Realisations

Nan 27 tyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè nan Mouvman Peyizan Papay (MPP)

Devan pòt la.

Nan 27 tyèm edisyon kan nasyonal souverènte alimantè ki reyalize nan sant lakay Papay soti 28 jiyè rive 3 dawout 2025, anviwon 250 jèn fanm ak jèn gason vini patisipe pandan y ap reflechi anba tèm : jèn yo, an n angaje n nan konstriksyon yon pwojè lavi. Nan eslogan : Jèn yo debou pou n bati lapè ! Objektif kan an se ede jèn yo konprann okenn peyi sou planèt la pa p kapab devlope san li pa granmoun nan zafè manje pou li jere pitit li yo. Pandan jounen 31 jiyè 2025 lan te genyen : travay pratik nan agwoekoloji ; panèl konferans sou kriz anviwònmantal ak rechòfman klimatik la – Iselande Alexandre, Michelier Saint-Fort ak Chavannes Jean Baptiste ; kozri sou dega bwason gazez ak plastik sou sante moun – Dr Dieudonné ; panèl konferans sou konsèp sosyalis la an jeneral. Sosyalis MPP ap pwonnen an. Yon sosyalis ki chita sou pwojè peyizan an – Juslène Tyrésias ak Philfrant St-Narré ; kozri sou enfeksyon seksyèlman transmisib – Jesula Saint-Fleur. Nan jounen vandredi 1 dawout 2025 lan, te genyen plizyè aktivite pami yo : panèl konferans sou mouvman jèn ak angajman politik – Stephanie Emmanuel, Bedouby Nobert ak Rosepharelle Erminus ; panèl sou migrasyon ak konsekans li yo sou lajenès an Ayiti – Nandcie Pierre ak Malachy Bastien ; panèl konferans sou wòl yon bon alimantasyon kòm pilye lasante – Juslène Tyrésias ak Chavannes Jean Baptiste […] Nan samdi 2 dawout 2025 lan, pami aktivite yo se : panèl sou ekonomi sosyal ak solidè – Diodat Elie, Aliette St-Fleur ak Chavannes Jean Baptiste ; kozri sou wòl òganizasyon jèn yo nan bati wout lapè a – Chavannes jean Baptiste ; travay nan atelye sou aksyon priyotè jèn yo dwe mennen nan òganizasyon yo aprè kan an ; prezantasyon deklarasyon final kan an ; prezantasyon plan aksyon sou priyorite jèn yo pou ane (2024 – 2025) – Clara Castel ak Malachy Bastien ;  evalyasyon kan an ; reyalizasyon mistik kloti kan sou fason jèn yo dekouraje nan abandone tout resous yo, vann yo pou yo ale nan lòt peyi. Montre fason konze yo mare sosis yo avèk mafia nasyonal ak entènasyonal nan fè dappiyanp sou tè peyizan yo pou konstrui zòn franch agrikòl. Peyizan yo rive reziste nan paske yo òganize yo […] Chak kan nan MPP toujou fini nan yon anbyans lakontantman sitou nan yon sware kiltirèl, jwèt kesyon repons pou prim – se yon fason pou komite kan evalye nivo aprantisay jèn yo pandan kan an. Nan sans sa, nan liy anba yo n ap jwenn pami rezime entèvansyon yo ak lòt aktivite yo.

Rezime entèvansyon Dr Dieudonné sou : dega bwason gazez ak plastik sou sante moun.

Bonswa tout moun se yon plezi pou nou ansanm jodi a. Mwen t ap byen kontan prezan ak nou. Youn nan eleman ki enpòtan nou dwe konnen genyen yon ansanm pratik kiltirèl nou te genyen nou mete yo sou kote, nan lide pou nou parèt kòm moun ki sivilize. Anpil gwo moun kit e okipe gwo pos nan Leta ak prive, yo mouri nan pwoblèm kansè ak lòt maladi. Se rezilta sa y ap manje yo. Lontan genyen yon fason peyizan yo te abitye sèvi nou pandan nou ale lakay yo. Sa m ap di la yo se yon lòsyè nan sa mwen ta dwe di. Jodi a, genyen anpil pwazon n ap konsome, tankou pwazon metabolik yo (bwason kola yo). Metabolis se fason òganis nou fonksyone nan jete ak entegre enèji. Imajine nou genyen yon ki fonksyone nan kouran, tout aktivite yo se kouran nou itilize. Si vil la genyen pàn kouran tout aktivite yo bloke, se menm jan pou nou menm ak kò nou. Pwazon metabolik tankou sik, lè ou itilize li twòp nan kò an, l ap pwovoke anpil dega. Lè sik yo antre an kantite ak rapid nan kò nou, malgre li enpòtan nan kò nou, l ap pwovoke gwo dega. Lè nou konsome sik anpil nan bwazon se yon katastwòf. Lontan bwason yo te abitye fè yo avèk sik, men jounen jodi a, yo itilize yon lòt estrateji pou yo fabrike bwason sa yo. Kolestewòl, maladi dyabèt se yon ansanm maladi metabolik. Se pa manje grès ni sik ki bay yo. Chak fwa ou bwè yon boutèy kola konnen ou pral soufri gwo maladi. Si w bezwen kraze ren w, bwè kola ak byè.

https://www.facebook.com/share/v/1XKabP1qLj

Si yon moun deside bwè bwason plastik yo, se yon vyolans li fè sou tèt li. Sevre nou jèn, nou kapab rive doute sou prensip sa yo. Bwason sa yo fè medam yo genyen règ yo bonè, gason rive fè pwostat,fanm yo devlope fribòm, elatriye. Plastik yo genyen gwo enpak sou lavi nou. Menm si li enposib pou nou elimine li 100 % men nou kapab diminye nan kantite plastik n ap konsome. Lè plastik antre nan kò an l ap pran anpil tan pou li soti. Genyen sa nou rele tou sendwòm metabolik. Li devlope nan plizyè fason. Tout sa ki genyen nan telekominikasyon emèt chan elektwomayetik ki pa vizib. Li aji menm jan plastik yo, vye lwil yo nan kò nou. Fason nou itilize telefòn kote l ap kole nan po nou transmèt yon chan elektwomayetik, sa pwovoke gason paka fè pitit, fanm devlope fribòm, kansè, paka fè pitit […] Aprè entèvansyon doktè Dieudonné genyen plizyè kesyon ki poze, pami yo :

  1. Ki lwil ki bon pou nou manje ? Li enpòtan pou nou itilize grès kochon, lwil kokoye, doliv, zaboka, elatriye.
  2. Ki koz maladi dyabèt la ?
  3. Ki siy ki kapab prezante lè yon dyabetik ?
  4. Nan itilizasyon telefòn, si do oswa devan telefòn nan kole sou po nou, kiyès ki plis avantaj ?

Rezime entèvansyon Juslène Tyrésias ak Chavannes jean Baptiste sou : wòl yon bon alimantasyon kòm pilye lasante.

Kò yon moun se pati materyèl ki fè li viv.  Li enpòtan nan lavi yon moun. Poutèt sa li mande anpil pwoteksyon si w vle kò an fonksyone byen, nan ka kontrè l ap mal fonksyone. Si yon moun vle viv byen sa chita sou plizyè bagay tankou li dwe manje, li dwe respire bon lè, li dwe fè espò, elatriye. Tout bagay sa yo se faktè ki ka fè yon moun jwi yon bon sante. Pou yon moun viv an sante fòk li manje manje ki sen epi ki byen balanse, li pa ta dwe fimen ni bwè anpil alkòl, li dwe bay tèt li bon prensip sou kesyon ijyèn, an gwo nou kapab di lavi yon moun repoze sou anpil faktè men lè n ap gade fason reyalite a ye jodi a nan lemonn, an patikilye an Ayiti, èske tout kondisyon yo reyini pou nou di n ap viv nan bon lasante ? An nou analize bagay yo pi byen pou nou wè sa ki merite chanje nan rejim alimantè nou.

Depi yon moun fèt li ta dwe viv byen paske tout règ ak nòm ki egziste nan lemonn an jeneral kote chak peyi rekonèt se yon dwa fondamantal pou tout moun ki genyen lavi, viv byen. Se dwa inivèsèl pou tout moun viv byen pa genyen dout nan sa, menm konstitisyon peyi dayiti nan atik 19 mansyone : « Leta dwe degaje l tout jan, tout manyè, pou tout ayisyen fanm kòm gason, timoun kòm granmoun jwenn lavi, lasante ak respè. Atik 22 pi klè toujou paske li di: « Leta dwe rekonèt tout ayisyen genyen dwa jwenn dekwa pou yo ka byen manje ». Nan sans sa, pou yon moun ka viv nan bon lasante fòk li ranpli tout kondisyon sa yo : li dwe byen manje, respire bon lè fre, fè espò epi respekte tout règ ijyèn yo. Pou yon moun byen manje li dwe aplike sa ki rele nitrisyon an.

https://www.facebook.com/share/v/1B3HU9rdjR

Li bonè anpil si nou vle chanje abitid alimantè nou, l ap bon pou nou anpil.

  1. Premyeman, sa nou dwe fè se manje bonè, menm lè se yon ti manje ki byen senp men melanje yo ak 3 gwoup nou te pale sou yo, tankou : mayi ak fèy, zaboka. Se pa anpil lajan k ap pèmèt nou fè manje sa a.
  2. Dezyèmman, nou pa dwe manje twòp lwil ni twòp sèl , ni twòp sik bagay sa yo pa bon pou kò nou ni pou kè nou.
  3. Manje anpil fwi ak legim lokal.

Pou nou balanse sa n ap manje, se pa kantite manje a nou dwe bay enpòtans men pito varye kalite manje yo se sa ki pi enpòtan ak fason nou manje a. Se pou nou byen fè sa n ap manje a sou plan ijyèn epi kraze sa n ap manje byen pou nou fè bon dijesyon. Answit pa manje menm kalite  manje chak jou si jodi a nou manje diri demen pran mayi se pou nou varye sa n ap manje a. Pa genyen dout nan sa, yon moun ki genyen yon bon abitid alimantè, lavi li dire plis paske li jwi  yon bon sante.

Pou sante tout moun, nou dwe chwazi yon bon abitid alimantè se sèl fason nou ka pataje byen tout eleman kò nou bezwen pou l byen fonksyone, si nou fè sa selon bon prensip yo n ap viv plis tan, n ap genyen anpil fòs ak vivasite, n ap pi bèl. Nou konstate nan peyi Dayiti esperans lavi moun kout anpil paske premyèman yo pa jwenn enfòmasyon sou ki jan pou yo kondwi tèt yo.

Konsèy.

Nou konseye pou tout moun pa manje anpil grès, twòp sèl, pa fimen, pa bwè twòp alkòl, lè n ap kwit legim yo, kwit yo lejèman, lave salad yo byen pou nou elimine tout jèm mikwòb, pa manje manje ki chaje pwodwi chimik, paske l ap nwi sante nou, aplike bon prensip ijyèn lè n ap prepare manje epi nan kò nou. Sepousa, nou dwe konnen kòman sa n ap manje yo pwodwi epi ki kote yo sòti. Answit, chèche genyen plis enfòmasyon ak konesans sou 3 gwoup manje kò a bezwen pou nou kapab rete an sante. Sa n ap manje yo dwe fre epi natirèl, sa k ap pèmèt òmonn yo sekrete nan kò an pou li kapab byen fonksyone. Yon alimantasyon byen ekilibre, konplè ki rich an vitamin se meyè pwoteksyon kont tout sa ki kapab twouble sante nou. Sonje byen manje vant plen pa siyifi byen manje ni manje anpil vyann chak jou pa vle di byen manje. Genyen moun ki kwè anpil grès vle di bon sante, men  yo nan erè.

Rezime entèvansyon Stephanie M. Emmanuel, Bedouby Nobert ak Rosepharelle Erminus sou mouvman jèn ak angajman politik.

Definisyon mo lajenès.

Pami enstitisyon ki nan nasyonzini yo, mo jèn nan se moun ki genyen laj antre 15 rive 24 ane, laj sa kouvri yon pati nan anfans yon moun rive nan adolesans li. Nan yon resansman ki te fèt nan ane 2003, UNICEF, NASYONZINI, yo revele jenès ayisyen an te reprezante 54 %. Genyen lòt enstitisyon ki di li reprezante 65 %. Si chif sa yo ta reyèl li reprezante pi gwo kouch sosyal nan popilasyon ayisyen an.

Genyen apwòch ki konsidere lajenès kòm yon etap nan lavi yon moun ki chita ant adolesans ak laj mi oubyen laj adil. Nou konsidere adolesans lan kòm premye etap nan lajenès. Limit laj enferyè lajenès se antre 14 rive 16 ane. Limit laj siperyè a antre 30 rive 35 ane. Nan La Via Campesina (LVC) laj limit pou yon jèn rive se 35 ane. Lòt apwòch yo konsidere lajenès se pa yon peryòd nan lavi, li se yon eta nan lespri, yon efè nan volonte, yon kalite nan imajinasyon, yon entansite ki makònen emosyon yo, yon viktwa kouraj sou timidite, yon viktwa gou avanti sou lanmou. Genyen tou save ki konprann se yon mo ki vid, li pa genyen okenn kontni ak sans.

Genyen yon lit entre jenerasyon yo an Ayiti sitou nan lojik entegrasyon sosyal jèn yo nan Leta. Sistèm etatik sa a pa konstrui nan enterè jèn yo. Yon sistèm jewontokratik sa vle di se granmoun k ap dirije oswa kontwole nan tout aparèy etatik la. Li konstrui depi sou Prezidan Jan Pyè Bwaye jouk rive jounen jodi a.  Andeyò reyalite sa a genyen kèk jèn ki rive entegre nan Leta ki pwouve konpetans yo genyen konsa tou genyen ki piye riches peyi a. Anpil jèn nan move pratik sosyal yo pa kapab konsidere kòm yon modèl. Nan sans sa, Ki plas jèn yo dwe okipe nan mouvman jèn yo, jounen jodi a? Ki kalite angajman sosyopolitik ki nesesè yo dwe pran pou yo pa rete senpman obsèvatè, men vrè aktè pou chanjman sosyal la ?  Ki modèl politik, pati politik ki kapab reponn bezwen jèn yo, vizyon jèn yo nan konstriksyon yon pwojè lavi ? Kòman jèn konsekan yo dwe enplike oswa òganize yo nan yon veritab mouvman pou yo revandike dwa yo nan espas sosyopolitik la ?

Mouvman jèn yo.

Mouvman jèn  jwe yon wòl esansyèl nan transfòmasyon sosyal, politik ak anviwònmantal la nan lemonn. Si n ap gade batay politik yo, sitou batay pati lagoch yo se batay ki gade zafè lajenès la gran. Nan lagoch, batay la se batay lajenès, se batay ki vize emansipasyon lajenès paske se yo ki dwe pran larelèv. Nan analize kèk mouvman tankou Friday for the future kote Greta Thunberg yon jèn swedwaz 22 ane, li te mobilize de (2) milyon jèn pou yo lite kont chanjman klimatik, de (2) mouvman tankou Onda Anomala nan peyi Itali ki mete limyè sou danje ki genyen sou privatizasyon edikasyon ak frè inivèsite yo. Sa te pouse yon lòt evalyasyon sou politik finansman nan domèn edikasyon.

An Ayiti, anpil jèn enplike nan lit liberasyon peyi a. Sevre pa t genyen yon mouvman jèn fòmèlman men kontradiksyon fondamantal ki te egziste nan Sendomeng [Ayiti] te fè anpil jèn òganize yo nan defann egzistans yo. Pami yo, Tousen Louvèti, Bookman, Sesil Fatima, Viktorya Mantou, Sanit Belè, Mari Klè Erè ak Jan Jak Desalin. Nan pran peryòd 20 tyèm syèk, peryòd okipasyon amerikèn an Ayiti, tankou Pyè Sili, Chalmay Peralt, Benwa Batravil, Josèf Jolibwa Fis, Jak Woumen. Otè Mèt Lawouze a mete kanpe premye pati kominis an Ayiti. Nan sans sa, angajman jèn yo nan batay sosyopolitik pou chanje kondisyon materyèl egzistans ayisyen yo se yon devwa sitwayen konsekan. Se yon ijans pou tout jèn konsekan oganize yo pou yo retire kafou lanmò ak dezespwa sa a. Pa di w ap genyen pou w angaje w, angajman dwe pran kounya menm, paske machine lanmò a rive sou nou.

Konsta yo montre jèn yo plis enplike endividyèlman nan mobilizasyon popilè yo olye yo antre nan pati politik yo, sa ki yon veritab pwoblèm pou pati politik yo ak mouvman sosyal ayisyen an. Tankou nan mouvman 46 la patisipasyon jèn yo te vrèman solid, men èske jèn sa yo te òganize yo nan yon pati politik. Nan mouvman 2004 la menm senaryo a pral repete kote te genyen anpil jèn ki mobilize pou ranvèse Aristide, menm jèn sa yo pa t enplike yo nan pati politik, sa pral fasilite ansyen prezidan Preval genyen eleksyon 2006 yo paske jenès ki te leve kanpe pou bare Aristide la pa t nan yon pati politik k ap defann mas la pou bare Preval. Nan ane 2017-2018- 2022 jenès la te vrèman mobilize men yo sèmante yo pa p antre nan pati politik. Li enpòtan pou genyen yon etid nan pwofondè ki fèt sou pwoblèm sa a.  Jèn yo dwe konprann genyen yon ijans pou yo òganize yo nan pati politik. Yo dwe sispann di yo pa nan politik paske politik la travèse tout konfigirasyon sosyal la. Yo dwe sispann pran nan blòf, manipilasyon politisyen nan defann yon ideyoloji ki klè k ap mennen peyi a nan wout chanjman sosyal la.

Rezime entèvansyon Nandcie Pierre ak Malachy Bastien sou : migrasyon ak konsekans li yo sou lajenès an Ayiti.

Migrasyon an se yon fenomèn mondyal.  Chak peyi genyen eksperyans sou fenomèn migrasyon an suivan fòmasyon sosyal li, sa vle di nan konbinezon diferan mòd pwodiksyon yo. Yon fòm konbinezon ki espesyal epi ki original kote nou jwenn divès klas ak fraksyon klas nan lit yo. Genyen plizyè otè nan nivo entènasyonal ki analize pwoblematik migrasyon an, pami yo : Docquier, Frédéric ak Marfouk, Addeslam (2006),  Hein Haas (2010) ak Stéphanie Garneau (2022), ki trete konsèp migrasyon an kote y ap eseye analize rezon ki fè sitwayen yo ap kite peyi yo, an menm tan analize relasyon ki genyen antre migrasyon ak kwasans ekonomik yon peyi.

An Ayiti, aprè tranbleman latè 12 janvye 2010, genyen yon gwo fenomèn migrasyon ayisyen nan peyi Brezil ak Chili. Koz li chita sou pwoblèm enstabilite politik, kriz imanitè ak Brezil ki t ap chache resous moun pou li bay ekonomi li jarèt. Done ofisyèl depatman federal nan peyi Brezil mansyone avan 2015, genyen 80 000 ayisyen ki resevwa viza imanitè. Nan ane 2015, 95 500 ayisyen k ap viv Brezil. Nan peyi Chili, nan ane 2020, li genyen 105 000 ayisyen. Pwoblèm yo jwenn nan peryòd Covid-19, yo pa t genyen aksè nan pwogram swen sante. Se yon aksyon rasis ak vyolans.

https://www.facebook.com/share/v/15v5h6JxKv

Depi anvan 12 janvye 2010, plizyè travay akademik fèt sou fenomèn migrasyon an, pami yo : Paul Bénédique (2008), RomanovskiZéphirin (2008), Alfred Pierre  (2014) ak  Michel Picouet (2017). Majorite etidye trajektwa migrasyon an, fason li manifeste nan chak peryòd istorik yo epi montre kòman Ayiti depi aprè okipasyon meriken an (1915-1934), genyen yon fonksyon nan echikye mondyal la, se bay mandèv bon mache. Nan yon rapò BID sòti nan ane 2005, li montre Jamayik, Repiblik Dominikèn ak Ayiti genyen plis migran ilegal nan peyi Etazini. An Ayiti, nan entèval 1913-1931 se plis pase 400 000 ayisyen ki ale Kiba, yo reprezante nan epòk la 20 % popilasyon an. San kote kantite Ayisyen ki kite peyi a sou rejim Divalye a (1957-1986), nan peryòd koudeta yo, elatriye. Sòti 2015 pou rive 2024 la, anpil Ayisyen kite peyi a pou yo ale Brezil, Chili, Meksik, Lafrans, Kanada ak Etazini, elatriye. OIM (Organisation Internationale de des Migrations) mansyone genyen plis pase 310 000 ayisyen ki deja deplase andedan peyi a, Chif reyèl yo kapab plis pase double. Si n ap konsidere kantite ayisyen ki kite peyi a se yon veritab emoraji. Genyen plis pase 200 000 ki ale nan pwogram yo rele Biden lan, genyen plis pase 100 000 ki ale Meksik pou eseye antre Etazini. San bliye kantite Ayisyen ki rekòmanse mouri nan lanmè.

Anfè, fenomèn migratwa kontinye vale teren nan lojik politik neyoliberal la k ap aplike andedan peyi a. Leta ta dwe enstitisyon k ap kreye kondisyon sosyoekonomik ak politik pou sitwayen yo viv nan peyi a, men nou konstate li ankouraje yo ale nan lòt peyi sou plizyè fòm. Lè n ap konsidere pa genyen okenn sèvis premye nesesite yo, pwoblèm sekirite, enstabilite politik, koripsyon, dappiyanp k ap fèt sou tè peyizan yo ak pratik banditis k ap vale teren andedan peyi a – ki vin yon veritab chan ekonomik. Nan sans sa, kòman jèn yo kapab reziste pou yo rete nan batay liberasyon an jistan yo rive konstrui yon lòt pwojè lavi ? Èske kantite moun save yo k ap kite peyi a se pa youn nan defi ekonomik pou Ayiti ? Moun save sa yo k ap kite peyi a si se pa yon chwa politik ak ekonomik Leta an Ayiti ? Kisa ki koz ak konsekans fenomèn migrasyon an Ayiti ?  Ansanm kesyon sa yo ki te mennen refleksyon an.

Yon lòsyè lide nan panèl ki konpoze Islande Alexandre, Michelier Saint-Fort ak Chavannes Jean Baptiste sou : kriz anviwònmantal ak rechòfman klimatik la.

Depi kèk dizèn ane, latè ap fè fas ak yon gwo kriz anviwonmantal kote aktivite imèn yo mete balans natirèl latè an danje ,epi mete lavi tout espès an danje. Yonn nan pi gwo manifestasyon kriz sa se rechèfman klimatik la. Anviwònman an ki se baz tout fòm lavi sou latè ap vin pi vilnerab chak jou.  Nansans sa, li enpòtan pou nou chak nou chèche konprann fenomèn Kriz anviwònman an, Kriz  klimatik la ki menase LAVI tout èt vivan sou latè e se responsabilite chak moun pou aji an konsekans pou limite dega yo epi pwoteje planèt la.

Definisyon anviwònman.

 Anviwonman an se tout sa ki antoure nou. Li enkli tout eleman natirèl yo, ni sa ki gen lavi ni sa ki pa gen lavi (sòl, dlo, lè, plant, bèt…), men tou eleman soyal ak ekonomik. Anviwònman se entèrelasyon ki ekziste ant tout eleman ki konpoze  lanati. Depi youn nan eleman sa yo manke oubyen disparèt, sa kreye yon dezekilib natirèl. Chak fwa gen yon eleman ki disparèt  se yon dezekilib ki pwodwi nan anviwònman an, se menm bagay ak yon chèn, depi gen yon mayon ki kase, otomatikman genyen yon dezekilib, pa gen chèn ankò.

Rasin ak definisyon mo klima.

Mo sa parèt bò 12yèm syèk nan lang laten : climatis, nan lang grèk : klima ki siyifi enklinezon yon pwen latè pa rapò a solèy la. Klima se ansanm fenomèn atmosferik ak meteyorolojik pwòp a yon rejyon glòb tèrès la tankou tanperati, imidite, aridite, chalè solèy, fredi, tropikal, tanpere, lapli, lesèk, van etc. Syans ki etidye koze klima a rele KLIMATOLOJI. Syans sa etidye  ansanm aksyon fenomèn meteyorolojik yo, sa kap pase anlè, nan lè a, atè, anba tè, anba lanmè, elatriye. Lè n ap pale nou souvan chache konprann sa chanjman klima vle di. Chanjman vle di modifikasyon. Chanjman klimatik se yon seri modifikasyon klima global Latè. Chanjman sa yo siklik kidonk tanto cho, tanto frèt.

Kriz klimatik la.

Kriz klimatik la yo rele l egalman rechòfman planetè ou rechòfman global, se yon fenomèn ogmantasyon tanperati mwayèn nan oseyan yo ak nan atmosfè a onivo mondyal sou plizyè lannen. Daprè Syantis yo, Effet de serre gen yon wòl enpòtan nan rechòfman klimatik la. Aksyon moun mennen, reskonsab emisyon gaz a effet de serre yo nan atmosfè a.

Konsekans kriz anviwònmantal ak chanjman klimatik la.

  • Konsekans yo, selon rapò syantifik yo deja anpil. Yap vin pi grav  chak jou pi plis. Men, sa pral depann konpòtman moun pral kontinye genyen vizaviz planèt la.
  • Kriz anviwònmantal ak klimatik la deja gen konsekans sou ekosistèm yo, li modifye biodivèsite a. Daprè syantis yo, kapasite anpil ekosistèm pou yo kapab adapte yo natirèlman a konbinezon dega yo san presedan  yo pral kareman depase.
  • Boulvèsman klimatik : Inondasyon, ensandi forè.
  • Chanjman onivo mondyal : chanjman afektasyon sòl yo, debwazman, baraj, polisyon, surexploitation des ressources, Sechrès,  asidifikasyon oseyan yo  pral antrene disparisyon plizyè espès animal ak vejetal.

Pami sa ki dwe fèt pou n sove planèt la.

  • Premye bagay ki dwe fèt se chanje mòd pwodiksyon ak konsomasyon ki genyen nan mond lan. Prensipalman fòk nou diminye :
  • Itilizasyon petwòl  nan transpò, nan endistri, nan sistèm chofaj, nan agrikilti etc.
  • Chanje mòd agrikilti endistriyèl la.
  • Devlope yon modèl agrikilti dirab, yon agrikilti ki respekte anviwònman.
  • Sispann destriksyon forè yo.
  • Frennen pwodiksyon agwokabiran sitou nan yon ti peyi tankou Ayiti.
  • Devlope enèji pwòp : van, solèy,enèji nikleyè, enèji ak dlo.
  • Refè veritab forè yo. Fè rebwazman, pwoteksyon Basen vèsan yo dwe tounen yon ijans nasyonal. Tout moun dwe mobilize pou fè leta mete resous nan pwoteksyon anviwònman an. Ayiti se yonn nan peyi ki plis an danje ak  kriz  klimatik la akòz eta anviwònman nou an.

Rapò sentèz sou aksyon priyorite jèn yo dwe mennen nan òganizasyon ak nan zòn kote yo soti.

Nou menm jèn yo gen divès aksyon nou kapab mennen nan òganizasyon ak zòn nou kote soti. N ap site kèk nan yo.

  • Sanbilizasyon sou souverènte alimantè;
  • Fè pwomosyon pou valè kiltirèl nou yo;
  • Ankouraje jèn ki nan gwoupman yo pratike aktivite ekonomi sosyal solidè tankou konbit, koperativ ak mityèl solidarite ;
  • Ankouraje jèn yo antre nan gwoupman, òganizasyon ak pati politik lagoch ;
  • Fè kanpay sansibilizasyon kont agrikilti endistriyèl ;
  • Fè pwomosyon pou agwoekoloji;
  • Montre jèn yo enpòtans lakilti nan batay pou transfòmasyon sosyal la ;
  • Fè sansibilizasyon sou pwoteksyon anviwònman;
  • Montre moun yo kèk pratik agwoekolojik tankou medyòm, konpòs, pestisid natirèl elatriye;
  • Mobilize jèn yo pou antre nan gwoupman pou pran fòmasyon ideyolojik ak politik ;
  • Sansibilizasyon ak fòmasyon pou jèn yo sou IST ;
  • Sansibilizasyon sou maladi metabolik yo ;
  • Ankouraje jèn yo anganje yo nan batay pou chanman sosyal la;
  • Montre jèn yo enpak pwodui indistriyalize (bwason gazez, dechè plastic, pwodui OGM) yo genyen sou lasante yo ak anviwònman;
  • Montre jèn yo yo ka reyisi nan peyi a san yo pa al chache lavi miyò nan lòt peyi;
  • Sansibilizasyon sou enpak kriz klimatik la.

Boutofen

Se yon tradisyon depi 27 ane kote MPP ap reyalize kan nasyonal souverènte alimantè. Se yon kan kòm toujou ki te vrèman rich nan anbyans pataj lakonesans. Genyen plizyè konsèp jèn anime deba sou yo, tankou : kilti, politik, migrasyon, ensekirite, Leta, souverènte alimantè, agwoekoloji, chanjman klimatik, ekonomi sosyal ak solidè, elatriye.  Plizyè patisipan eksprime lakontantman yo. Nan 27 tyèm edisyon kan an pou ane 2025 lan, MPP konprann jèn yo dwe angaje yo nan konstriksyon yon pwojè lavi parapò pwojè lanmò mafia nasyonal ak entènasyonal, Leta an Ayiti ak konze yo ap aplike sou peyi d Ayiti. MPP konprann se yon ijans pou jèn yo angaje yo nan fè edikasyon popilè, konsyantize lòt kouch sosyal andedan sosyete a nan bati pwojè lavi sa a ki chita sou sosyalis la ak sivilizasyon peyizan an. Nan rapò evalyasyon kan an jèn yo bay nòt ki pi piti sou 10, tankou : 7/10. Pi gwo nòt yo bay se 9/10. Sa vle di kan pou ane 2025 lan fè gwo mwayèn. Pami sa jèn yo te plis renmen nan moman kan an : espò, moman pratik yo, sware kiltirèl yo, konferans yo, kòdinasyon kan ki te kanpe djanm epi son klòch pou manje yo, deba yo, analiz konjonkti a. Nan sans sa, n ap di chapo ba pou tout jèn yo ki nan kòdinasyon kan an ki t ap aji sou direksyon kòdinasyon pwogram jèn yo nan MPP. Angajman nou montre se pa pale bèl pawòl senpman men n ap aji nan dimansyon filozofik ak istwa MPP. Òganizasyon an kapab konte sou nou nan dezyèm mitan sou wout pou li rive genyen yon syèk lan. Se pa yon syèk senpman men pou òganizasyon an kontinye egziste pou tout genyen tan. L ap rive fèt nan : travay, disiplin ak solidarite. Òganizasyon ou lanmò !

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.

Login

Register

terms & conditions

en_USEnglish