Realisations

MPP NAN JOUNEN ENTÈNASYONAL LIT PEYIZAN YO

Pwoblèm peyizan yo se yon pwoblèm mondyal. Chak peyi an fonksyon estrikti sosyal yo poze pwoblematik tè a nan fason yo. Nan peyi Brezil genyen gwo batay peyizan yo ap fè pou yo kapab rekipere tè grandon boujwa yo fè dappiyanp sou yo. Nan kad batay sa yo nan jounen 17 avril 1996, nan yon kominote ki rele Eldorado de Carajás nan Eta Para, Lapolis nan peyi Brezil asasine plizyè peyizan ki manm MST (Mouvman Peyizan San Tè). Genyen 19 peyizan ki mouri sou plas, genyen 2 lòt ki ale mouri lopital. Se nan memwa masak sa a, La Via Campesina (LVC) chwazi dat 17 avril la kòm jounen entènasyonal lit peyizan yo. LVC se yon òganizasyon peyizan ki genyen plis pase 200 milyon manm k ap fè drapo agwoekoloji peyizan yo sèvi kòm inik mwayen pou tout pèp sou latè kapab granmoun nan zafè manje yo. Agwoekoloji a se youn nan zouti ki kapab kontribye nan refwadi planèt la anba rechòfman klimatik la. Mouvman Peyizan Papay (MPP) la, se manm fondatè LVC. MPP, se yon òganizasyon peyizan depi nan nesans li ki toujou ap poze pwoblematik tè a nan peyi d Ayiti.

Pratik dappiyanp sou tè peyizan yo an Ayiti

Chak 17 avril se yon okazyon pou plizyè òganizasyon peyizan nan peyi a fè yon devwa memwa sou ansanm masak ak pwoblèm peyizan yo ap konnen sou tè yo. Genyen plizyè masak ki fèt sou peyizan yo parapò fenomèn dappiyanp k ap fèt sou tè yo. Pami yo, masak Jan Rabèl kote grandon te asasine plis pase 300 ti peyizan; masak pyat nan Senmak, elatriye. Jodi a genyen anpil aksyon gang vòlè tè yo ap mennen nan Plato santral, nan Nòdwès, nan Nòdès, nan Sid ak nan Latibonit, elatriye. Rejim PHTK yo se rejim dappiyanp sou tè yo. Ansanm konsta sa yo fè nan okazyon dat 17 avril la, La Via Campesina Ayiti (MPP, MPNKP, TK) sòti yon nòt pou laprès nan denonse ansanm pratik vòlè tè yo. FAPDTA (Federasyon Asosyasyon Peyizan Defann Tè Agrikòl) ki se yon federasyon peyizan ki mete kanpe aprè (2) seyans fòmasyon MPP reyalize, youn nan mwa sektanm 2023 anba tèm: dwa latè ; yon lòt organize nan mwa oktòb 2023 anba tèm : lavi asosyativ. Touswit dènye fòmasyon sa a peyizan yo deside monte federasyon an, nan objektif pou li kontrekare ansanm menas peyizan yo ap konnen sou tè yo nan wo Platon santral, sitou nan twazyèm seksyon kominal Ench – nan Basen bèf, nan matperalt ; nan premye seksyon kominal Ench ak nan komin Mayisad, elatriye. Reprezantan federasyon sa a te bay yon diskou nan gwo rasanbleman MPP t ap fè pandan jounen 17 avril la, sou lak Basen Bèf la ki nan twazyèm seksyon kominal Ench lan.

Jounen refleksyon 17 avril 2024

MPP òganize yon jounen refleksyon nan patisipasyon anviwon yon santèn peyizan nan twazyèm seksyon an pandan jounen 17 avril la. Se yon pratik andedan òganizasyon an nan komemore jounen sa a. Refleksyon an te fèt anba tèm: dwa peyizan yo sou tè pou yo pwodwi manje lakay. Depi 9è nan maten anpil preparasyon te deja fèt nan reyalizayon aktivite sa a. Anpil peyizan ak lòt moun nan kominote a te vin patisipe. Avan ouvèti ofisyèl aktivite a manm gwoup Ibolele MPP yo t ap jwe tanbou ak anpil lòt animasyon tankou chante. Nan pratik MPP se toujou konsa aprè animasyon se reyalizasyon mistik revolisyonè ak dispozisyon chante Im Nasyonal peyi d Ayiti a. Ofisyèlman jounen an louvri nan prezans plizyè dirijan MPP, tankou : Chavannes Jean-Baptiste, Juslène Tyrésias, Mulaire Michel, Jesula Saint-Fleur, Ghislaine Saint-Fleur, Guerda Mogelin, elatriye. Direktè Direksyon Depatmantal Agrikilti (DDA) a – Robert Sylveste te reponn prezan nan kad aktivite sa a. Anplis, plizyè peyizan te bay temwanyaj yo sou ansanm menas y ap sibi sou tè yo. Rose pharelle Ermilus te prezante nòt pou laprès LVC – Ayiti a. San bliye ansanm eslogan ki t ap veyikile nan moman animasyon yo: fòk dwa peyizan yo respekte, san peyizan lavi pa posib

Pawòl Chavannes Jean-Baptiste

Zanmi kamarad yo bonjou ! Nou salye prezans tout peyizan yo. Nou salye prezans direktè DDA. Nou salye prezans 3 manm komite egzekitif MPP an […] Nou salye prezans rezo peyizan yo. Nou salye Edmond Mathieu ki t ap kòdone preparasyon gwo rasanbleman sila a. 

[…] Nou konnen Fèm Papay se fèm Leta men genyen anpil volè tè ki vle fè dappiyanp sou tè yo. Jodi a se jounen entènasyonal lit peyizan yo. Nou òganize jounen sa a, nan kad jounen entènasyonal lit peyizan yo sou latè. N ap raple 155 militè te tire sou peyizan MST yo, genyen 19 peyizan ki mouri sou plas, plis anpil lòt ki bleze, 2 lòt mouri lopital. MST se manm LVC.  LVC kreye nan peyi Bèljik nan ane 1993, MPP te prezan […] Manm MPP yo dwe konnen nou fè pati yon gwo òganizasyon ki genyen plis pase 200 milyon manm atravè lemonn. MPP ap kontinye lite pou agwoekoloji a, nan fè dwa peyizan yo respekte. Jounen jodi a, ONU rekonèt dwa peyizan yo. [Deklarasyon an vote nan konsèy Dwa Moun Nasyon Zini nan mwa sektanm 2017. Konsèy sa a fè yon bann konsiderasyon epi prezante tout preyokipasyon li genyen nan jistifye deklarasyon dwa peyizan yo ak lòt moun k ap travay nan milye riral la].

Pandan jounen 17 avril sa a, anpil òganizasyon atravè lemonn ap fè yon kokennchenn aktivite. Yon jou tankou jodi a, peyizan nan Basen Bèf jwenn bandi anvayi tè yo. Nan sans sa, n ap fè peyizan yo konnen, yo dwe òganize yo. Nan MPP nou di : nou pap rete bwa kwaze devan fenomèn bandi k ap fè dappiyanp sou tè peyizan yo. Genyen yon jèn gason ki rele Jacquelin k ap mache fè dappiyanp sou tè peyizan yo. Li menm ale vann yon òganizasyon (zanmi agrikòl) tè peyizan yo nan Lospin […] Jounen 17 avril sa a, se yon dat nou pa dwe bliye, se jounen batay nou. Nou dwe sonje peyizan yo nan peyi Brezil kontinye ap mennen gwo batay kont grandon yo. Peyizan yo dwe rekipere tè yo pou yo pwodwi manje ki sen, paske tè a senbolize lavi yo. Lit la ap kontinye jiskaske peyizan yo jwenn tè pou yo travay. Peyizan yo ka chanje eskanp figi peyi d Ayiti nan pwodwi manje ki sen pou tout moun manje. Fòk nou batay pou nou chanje

Pami mo lizay dirijan yo

Nan okazyon sa a, Juslène Tyrésias te pwofite fè peyizan yo konnen yo nan yon gwo lit kont bandi k ap vòlè tè yo. Se pa yon lit k ap kanpe jodi a. Yo dwe òganize yo pou yo pa disparèt. Se pa senpman yo menm k ap disparèt, menm moun ki atoufè yo ap disparèt tou […] Pa genyen lavi san anviwònman, san peyizan yo, ni san tè. Li swete peyizan yo bon konba. Nan yon lòt bò, Jesula Saint-Fleur te salye asanble a pandan li t ap ankouraje peyizan yo pou yo ranmase desten yo. Anplis, Agwonòm Robert Sylveste salye tout moun nan asanble a, nan lavèy jounen 17 avril la lapli a te tonbe. Li estime kè peyizan yo kontan. Li eksprime tou lakontman sa a.  Li konfime tou jounen jodi a, peyizan yo ap konnen yon moman difisil nan fason chimè ap fè dappiyanp sou tè yo. Li panse se enpòtan pou peyizan yo valorize tè yo, nan pwodwi manje pou tout moun manje […] Yo dwe kontinye batay la jouk yo rive tabli souverènte alimantè a nan peyi a.

Pawòl komite peyizan yo sou fèm Papay lan

Nou fè pati komite peyizan sou fèm nan : mwen se Chrismène, bonswa tout moun, bonswa peyizan yo, kamarad yo. M ap fè nou konnen nou pa dwe bay legen nan batay la, [tè yo dwe rekipere epi yo dwe nan men peyizan k ap travay tè yo. Peyizan yo lage pou kont yo. Leta pa p travay nan enterè peyizan yo]. Leta tounen yon landòmi k ap souse san peyizan yo tankou poul. Genyen plizyè kamarad nou, moun nan Leta k ap fè dappiyanp sou tè yo mete yo nan prizon. Nan sans sa, genyen plis nesesite pou peyizan yo òganize yo […]

Mwen se Makari, n ap batay kont dappiyanp k ap fèt sou fèm nan. Depi lè n ap batay se MPP ki kanpe ak nou. Anpil peyizan ap sibi pèsekisyon nan men bandi k ap vòlè tè yo. Bandi ki rele Serge la fè konnen tè yo se pou li, men nou menm nou konnen se madan Legro ki te abite sou yon ti tè depi lontan. Jounen jodi a bandi yo koupe anpil tè. Li enpòtan pou n òganize nou, menm si n wè bandi yo pako rive nan zòn nou, men nou dwe kontinye òganize nou […] 

Pawòl peyizan yo nan Lospin

Augustin Imelès bay anpil temwanyaj sou ansanm menas l ap sibi nan batay l ap mennen kont dappiyanp k ap fèt sou tè yo nan Lospin. Men li konprann nesesite ki genyen pou peyizan yo kontinye nan batay la. Li fè konnen se yon animatè nan MPP ki te konsyantize peyizan yo k ap viktim sou tè yo. Animatè a montre yo kòman l ap enpòtan si yo òganize yo nan batay y ap mennen an kont bandi k ap vòlè tè yo. Augustin souliye genyen anpil moun nan Leta k ap fè dappiyanp sou tè peyizan yo. Genyen tou apantè, CASEC ki fè dappiyanp sou anpil tè nan Lospin. Tankou Denis ki fè dappiyanp sou anviwon 15 kawo tè ;  Ronald Aly li menm okipe 12 kawo tè ;  avoka Lerès genyen 20 kawo tè, Luckner Pierre pran 5 kawo tè, elatriye. Entèvansyon Vertil Marmaz la ale nan menm sans Augustin an. Vertil se yon viktim sou tè Lospin nan. Nan moman an l ap sibi menas lanmò.

Genyen anpil lòt temwanyaj ki montre fason peyizan yo ap sibi gwo menas sou tè yo. Genyen peyizan militan ki nan prizon nan kad revandikasyon yo t ap fè pase kont fenomèn dappiyanp k ap fèt sou tè yo. Nan sans sa, pwoblematik tè a ap vale teren chak jou. Sepandan, youn nan responsabilite Leta se fè respekte dwa peyizan yo. Pa genyen Leta osnon genyen yon Leta koulèv k ap souse san peyizan yo tankou poul. Tout tan pa genyen yon Leta ki pou fè dwa peyizan yo respekte, batay la ap kontinye, paske pa genyen lavi, anviwònman, ni manje […] san peyizan yo.

Leave A Comment

Your Comment
All comments are held for moderation.