Premye edisyon konkou literè Bèlbranch ak Ilyeniz Jean-Baptiste nan Mouvman Peyizan Papay (MPP)
Nan lento pòt la.
Komite konkou literè a sou direksyon kòdinasyon pwogram jèn nan MPP reyalize premye edisyon li sòti 6 jiyè rive 17 novanm 2024 la, anba tèm : « an n chache konprann pwoblèm istorik ak politik peyi Mali, Boukinafaso ak Nijè », nan eslogan « istwa peyi Afrik yo ak Ayiti se marasa ». Se yon konkou ki fèt pou elèv ki nan nivo NS1 rive nan NS4 nan depatman sant peyi d Ayiti. Li genyen pou objektif ankouraje bon jan rechèch istorik otantik pou anrichi konesans elèv yo sou istwa politik peyi Mali, Boukinafason ak Nijè. Pwodiksyon tèks elèv yo fèt nan lang kreyòl ayisyen an se yon fason pou MPP kontinye bay jarèt nan eleman kiltirèl ayisyen an.
Nan sans sa, elèv yo te dwe respekte ansanm prensip òtograf ekriti kreyòl ayisyen an. Pou komite a rive konkretize lide konkou an li te pwodui yon dokiman gid, chak patisipan te resevwa yon kòd nan moman enskripsyon yo, piblikasyon espòt sansibilizasyon konkou an, lèt envitasyon pou direksyon lekòl yo, elatriye. Komite a te mete kanpe yon premye komite jiri koreksyon ki konpoze twa (3) manm : Georges Eddy Lucien (doktè nan istwa ak jewografi), Clénèse Cesar (etidyan nan istwa nan Inivèsite Leta Ayisyen an) ak Louis Dérinx Petit-Jean (antwopo-sosyològ, istoryen). Dezyèm komite jiri a sou kesyon presantasyon oral patisipan yo karakterize 4 manm : Chavannes Jean-Baptiste (manm fondatè MPP), Mac Stéphanie Gurlande Emmanuel (Jesyonè, manm MPP), Néhémie Emmanuel D. Germain (etidyan nan twazyèm ane syans jiridik ak etidyan finisan nan diplomasi) ak Malachy Bastien (antwopo-sosyològ, mastè nan istwa, memwa ak patrimwà, fondatè/CEO Festival des idées – Ench ap li & RIAH).
Komite konkou sa a te konpoze twa manm : Rose Pharelle Erminus, Néhémie Emmanuel D. Germain ak Malachy Bastien. Nan okazyon dewoulman pwogramasyon aktivite sosyokiltirèl sa a, animatè ak animatris yo, respektivman Makendy Cadet, Nandcie Pierre te lanse li nan chante Im Nasyonal ayisyen an, Néhémie Emmanuel D. Germain te bay mo byenvini a. Nou te asiste prezantasyon komite konkou literè a ak manm jiri yo ; kamarad Chavannes Jean-Baptiste ak Alatagrace Jean-Baptiste bay rasin lide konkou an ak pètinans li. Anplis, prezantasyon rezilta premye faz konkou an ak règ jwèt yo. Yon tiraj te fèt pou nou konnen kiyès pami elèv yo ki t ap prezante anvan. Se yon tiraj ki te prezante senbolikman dimansyon solidarite MPP ap pwonnen an. Li montre se pa nan yon konkirans elèv yo vini men se yon aktivite rekreyativ k ap pèmèt yo anrichi konesans yo. Nan konkou an pa genyen elèv k ap pèdan tout elèv se gayan.
Final konkou literè a : 15 novanm 2024.
Vandredi 15 novanm 2024, bò 12 H 30 PM, nan lokal Sant Lakay Papay, plizyè delegasyon direksyon lekòl ak elèv te reponn prezan nan kad envitasyon pou yo patisipe nan prezantasyon oral senk (5) elèv ki te rive selekyone nan faz premye koreksyon komite jiri konkou an. Elèv yo sibi yon lòt evalyasyon sou prezantasyon oral yo devan yon dezyèm komite jiri suivan kritè sa yo : koreksyon sou 10, ekspresyon vizaj, fason patisipan yo reponn twa (3) kesyon manm jiri yo, atitid yo nan prezantasyon an. Chak evalyasyon yo fèt sou 10, travay elèv yo sibi 7 koresyon, paske te genyen 7 manm jiri, sa vle di twa manm jiri pou premye faz la ak 4 lòt manm jiri pou dezyèm faz la. Tèks elèv yo ki pase ansanm etap sa yo se : elèv Danielle Vicky Castel ki nan nivo NS2, idantifye nan nimewo 003 ki sòti nan « Collège St-Gabriel – Lascahobas » ; elèv Bishedlie Docteur ki nan nivo NS4, idantifye nan nimewo 005, ki sòti nan « École de la grâce de Caneille » ; elèv Naïlove Déclamat ki nan nivo NS4, idantifye nan nimewo 001, ki sòti nan « Complexe éducatif du Sacré-cœur – Salésienne » ; elèv Jean Jacques Neïcka Love Emmanuela ki nan nivo NS2, idantifye nan nimewo 006, ki sòti nan « Collège Sacré-coeur de Papaye » ; elèv Senoya Josué ki nan nivo NS3, idantifye nan nimewo 008, ki sòti nan « Collège Baptiste Melchisedeck – Mayisad ».
Aprè ansanm evalyasyon yo : Josué Senoya rive nan senkyèm pozisyon : 35.75/70 ; Jean Jacques Neïcka Love Emmanuela rive nan katriyèm pozisyon : 38.75/70 ; Docteur Bishedlie nan twazyèm pozisyon : 46/70 ; Naïlove Declama rive nan dezyèm pozisyon : 51.90/70 ; nan premye pozisyon Danielle Vicky Castel : 53.75/70. Nan okazyon sa a, plizyè dirijan MPP te pran lapawòl nan remèsye elèv yo. Elèv yo pa t kache satisfaksyon yo nan fason konkou an te dewoule nan tout transparans. Kòdonatris pwogram jèn nan MPP – Nadège Saintil, te montre lakontantman li sitou paske te genyen plis fanm ki patisipe nan konkou an, lè l ap konsidere n ap viv nan yon sosyete seksis ak matchis, li ankouraje jèn fanm yo sitou yo dwe kontinye etidye, kontinye kwè nan tèt yo. Nan yon lòt bò, kòdonatè konkou an – Malachy Bastien eksprime li konsa :
mwen remèsye komite kòdinasyon pwogram jèn nan MPP an, yon gwo mèsi pou Nadège Saintil, Chavannes Jean-Baptiste, kolaboratris mwen yo nan komite konkou literè a – Emmanuela D. Germain, Rose Pharelle Erminus ; mwen salye epi remèsye Altagrace Jean-Baptiste, manm jiri premye faz koreksyon tèks yo : pwofesè Georges Eddy Lucien, pwofesè Clénèse Cesar ak pwofesè Louis Derinx Petit-Jean ; manm jiri prezantasyon oral tèks yo : Mac Stéphanie Gurlande Emmanuel, Néhémie Emmanuela D. Germain, Chavannes Jean-Baptiste ak Malachy Bastien. Mwen salye epi felisite tout elèv ki te patisipe nan premye edisyon konkou an. Sa montre nou malgre konteks sosyopolitik ak ekonomik peyi a difisil genyen jèn fanm ak jèn gason ki kontinye ap reflechi pou yo kapab konprann fenomèn sosyetal yo. Mwen pran plezi felisite direksyon lekòl yo nan kad gwo travay y ap mennen nan peyi a nan domèn edikasyon an. Se yon travay k ap fèt nan yon kontèks sosyopolitik ki vrèman disifil. Mwen salye angajman nou. Mwen salye angajman MPP nan lit l ap mennen depi nan nesans li nan valorize lang ak kilti kreyòl ayisyen an.
Danielle Vicky Castel ki loreya premye edisyon konkou an te prezante yon diskou nan non lòt gayan yo pou li eksprime lakontantman li ak nouvo angajman l ap genyen pou li pran yo.
Diskou elèv Danielle Vicky Castel.
Mesye fondatè MPP Chavannes Jean-Baptiste, direktè depatmantal edikasyon sant lan, Madam kòdonatris Nadège Saintil,
Diferan kòdinasyon jenès MPP, etidyan yo, gayan yo, ak tout envite yo,
Jodi a se yon gwo privilèj pou mwen pran lapawòl nan non tout senk gayan konkou literè a ki pote non Bèlbranch ak Ilyeniz Jean-Baptiste. Premye mo remèsiman mwen ale dwat bay Bondye ki toujou kanpe bò kote mwen, e ki mete limyè sou chimen mwen.
Yon gwo mèsi pou madam Altagrace Jean-Baptiste ki te panse mete yon konkou konsa.
Mèsi tout fanmi : Jean-Baptiste …
Mwen vle di Clara Castel yon gwo mèsi, ki te pèmèt mwen jwenn enfòmasyon sou konkou sa a. Gras li menm, mwen te kapab patisipe epi rive jodi a kote mwen kanpe la kòm youn nan gayan yo. Mwen vle remèsye tou Mèt Fritz, ansyen pwofesè mwen, ki genyen anpil devouman, nan ede m nan koreksyon tèks la, ofri m konsèy k ap bay rezilta.
Mwen pa ka bliye fanmi mwen, ki se pi gwo sous fòs mwen. Manman m, papa m, ak sè mwen, mèsi pou lanmou ak sipò san kondisyon. Se gras nou menm, mwen rive jodi a, kanpe nan fyète ak kè plen rekonesans.
Mèsi pou tout moun ki te akeyi mwen nan kè kontan depi premye jou mwen te rive isit la. Sipò ak chalè sa yo fè m santi m lakay mwen epi bay plis valè nan vwayaj mwen nan konkou sa a.
Mwen vle remèsye manm jiri yo pou travay yo ak objektivite yo, e finalman, yon gwo mèsi pou etidyan Lekòl Fòmasyon Politik Chalmay Peralt yo, ki te bay mwen yon espas pou mwen aprann, grandi, epi jwenn enspirasyon.
Apre konkou sa a, mwen santi yon gwo satisfaksyon ak rekonesans. Se yon eksperyans ki te pi plis pase yon senp konkou : li te yon vwayaj ki anrichi m sou plan entelektyèl ak emosyonèl. Mwen aprann, lè nou ini fòs, pasyon ak detèminasyon, tout bagay posib.
Mèsi anpil tout moun pou sipò nou ak lanmou nou. Se ansanm nou kapab fè tout sa ki bon. Menm fòs sa a, bay mwen anpil enèji pou mwen batay nan chanjman jenerasyon mwen an.
Kòlèg gayan yo, nou pa p kanpe, n ap kontinye batay pou nou rive kote nou vle rive a.
Boutofen
Final konkou literè an fèt nan yon anbyans sosyokiltirèl ki te vrèmen enteresan epi rich. Pami paran yo, manm direksyon lekòl yo, manm direksyon MPP, komite konkou literè a, komite kòdinasyon pwogram jèn nan MPP, yo te vrèman kontan. Komite konkou literè a te pwofite anonse ansanm pri y ap remèt nan jounen 17 novanm 2024 la, nan okazyon devwalman bis Vilbrun Jean-Baptiste kote Direksyon Depatman Edikasyon Sant lan chanje non Lekòl nasyonal Basen Zim ki vin rele Lekòl nasyonal Vilbrun Jean-Baptiste. Pawas « Notre Dame de Fatima » nan tèt kole ak moun nan kominote Basen-Zim nan deside òganize yon seremoni pou yo inogire gwo pwojè sila a, nan prezans plizyè pèsonalite andedan sosyete a tankou : reprezantan Leta a, reprezantan Laprès, reprezantan Lekòl la, reprezantan Legliz katolik, elatriye . Pandan dewoulman seremoni an, se okazyon remiz pri gran final konkou literè a. Lafanmi Jean-Baptiste te pwofite rekonpanse senk (5) gayan ki te ranpòte pri premye edisyon konkou literè Bèlbranche ak Ilyeniz Jean-Baptiste. Chak elèv sa yo vin anbasadris ak anbasadè premye edisyon konkou an.