Final dezyèm edisyon konkou literè Bèlyeniz Jan Batis
Devan pòt la.
Final dezyèm edisyon konkou literè Bèlyeniz Jan Batis pou ane 2025 lan fèt nan Sant lakay Papay, nan dat 28 novanm 2025 lan, anba tèm : dekri pratik sosyo-politik prezidan Ibrahim Traoré nan eritaj politik ansyen prezidan Thomas Sankara nan peyi Boukinafaso. Dezyèm edisyon an genyen kòm eslogan : Ibrahim Traoré se Thomas Sankara nan yon lòt kò ! Se yon travay rechèch sosyo-istorik ak politik elèv yo k ap viv depatman Sant peyi d Ayiti, nan NS2 rive nan NS4. Konkou an genyen pou objektif : reyalize rechèch sosyo-istorik k ap anrichi konesans elèv yo sou pwoblèm sosyo-istorik, memoryèl ak politik peyi Boukinafason. Li fèt sou direksyon kòdinasyon pwogram jèn MPP an. Se yon fason pou onore memwa Bèlbranch ak Ilyeniz Jan Batis, sa vle di Papa ak manman Chavàn Jan Batis (Chavannes Jean Baptiste). Li tou se yon devwa memoryèl ak istorik nan chache konprann pratik sosyo-politik prezidan Ibrahim Traoré nan linèt eritaj politik ansyen prezidan Thomas Sankara nan peyi Boukinafaso.
Premye faz konkou an.
Nan dinamik reyalizasyon konkou an te genyen plizyè etap, yon etap sou envitasyon lekòl yo ak piblikasyon afich ofisyèl la. Avi piblik sou enskripsyon elèv yo kote yo chak resevwa yon kòd ki idantifye yo olye non yo. Yon etap ki chita sou seleksyon tèks yo suivan dokiman kad konkou an. Plis pase yon ventèn tèks te selesyone. Aprè koreksyon jiri premye faz la ki te konpoze : Claudin Antoine (istoryen, jiris, pwofesè), Papouloute Baselais (Diplomat, avoka, pwofesè), Peterson Mauricette (Politològ, avoka, pwofesè) ak Bedouby Nobert (Sosyològ), yo bay rezilta pou 5 (senk) pi bon tèks yo. Nan sans sa, komite konkou literè a fè adisyon nòt chak pwofesè yo sou 100 pwen. Elèv ki genyen kòd 0013, jwenn yon total 302 pwen, li soti nan lekòl – Petit Seminaire Collège Saint- Matin de Porres nan nivo NS3. Kòd 003, jwenn yon total 278 pwen, li soti nan lekòl – Complexe Éducatif du Sacré Cœur (CESC), nan nivo NS4. Elèv ki genyen kòd 0022, genyen yon total 261 pwen, nan nivo NS4, li soti nan Collège Sacré Cœur de Papaye. Elèv ki genyen kòd 0015, fè yon total 257 pwen, nan nivo NS3, li soti nan Collège Sacré Cœur de Papaye. Elèv ki genyen kòd 006, genyen yon total 255 pwen, nan nivo NS3, li soti nan Collège Sacré Cœur de Papaye.
Dezyèm faz nan final konkou an.
Aprè premye faz konkou an fin reyalize, komite konkou literè a reyalize faz final la nan dat 28 novanm 2025 nan lokal Sant lakay Papay. Nan okazyon sa a plizyè aktivite te reyalize, tankou : defini kritè prezantasyon oral elèv yo k ap pèmèt nou klase elèv ki premye ak senkyèm ; monte yon komite jiri sou evalyasyon oral la k ap sou 100 pwen, sa vle di chak manm jiri ap bay yon nòt sou 100. Nan komite sa a te genyen : Chavannes Jean Baptiste (fondatè MPP), Mac Stéphanie Emmanuel (Jesyonè), Clara Castel (Edikatris), Malachy Bastien (Antwopososyològ). Kritè evalyasyon oral final : Fason finalis la prezante tèt li ak abilite (ekspresyon vizaj, jès kòporel, elatriye.) ; abilite pou finalis la defann tèks la devan jiri a ak asistans lan ; finalis yo dwe metrize tèks yo a byen ; finalis yo dwe byen pwononse mo kreyòl yo ; repons konplè, konvenkan ak konsistan.
Ansanm règ jwèt yo : prezantasyon an ap jije sou 100 pwen ; dire prezantasyon : 10 minit (50 pwen) – kesyon-repons (50 pwen) : 5 minit ; depi yon moun nan asistans lan flite yon repons kesyon an anile ; pa genyen moso repons, eksepte kesyon ki mande elaborasyon oubyen konpreyansyon pèsonèl ; chak finalis ap genyen 3 kesyon, 2 kesyon konesans jeneral (repons kout) 15 pwen/repons, 1 kesyon konpreyansyon 20 pwen. Nan faz sa a direksyon lekòl yo, elèv yo, paran elèv yo, direksyon egzekitif MPP, lafanmiy Jan Batis, yo te jwenn envitasyon pou yo vini patisipe nan final konkou an. Nan pwogramasyon jounen 28 novanm 2025 lan : rasanbleman/akèy ; prezantasyon ak antre finalis yo ; monte drapo ; mo byenvini ; pawòl kòdonatris pwogram jèn MPP – Nadège Saintil ; prezantasyon komite konkou literè a ak mo kòdonatè a – Malachy Bastien ; kontèks nesans konkou an – Chavannes Jean Baptiste ; pawòl anbasadris premye edisyon konkou an – Naїlove Declama ; prezantasyon jiri dezyèm faz konkou an ; prezantasyon règ jwèt ekspoze oral la ; prezantasyon ekspoze finalis yo ; poz mizikal ; pawòl reprezantan direksyon lekòl yo ak paran elèv yo ; rezilta final ; remiz prim ak mo remèsiman. Yon tiraj te fèt pou nou konnen kiyès pami elèv yo ki t ap prezante anvan. Se yon tiraj ki te prezante senbolikman dimansyon solidarite MPP ap pwonnen an. Li montre se pa nan yon konkirans elèv yo vini men se yon aktivite rekreyativ k ap pèmèt yo anrichi konesans yo. Nan konkou an pa genyen elèv k ap pèdan tout elèv se gayan.
Rezilta finalis yo aprè nòt premye ak dezyèm komite jiri yo.
Premye ganyan konkou literè Bèlyeniz Jan Batis se elèv ki genyen kòd 0013, Nehemie Jérôme, genyen yon total 567 pwen, li soti nan lekòl – Petit Seminaire Collège Saint- Matin de Porres nan nivo NS3. Li resevwa yon pri : 35 000 goud + kit + plak. Dezyèm ganyan konkou literè Bèlyeniz Jan Batis se elèv ki genyen kòd 0022, Lose Carina Mogelin, li genyen yon total 536 pwen, nan nivo NS4, li soti nan Collège Sacré Cœur de Papaye. Li resevwa yon pri : 20 000 goud + kit + plak. Twazyèm ganyan an se elèv ki genyen kòd 006, Yolda Lunscie Raphaёel, li genyen yon total 530 pwen, nan nivo NS3, li soti nan Collège Sacré Cœur de Papaye. Li resevwa yon pri : 15 000 goud + kit + plak. Lòt de (2) yo, se prim konsolasyon : elèv ki genyen kòd 0015, Louis Anne Doris, li fè yon total 507 pwen, nan nivo NS3, li soti nan Collège Sacré Cœur de Papaye. Li resevwa yon pri : 7500 goud + kit. Kòd 003, Cené Garyson, li genyen yon total 478 pwen, li soti nan lekòl – Complexe Éducatif du Sacré Cœur (CESC), nan nivo NS4. Li resevwa yon pri : 7500 goud + kit. Lafanmi Jean-Baptiste te kontan rekonpanse senk (5) gayan ki ranpòte pri dezyèm edisyon konkou literè Bèlyeniz Jan Batis. Chak elèv sa yo vin anbasadris ak anbasadè dezyèm edisyon an.