou mwen ede fanmi m gras a fòmasyon mwen jwenn nan MPP. Fòmasyon sa a yo ede sou plan pwofesyonèl ak finansye. Mwen sonje anvan  mwen te rantre nan MPP mwen pat gen tè, se nan fèmaj mwen te ye ak travay tè demwatye, lè m te rekòlte 10 mamit pwa fòk mwen te separe l ak mèt tè a. Pafwa mwen konn fin travay yon tè epi mèt tè sa a mande m tè li, vle pa vle mwen te oblije remèt li epi mwen pèdi tout sa mwen te mete sou tè a ak fòs kouraj mwen. Jounen jodya gras a MPP epi fason mwen te fè ekonomi nan SPC, mwen pa nan mizè sa yo ankò. Si map evalye kantite tè mwen genyen yo ka rive 3 kawo tè demi.  

Se gras a fòmasyon mwen te pran nan lane 2016 ki ede m konprann Sere Pou Chofe (SPC) ak montre m kijan pou m jere tèt mwen ekonomikman. Nan Sere Pou Chofe mwen prete lajan mwen remèt jis pou m te ka achte tè pou m travay ak solisyone kèk lòt pwoblèm pèsonèl ak familyal. 

 

Sou plan sosyopolitik

Nan kad fòmasyon mwen te pran nan MPP, òganizasyon an aprann mwen konnen dwa ak devwa mwen kòm peyizan. Te gen yon moman peyizan yo te konn ap pase move moman anba men leta ak tout akolik li yo nan kesyon vòlè tè peyizan yo. Menm si pwoblèm yo toujou la men peyizan yo konnen deja ki fason pou yo jere tèt yo gras ak MPP. 

Pou rive nan mwa Dawout 2022, se gwo presyon peyizan yo gen sou do yo sou tè leta, kote leta tap ransonnen peyizan pou pran gwo lajan nan men  yo. Gras a sipò MPP swa atravè fomasyon peyizan yo te jwenn oubyen kolektif lòt peyizan manb MPP nan lòt zòn nap kontinye kwape vòlò yo. 

Pou kesyon choukèt lawouze a menm, yo te rele moun sa yo chèf seksyon tou andedan seksyon kominal yo. Yo gen reprezantan yo ki se adjwen chèf seksyon yo, moun sa yo tap fè peyizan monte maswife nan vòlò tè, bèt ak danre nan jaden peyizan yo e menm rive vyole jèn fi andedan seksyon yo. Gras a MPP atravè fòmasyon pou peyizan yo nan tout seksyon kominal yo nou rive kouri dèyè moun sa yo ki tap souse san peyizan yo lannwit kou lajounen.

Nan moman nap pale la a peyizan MPP yo ka pale devan tribinal san pwoblèm, te gen yon moman depi yon moun al pote plent pou ou san okenn jijman adjwen chèf seksyon an ak chèf seksyon mete w nan kacho pou al vann sa w te genyen pou peye gwo lajan pou w libere. Gras ak fòmasyon, tout peyizan yo nan MPP ka pote revandikasyon yo nan tout nivo swa sou plan ekonomik oubyen sosyopolitik. Gras ak MPP nou konnen sa ki rele solidarite youn ak lòt, lè nou pale sou kesyon solidarite a se lè yon moun gen pwoblèm nan kominote kote nap viv la lòt moun ki la yo pote solidarite ak moun sa nan tout nivo ak sa nou genyen. 

Swè pou MPP nan okazyon 50yèm nan

Fòk dirijan òganizasyon MPP yo regade tout sektè ki andedan estrikti a pou fè yon gwo evalyasyon pou wè kisa nou te dwe fèt nou pa rive fèt, kisa nou te fèt ki pat rantre nan kad pwogram nou epi kisa ki dwe kontinye fèt pou òganizasyon an toujou rete vivan. 

Edmond MATHIEU” 

Sou plan pèsonèl

Mwen rele Edmond Mathieu, mwen fèt 21 Fevriye 1959 nan depatman Nip awondisman Baradè, aktyèlman mwen gen 63 lane sou tèt mwen. Mwen te Pòtoprens  nan lane 1974 pou te kontinye ak etid segondè mwen nan Lycée Toussaint Louverture. Mwen marye 7 Me 1988, madanm mwen ak yon pitit gason nou genyen jounen jodi a ap viv Etazini. Mwen te kite depatman Nip komin Baradè nan lane 1982, mwen antre nan depatman Sant aprè etid segondè mwen avèk frère Saint Therès yo kote mwen te pase 2 lane ap anseye elèv klas mwayen 2 nan lekòl frère Sainte Therèse yo nan zòn Tido.

Prandan 2 lane sa yo mwen te jwenn chans rankontre ak Chavannes Jean Baptiste ki se fondatè MPP epi avèk anpil manb trè angaje nan MPP ki te kontribye nan tout nivo pou fè MPP sa li ye jodi a. Men non kèk manb MPP mwen te kòmanse ap diskite ak yo pou chèche konprann ki filozofi òganizasyon an: Vernal Bien-Aimé, Aristène Augustin, Prudhomme Pierre ak Pressoir Pierre. Ansam rankont sa yo  te pèmèt mwen jwenn aksè pou al kay Chavannes prèske chak aprè midi pou asiste li kap jwe domino epi fè fòmasyon pou kèk gwoup. Aprè 2 lane mwen te pase nan komin Ench, frère Saint Therèse yo te fè m retounen nan Pòtoprens pou tal kontinye nan misyon lòt kote.

Sou plan edikasyon ak fòmasyon

Nan lane 1987 aprè rejim Jean Claude Duvalier fin tonbe, mwen te jije travay MPP yo trè entèresan, mwen fè kontak ak Chavannes pou te vin pran fòmasyon nan MPP, se konsa Chavannes te reponn mwen epi nan fevriye 1987 mwen te rantre nan Papay pou fòmasyon an. Fòmasyon mwen te pran nan MPP se te:

 

  • Animasyon pou chanjmann sosyal
  • Estrateji ak metòd òganizasyon peyizan
  • 5 fòmasyon sosyal nan listwa limanite ki gen ladanl sosyete primitiv, esklavajis, fewodal, sistèm kapitalis la, sistèm sosyalis pou rive nan kominis.
  • Fòs pwodiktiv analiz reyalite nasyonal ak entènasyonal
  • Fòmasyon sou teyat popilè 
  • Fòmasyon sou koperativ.

 

Fòmasyon sa yo te dewoule ak yon metòd aprè chak premye seyans teyori gwoup etidyan sa yo te ale sou teren nan kad pratik nan Papay epi divès lòt kote ak Chavannes. Aprè dènye seyans fòmasyon an MPP te fè nou jwenn yon sètifika. Nan menm lane sa mwen te pran fòmasyon pou te rive manb MPP nan fen lane 1987, aprè fòmasyon sa nou vin mete kanpe yon gwoupman jèn ki rele « LA MODESTIE », nou fè plizyè jaden divès kote tankou nan Sanmannan, nan Papay elatriye….

Mwen te travay nan pwojè sou alfabetizasyon defen Ernest Israël tap kwòdone nan komin Ench lan. Mwen te gen pou tach nan kad pwogram sou alfabizasyon sa pou fè evalyasyon tout kote pwogam nan te ateri yo. Mwen te responsab animasyon sou teren avèk jèn yo epi mwen tap kòdonatè pwovizwaman  JTP nan lane 1988. Mwen responsab pou te fè fòmasyon pou monitè andedan MPP.

Nan mwa Novanm 1989, mwen ak Chavannes te fè yon fòmasyon nan yon lokal tou prè biwo administratif MPP a pou 81 monitè ki te sòti nan tout 4 seksyon kominal nan komin Ench lan. Nan menm lannwit sa aprè seyans fòmasyon pou monitè yo mwen desann pou mwen al gade si tout jèn yo jwenn plas pou yo dòmi. Se konsa mwen ta pral kontre ak yon machin militè ki te mande m èske mwen rekonèt Chavannes epi yo te mande m : ki kote mwen rete ? Èske Chavannes nan zòn nan ? Mwen te reponn mwen pa konnen si Chavannes la. Pwiske yo pat jwenn lidè peyizan yo aprè sa kamyon militè a pral desann nan vil Ench la vandalize kay Chavannes epi arete plizyè manb MPP. Aksyon sa te rantre nan kad pèsekisyon sou òganizasyon an tap sibi nan epòk sa.

Sou plan ekonomik

Ansam fòmasyon mwen te pran nan MPP yo pèmèt mwen non sèlman ranfòse tèt mwen sou plan politik, ideyolojik men òganizasyonèlman tou. Fòmasyon yo ankò pèmèt mwen fè kèk rantre sou plan ekonomik ki pral fasilite m konstwi yon fanmiy kèk tan aprè pral kite peyi a pou al viv yon lòt kote. Gras ak fòmasyon mwen te pran nan MPP ki pral sèvi m yon zouti pou m reponn ak kèk egjijans mwen konn genyen epi rantre nan koperativ SPC nan pèspektiv pou rive genyen yon minimòm ekonomi.

Depi nan lane 1987 pou rive 2022 se gras fòmasyon mwen te jwenn nan MPP ki pèmèt mwen ka itil tèt mwen paske mwen pat janm ap travay nan leta.

Swè pou 50 èm nan

Ane sa a fè m ekzakteman 35 lane depi map milite andedan MPP, dènye resansman ki te fèt rezilta te revele MPP gen 61 mil manb. Nan lane 1994 te gen anpil angouman bò kote popilasyon an pou rantre nan òganizasyon espesyalman nan MPP ak MPNKP. Se nan objektif sa Chavannes te mete kanpe plizyè delegasyon nan epòk sa pou al sou teren nan 10 depatman peyi a, pou idantifye moun ki te manifeste volonte pou antre nan MPNKP.

Nan moman nap pale la mouvman sosyopolitik la ap travèse gwo difikilte tout kote nan peyi a epi nan nivo entènasyonal sistèm kapitalis la ap pran chak jou. Nou menm andedan MPP nou rete atache ak filozofi nou pandan 50 lane, mwen lanse yon apèl ak tout jèn malgre leta kreye tout kondisyon pou kite peyi a, okontrè se nou menm ki espwa peyi a, se pran angajman antre andedan òganizasyon ak pati politik Lagòch tankou MPP ak KONTRAPÈP la pou nou kontinye batay pou Ayiti nou reve a.   

 

Gislaine SAINT FLEUR” 

Sou plan pèsonèl

Bonjou tout kanmarad yo, bonjou lanati, bonjou lavi. Mwen rele “Gislaine Saint Fleur” mwen fèt Ench twazyèm seksyon kominal agwayedyonn  riv dwat nan lokalite Papay. Mwen fèt nan lane 1960, mwen gen 62 lane sou tèt mwen, mwen se manm MPP depi nan lane 1994 aprè MPP retounen nan depatman Plato Santral aprè koudeta prezidan Jean Bertrand Aristide 30 septanm 1991. 

Mwen te fè anpil tan nan yon gwoupman ki te rele “ABA DIVIZYON #2” aprè mwen te fin pran fòmasyon. Lè mwen te rantre nan gwoupman sa mwen reyalize se te nan yon moman enpòtan pou gwoupman an paske efektif  moun ki te nan gwoupman an pat anpil malerezman  pat gen anpil ki te konn li ak ekri andedan gwoupman an. Avan yon mwa mwen te vin eli sekretè gwoupman an epi nan 6 mwa mwen te vin eli prezidant gwoupman an.

Sòti nan lane 2012 pou rive nan 2014 te gen anpil manm gwoupman ABA DIVIZYON #2 ki te kòmanse mouri paske yo te gen laj avanse, se nan kontèks sa gwoupman an te vin kraze. Mwen te vin reyalize li pa bon etan edikatris popilè pou map fòme gwoupman mwen pa gen okenn gwoupman. Nan lane 2016 mwen te vin chwazi kèk manm nan ansyen gwoupman « CAPOIS LA MORT » ki te kraze epi nou mete kanpe gwoupman « ESPERANS ». Jounen jodya mwen se manm gwoupman ESPERANS, nou reyini chak vandredi, nou toujou ap travay nan fè jaden nan kominote nou. 

Lè MPP ta pral fè kongrè epi te gen mizanplas kap fèt pou fè eleksyon pou renouvle komite  gwoupman yo nan tout zòn yo ak tout lokalite. Nan moman sa mwen te vin eli kòm kòdonatris lokal yon ti tan aprè mwen te vin eli kòdonatris zòn fanm nan MPP. Mwen te pran 2 manda kòm kòdonatris fanm MPP malerezman jan estati MPP a chapante pa bay pwovizyon pou okenn manm eli pou yon twazyèm manda, se rezon sa ki fèm pat kontinye kòdonatris. Mwen te fè pati komite santral MPP espesyalman branch fanm nan komite santral la.

Jounen jodya aprè manman m ak papa m ki te fè premye baz la rès konstriksyon mwen se gras ak fòmasyon mwen te jwenn nan MPP. Pou mwen rive fè bon jaden ki se yon faktè pou mwen ka viv ak fanmiy mwen se gras ak fòmasyon mwen te pran nan MPP nan domèn agwo ekolojik ki pèmèt mwen fè sa. Mwen rive konstwi tèt mwen sou plan òganizasyonèl ak sou plan pwofesyonèl. 

Nan lane 2003 MPP te chwazi m pou mwen tal etidye animasyon pou chanjman sosyal, nan sal kote fòmasyon tap fèt la, lè mwen te rive nan sal kote fòmasyon tap fèt la mwen te santi mwen gen pwoblèm paske mwen pat rive  lwen lekòl, mwen te rive nan 4èm segondè anpil lòt moun yo te rive pi lwen pase m. Se konsa mwen tap poze tèt mwen kesyon èske map kapab konprann sa kap di yo, kèk tan aprè mwen te vin mete tout detèminasyon m epi mwen te rive konprann tout kou yo nan evalyasyon mwen te konn premye  oubyen dezyèm. 

Nan lane 2007 mwen vin nome kòm kòdonatris pwogram ak aktivite fanm MPP, tach la pat fasil men mwen te rive fè gwo jefò chak jou. MPP te kontribye nan fè edikasyon 8 pitit mwen genyen ak mari m nan fòmasyon mwen te jwenn nan òganizasyon an, 7 nan pitit mwen yo gentan fè etid pwofesyonèl ak inivèsite yo.

Nan mwa Jiyè 2014 pandan mwen tap patisipe nan yon aktivite Tèt kole ti peyizan ayisyen tap òganize nan kad komemorasyon masak 139 ti peyizan nan Jan Rabèl. Mwen te resevwa yon apèl yon etranjè ki rele Sarah ki sòti andedan yon enstitisyon ki rele REPANSE POUVWA nan objektif pou m ta rankontre avè l pou ta diskite nan kad yon pwogram metodoloji sou dwa fanm ak ti fi. Malerezaman mwen pat disponib nou te pran dat pou rankontre. Lè mwen rive mwen te pote dosye nan gran ekip MPP a, efektivman aprè diskisyon yo nan òganizasyon an, MPP te mete kanpe yon delegasyon pou te rankontre ak Sarah. Nan rankont sa ekip REPANSE POUVWA ki te gen ladan l Sarah ak yon lòt moun te prezante metodoloji a, aprè diskisyon yo rankont lan te fini trè byen, chak gwoup yo te aprann sou lòt. Delegasyon MPP a te retounen al prezante pwogram nan bay komite ekzekitif MPP a.

Nan janvye 2015 manadjè sipò teknik Isnise Romilus te vin rankontre ak kòdinasyon fanm MPP a epi pataje tout sa nou gen pou fè nan kad pwogram sa. Se nan kontèks sa MPP ta pral chwazi m pou ale Jakmèl pou yon fòmasyon pandan yon semèn sou konesans ki dwe devlope nan kominote  yo sou kesyon vyolans sou fanm ak ti fi.

Koperativ SERE POU CHOFE ( SPC)

Mwen manb SPC depi nan menm lane mwen te rantre nan MPP nan lane 1994, sete mari m ki te fè kanè pou mwen, nan lane 2012 mwen te vin pou fè pati konsèy administrasyon koperativ SPC.

Depi avan lane 2007 mwen te mete kanpe plizyè asosyasyon ti machann nan MPP pou rive fè yo jwenn lajan pou fè komès. Nan lane 2007 mwen te oblije rantre nan gwoup ti machann nan objektif pou te rive fè yon prè nan SPC pou mete kanpe yon aktivite komès epi mwen pral remèt kòb sa nan lane 2008. Kèk tan aprè mwen te ranpli yon fòmilè pou te prete 20 mil goud malerezman nan epòk sa mwen pat jwenn 20 mil goud la mwen te  jwenn 16 mil goud, se avèk kòb sa mwen te ouvè yon komès pou mwen te peye lekòl pitit mwen yo ak lòt aktivite pèsonèl. Lè manman m te mouri gras ak SPC mwen te prete pou m te reponn ak kèk egzijans ekonomik familyal.

 

Konsèy pou moun ki poko manm MPP

Mwen voye di chak moun kap viv ta dwe chèche yon òganizasyon pwogresis swa nan milye popilè, etidyan oubyen peyizan espesyalman nan òganizasyon tankou MPP ki prè pou fòme jèn fi ak jèn gason sou plan ideyolojik, politik oubyen kiltirèl. Mwen ankouraje jèn yo al lekòl, pran tan pou fome tèt yo se yonn nan mekanis kap ede yo konprann reyalite sosyopolitik la pi byen nan kominote yap viv la.

Juslène TYRESIAS” 

  1. Non ak siyati      : Juslène TYRESIAS
  2. Laj      : 52 ane
  3. Non gwoupman an ak dat ou ane fondasyon l : 

Gwoupman mwen te ladan l avan mwen te al etidye pou MPP se Etwal filant nan Saltadè li te fonde an 1989 men majorite jèn ki te manb gwoupman sa pa la ankò gen anpil nan yo ki kite peyi a, plizyè lòt ap viv Pòtoprens depi plis ke 25 ane, gen kèk ki mouri

  1. Ti kras istwa moun lan nan MPP ak sa li konsidere ki fè l gen siksè 

Aprè mwen te sot etidye nan lekòl Otelyè Dayiti an jiyè 1994 mwen pa tap travay mwen te konn fè ale retou ant Saltadè ak Pòtoprens ant Jiyè 1994 rive Jen 1995 men mwen te manb fondatè yon òganizasyon jèn nou te mete sou pye ki rele Fondasyon Jèn pou Devlòpman Saltadè (FJDS) se la mwen ta pral rankontre ak CJB nan kad yon kanpay elektoral kòm mwen te pale nan non jèn yo epi entèvansyon m lan te enterese l konsa aprè aktivite a li te mande animatè Francilus Antoine pou l fasilite m rankontre ak li. Se aprè rankont lan te vin gen yon  fòmasyon pou yon pwomosyon animasyon, m te ranpli fòmilè pou m te patisipe ladan l aprè premye sik fòmasyon an mwen te al nan estaj pandan yon ane epi m te vin fè pati ekip animasyon saltadè a pandan 2 ane. se nan ane 1998 pwosesis etid inivèsitè m te pral kòmanse ak sipò MPP nan yon premye faz se te yon etid teknik aprè ki te vin tounen yon etid inivèsitè ak opsyon Jesyon Administrativ. Se an 2003 mwen te tounen nan MPP pou m te fè pati ekip ekonomik la mwen te kòdone l pandan 8 ane men an menm tan mwen te manb komite ekzekitif, manb ekip pwojè MPP ak manb ekip fòmasyon kad MPP pa rapò ak angajman m nan MPP mwen te pral vin ranpli  fonksyon Kòdonatris Pwogram nan MPP an menm tan mwen te patisipe nan direksyon kolektiv MPP. Men pi gwo siksè m genyen nan lavi m se kapasite pou m fòme moun, travay ak moun, sa vin fè m konprann lavi a pi byen epi kòman mwen dwe abòde moun ki tounen yon priyorite pou mwen. Lòt siksè m jwenn nan MPP se kapasite analiz mwen ki grandi epi byen devlope sa pral pèmèt anpil moun anvi tande lè m map pale. Pou mwen siksè sa yo vo pi plis ke siksè ekonomik ak finansye paske yon moun ka rich men sou plan sosyal li pa vo anyen. Ekonomikman mwen pa rich men mwen ka pran swen epi garanti manje fanmiy mwen menm si se pa grandyoz. Sou plan sosyal mwen akimile anpil konesans epi mwen grandi anpil. Se pi gwo richès mwen benefisye nan lavi m.

  1. Seksyon kominal : Mwen se orijinè  1e Seksyon Akajou brile, Katye Saltadè  
  1. Komin :  Sèkalasous

Iderle BRENUS” 

  • Non ak siyati :

Iderle BRENUS LUBIN, M.Sc

Economiste/Maitrise en Développement Durable/DEA en Inclusion et Equité

    1. Laj : 45 lane
  • Non gwoupman an ak dat ou ane fondasyon l : Jeunesse en Action, fondee en 1997
  1. Ti kras istwa moun lan nan MPP ak sa li konsidere ki fè l gen siksè.

En 1995, m rankontre Direktè egzekitif MPP a nan yon rankont nan Palè nasyonal kote m te manifeste volonte pou rantre nan mouvman an. Direktè a te di m endividi pa ka antre nan mouvman sinon se groupman. Touswit, m te mobilize kèk jèn fanm ak gason nan potopwens ki ansanm fòme gwoupman sa.

Siksè mwen yo anpil, men map rezime yo konsa : 

  1. Nivo konsyans mwen genyen nan zafè chanjman peyi Dayiti ak patisipasyon tout moun zannanna kon pengwen. Chanjman sa pa ka chita sou demagoji men sou mete ansanm tout bon vre pou n refè nasyon an malgre eerè nou fè ak divèjans politik ki kapab egziste nan mitan nou.
  1. Lòt siksè se : eksperyans pwofesyonèl mwen nan ekip fòmasyon an nan fòme moun pou wete vèdegri nan je yo, nan fè yo pran konsyans epi mete ansanm pou chanje peyi a. Ekperyans sa ede m pa pè revandike dwa ak respè m kòm moun devan nenpòt ki nasyonalite ak devan nenpòt ki otorite. M pap janm bliye Ekperyans mwen kòm sekretè nan biwo MPP a ki aprè eksperyans travay sa MPP te banm bous pou m ale etidye nan peyi Kiba ki fè jodya mwen se Ekonomis ak yon espesyaliste ekonomi antrepriz. Eksperyans travay mwen ak Konviksyon m te pouse m kontinye etidye toujou pou ranfose kapasite m nan fè  yon metriz nan Devlopman Dirab ak yon diplom etid avanse nan GIS nan peyi Kosta Rika. 
  1. Pou ranfòse kapasite lenguistik mwen, MPP te voye m etidye espagnol nan peyi Sen Domeng nan kad pwogram patenarya ak Oganizasyon fanm CONAMUCA kote 8 jenn fanm ak jenn gason te patisipe. Etid sa te pèmèt byen fasil mwen entegre m nan etid mwen Kiba.
  2. Gras a MPP kapital soysal mwen ogmante kit nan peyi Dayiti oswa aletranje. Pozisyon m yo swa kont CIRH aprè tranbleman tè 2010, swa kont Jatrofa aprè MOSANTO te fè don semans motèl yo bay peyi a elatriye toujou reflete sam te aprann kòm animatris nan MPP, lavi m kòm aktivis, eksperyans etid mwen nan peyi Kiba.  
  1. Pi gwo siksè m se melanj vi militans mwen, ekperyans mwen kòm animatris/fomatris MPP mete  ak nivo pwofesyonèl mwen ke mwen mete tout kote m pase nan tout travay mwen pase swa kòm kodonatris pwojè sosyal, ekonomik oswa gouvènans tèritoryal. Jounen jodya, nan tout travay mwen kòm pwofesyonèl, mwen toujou mete sam ye ak sam kwè ki reflete liy ideolojik MPP ki se goumen pou chanje lavi sila yo ki pi fèb yo. Map konkli pou m di, Mèsi MPP ki kontribye nan moun mwen ye a kòm fanm ak kalib pwofesyonèl sa kap sèvi sosyete a tout kote m pase. 
  1. Seksyon kominal.

N/A

  1. Komin.

N/A

Elucienne Gerdermé” 

SOU PLAN PÈSONÈL

Bonjou tout kanmarad, non pam se Elucienne Gerdermé mwen abite nan komin Tomasik premye seksyon kominal Matèlgat lokalite Bourinde. Gwoupman mwen ladanl lan rele ANKOURAJE, li kreye nan lane 1976 avèk 21 manb, jounen jodi a li redwi ak 14 manb. Gwoupman ANKOURAJE abitye fè travay atizanal tankou : (Makouti, Nat trese, Makout, Sewon pou konsève mayi…), nou fè jaden ak elvaj.

Mwen pa t fè gwo avanse lekòl klasik, mwen te rive nan 3zyèm segondè avan mwen te rantre nan òganizasyon MPP, gras ak fòmasyon mwen pran nan MPP edem pou mwen kontinye etid klasik mwen. Jounen jodi a mwen kapab okipe tèt mwen ak tout pitit mwen gras ak fòmasyon mwen pran nan MPP ki ouvè yon seri pòt pwofesyonèl pou mwen.

SOU PLAN PWOFESYONÈL

Mwen benefisye plizyè fòmasyon andedan MPP san mwen pa peye yon santim tankou : nan lane 2010 mwen te pran yon fòmasyon sou Agwo ekoloji. Nan menm pwosesis fòmasyon an, mwen te jwenn chans pran nan MPP yon fòmasyon kòm ajan Veterinè. Ansanm fòmasyon sa yo edem nan objektif pou mwen fòme lòt kategori sosyal andedan sosyete a espesyalaman peyizan yo ki andedan kominote kote mwen ap viv la.

MPP fòme mwen sou ANIMASYON POU CHANJMAN SOSYAL nan lane 2010 ak 2011, gras ak fòmasyon sa, mwen deja fòme plizyè gwoupman (jèn fanm ak jèn gason, peyizan…. ). Mwen travay ak peyizan yo sou fason yo kapab fè jaden kolektif ak jaden pre kay sa yo rele jaden nan lakou si yon peyizan an pagen gwo kantite tè.

Mwen pa t gen okenn konesans sou kijan pou mwen te fè jaden, gras ak fòmasyon mwen te jwenn nan MPP sou Agwo ekoloji. Jounen jodi a non sèlman konesans sa edem epi li ede moun ki nan kominote ak moun ki nan gwoupman avèk mwen. 

SOU PLAN EKONOMIK, IDEYOLOJIK AK POLITIK.

Aprè mwen te fin etidye Agwo ekoloji MPP fèm jwenn yon pwojè, gras ak pwojè sa mwen vin gen anpil kabrit epi mwen vin gen yon pwodiksyon piman. Nan menm dinamik sa mwen rive vann anpil kabrit epi fasilite ti machann vin achte piman nan menm. Jounen jodi a mwen konstwi kay pou mwen rete gras ak fòmasyon MPP te ban mwen.

Mwen te pase nan 5yèm pwomosyon Lekòl Fòmasyon Politik Charlemagne Peralte (LFPCP) la nan lane 2019/2020 ki se yon pwodui 4G ki gen 4 òganizasyon (MPP, MPNKP, KROS, TÈT KOLE TI PEYIZAN AYISYEN). LFPCP, se yon zouti politik ak ideyolojik k ap fòme jèn fanm ak jèn gason nan 4 kwen peyi a nan pèspektiv konstwiksyon sosyalis la. 

 

Maniélus Exil

SOU PLAN PÈSONÈL

 Mwen rele Maniélus Exil, mwen fèt nan yon ti bitasyon ki nan 4èm seksyon kominal Ench ki rele LEYODIAG. Depi lè mwen fèt pou rive nan laj mwen ye la, mwen pa janm kite zòn nan al abite lòt kote. Mwen te lekòl nan zòn nan sòti nan lane 1957 pou rive 1963, malerezman mwen pat rive nan yon gran klas, mwen te rive nan mwayen II. Mwen marye, mwen menm ak madanm mwen nou fè 9 pitit, jounen jodi a ant pitit pa nou ak pitit pitit fanmi an vin elaji rive a 58 manb.

Pwofesyon mwen se travay latè ki vle di kategori moun yo rele peyizan yo, mwen travay latè nan objektif pou fè jaden pou reponn ak bezwen pèsonèl mwen epi pran swen fanmi mwen. Se gras ak latè mwen rive fè edikasyon pitit mwen jounen jodi a pou yo ka ede tèt yo.

Anndan Mouvman Peyizan Papay (MPP), mwen te jwenn chans travay nan divès pwojè gras ak fòmasyon mwen te jwenn nan òganizasyon an pou m ka reponn ak bezwen fanmiy mwen. Youn nan pwojè mwen te travay se AGWO SILVIKÒL ki te gen pou objektif fè fòmasyon pou peyizan yo pou ede yo nan : konsèvasyon sòl, misèk, kòdondepyè, kanaldekontou…, 

ENFÒMASYON SOU KREYASYON AK TRAVAY GWOUPMAN JAN BATIS CHAVAN

Nan lane 1973, pou te demare ak mouvman MPP a, Chavannes te rive enskri 28 peyizan nan Leyodyag ki te aksepte pran fòmasyon pou yo aprann  metòd kijan pou yo òganize yo anndan kominote kote y ap viv la. Gwoup sa te batize GWOUPMAN KOMINOTÈ. Lè yo te fin pran fòmasyon an, yon mwa aprè rejim divalye a tonbe an Mas 1986, GWOUPMAN KOMINOTÈ a pral chanje an Mouvman Peyizan Papay (MPP) ki gen anndan l plizyè gwoupman peyizan youn nan yo nan epòk sa sete GWOUPMAN JAN BATIS CHAVAN.

Gwoupman sa te kreye nan objektif pou aprann peyizan yo kijan pou òganize yo pi byen anndan kominote yo, pou fè jaden ansanm pou konstwi yon sistèm ekonomi ki chita sou yon pratik kominotè san eksplwatasyon ak eksklizyon. Jiskaprezan GWOUPMAN JAN BATIS CHAVAN toujou prezan nan kominote Leyodyag la avèk 11 manb, se vre sete nan yon kontèks trè difisil gwoupman an te kreye pou rive la, bagay yo pot ko chè nan dimasyon n ap viv jounen jodi a, paske mamit mayi t ap vann 35 santim oubyen 35 kòb, jounen jodi a tout bagay se tèt nèg, erezman sa pa anpeche nou rete vivan.

ENFÒMASYON NAN NIVO EKONOMIK ANNDAN KOPERATIV SERE POU CHOFE (SPC)

Nan lane 1976, aprè yon etid teren Chavannes te fin fè pou konstate kijan izirye nan tout seksyon kominal yo ap koupe tèt peyizan yo nan kominote yo. Nan fason y ap bay peyizan yo kout ponya ak yon enterè k ap koupe gòj yo. Chavannes te ale pran fòmasyon epi vini mete kanpe yon koperativ ki pote non : Sere Pou Chofe (SPC). Mwen se youn nan manb fondatè SPC, aprè premyè asanble jeneral ki te fèt nan SPC pou te òganize premyè eleksyon  ki ta pral akouche premye komite nan tèt SPC a, mwen te eli pou 3 lane kòm prezidan. Aprè manda prezidans mwen te fin pase, mwen te ale nan eleksyon ankò mwen vin eli kòm sekretè. 

Aprè manda eli yo te vini gen asanble ki te vin fèt pou prepare eleksyon, se konsa mwen patisipe nan yon 3èm eleksyon epi mwen vin eli kòm manb komite siveyans andedan SPC. Jiskaprezan aprè plizyè eleksyon mwen toujou reeli pafwa swa kòm manb oubyen prezidan komite siveyans koperativ SPC a. Estrikti yo rele komite siveyans lan se grenn zye koperativ la, se li ki gen misyon pou kontwòle tout sektè ki andedan koperativ la nan fason y ap mache.

SPC edem fè anpil pwogrè nan lavi pèsonèl ak nan lavi fanmiy mwen, se gras ak SPC mwen rive peye lekòl pitit mwen yo. Dènye pitit mwen an, lajan SPC edem fè edikasyon li jiskaske li fini ak etid klasik li, konya lap aprann syans enfòmatik.

Nan lide pou fasilite manb SPC yo pou pa kite zòn ki antoure Leyodyag yo pou al siyen kanè jis Papay, Asanble SPC a mete yon sikisal nan yon lokalite ki tou prè Leyodyag ki rele Karida epi yo chwazi m kòm moun ki responsab pou siyen nan kanè manb SPC sa yo. 

Mwen fè anpil bèl esperyans nan MPP, òganizasyon an edem nan fòmasyon politik ak ideyolojik, ki fè jounen jodi a mwen ka kanpe pou m pote revandisyon mwen kòm moun ki fè pati klas k ap sibi dominasyon ak eksplwatasyon anba men sistèm enperyalis la ki tabli nan peyi a sou tout fòm.

Nan menm dinamik fòmasyon MPP fè pou manb li yo, mwen kapab pale nenpòt kotem rive depi dwa ak devwa mwen ap vyole. Nan lane 1983, mwen te fè yon esperyans, pandan mwen te al fè yon kat idantite nan biwo DGI ki nan vil Ench lan. Lè mwen te rantre nan biwo a mwen mwen jwenn yon madam epi mwen di bonjou, li mandem sa mwen vin regle la, mwen reponn li : sa yon kat idantifikasyon mwen vin fè.

Aprè madam ki sou biwo a te fin ekri non mwen, nan kèk minit aprè mwen te voye zyem nan fich kote mwen wè madam nan mal ekri non mwen epi mwen dil sa, madam nan fache paske yon peyizan pa ta dwe leve tèt gadel kote l ap travay alevwa pou ta dil mal ekri yon non l.

Se nan sans sa diskisyon yo te kòmanse tanmen epi madanm nan pral dim : mwen fèl gaspiye fich leta a. Mwen te reponn li : okontrè olye se leta ki fè defisi a se mwen ki fè defisi paske se lajan taks ti kabrit ak yon poul mwen al vann nan palan epi yo pran taks sou mwen. Se ak lajan sa a yo achte tout bagay ki nan biwo a, epi se lajan taks sa ankò ki peye tout anplwaye yo. Aprè diskisyon an gen yon mesye ki t ap swiv, li relem aprè li dim depi l t ap tandem nan li wè nan mwen yon manb MPP.

 Nan fòmasyon mwen pran nan MPP mwen rive konnen si jounen jodi a leta ap neglije pwodiksyon agrikilti peyi a pou fè li pa gen valè ankò, bagay sa rantre nan yon kad pwojè politik neyoliberal kont agrikilti peyi a pou kenbe popilasyon an espesyalman klas peyzan an anba dominasyon. 

Childéric Placide

SOU PLAN PÈSONÈL

Mwen rele Childéric Placide, mwen fèt nan dat 5 Me 1945 nan yon Ti bitasyon ki kole ak Gwayamon ki rele Lakanj, mwen fèt Lakanj, mwen leve Lakanj, lèm te fin marye ak madanm mwen, nou te kite Lakanj vin abite Lòspalis ki chita nan 4èm seksyon agwayedjonn riv gòch.

Mwen se youn nan 4 premye animatè MPP te bay fòmasyon ki pou te travay ak gwoupman nan lane 1974, aprè  gwoupman yo te kòmanse ap miltipliye, Chavannes ta pral oblije fòme 4 premye animatè pou MPP pou rive edel kontinye fè travay fòmasyon pou gwoupman yo. 4 nanimatè sa yo sete : Hernès Ysrael, Amantès Cesar, Childerick Placide ak Yleon Belzir ki te Palma. Aprè plizyè seyans fòmasyon Chavannes te fin fè pou nou 4 premye animatè sa yo nan lannen 1974.

ENFÒMASYON SOU FONDASSYON AK TRAVAY GWOUPMAN LAPASYANS

Nan lannen 1974, sou demand Pè Yves Lapierre nan Lòspalis ki te toujou ap desann nan Sant Emayis epi rankontre ak Chavannes nan objektif pou vin fè yon fòmasyon pou yon gwoup moun k ap viv nan Lòspalis. Yon mwa aprè Chavannes te bay gwoup Lòspalis la yon randevou kote mwen Childerick ak Amantes te deja reyini plis pase 20 peyizan nan lokalite sa, kote Chavannes te vin fè fòmasyon pou nou chak dimanch nan aprè midi nan zòn nan. Lè nou rive nan mwa Fevriye 1975 Chavannes te fini ak fòmasyon an epi nou te mete gwoupman LAPASYANS kanpe ak 14 peyizan.

Gwoupman an te kòmanse travay ansanm chak Lendi, finalman te vin gen yon manm nan gwoupman an ki te vin gen ti pwoblèm paske  jou Lendi an pat fin bon pou li ankò, peyizan sa te oblije kite gwoupman an paske rès manb yo pat rive pran yon lòt jou ki t’ap bon pou li nan gwoupman an. Men peyizan sa kite gwoupman an akoz jou Lendi a pat bon pou li. Nan ka sa peyizan sa te oblije al kreye yon lòt gwoupman.

ENFÒMASYON NAN NIVO EKONOMIK ANDEDAN KOPERATIV SERE POU CHOFE (SPC)

Nan lane 1976 aprè fòmasyon peyizan yo te fin jwenn sou mityèl solidarite ak fondatè Gwoupman Agrikòl yo, Chavannes te mete kanpe KOPERATIV SERE POU CHOFE (SPC). Nan objektif pou te ede peyizan manb Gwoupman Agrikòl yo jwenn lajan prete swa pou fè jaden oubyen reponn ak kèk difikilte ekonomik yo konn genyen. Pou peyizan yo te sispann pran kout ponya yo te abitye konn pran nan men kontrebandye ak yon enterè depase. Anpil fwa menm remèt peyizan yo pat kapab remèt lajan sa yo tèlman enterè yo konn monte disèt wotè sou do yo. Anpil fwa se byen yo te deja genyen y’al vann pou peye lajan ponya sa yo magre tout difikilte yo te genyen. 

Bò kote pam nan lane 1978, mwen te gen yon ti frèm ki te mouri sibitman se gras ak koperativ ki rele Sere Pou chofe (SPC) ki te fèm jwenn yon kòb pou mwen te antere frèm lan. Mwen gen 2 pitit ak yon neve aprè papal te mouri nan lane 1978 ki te vin sou kont mwen, fas ak sitiyasyon sa lèm te gen pwoblèm ki depase mwen swa pou mwen te peye lekòl oubyen inivèsite se pòt SPC mwen te konn frape epi mwen òganize mwen aprè pou remèt lajan mwen te prete a, lè sa pèsonn nan kominote a pa konnen zafèm. Jounen jodya tout piti mwen gen yon pwofesyon pou yo itil tèt yo demen se gras ak SPC.

Mwen Childerick mwen te premye sekretè koperativ SPC kote mwen te pase plizyè lannen kòm sekretè epi mwen pase kòm manm konsèy administrasyon an. Lè manda m fini mwen pase nan komite siveyans nan SPC, mwen te pase yon tan nan komite kredi. Aprè Jean Merassin Kernisan te kite pòs la san okenn motivasyon li t al abite Pòtoprens, pou plas la pat rete vid, mwen Childerick Placide te jwenn nominasyon kòm jeran andedan koperativ SPC.

ENFÒMASYON NAN NIVO EKONOMIK ANDEDAN KOPERATIV KONBIT SEVO MEN AK KE ANSANB (KOSMIKA)

Nan lannen 1978 ta pral genyen yon lòt koperativ andedan MPP ki ta pral kreye ki rele Konbit Sèvo, men ak Kè Ansanm (KOSMIKA). Kreyasyon KOSMIKA se nan objektif pou akonpaye gwoupman nan nivo ekonomik ki andedan MPP yo, sitou lè gwoupman gen yon revni aprè yo fin vann danre yo te rekòlte pandan yon lane epi yo vin depoze yon pati nan kapital la nan KOSMIKA.

Nan kesyon byen pèsonèl mwen reyalize, avan mwen te marye ak madanm mwen pat gen gwo mwayen sete tè papam  mwen te konn travay, aprè  mwen te jije fòk gen pwòp enterè pam konya epi mwen rive travay mwen vin genyen anviwon 7 kawo tè anpil nan tè sa yo se lajan SPC ki te rive fèm genyen tè sa yo.

50 lannen sou tèt yon òganizasyon se pa yon jwèt, se pa anpil òganizasyon ki jwenn chans sa pou selebre 50 lannne egzistan yo. Efektivman pou 50 lannen sa rive reyalize jan MPP ta swete li a. Fòk gen yon men asanm nan mitan tout manm MPP yo swa sila ki nan peyi etranje ak sila ki nan peyi a pou mete tèt yo ansanm pou selebre dat sa. Bò kote Gwoupman yo menm, yo pa dwe neglije fè jaden nan kad kontribsyon pou sipòte 50 tyèm nan, fòk gwoupman yo kole tèt yo ansanm pou wè ki fòm kontribisyon yo ka pote. Mwenm Childerick Placide mwen kòmanse ap travay ak gwoupman mwen ladanl lan sou kèk altènativ pou reyalizasyon 50 tyèm nan depi kèk tan, gen kèk manb andedan gwoupman an ki deja kòmanse bay kontribisyon lajan pou 50 tyèm nan.

 

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.