Realisations, Uncategorized

Refleksyon Yolda Lunscie Raphaёel sou tèm : dekri pratik sosyo-politik prezidan Ibrahim Traoré nan eritaj politik ansyen prezidans Thomas Sankara nan peyi Boukinafaso

Devan pòt la.

Komite konkou literè a sou direksyon kòdinasyon pwogram jèn nan MPP reyalize dezyèm edisyon konkou literè Bèlyeniz Jan Batis sòti 5 jen rive 28 novanm 2025, anba tèm: « dekri pratik sosyo-politik prezidan Ibrahim Traoré nan eritaj politik ansyen prezidans Thomas Sankara nan peyi Boukinafaso », nan eslogan «  Ibrahim Traoré se Thomas Sankara nan yon lòt kò ». Se yon konkou ki fèt pou elèv ki nan nivo NS2 rive nan NS4 nan depatman sant peyi d Ayiti. Li genyen pou objektif ankouraje bon jan rechèch istorik otantik pou anrichi konesans elèv yo sou istwa sosyopolitik peyi Afrik yo. Pwodiksyon tèks elèv yo fèt nan lang kreyòl ayisyen an, se yon fason pou MPP kontinye bay jarèt nan valorize eleman kiltirèl ayisyen an. Elèv Yolda Lunscie Raphaёl rive nan twazyèm pozisyon. Li nan nivo NS3 epi idantifye nan nimewo 006. Li soti nan Collège Sacré Cœur de Papaye. Li resevwa yon pri : 15 000 goud + kit + plak. Li rive nan twazyèm pozisyon kote li fè 530 pwen. An n li ansanm disètasyon li te prezante a ki respekte tout demach metodolojik li a. Nan atik sa a nou korije senpman fot otograf yo. Nou respekte tout fonnman pawòl otè a.

          Listwa lemonn boulvèse anpil nan mannèv politik oksidan sitou peyi enperyalis yo. Thoma Sankara te di : « nou pa kapab pale sou ekonomi Afriken an san nou pa pale sou devlopman peyi kolonizatè yo kite dèyè ». Nan optik sa a, Sosyoloji k ap etidye fè sosyal ak politik ki se angajman ak aksyon piblik. Sosyoloji politik la konsidere aktivite politik la tankou yon aktivite sosyal ak trete fenomèn politik yo tankou fè sosyal.1

Nan yon peryòd, Lafrans te okipe plizyè teritwa nan zòn nan (Soudan Frans, cote d’ivoire), yo te mete tout koloni sa yo anba yon sèl administrasyon santral pou kontwole ak eksplwate resous yo. Nan ane 1895 yo te fonde AOF2 lè sa Lafrans te fè pati gwo kolonizatè ki te domine lemonn. Nan pati lwès kontinan Afrik la se li menm ki t ap kòmande pou divès enterè. Aksyon yo te genyen gwo objektif ekonomik. Peyi sa yo lite pou pran endepandans yo sou divès fòm tankou neyokolonyal.

Nan sans sa, Peyi Boukinafaso sibi yon ansanm aksyon sosyopolitik ki debouche sou yon kesyon prensipal : « kisa aksyon sosyopolitik Ibrahim Traoré fè pou l eritye Thomas Sankara nan peyi Boukinafaso ? ». Lidè Boukinafaso yo ap make moso listwa nan lemonn nan pozisyon politik yo. Nan lide sa n ap eseye konprann ak analize listwa Boukinafaso nan diferan peryòd ak pakou lidè yo pou pran pouvwa nan lide retabli byennèt Boukinafaso (I), Gouvènans politik ak lit kont enperyalis (II) nan relasyon piblik ak diplomatik.

Nan peyi Boukinafaso genyen anpil lit ki mennen nan pran pouvwa politik la ki debouche sou lide revolisyonè ak kont politik loksidan ap mennen nan enterè prensipal yo nan piye richès peyi a. Listwa peyi sa detèmine aksyon sosyopolitik lidè yo.

I- Listwa Boukinafaso e pakou lidè yo pou yo pouvwa.

Orijin peyi Boukinafaso se rezilta yon dekoupaj kolonyal, Wotvolta, ki vini an 1919, te disparèt sou kat jeyografik la pa lontan, apre yo rekonstitye l. Depi bout 19 yèm syèk la, Wotvolta egziste kòm yon pati nan gwo teritwa Soudan Frans lan, apre li vin tounen Wo Senegal Nijè. Lafrans mete l sou administrasyon sivil. Teritwa sa yo te atire lòt gwo pouvwa: Almay, Angletè, Itali, elatriye. Nan lane 1914 Lafrans te mete yon sistèm rezidan ki te reprezante pouvwa Fransè a. An 1916, chak nivo nan administrasyon an te jwe yon wòl presi nan yerachi gouvènmantal la. Yo te mete yon administrasyon efikas pou devlopman koloni yo ak rekonesans idantite etnik yo te pami rezon ki te pouse Lafrans mete Wotvolta sou pye.

Nan sousi pou yo lib, yo te fonde plizyè asosyasyon tankou UDV (Union Démocratique Voltaïque) pou yo fè konnen sa yo te vle a. Apre anpil revandikasyon, san lagè yo te siyen yon akò ak Lafrans pou yo te kapab vin lib. Wotvòlta te yon koloni ki te genyen yon bon devlopman daprè kantite popilasyon ak potansyèl ki te genyen espesyalman ak koton. Apre anpil tan, Wotvolta deklare endepandans li 5 dawout 1960. Moris Yameogo lidè Inyon Demokratik Vòltayik (UDV) vin premye prezidan peyi a. Apre li te fin pran pouvwa a Yameogo te entèdi tout lòt pati politik epi mete sistèm lan ak yon sèl pati. Gouvènman li a te konsidere kòm kòriptè ak kontinye enfliyanse Fransè yo, politisyen yo vin pi rich pandan pèp la nan mizè. Nan manifestasyon ak grèv an janvye 1966, lame a te fè yon koudeta epi mete lyetnan kolonèl Sangoule Lamizana kòm chèf Leta. Asanble Nasyonal la kanpe konstitisyon an ak mete yon gouvènman milite sou direksyon Lamizana kòm chèf. Apati listwa Boukinafaso nou kapab wè se yon peyi ki boulvèse depi nan kolonizasyon l. Li genyen anpil prezidan ki pase sou pouvwa a ak koudeta ki ranvèse yo ki pral akouche Thomas Sankara.

– Pakou lidè yo pou pouvwa, gouvènans yo ak revendikasyon byennèt sosyal.

3Thomas Isidore Noël Sankara yo konnen sou non Thomas Sankara fèt venteyen (21) Desanm mil nèf san karant nèf (1949) nan Yako. Aprè bakaloreya li swiv fòmasyon nan akademi militè, Mada- gaska. Li tounen Wotvòlta an 1973 nan tit sou lyetnan lo. Nan lane 1974 li patisipe nan lagè ki opoze Mali ak Wotvòlta, an 1976 li te kòmandan CNEC (Sant Nasyonal Antrènman Kòmando) nan pwovens Naouri. Nan septanm 1981 li te nome sekretè Leta nan gouvènman Saye Zebo a. Novanm 1982, Jean Baptiste Wedraogo pran pouvwa nan yon koudeta kòm chèf Leta ak Sankara premye minis. Pita 17 me yo te arete Sankara. 4 dawout 1983 Blaise Comparé monte Wagadougou li pran pouvwa a. Lè sa revolisyon demokratik ak popilè a te pwoklame ansanm ak manm CNR4 yo kòm chèf revolisyon an. Thomas Sankara libere epi devni prezidan CNR lan kòm chèf Leta.

Listwa kontinye repete plizyè fwa, Ibrahim Traoré. Apre lanmò Sankara pandan yon peryòd trant senk (35) lane, te genyen anpil chanjman nan kriz politik nan peyi Boukinafaso. Gen prezidan ki pase sou pouvwa a, men yo pa rive jere pwoblèm peyi a. Ibrahim Traoré, se yon jewològ, yon ofisye militè Afriken ki te fèt katòz (14) avril mil nèf san katreven wuit (1988) nan Bondokuy nan Boukinafaso. Nan lan de mil nèf (2009) lè li te genyen venteyen (21) lane li fè chwa antre nan lame. Li te vin kapitèn epi jwenn repitasyon kòm ofisye entèlijan ak angajman li pwòch sòlda yo. Poutèt sitiyasyon sekirite a te vin pi mal ak angajman ki te pran aprè premye koudeta a, kote kondisyon yo pa t respekte, kèk ofisye deside mete bout nan pouvwa prezidan Damiba nan dat 30 septanm. Depi lè sa a Ibrahim Traoré pran tèt MPSR ( Mouvement Patriotique pour la Sauvegarde et la Restauration) la. Apre koudeta a Ibrahim Traoré deklare : « nou pa la pou nou pran pouvwa a. Nou gen yon pwogram douz mwa kote n ap rezoud kèk ti pwoblèm lojistik pandan n ap respekte valè imèn yo ». Yo mete l ofisyèlman kòm prezidan tranzisyon an 21 oktòb. De (2) lidè yo pati nan menm lide pou retabli ak rekonstri yon sosyete nan pran pouvwa sou fòs. Ideyoloji politik yo kont yo ansanm politik neyokolonyalis.

I- Gouvènans ak revendikasyon sosyal yo

Sankara se papa revolisyon demokratik ak popilè ki te pwoklame 4 dawout 1983 lè li te pran pouvwa a. Sankara ak CNR lan. Yon lane aprè revolisyon an Sankara chanje non, im ak drapo peyi a. Wotvòlta tounen Boukinafaso oubyen peyi moun entèg, sa montre yo pa nan kolonizasyon ankò. Li di panse ak monopòl limajinasyon pèp la pa dwe nan men enmi yo. Li fè Vòlta ansyen im lan tounen Ditanyè oubyen im laviktwa. Li te yon prezidan ki refize liks ak redui salè manm gouvènman ak entèdi machin liksye pou ofisyèl Leta yo. Li vann avyon peyi a pou l pa nan fè depans initil. Nan panse pou edikasyon jèn yo li kreye pwogram alfabetizasyon ak lekòl, mete anpil aksan sou edikasyon teknik pou jèn yo. Anba lidèchip li, Boukinafaso te vin tounen yon modèl pou lòt yo. Li konstri sant sante pou fè kominote a jwen yon ti bout lespwa nan domèn sante. Gouvènman an te lanse kanpay vaksen pou elimine maladi tankou polyo 6ak malarya. Li te mete aksan sou otosifizans

alimantè, devlopman nan zòn riral yo ak sipò pou peyizan yo, distribye tè bay yo epi ankouraje pwodui lokal sou tout fòm. Fanm yo te nan kè revolisyon an ak entèdi Maryaj fòse, ankouraje egalite sèks yo ak pratik koutim deimanizan. An 1986 li te rele revolisyonè yo pou yo kapab lite kont enperyalis, neyokolonyalis, dominasyon etranje ak elimine kòripsyon pou yo konstri yon Boukina lib, diy ak entèg. Akòz radikalite l, refi kowopere ak pouvwa etranje yo. Sankara te mouri nan yon asasina douz (12) oktòb mil nèf katreven sèt 1987 aprè li te pase kat 4 lane sou pouvwa a. Lanmò li te boule yon chòk sou kontinan Afriken an. Se te bout yon epòk espwa ak rezistans kont sistèm eksplwatasyon entènasyonal la men memwa l pa janm mouri. Jodi a, visaj li kontinye flote kòm yon senbòl rebelyon, diyite ak angajman san kondisyon pou libète. Thoma Sankara kite yon eritaj moral politik ak sosyal ki kontinye enspire jenerasyon  k ap vini yo pou yo leve vwa yo kont enjistis.

Ibrahim Traoré, monte sou pouvwa, nan mwa novanm, li abandone salè prezidansyèl la men li kenbe salè kapitèn nan. Li deklare  : « mwen pa prezidan pou fè lajan, mwen prezidan pou sove peyi m ». Li fè pwomosyon pou pwodiksyon lokal, Traoré ap chèche pran kontwòl resous natirèl peyi a espesyalman lò. Boukinafaso etabli yon relasyon estratejik ak Lawisi. Nan de lane sèlman sou pouvwa a Traoré pran desizyon pou retire Boukinafaso nan CEDEAO ansanm ak Nijè, Mali pou yo kreye Konfederasyon Eta Sayel yo. Ibrahim Traoré atire jèn yo, ki reprezante plis pase 70  % nan popilasyon an men ki toujou mal reprezante nan enstitisyon piblik ak politik yo. Nan kad sa a, gouvènman lanse yon gwo kanpay rekritman espesyal pou pran 3000 sòlda regilye ak 50000 sivil ki enskri kòm « Volontè pou Defann Peyi a ». Li entèdi eleksyon jiskaske ensekirite etabli nan peyi a.

Nan dat 16 septanm 2023 nan yon tèt pou tèt ak kolonèl Asimi Goyita, jeneral Abouraaman Tiani, yo kreye Konferederasyon Eta Sayel yo. Yon pak komen pou defann Mali, Nijè ak Boukinafaso. Nan dat 2 Jiyè 2024 la, yo pwolonje manda pou senk lane. Nan dat 3 fevriye 2023, Ibrahim Traoré anonse gwo atak kont djihadis yo, epi li mande sipò pèp la. Nan lit kont Teyoris yo sa fè bidjè Leta soufri anba sanksyon ekonomik yo, ki mete difikilte pou finanse lagè kont djihadis yo. Nan sans sa, gouvènman an oblije ogmante taks yo. Eksperyans li sou teren an nan fason li pale fè l souvan site ideyoloji Thoma Sankara nan diskou li yo, tankou lit pou souverènte nasyonal ak rejte enperyalis yo. Prezidan Ibrahim Traoré pran de (2) dekrè ki se kreyasyon de (2) baz anlè nan Fòs Ame Nasyonal

(FAN) pou vil kay nan sant Nò peyi a, e Fafa rejyon lès. Kolaborasyon l avèk Lawisi sou plan militè kote milis paramilitè wagner prezan nan Boukinafaso. Latiki ak Koredinò pou bay pi bon zam.

– Lit kont enperyalis nan politik peyi Boukinafaso

Nan Listwa Boukinafaso ak relasyon diplomatik, toujou genyen yon rapò antre koloni ak metwopòl. Nan relasyon Lafrans ak Boukinafaso se tankou yon mèt ak esklav kote Lafrans te kontwole tout sa ki fèt nan administrasyon piblik la. Enpas sa te kontinye menm aprè endepandans yo se nan rive Sankara sitiyasyon an pral ranvèse. Li te deklare nan ONU8 pou siprime dwa veto peyi enperyalis yo genyen an. Nan mannèv politik sa a, Ibrahim Traoré toujou pran menm pozisyon an kote l elimine relasyon konplètman ak Lafrans pandan l etabli gwo relasyon ak lòt pwisans yo nan enterè tou de peyi yo. Nan sans sa, genyen otè ki di se pito kont Lafrans l ap batay ak menm ideoloji a.

Li mete sòlda Fransè yo deyò, fèmen estasyon radyo RFI ak chèn televizyon Frans vent kat (24), li pa vle okenn entèferans etranje li pito kolabore ak jèn 8pou defann peyi yo. Nan dat premye avril 2025 lan, ministè sekirite a pibliye sou rezo sosyal yon lis ki genyen 30 moun anviwon ak yon mèsaj avi rechèch paske yo kalifye yo tankou enmi peyi a. Rejim revolisyon pwogresis popilè a ki pa demokrasi selon lide a, konstate listwa lemonn boulvèse anpil nan mannèv politik oksidan peyi enperyalis yo. Thomas Sankara konsidere kòm Anti enperyalis, pan afrikanis, tyè mondis, che Gue- vara Afriken yo. Se menm jan pou Ibrahim Traoré k ap kontinye nan menm liy ideyoloji a.

Boutofen, aksyon sosyopolitik Ibrahim Traoré nan listwa politik Boukinafaso ki se eritaj Thomas Sankara se mennen yon batay kont inegalite sosyal, etabli yon bon sistèm edikatif pou fè tout moun jwenn yon bon levasyon san fòs kote. Ankouraje pwodiksyon nasyonal pou bay tèt yo manje, kontwole rasyon alimantè popilasyon an. Redui nan depans initil ak lajan pou peye otorite piblik ki pa twò itil sosyete an sou plan devlòpman nan sitiyasyon peyi a twouve l. Sa montre n Ibrahim Traoré se Thomas Sankara nan yon ti kò k ap reflete menm ide yo nan plizyè pèspektiv pou defann enterè Sosyete Boukinafaso a pou tout moun.

Bibliyografi

  1. Introduction à la sociologie politique, Jean-Yves DORMAGEN, Daniel MOUCHARD, 4ème édi- tion mise à jour.

Webografi

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.

Login

Register

terms & conditions