Actualités

3 Avril Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn yo

3 Avril, se yon dat ki make an gran lèt nan lit Mouvman Fanm Ayisyèn lan paske aprè 1986, jounen sa a reprezante yon moman otonomi politik nan lit fanm ayisyèn yo. 3 Avril 1986, se jou Mouvman Fanm lan te fè yon gwo manifestasyon, kote fanm yo te revandike dwa yo pou yo patisipe nan pwosesis demokratizasyon an, dat 3 Avril la tou renouvle pwomès ki te fèt an 1930 ki se transfòmasyon lòd politik la atravè prezans fanm yo nan espas kote desizyon yo t ap pran yo. Se rezon sa ki fè, 10 zan aprè 3 Avril 1996, jounen 3 Avril la pral tounen Jounen Nasyonal Mouvman Fanm ayisyèn yo. 

Sonje byen lit fanm yo te kòmanse depi nan ane 1865 nan katye Lafòsèt pi presizeman nan vil Kap Ayisyen, te gen yon gwo mouvman fanm lavil ak fanm ki nan katye popilè yo. Aprè premye seri revandikasyon sa yo te gen anpil fanm nan klas moun rich yo ki te trè aktif nan lit la pou yo egzije « Egalite Fanm ak Gason ».

 Pandan 20tyèm syèk la, Rejim diktati Divalye a te fè yon kokennchenn represyon nan konbat revandikasyon fanm yo, konsa anpil fanm te leve kanpe kont rejim diktatoryal la. Yon reyalite ki te koz anpil fanm te oblije viv nan mawon ak anpil lòt te kite peyi a.

 Anpil fanm nan MPP te tonbe nan mawon.  Fanm peyizàn yo atravè Mouvman Fanm MPP an te kreye depi nan ane 1981 men yo te pral parèt pi vizib an 1986.

3 Avril 2024 la jwenn fanm ayisyèn yo nan yon eta malouk kote bandi ak zam bay tout moun bout teren, moun pa ka sikile lib e libè, pwoblèm swen sante, lamanjay rete yon liks pou gran majorite a, pwodui alimantè fatra ki anvayi mache yo epi sèvi pwazon pou popilasyon an, lavi chè ak chomaj ap taye banda, tout fòm vyolans okipe premye plas nan lavi popilasyon an, reyalite sa fè anpil moun kouri kite peyi d Ayiti ki fin tounen yon veritab lanfè pou pwòp pitit li. 3 Avril 2024 la, diskriminasyon ak zak vyolans, rasis ak trafik ògàn kontinye ap layite sou fanm ak tifi nan peyi d Ayiti tankou nan peyi etranje yo, elatriye. Fanm MPP di se twòp, se twòp, se twòp atò, Fanm MPP di « NON ak tout fòm vyolans ak zak malonèt fanm yo ap sibi ». Fanm MPP di «  3 Avril dwe toujou rete yon dat ki fè aktyalite nan kalandriye Mouvman Fanm ayisyen an tout tan gen rapò debalanse nan relasyon fanm ak gason, koripsyon nan resous peyi a, enpinite ak dominasyon.

Dat 3 Avril se yon dat ki kite yon gou anmè nan bouch sosyete ayisyèn lan an jeneral ak sektè laprès la an patikilye ki te anrejistre asasina Jean Dominique jou ki te 3 Avril 2000, Jean Dominique se yon gwo jounalis, li te premye parèt ak li moun ki te batay anpil kont rejim diktati a, li te kòmanse denonse zak koripsyon gwo bawon lavalas yo tap fè nan resous peyi a, prensipal rezon ki koz 3 Avril 2000, 7è nan maten Jean Dominique te resevwa plizyè bal anndan lokal radyo Ayiti Entè a ansanm ak gadyen Radyo Jean Claude Louissaint ki tap benyen nan san yo jis jounen jodi a Ankèt la ap rapouswiv fanmiy yo ak sosyete ayisyèn lan poko janm jwenn jistis nan non 2 gason sa yo. Nan sans sa,  fanm MPP ap di chak grenn ayisyen sonje byen  « SI PA GEN JOUNALIS PA GEN DEMOKRASI, CHAK MENAS AK MOVE ZAK KONT YON JOUNALIS SE YON MENAS AK MOVE ZAK KONT LIBÈTE W » Nou pa dwe dòmi bliye nan chak aksyon n ap poze nou dwe lite kont enpinite k ap taye banda nan sistèm jistis ayisyen an. Jodia se li, demen se ou, aprè demen se mwen. Je fon kriye davans.

 Fanm MPP ap lanse yon apèl mobilizasyon ak tout estrikti fanm, tout fanm djanm e konsekan pou li di yo “an n pote boure pou n fè jou 3 Avril la  tounen yon jou viktwa nan ajanda lit fanm yo”.

VIV LIT FANM AYISYÈN YO AK LIT FEMINIS PEYIZAN POPILÈ YO !

VIV YON SOSYETE KOTE JISTIS SOSYAL BLAYI POU TOUT MOUN !

VIV YON AYITI LIB AK ENDEPANDAN KOTE LAVI BLAYI POU TOUT PITIT LI !

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.