Femmes MPP

REFLEKSYON FANM POTO MITAN MPP AN SOU 25 JANVYE 1957 NAN KAD MOBILIZASYON YO KI TE AKOUCHE DWA VÒT AK KANDIDATI FANM YO NAN ELEKSYON PEYI D AYITI.

Lit fanm ayisyèn yo kòmanse lontan menm si majorite pwoblèm yo rete antye men lit feminis lan pa p janm sispann.

Peryòd 1934 jis rive 1957 medam yo te goumen anpil, yo te mobilize poze divès aksyon konkrèt tankou : fè mach pasifik, sit in pou yo fè revandikasyon yo pase nan objektif pou yo reklame dwa yo ki te toujou ap pase anba pye. Se konsa 25 Janvye te pral tounen yon dat enpòtan nan istwa lit fanm yo. Dat 25 Janvye 1957 Fanm yo te vin gen dwa pou yo kandida nan eleksyon epi gen dwa pou yo vote. Se youn nan rezon ki pral pèmèt Madeleine Sylvain Bouchereau youn nan fanm ki te patisipe nan kreyasyon Lig Fanm yo te premye kandida nan eleksyon pou Sena nan peyi d Ayiti. Menm si touswit lit fanm yo ta pral pran gwo pataswèl ak prezans Dr François Duvalier kòm prezidan diktatè ayisyen, kote anpil gwo militan feminis te oblije antre nan mawon, gen kèk ki te kontinye goumen an kachèt anpil lòt fanm oblije ale an egzil. 25 Janvye se yon dat istorik pou lit fanm lan menm si politisyen aloufa yo sèvi ak dwa sa yo pou yo fè fanm yo tounen maryonèt nan zafè politik. Fanm yo pa jwi dwa sa yo vrèman. Jodi a, fanm pa gen ase fòs pou yo goumen ak dilè dwòg ki vle akapare pouvwa ni kandida ki gen gwo lajan pou fè bandi ale plen bwat oubyen simaye lajan pou yo fè moun vote pou yo. Nou ka di dwa sa yo kontinye pase anba pye kote politisyen aloufa ak oligak kowonpi yo fè dappiyanp sou pouvwa a pou yo ogmante kapital politik ak finansye yo.

Fanm MPP deside lanse yon apèl mobilizasyon ak tout estrikti fanm epi ak tout fanm djanm e konsekan pou li di yo “an n pote boure pou n fè yon lòt 25 Janvye ki pral tounen yon jou viktwa nan ajanda lit fanm yo”.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.