Mouvman Peyizan Papay (MPP) ak “Agronomes et Vétérinaires Sans Frontières” (AVSF) ranfòse kapasite peyizan Lowòb atravè yon fòmasyon sou pratik agrikòl
Devan pòt la.
Soti 26 rive 27 fevriye 2026, de (2) jounen atelye fòmasyon sou bon pratik agrikòl nan lokalite Lowòb, twazyèm seksyon kominal Ench, sou direksyon Mouvman Peyizan Papay (MPP) an kolaborasyon ak Agronomes et Vétérinaires Sans Frontières (AVSF). Nan okazyon fòmasyon sa a te genyen patisipasyon plizyè aktè kle nan kominote a. Objektif prensipal atelye sa yo, se ranfòse kapasite teknik peyizan yo pou yo kapab pwodwi plis pandan y ap depanse mwens resous. Amelyorasyon teknik yo vin tounen yon nesesite nan garanti sekirite alimantè ak revni dirab. Se yon fòmasyon ki konpoze nan prezans 28 delege sou 30 ki sòti nan Komite Jesyon Lak Lowòb (KOJELALO), ansanm ak lòt manm enpòtan nan kominote a. Sa montre enterè ak angajman sosyal popilasyon an nan devlope pratik agrikòl ki plis efikas epi respekte anviwònman an. Se agwonòm Guesly Sant-Fleur ki te anime sesyon yo. Li te mete aksan sou metòd pratik, eksperyans teren ak solisyon ki adapte nan reyalite sosyokiltirèl peyizan yo.
Fòmasyon an te kouvri plizyè aspè fondamantal nan agrikilti dirab ak tematik enpòtan, tankou :
- Jesyon tè ak fètilite
Fòmatè a te esplike kijan bon swen tè a se baz tout pwodiksyon agrikòl. Li te montre teknik pou konsève eleman nitritif yo, evite ewozyon, epi amelyore kapasite tè a pou li bay bon rekòt.
- Preparasyon tè ak teknik plante
Patisipan yo te aprann metòd modèn ak tradisyonèl nan prepare tè a selon kalite kilti yo, distans plant, ak fason pou optimize espas agrikòl la.
- Jesyon dlo ak irigasyon
Nan yon zòn kote dlo se yon resous limite, fòmasyon an te mete aksan sou fason pou nou fè bon jan jesyon dlo n ap itilize yo, tankou irigasyon rasyonèl ak teknik pou nou kenbe imidite nan tè a.
- Angrè natirèl
Ankouraje itilizasyon konpòs, fimye ak lòt pwodwi òganik nan ranfòse tè a san depann twòp sou angrè chimik ki chè epi pafwa danjere yo.
- Kontwole maladi ak ensèk
Fòmatè a te prezante metòd prevantif nan limite pwopagasyon maladi nan plant yo, ansanm ak teknik pou nou kontwole ensèk nuizib san detwi ekosistèm nan.
- Pestisid natirèl
Peyizan yo te aprann kijan pou yo prepare solisyon natirèl ak plant lokal yo ki kapab ede pwoteje rekòt yo san risk pou sante moun ak bèt yo.
- Pwoteksyon anviwònman
Yon gwo pati fòmasyon an te konsakre sou enpòtans agwoekoloji peyizan ki respekte lanati, pwoteje dlo, tè ak biyodivèsite pou jenerasyon k ap vini yo.
Boutofen
Fòmasyon sa a se yon etap enpòtan nan devlopman ekonomik lokal la. Atelye sa yo pa sèlman bay konesans teknik yo kontribye nan ranfòse solidarite ak òganizasyon kominotè yo. Nan sans sa, kolaborasyon ant MPP ak AVSF la montre wòl enpòtan òganizasyon peyizan ak patnè entènasyonal yo jwe nan devlopman kominote riral la an Ayiti . Inisyativ sa a kapab ede nan diminye depandans nan pwodwi enpòte yo, ogmante pwodiksyon lokal, epi amelyore kondisyon materyèl egzistans ak anviwònmantal peyizan yo nan kominote riral yo.Anplis, ede peyizan yo konprann kòman kriz klimatik, degradasyon tè ak difikilte ekonomik ap peze lou sou sektè agrikòl la. Angwo, fòmasyon sou bon pratik agrikòl la dwe tounen yon zouti estratejik nan aksyon sosyal òganizasyon peyizan pwogresis yo.