Realisations

Ouvèti preliminè kan nasyonal  souverènte alimantè nan MPP nan okazyon jounen entènasyonal lajenès

Nan okazyon 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a, 300 jèn fi ak jèn gason ki sòti nan 4 kwen jewografik peyi d Ayiti ki fè pati òganizasyon pwogresis yo,  te rasanble sòti 12 rive 18 dawout 2024 la, nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo – SANT LAKAY/PAPAY.  Yo t ap brase lide anba tèm : Jèn angaje nan konbat koripsyon pou yon lòt Ayiti. Tèm sa a makònen eslogan : ak koripsyon lòt Ayiti a… Pa p posib ! Pandan jounen 12 dawout 2024 la, nan okazyon jounen entènasyonal lajenès, kòdinasyon kan an te fè tout mizanplas pou li byen resevwa jèn yo.

Rezime jounen 12 dawout 2024 la

Jan sa te prevwa nan pwogram kan an, pandan jounen 12 dawout 2024 la, nan aprè midi bò 2è plizyè jèn fi ak jèn gason ki reprezante òganizasyon yo te make prezans yo nan Sant Lakay Papay. Komite akèy ak konkou lòt komite nan kòdinasyon an akeyi delege yo, enskri non yo nan yon rejis ki fèt pou sa a epi bay yo kat ki pou idantifye yo sou lakou  Sant lan.

Ouvèti preliminè kan fèt bò 6 zè nan aswa kote kòdonatris ak kòdonatè kan an, respektivman Nadège Saintil ak Igenel Jean-Baptiste te pran lapawòl pou yo di delege yo byenvini nan 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a. Anplis, prezantasyon chak manm nan kòdinasyon kan an. Kimberly Etienne youn nan kòdonatris komite disiplin kan an, bay  ansanm règ jwèt yo pou delege yo respekte pandan moman dewoulman kan an. An n li ansanm pami sa ki ekri nan dokiman komite disiplin lan :

Depi 26 ane, MPP òganize yon kan nasyonal souverènte alimantè. Se yon kan fòmasyon ki louvri pou jèn yo ki sòti andedan òganizasyon sosyal k ap travay pou yo konstrui yon lòt Ayiti. Depi w di òganizasyon, ou di prensip, ou di disiplin. San prensip, san disiplin pa genyen okenn chans konstrui yon lòt Ayiti, yon Ayiti kote tout moun se moun, yon Ayiti kote tout fòm eksplwatasyon ak dominasyon kaba. Lòt Ayiti n ap pale sou li a, se yon AYITI SOSYALIS.

Kan sa a, pa yon kan vakans. Se yon kan fòmasyon, se yon kan travay. Lèt òganizasyon yo resevwa yo deja esplike sa klè. N ap kòmanse travay depi 6 zè nan maten jis rive 10 zè nan aswè. Tout delege yo dwe patisipe nan aktivite yo. N ap leve bò 5è30 nan maten, pou nou kòmanse fè espò bò 5è 45. Espò a ap sispann bò 6è 30, pou nou ale benyen. Bò 7è 30, n ap pran yon ti dejene. N ap antre nan sal la bò 8è 30 nan premye jou an. Lòt jou yo, se pral bò 8è n ap kòmanse travay nan jaden. Ekip kòdinasyon kan an pral bay orè aktivite yo ak kèk prensip Sant lan, sitou pou moun ki vini premye fwa yo.

[…]Yon delege ki pa respekte règ jwèt la, pa p fin suiv kan an paske n ap voye l tounen lakay li. Delege k ap fè dezòd yo, kòdinasyon kan an ap remèt yo bay sekirite Sant lan, l ap mete yo yon kote pou voye yo tounen lakay yo landemen si se lannwit. Si se lajounen, nou kapab voye li/yo ale nenpòt lè nan jounen an […]

Aprè prezantasyon règ jwèt yo, kòdinasyon kan an mete kanpe 15 gwoup travay, chak gwoup sa yo pote non yon ewo oswa yon figi anblematik, yon revolisyonè nan sektè pwogresis ayisyen an ak nan lòt peyi, tankou :  Boukman Dutty, Jean Jacques Dessalines, Victoria Mantou, Charlemagne Péralte, Fidel Castro, Hugo Chavez, Jean Mirassaint Kernizan, Elucner Elie, Faustin Florélus, elatriye. Ansuit, kòdinasyon an chwazi monitè ak monitris espò kan an. Nan lè 7è 30 pm, responsab kizin yo sone pandan komite akèy la prepare pou li bay jèn yo manje. Nan lè 10è, se kouvrefe pou tout moun ale dòmi, men komite mistik la ale prepare mistik revolisyonè (se yon fòm priyè òganizasyon lagoch yo itilize pou yo antre nan yon moman konsantrasyon nan kominike ak zansèt yo) pou jounen 13 dawout 2024 la, sa vle di nan ouvèti ofisyèl kan an.

Angwo, jounen 12 dawout 2024 la, se te yon jounen reyisit nan fason kòdinasyon 26 zyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè a pran responsabilite yo. Se yon prèv ki  montre kòman jèn yo angaje yo ak disipline tèt yo nan Mouvman Peyizan Papay (MPP) la, nan dinamik pou yo rive konstrui yon lòt Ayiti san koripsyon, avèk jèn entèg ki angaje yo nan politik peyi a.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.