Refleksyon Jean Jacques Neïcka Love Emmanuela sou tèm : an n chache konprann pwoblèm istorik ak politik peyi Mali, Boukinafaso ak Nijè.
Komite konkou literè a sou direksyon kòdinasyon pwogram jèn nan MPP reyalize premye edisyon li sòti 6 jiyè rive 17 novanm 2024 la, anba tèm : « an n chache konprann pwoblèm istorik ak politik peyi Mali, Boukinafaso ak Nijè », nan eslogan « istwa peyi Afrik yo ak Ayiti se marasa ». Se yon konkou ki fèt pou elèv ki nan nivo NS1 rive nan NS4 nan depatman sant peyi d Ayiti. Li genyen pou objektif ankouraje bon jan rechèch istorik otantik pou anrichi konesans elèv yo sou istwa politik peyi Mali, Boukinafason ak Nijè. Pwodiksyon tèks elèv yo fèt nan lang kreyòl ayisyen an se yon fason pou MPP kontinye bay jarèt nan eleman kiltirèl ayisyen an. elèv Jean Jacques Neïcka Love Emmanuela ki nan nivo NS2, idantifye nan nimewo 006, ki sòti nan « Collège Sacré-coeur de Papaye », li rive nan katriyèm pozisyon kote li fè kòm nòt : 35.75/70. An n li ansanm disètasyon li te prezante a ki respekte tout demach metodolojik li a. Nan atik sa a nou korije senpman erè yo. Nou respekte tout fonnman pawòl otè a.
Peyi Mali, Boukina Faso ak Nijè, yo se twa peyi ki jwenn yo nan zòn Sahelyèn nan Lafrik, kote yo ap fè fas anpil pwoblèm sosyo-istorik ak politik. 3 peyi sa yo se peyi ki gen istwa ak kilti rich, men yo ap viv nan yon kontèks difisil, kote pwoblèm politik, sekiritè, ak ekonomik souvan kreye yon sitiyasyon ki febli kapasite yo pou yo avanse. Depi tan kolonizasyon jiska jounen jodi a, enpak pwoblèm sa yo ap aji sou popilasyon yo nan yon fason ki souvan kraze yo. Nan tèks sa a, nou pral eksplore divès faktè ki kontribye nan pwoblèm sosyo-istorik ak politik nan peyi sa yo, pandan n ap gade kijan yo enfliyanse devlopman ak estabilite nan rejyon an. Premyèman, yon aspè fondamantal nan pwoblèm sa yo soti nan enpak kolonizasyon an sou peyi Mali, Boukina Faso, ak Nijè. Pandan peryòd kolonizasyon an, Lafrans te eksplwate peyi sa yo, li te chanje estrikti sosyo-ekonomik ak politik lokal yo, pou yo sèvi enterè kolon yo. Kolonizasyon an te fòme yon sistèm kote resous natirèl yo te itilize pou pwòp benefis kolon yo, pandan majorite popilasyon an t ap viv nan povrete. Peyi yo te divize, yon sistèm politik ki pa t soti nan tradisyon yo, men ki t ap fè nasyonalite a vin tounen yon bagay etranj. Lè peyi sa yo te jwenn endepandans nan mitan 20èm syèk la, yo te fòme yon nouvo estrikti nasyonal ki pa t toujou adapte ak reyalite sosyo-kiltirèl yo. Divizyon etnik ak konfli sosyal ki te egziste anvan kolonizasyon yo te vin pi fò e sa te afekte kapasite peyi yo pou yo devlope yon gouvènans ki soti nan peyi a e ki sezi bezwen popilasyon an. Dezyèmman, gouvènans ak enstabilite politik rete yon gwo pwoblèm nan peyi sa yo. Koudeta militè, divizyon ideyolojik ak mank kapasite gouvènman yo nan satisfè bezwen popilasyon an. Se kòz prensipal enstabilite politik nan twa peyi sa yo. Mali kòm egzanp te sibi koudeta an 2012 ki te lakoz yon eklatman nan nò peyi a, kote mouvman separatis ak gwoup djihadis te pran avantaj sou feblès eta a. Sa a te mennen nan yon konfli sivil ki te gen yon enpak negatif sou sektè edikasyon, ekonomi, ak sante. Boukina Faso ak Nijè, yo pa sove tou, yo te fè eksperyans menm kalite enstabilite, ak koudeta ki te mennen nan chanjman nan gouvènman ak yon feblès nan kapasite gouvènman an pou garanti lapè nan tout peyi a. Rejyon an toujou ap viv nan yon mank gouvènans efikas, ki fè li difisil pou yo etabli yon sistèm ki reponn bezwen fondamantal popılasyon an. Youn nan efè negatif enstabilite politik sa yo, se ensekirite k ap grandi nan anpil pati nan peyi sa yo. Peyi Mali, Boukina Faso, ak Nijè kontre yon menas dirèk soti nan gwoup teroris ak djihadis ki itilize feblès sekirite gouvènman yo pou enstale kontwòl teritoryal mouvman sa yo, tankou Al Kayida, Boko Haram ak lòt gwoup militan ap eksplwate tèm ensekirite a pou yo pran tèritwa, fè atak sou fòs sekirite yo epi destabılıze zòn riral ak iben yo. Sekirite a vin tounen yon gwo defi, paske gouvènman yo gen difikilte pou yo asire prezans yo nan tout peyi a, sitou nan zòn lwen, kote mouvman djihadis yo pi aktif. Rezilta sa yo se yon ogmantasyon nan deplasman fòse nan mitan popilasyon an, ak yon mank pwoteksyon pou popilasyon. Anplis, vyolans sèks, rekritman jèn nan gwoup militan, ak lòt fòm abi yo ogmante kòm yon konsekans ensistans sou pwoblèm sekirite nan peyi sa yo.
Chanjman klimatik se yon lòt faktè ki agrave sitiyasyon sa yo. Peyi sa yo gen yon ekonomi ki depann anpil sou agrikilti, e sektè sa a ap sibi gwo konsekans chanjman klimatik. Sechrès ki dire lontan, inondasyon sezonye, ak mank resous dlo, yo vin tounen yon baryè pou devlopman nan zòn riral yo. Agrikilti ki reprezante sous prensipal revni pou yon gwo pati nan popilasyon an, ap soufri sou efè klimatik sa yo. Pwodiksyon manje ap diminye e sa ogmante risk pou sekirite alimantè. Kòm rezilta gen yon ogmantasyon nan tansyon sosyal nan zòn kote resous natirèl yo vin pi ra, e sa ka kontribye nan divizyon sosyal ak konfli sou aksè ak itilizasyon tè. Epitou, chanjman klimatik la fè anpil moun vin pi vilnerab paske yo pa ka jwenn ase resous pou yo fè fas pwoblèm sa yo, sa ki fasilite rekritman nan gwoup radikal yo.
Povrete se yon lòt gwo defi sosyoekonomik nan Mali, Boukina Faso, ak Nijè. Nan anpil nan zòn riral ak ibèn aksè sèvis debaz tankou edikasyon sante ak enfrastrikti se yon defi ki enpòtan anpil. Se poutèt sa, moun ki nan povrete yo sezi tout ti opòtinite pou yo amelyore kondisyon lavi yo nan lòt sistèm. Mank yon edikasyon kalike ansanm ak yon sistèm sante ki pa kapab reponn bezwen popilasyon an, fè anpil jèn jwenn tèt yo nan sitiyasyon kote travay nan sektè riske oswa patisipasyon nan mouvman radikal yo parèt kòm sèl chwa yo. Sa a ogmante izolasyon sosyal ak ekonomik nan popilasyon sa yo, ki vin pi difisil pou yo enkli nan yon sistèm ekonomik modèn ki an chanjman. Sa kreye yon sitiyasyon kote pwoblèm sosyal yo pwogrese ak tan, sa ki fè peyi sa yo pi frajil devan nenpòt lòt kriz ekstèn.
Peyi sa yo ap chèche solisyon pou pwoblèm yo, men sa mande yon angajman global ak lokal. Kolaborasyon ant gouvènman, òganizasyon entènasyonal, ak sosyete sivil la esansyèl pou yo jwenn yon solisyon dirab. Pou nou batay kont ensekirite a, se pa sèlman militè ki nesesè, men solisyon diplomatik ak inisyativ pou konstriksyon lapè se kle. Pou nou adrese efè chanjman klimatik la, peyi sa yo bezwen kolabore nan devlope solisyon agrikòl ki rezistan nan chanjman klimatik la. An menm tan, ogmante aksè nan edikasyon, sante ak enfrastrikti ka kontribye nan ogmante estabilite sosyal ak ekonomi nan peyi sa yo.
An rezime peyi Mali, Boukina Faso, ak Nijè ap konnen plizyè defi ki gen raşin nan istwa kolonizasyon an, enstabilite politik, ensekirite, chanjman klimatik ak povrete. Pou yo ka avanse, yo bezwen refòme sistèm politik yo, amelyore kapasite gouvènans e envesti nan sektè kle tankou : edikasyon ak sekirite. Ak yon angajman kolektif nan mitan gouvènman yo ak kominote entènasyonal la, peyi sa yo ka konekte resous ak kapasite yo pou yo jwenn yon devlopman dirab epi batay kont defi yo avèk plis efikasite.